Page 1 of 1

Kesyon sou Vodou ak repons Manzè Zili

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:01 am
by
La nou va twouve yon seri repons Manzè Zili te pote sou Vodou, nan ansyen fòm fowòm lan, sa gen ennan. Kòm seri sa te pwovoke anpil enterè, n ap repwodui li anba sijè sa. Nou envite tout kòmantè nouvo manm fowòm yo (tankou ansyen yo tou) ta vle fè sou mistè sa yo.

N ap kontinye ak pawòl Manzè Zili yo.

[quote]Nan tout relijyon, MOUN (ki nan mond vizib la) gen relasyon ak LESPRI (ki nan mond envizib). Relasyon sila ka anbrase swa NANM moun (priyè…) ou byen KÒ li (trans, posesyon…). Men relasyon sa a pa fèt sou menm baz nan tout relijyon.

Gen de relijyon, se nanm moun nan ki kite mond vizib pa li a pou li ale fè yon VWAYAJ nan mond envizib pa lespri a. Fenomèn sila se sitou nan relijyon indou ak oryantal la nou jwenn li.

Gen de lòt se lespri a ki kite mond pa li pou li fè yon VIZIT nan kò moun nan mond vizib la. M konstate fenomèn sila nan twa relijyon ki ap feraye AYITI yo : nan mouvman katolik KARISMATIK la lè yo di « Lespri Sen desann sou moun yo e li fè mirak », nan mouvamn pwotestan PANTKOTIS yo kote ou jwenn preske menm fenomèn lan, ak nan VODOU a lè yo di « lwa monte nan tèt chwal la ». [Tout règ gen eksepsyon : m aprann gen yo rityèl nan VENEZUELA ki rele MARIA LIONZA kote gen tou lède fenomèn yo (vwayaj / vizit) ki kontre].

Tout relijyon pa viv relasyon MOUN / LESPRI menm jan, ni tout moun ki nan yon relijyon pa viv relasyon ak lespri yo menm jan. Manzè Zili pa gen konpetans pou pale pou lòt relijyon. Li pral esplike nou ki sa li konprann nan MARYAJ vodou, relasyon espesyal lwa (espri) ak chwal(moun) nan Vodou.

Ankò yon fwa m repete pou nou, m pa renmen pale nan sa m pa konnen. Sa mwen pral di nou la a baze 1) Sou sa mwen li pou mwen konprann chak jou pi byen sa ki nan nannan kilti vodou a. 2) Sou sa mwen tande : m kwè m pa t'ap konprann twò byen sa mwen li yo si mwen pa te konn nan chita pale ak kèk vodouyizan ki viv mistik vodou a ou ki gen kèk eksperyans la dan li 3) Sou sa mwen wè : mwen konn wè tou kèk fenomèn ki pase devan je m (m pat konn ezite sove kite mès minwi pa egzanp pou mwen al wè sa ki ap pase nan seremoni vodou nan peristil ki pî pre a).

M ta swete gen moun ki viv bagay sa yo nan kò yo ak nan nanm yo ki pote plis limyè. [/quote]

Kontak ak Lwa

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:11 am
by
[quote]Padel te ekri: Paske vodou se yon relijyon, nou kwè nenpòt moun gendwa konvèti. E si sa fèt, eske moun ki konvèti yo ap fini pa genyen lwa monte yo tou? Oubyen, Eske lwa monte nan tèt lan resève sèlman a yon kategori de moun ki espesyal? Eske se yon etap oubyen grad pou moun sa pran pou l ka vin an kontak ak lwa?

Padel, ou poze twa kesyon men se yon sèl repons mwen ap ba w pou tou le twa.

Menm jan se pa tout moun ki konvèti nan krisyanis Lespri Sen desann sou yo, se pa tout moun ki konvèti nan Vodou lwa monte nan tèt li. Gen kondisyon pou lwa posede yon moun : 1) Se swa lwa a reklame ou paske se tradisyon nan fanmiy ou ou tou senpleman li ta renmen ou sèvi li ; 2) Se swa ou menm ou al chache lwa a sa vle di ou pwopoze tèt ou tankou Hounsi kandida pou lwa pran ou nan seremoni. Gen moun ki menm peye lajan pou achte lwa ki pou monte li a (sa se aspè komèsyal vodou a).

