- Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa pote l ale.[/*:m]
- Sa je pa wè, kè pa tounen.[/*:m]
- Sa ki fè pwomès bliye, sa k ap espere sonje.[/*:m]
- Sa ki nan vant se li ki konte.[/*:m]
- Sa ki pou ou, lavalas pa bwote l.[/*:m]
- Sa ki vle konnen pri ti sale, se nan mache li ale.[/*:m]
- Sa m wè pou ou, Antwan Nangonmye pa wè li.[/*:m]
- Sa manman ti chat konnen, manman ti rat konnen l tou.[/*:m]
- Sa w jete nan fenèt, ou sòti nan pòt pou ranmasse l.[/*:m]
- Sa w pa konnen pi gran pase w.[/*:m]
- Sa w santi a, se mwen kap boukannen l.[/*:m]
- Sak vid pa kanpe.[/*:m]
- Santi bon koute chè.[/*:m]
- Se bon kè krab ki fè l san tèt.[/*:m]
- Se bon kè krapo ki fè l mouri san dèyè.[/*:m]
- Se bwa kajou ki konnen do fanm.[/*:m]
- Se de gouden ak senkant kòb.[/*:m]
- Se devan tanbou ou konnen sanba.[/*:m]
- Se dlo ki pou wou ki antre nan kalbas ou.[/*:m]
- Se dènye kou a ki tiye koukou.[/*:m]
- Se grès kochon ki kuit kochon.[/*:m]
- Se jou dife yo wè rendengòt ak jakèt.[/*:m]
- Se jou koulèv mouri yo konnen longè l.[/*:m]
- Se kan tèt kale ou wè li genyen bòs.[/*:m]
- Se kay bourik ou prale, lò w rive w a wè longè zòrey li.[/*:m]
- Se kiyè ki ale kay ganmèl, ganmèl pa janm ale kay kiyè.[/*:m]
- Se konnen twòp ki fè krab san tèt.[/*:m]
- Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm.[/*:m]
- Se krab malzorèy: kan w vle lage l, li mòde w.[/*:m]
- Se lave men siye atè.[/*:m]
- Se lò kabwèt ou kole, ou sonje non bèf.[/*:m]
- Se lò w pase maladi ou konn remèd.[/*:m]
- Se manjè ze w ye, ou pa konn doulè manman poul.[/*:m]
- Se pa avek youn sèl dwèt ou manje kalalou.[/*:m]
- Se pen rasi ki fè bon soup.[/*:m]
- Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.[/*:m]
- Se twokèt la sa, chay la dèyè.[/*:m]
- Se voye wòch pou konble lanmè.[/*:m]
- Se vye chodyè ki kwit bon manje.[/*:m]
- Si bèf konnen, li pa ta kite kòd nan kou l mennen l labatwa.[/*:m]
- Si m te konnen toujou dèyè.[/*:m]
- Si moun kay pa vann ou, moun deyò pa ka achte w.[/*:m]
- Si pa t gen sitirè pa ta gen volè.[/*:m]
- Si tout moun a chwal, kilès ka fèmen bayè?[/*:m]
- Si w bay pòv, se Bondye w prete..[/*:m]
- Si w gade sa poul manje, ou pap janm manje poul.[/*:m]
- Si w vle gen rezon devan kras, se pou w benyen.[/*:m]
- Sispann fouye zo nan kalalou.[/*:m]
- Solèy leve, li leve pou nou tout.[/*:m]
- Sonje liy dwat, men pa bliye chimen kwochi.[/*:m]
- Sou wòch ki pi di, ou wè bèl flè pouse.[/*:m]
- Sòt pa tiye w, men sòt fò w swe. [/*:m]
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.