Lwa ka monte nan tèt ou tou san w pa ale chache li. Pa egzanp nan yon seremoni vodou fòk ou atann ou lwa ka monte nan tèt nenpòt moun. Paske posesyon an se yon fenomèn kontajye li ye tou. Gen moun ki pa konnen yo gen tradisyon lwa nan fanmiy yo. Se konsa mwen te wè yon ti fi ki te ale konvèti nan legliz pwotestan lwa te monte nan mitan sèvis la. Manmzèl pa te konnen nan fanmiy li se li menm lwa te chwazi pou sèvi li.

Anekdòt: Yon lè m te vle ale nan fèt gede Ti Gwav ak yon gwoup zanmi nan travay mwen. Men gen anpil ki pa te vle ale paske yo te pè lwa monte yo . Gen yon Fran mason ki te nan gwoup la ki te di yo si yo avèk li, yo mèt ale kè kal paske li menm li gen degre pa li pou li pa tonbe lwa sizoka gen lwa nan tradisyon familial li. M pa konnen si afè degre li t ap pale a se te vre paske a la fin nou te tèlman gen travay pou nou fè nou pa te ka deplase.

Antouka, pou lwa yo monte yon moun, fòk moun sila gen yon rapò ou yon lòt ak yo (tradisyon familial, lwa achte, patisipasyon seremoni vodou,
obsèvans rityèl vodou, grad nan vodou). Bagay "lwa monte nan tèt la" pa otomatik pou yon seri de moun. Se kontèks yo ki plis konte.[/quote]

Eske nan vodou gen eksperyans lavi apre lanmò? Sou ki fòm?

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:21 am
by
[quote]Eske nan vodou gen eksperyans lavi apre lanmò? Sou ki fòm?

M pa fouti di w. Se lè m ta fin mouri e m ta rankontre vodouyizan ki ap viv apre lanmò nan yon lòt vi pou m ta retounen vin di w. Men sanble sa pap posib paske nèg mouri leve ki pi selèb la pako janm tounen pou di ki sa k ap pase nan lavi ki pap janm fini Legliz kretyèn yo pwomèt la.

Anatandan pandan m ap viv bò isit la, m ap konsidere lanmò se yon lòt fas lavi. Paske m wè gen de mò ki pi vivan pase vivan de je klere. Paske m wè tou apre seremoni vodou Bwa kayiman an, zansèt yo te reklame de bagay : lanmò ou libète. Youn gen dwa se lanvè ou landwat lòt.

Boukman Eksperyans gen yon chante ki di
« Pawòl sa yo se pawòl mèt la ki bay lavi.
« Si ou fèl konfyans, w a jwenn lavi ki pap janm fini.
« Sa w pèdi pou sa ? M pa pèdi anyen »

Lavi sa ki pap janm fini an, m panse se nan eksperyans lanmò a (moun nou wè ki mouri) a li soti. Eksperyans lanmò a pou mwen menm se nan lavi li soti. Anyen pa ka mouri si li pa te viv e anyen sou latè pa ka viv pou letènite san li pa mouri.

Ki fè, m pa mete lavi apre lanmò, lanmò apre lavi. M mache ak toulède anba plan pye m. Tout kote m pase, m pase ak yo. Gran papa m te konn di m « Pitit, gen de fwa pou ou viv, fòk ou konn mouri poul ou wi ». Se sa m ap fè la a kote m chita m ap ekri w la.[/quote]

Kouman Lwa yo sèvi ak chwal yo pou bezwen pa yo?

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:35 am
by
[quote][quote]Gen moun ki di ke lwa yo bezwen vivan yo tankou yon radio ta bezwn pil, sètadi yo bezwen enèji ki kay chwal la, e ogan chwal la pou yo exprime yo. bouch chwal la pou pale, kô chwal la pou bouje, fe seks e latriye. Ipotèz sa-a te vle montre ke chwal la kom yon eksplwate. Mwen remake ke dan la vi en jeneral chak avantaj gen yon pri: l'avantage d'une voiture implique la pollution, etc..

Mwen sitou remake nan "deal" ke yon moun fè avek yon lwa (ou espri) pou richès ou lôt bagay, toujou gen yon pri sou vi moun nan ou sou vi youn prôch moun nan (pitit li pa ekzamp) Mwen ta vle kwè ke se ta de rakousi pou rive genyen de bagay PI VIT, e ke ou peye PIVIT tou. nan sans sa-a lwa yo tap gen menm sans ak "loi" prensip inivesel yo. Men le pwoblem seke yo pale, yo gen santiman etc. Se la-a mwen pedi an??!!

Mwen pesonelman gen yon ti malèz pou mwen fè konfyans ak yon èt ki gen menm santiman, menm anvi, sa vle di menm defo ak mwen (jalousi pa ekzanp) e ki anplis pi PWISAN e pi ENTELIJAN ke mwen! Sa raple-m Blan CIA kap taye linèt pou je lôt moun. ESKE pa gen risk ke li triche ak mwen, menm jan de fwa mwen ta ka anvi triche ak li.

gen yon moun ki di nan yon liv, an palan de ekzistans ekstraterès, yon fraz ki fem reflechi anpil: "tout être intelligent, voire plus intelligent que l'homme, plus puissant que l'homme et ayant les mêmes défauts que l'homme est un potentiel danger pour l'homme puisqu'il est un potentiel exploiteur ou ennemi de l'homme"

ki sa ou panse de sa Manzè Zili![/quote]

Ou pale de lwa kèk moun ta konsidere tankou eksplwatè paske yo itilize vivan yo. Mwen renmen analiz ou fè sou kesyon an. Ou gentan jwenn repons lan pou kont ou. Fòk mwen di ou raprochman ou fè sou koze "donnant - donnant an" ak kesyon "lwa inivèsèl" yo se yon bèl rapwochman e koze a tonbe dirèk dirèk nan jaden mwen. Ou ban mwen yon bèl pis mwen note pou mwen travay sou li. Mèsi.

Pwoblèm ou se kesyon lwa yo gen santiman. Men an menm tan ou mete yo nan menm nivo ak ekstratèrès yo.

Kidonk ou sanble mete sou yon menm pye twa koze ki diferan youn de lòt:
1) nan nivo rekonpans ak rezilta, relasyon moun gen ak lwa vodou yo sanble ak relasyon moun genyen ak lwa inivèsèl yo.
2) nan nivo santiman (jalouzi,kòlè) lwa yo twò sanble ak moun pou nou ta rive fè yo konfyans.
3) nan nivo entèlijans ak riz, lwa yo twò sanble ak ekstratèrès.

M ap reponn sou de dènye koze yo. Dabò sou twazèm lan. Pou mwen menm, lwa yo pa sanble ak ekstratèrès ki ap viv sou yon lòt planèt. Yo sou menm planèt ak moun kit se nan istwa nesans yo ou istwa senbòl yo reprezante. Lè nou di yo ap viv nan yon mond envizib, sa pa vle di gen dè milya ane limyè ki separe mond envizib ak mond vizib.

Kòm mwen te di w nan filozofi vodou a se yon bayè senbolik ki separe de mond sa yo e se moun ki pwofonde nan filozofi vodou a ki gen pouvwa mande Legba pou ouvri bayè a. Vodouyizan pa bezwen fize Ariane pou li rankontre ak legba. Lwa yo tou pre. Li sèlman sifi pou nou pote atansyon nou sou yo nan lavi nou (mariaj, antèman, manje...) pou nou wè manifestasyon yo.

Filozofi sa a se yon filozofi lavi tou. Si nou baze sou li, m kwè nou pa t ap bezwen tann se bondye ki pou voye lagras li ban nou pou nou leve atè a, nou pa t ap bezwen kominote entènasyonal la ki pou lage yon boul farin sinistre nan gòj nou, nou pa t ap bezwen administrasyon gouvènman an sekirite pou nou koumanse plante kèk pyebwa nan jaden nou. Ale wè egzanp Bouli bay de yon Ougan ki rebwaze pou kont li zòn lakay li (sijè anvowonman an).

Enben Cyrano se paske lwa yo pa ekstratèrès ki fè yo ka sanble ak moun. Yo pa lwa abstrè ki pa gen anyen pou wè ak sansiblite. Se paske yo anvayi tout zòn sansib nou ki fè yo gen santiman. E se paske yo sanble ak moun, yo pre moun ki fè nou ka konsidere yo tankou yon miwa pou nou gade tèt nou lè nou ap fè kout jalouzi, lè nou an
kòlè, lè nou ap griyen dan...

Gen anpil lòt rezon pètèt ki fè nou pa ka fè yo konfyans. Men se pa paske yo gen menm santiman ak moun. Okontrè lè ou refize gade lwa yo, ou refize gade pwòp tèt pa ou san ipokrizi, ou refize gade vwazen ki bò kote ou la san ipokrizi. Ka gen anpil rezon tou ki fè ou pè gade tèt ou ak vwazen ki pi pre ou la. Pètèt youn nan rezon sa yo se paske ou pa renmen imaj miwa a voye ba ou.

Men m ap di ou se pa paske ou derefize gade tèt ou nan miwa a ki fè ou pral chanje imaj tèt ou. Se lè ou gade ou byen ou ka asime tèt ou a la fin jous a ka rive di: " O O m pat twò lèd non. Banm rete jan mwen ye a" ou byen "fòk mwen fè bab mwen pou m amelyore imaj mwen".

Lè lwa yo manifeste de van ou, si ou la pa kouri. Pran yon ti tan obsève. Pètèt ou ka sezi wè tèt ou an fas. Ak tout bon, ak tout move santiman ou yo.

M swete m te reponn ou.

Manzè Zili
[/quote]

Pouki nou bezwen bagay fizik pou satisfè yon èt espirityèl?

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:39 am
by
[quote]Pouki bezwen retabli ekilib espirityèl la manifeste nan bagay fizik tankou sèks, manje, san… ? Pouki nou bezwen bagay fizik pou satisfè yon èt espirityèl ?

Sa se yon kesyon ki konsènen filozofi ak kwayans vodou a. M kwè gen anpil liv espesyalis vodou yo ekri ki ap esplike w andetay koze sa a.
Mwen ap reponn ou jan mwen konprann bagay la ak yon ti tablo sou separasyon mond vizib ak mond vizib nan vodou.

An fèt, de mond yo pa totalman separe si nou gade ansanm karakteristik lwa yo ak senbòl ki sèvi pou fè seremoni yo.

I. Selon kwayans ak inivè vodou, MOND VIZIB la se kote ou jwenn MOUN pratikan vodou. Gen plizyè grad pratikan vodou yo genyen:

- Vodouyizan ki pa inisye: senp vodouyizan OBSèVATÈ ki sèlman asiste seremoni vodou yo; HOUNSI BOSAL (chwal ki pa ko donte sa vle di chwal lwa pa ko sele ou reklame) ki nan yon peristil an patikilye; pitif fèy yo; MOUN ki MARYE ak lwa.

- Vodouyizan inisye : HOUNSI KANZO (pitit kay ki kandida pou lwa sele li nan yon seremoni vodou) ; SI PWEN (inisye ki profonde nan seremoni ak rityèl yon lwa an patikilye e ki vin pran asson ) e ki vini MANBO ou HOUNGAN ; ASOGWE (pi gwo grad nan kongregasyon vodou a).

II. Selon menm kwayans vodou a, se LESPRI yo ki nan mond envizib la. Ou jwenn diferan grad lespri tou:
o Yon GRAN MÈT: li tou pisan, li konn tout bagay. Men kòm li rete nan dènye bout mond envizib la, li pa mele dirèk dirèk nan koze Vivan sou latè. Se pou sa li voye lespri yo tankou mesaje ki vini pi pre vivan yo pou ranmase sa yo di pote ba li e pou fè Vivan yo konnen volonte li. Ki sèvis vodouyizan fè pou Gran Mèt ? Yo ba li GLWA, yo di li MÈSI.

o LWA yo : yo alalimit mond vizik ak mond envizib la. Se yo ki vin raple vivan yo lè ekilib la kase ant de mond sa yo. Se gran Mèt la ki voye yo. Se pa lespri ki soti anlè anlè. Yo te viv yon fwa deja pami Vivan yo
. Lespri lwa yo pa desann sou moun e gen yon rezon ki fè ekspresyon kreyòl vodou a di : « lwa monte nan tèt chwal la ». Rezon sila : se paske lwa yo pa lwen vivan yo, yo mele jouk nan kou nan zafè lèzòm epi yo ap veye sou Vivan. Lè yo pa nan tèt chwal yo, yo al repoze nan senbòl yo reprezante. Se pou sa pou onore lwa yo, moun fè sèvis SEREMONI ak bagay ki fizik tankou manje, sakrifis san bèt.

o ZANSèT yo: se moun branch yon fanmiy ki mouri dik dantan e ki te make istwa fanmiy an ou byen nanchon an. Pa egzanp Desalin, Tousen, Boukman se zansèt nanchon ou fanmiy ayisyen yo (mwen itilize tèminoloji vodou yo). Vodouyizan kwè mò sa yo ki te mouri depi lontan gentan rive alawonn mond envizib la. Konsa yo gen pouvwa vivan pa genyen, yo ka pale ak lespri envizib yo. Se pou sa vivan yo fè sèvis pou mande yo proteksyon e sèvis la rele LA REVERANS.

o Mò yo: se moun pwòch fanmi an ki fenk mouri ou ki te mouri lontan. Moun sa yo nou te gen chans konnen yo nan kèk rapò pèsonèl. Se rapò pèsonèl sa yo nou kontinye kenbe ak yo lè nou fè sèvis PRIYè, chante MèS apre lanmò yo. Yo ka plede kòz vivan devan espri envizib yo paske yo fèk kite latè, yo konnen ki pwoblèm nou.

Poukisa yon vodouyizan nan mond vizib la dwe fè yon pakèt seremoni pou rele lespri envizib yo ? Se paske de mond sa yo separe ak yon senp BARYè. E se poutèt sa tout seremoni vodou koumanse ak rit RADA ki fè envokasyon « Papa Legba ki kanpe nan baryè a » . Se sèl Legba ki gen kle pou louvri baryè ki separe vizib ak envizib la pou chwal yo ka kontre ak lwa yo.

Men lè bayè Legba a ap louvri, se pa nan nenpòt ki pòt ou soti nan Mond vizib la pou w konprann ou pral ka antre ladan l. Gen de Pòt nan mond vizib la ki mete ou pi fasil sou chimen Gran Bayè a. Chak vodouyizan selon grad li genyen nan vodou gen pòt pa li : Senp vodouyizan an gen KAY MISTè li, Inisye yo gen DJEVO, prèt yo gen TONèl ou byen PERISTIL yo …

Ki fè monchè Cyrano, separasyon ant mond vizib ak mond envizib nan vodou se pa bagay ki kare bare. Genyen melanj. Ou pap janm jwenn yon vodouyizan ki ap chache « la pureté originelle » ( yon bagay ki deja fè twòp dega nan lemond deja). Tout lanvè gen landwat yo e tout landwat gen lanvè yo.

Menm lè Boukman Eksperyans ap di ou « Ginen pa Bizango », Bizango gen plas li nan panteyon vodou a e se pa lwa ginen yo ki pral fè travay bizango. Gen yon lwa ki rele Kouzen Zaka li menm ki pa janm travay, men okinn lwa pa ka mete li deyò nan panteyon vodou paske « pa travay » la gen reprezantan pa li tou. Senbòl lwa vodou ki pi byen reprezante bagay sa a se DANMBALA ak AIDA WEDO. Yo di se yon fi ak yon gason, se madanm ak mouche. Poutan, se menm koulèv la ki Danmbala, se li ki Aida. Li youn ou li lòt swivan lokazyon. Se tankou le ying et le yang nan yon menm wonn.

Se paske mond fizik la pa totalman detache de mond espirityèl la ki fè nan vodou, pratikan yo ka fè seremoni ak bagay materyèl senbolik pou satisfè egzijans yon « èt espirityèl », men ki pa « purement » espirityèl. [/quote]

Eske se moun ki inisye yo ki vin tounen lwa apre?

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:46 am
by
[quote]Eske se moun ki inisye yo ki vin tounen lwa apre ?

Ou vle di depi yon moun inisye li ka vin tounen lwa? M pa kwè sa ditou. Se vre Lwa yo se pa nenpòt ki lespri anlè anlè. Yo te viv yon fwa sou laté e m kwè se pou tèt sa vodouyizan yo kwè lwa yo pi pre yo pase Gran Mèt la (gade pati sou mond / vizib ak envizib la).

Yon lwa se yon Lespri / Fòs ki senbolize twa nivo nan LEGZISTYANS an menm tan :
1. yon lwa se yon fòs natirèl ki senbolize sa ki nan LA NATI : gen lespri dlo yo : Mèt Agwe ak Lasirèn (lespri lanmè), Danbala ak Aida Wèdo (lespri la rivyè) ; gen lespri latè, dife…
2. Yon lwa se e yon fòs PSIKOLOJIK / Espirityèl tou : figi yon fanm vanyan e danje (Ezili Dantò), figi lanmò (Bawon Sanmdi, Grann Brijit, Gede) …
3. Se fòs lespri yon MOUN materyèl ki te egziste VRE.

Yon INISYE li menm se yon MOUN VIVAN pratikan vodou men ki gen yon grad nan sistèm òganizasyon seremoni vodou yo. Lè yon moun inisye sa vle di li INISYE NAN MISTè VODOU YO.

Si se moun inisye yo ki vin tounen lwa, m pa kwè moun ki inisye kounye yo ka tounen lwa paske vodou a gen panteyon konplè li. Pètèt gen yon pwosesis pou yon lespri mò, zansèt vin tounen yon lwa menm jan gen prosedi pou yon moun vin Sen nan legliz katolik. Men m pa janm tande pale de sa. [/quote]

Lòt relijyon sou relasyon Sèks nan kilti ki solidè ak Vodou

Posted: Tue Jul 15, 2003 9:58 am
by
[quote]M ap gade pou de gran relijyon monoteyis : ISLAM (GWANA yo nan peyi MARòK) ak KRISYANIS (VODOU nan peyi AYITI).

Gwoup GWANA yo nan MAROC pran menm repwòch ak gwoup VODOU AYITI sou kesyon relasyon seksyèl.

GWANA yo se yon gwoup desandan nèg nwè afriken ARAB yo te fè tounen esklav. Yo se gwoup ki pi pòv nan peyi Mawòk. Sosyete a rejete yo epi yo sibi tout diskriminasyon rasyal. Nan sosyete mawokèn an,ki se yon sosyete a dominans mizilman, yo asosye GWANA yo ak LESPRI gwoup sosyal sa a sèvi. Arab mizilman yo di lespri sa yo danje, vyolan, instab …Se preske menm repwòch sa yo gwoup kretyen Ayiti yo fè lwa nan vodou a.

Repwòch ki pi grav : yo di GWANA yo pa respekte kòd seksyèl colektivite mawokèn lan. Kidonk gen twòp mistè, anbigite, transgresyon règ sosyal yo. Sa rele « dezòd sosyal ». M panse se dezòd sosyal sa a pè katlok
ak pastè pwotestan yo ap jere lè yo kondane ayisyen ki « plase » men ki pa marye yo.

Gen anpil ti rale m ta fè soukonparezon sila . Men m ap di sèlman kesyon maryaj la nan tout relijyon se pa bagay relijye sèlman li ye men se yon estitisyon pou kontrole e jere yon lòd sosyal, yon lòd seksyèl. Kretyen yo pa pran tan pou konprann tout imajinè ak tout pratik kiltirèl ki alabaz konpòtman yon vodouyizan. Nan relijyon ak kilti vodou a, moun yo pa marye konsa konsa. Maryaj se gwo zafè paske lè ou marye, ou fin di wi, ou di wi pou lavi vre. Pa gen divòs. Si gen moun ki gen posibilite genyen yon bon zanmi vodouyizan, si vodouyizan sila di ou « m se zanmi ou, m avè ou », li solidè avèk ou nan nenpòt ki sitiyasyon.

M panse imaginè solidarite vodou sa a fè anpil nan mas peyizan ayisyen yo. Men li gen revè li tou : Li ranje politisyen k ap mache fè dilatwa. Fòm solidarite sa a ou pa jwenn li nan gwo peyi devlope yo. Se sa ki fè pou ti krik ti krak, grèv mete pye. Gouvènman oblije aji.

Pou fini, m te vle di maryaj vodou a se yon bagay ki konplèks anpil. Si yon moun vin monte sou kesyon an ak ti kazak tou taye moun li pa konnen te fè kite pou li, alòs nou ka glise nou kase dan nou. Menm remak sa a vo pou tout lòt kesyon ki konsènen vodou a. Si nou byen obsève epi analize sa ki ap pase ak fenomèn sila, nou ka jwenn kèk eleman ki pèmèt nou konprann kèk pratik sosyal ak kiltirèl nan mitan pèp nou. Lè nou ap pale de devlopman, nou ta dwe entegre done sa yo. Sinon kouman nou ap fè DEVLOPE bagay MATERYèl tankou wout, lopital, bilding, esntitisyon politik elatriye si LESPRI nou FèMEN sou sa ki konsènen nou?

[quote]Manzè Zili,
Ou pike kiryozite m, apwopo de Gwana yo. Eske yo se "orijinal" nan zòn nan?

Pa bliye ke moun nan Marok yo, anvan ke Arab yo te anvayi zòn nan, nan 7yèm syèk, te nwa "Afriken".

Konparezon nou ka fè, se Ewopeyen yo ki anvayi Lamerik e yo konkeri e deplase endijèn yo.

Relijyon mizilman tou, pa yon relijyon ki nèf pou pèp nwa afriken, keseswa an wo ou an ba Sahara a.

Pèp sa yo gen plis ke 10 syèk y ap pwofese relijyon an. Byen ke gen ti diferans ant jan Arab ak Afriken yo pwofese relijyon an.

Mizilman nan Sid Sahara yo te toujou montre tolerans ak lòt relijyon yo. Pa egzanp, lè yo okipe Pòtigal ak Lespay an 1086, yo pa t pèsekite kretyen yo. Gen de plas ki te rezève sèlman pou mizilman nan administrasyon peyi sa yo, men apresa kretyen yo te ekzèse relijyon yo san kè sote.

Mizilman nwa Afriken, te toujou gade yon patikilarite kiltirèl. Petèt se la chòk ant Gwana ak Arab yo gen sous li. [/quote]

Eske Gwana yose "orijinal" nan zòn nan? M pa gen detay istorik sou sa. Se ou ki vin aprann mwen « moun nan Marok yo,anvan ke Arab yo te anvayi zòn nan ,nan 7yèm syèk,te nwa "Afriken ». Kidonk Arab yo te senpleman deplase GWANA yo menm jan ewopeyen te deplase endijèn.

Malgre m pa gen anpil eleman istorik sou gwoup sa a, m pa fin twò dakò ak ou. Paske nan listwa jeneral Afrik UNESCO pibliye a ak nan sa listwa jeneral fè konnen, nou jwenn ARAB te anvayi Afrik sid SAHARA ak Koran depi nan senkièm sièk. Anvan ewopeyen Pòtigè ak Espanyòl te konn ale Afrik nan 15e sièk pou chache machandiz yo rele nèg nwè a, Arab mizilman te gentan veteran esklavajis nan dezè a. Yo te genyen 10 syèk depi yo ap pran ti nèg al mete nan esklavaj nan peyi arab ou byen al vann yo tankou esklav nan peyi ewopeyen yo an echanj prizonye kwazad ak kretyen yo. Paske selon Bib la, m kwè kretyen pa ka mete moun menm nasyon ak li nan esklavaj. Kidonk yo mete enfidèl mizilman arab nan esklavaj. Menm jan tou, sanble selon Koran, mizilman pa ka mete moun menm nasyon ak li nan esklavaj. Kidonk se afriken sid sahara yo ki peye dèt esklavaj la pou tout nasyon. Laprèv gade aktyèlman nan peyi Moritani kouman etablisment nan ki se arab mizilman ap trete nwa moritanyen yo tankou esklav toujou.

Se nan sans sa mwen kwè GWANA yo ka nan peyi Marok depi 5e sièk e se pa ansyènte sa a ki fè yo orijinal zòn nan. Sonje Marok tou kole ak
peyi Lespay ak Pòtigal. Se te yon antrepo pou stoke kagezon machandiz esklav yo. Se nòmal genyen tras komès sa a nan Marok ki reprezante pa GWANA yo menm jan genyen tras la tout kote kagezon esklav te debake.

Lè ou di «Relijyon mizilman pa yon relijyon ki nèf pou pèp nwa afriken, keseswa an wo ou an ba Sahara a» m dakò ak ou men pa pou menm rezon yo. M sot esplike ou kouman Koran rive nan sid Sahara a. M te gen yon gwo diskisyon ak yon Arab mizilman ki te vle fè mwen kwè islam se relijyon pèp nwa. Mwen te ba li egzanp lesklavaj la pou mwen di li m pa ka konprann kouman yon relijyon ki soti andedan trip pèp mwen asepte pou yon lòt pèp mete mwen nan esklavaj. Sa te fè gwo fache. Mwen te ale diskite apre ak kèk zanmi afriken Mizilman Sid sahara , yo te voye m jete ak eleman istorik mwen yo.

Men sa pa fè twò lontan mwen te nan yon seyans diskisyon entènasyonal sou lesklavaj. Gen yon matinikèz ki te reyaji apre entèvansyon yon afriken te fè sou reparasyon peyi ewòp yo dwe tout desandan afriken. Ma
tinikèz la te di Lafrans pa gen okinn reparasyon pou fè paske se chèf tribi Afrik ki te vann nou bay Ewopeyen. M te kontan lè mwen te wè se yon Arab ki te leve pou li di Matinikèz la, lè yo di nou Afriken te vann Afriken an, fòk nou pa repete san chache konnen. Tout moun konnen nan pi fò ka yo, se Afriken nan Nò ki t'ap vann Afriken nan Sid. Mwen fèk sot li tou nan yon liv sou literati Afrikèn ki sot parèt la a kèk ekriven ki mande entelektyèl Afriken nan Sid Sahara a pou yo gen kouraj kritike responsabilite Arab ak tout Koran an pou wòl yo nan lesklavaj pèp afriken. Se pa fasil lè relijyon sila gen 15 sièk lap feraye anba. Li pi difisil toujou lè yo fè ou kwè se relijyon pa ou li ye.

Ki fè mwen ap di ou tout diferans ki genyen ant pratik kiltirèl GWANA yo ak pratik mizilman Maroken yo, tout diferans ki genyen ant pratik kiltirèl Vodou yo ak pratik Kretyen yo nan peyi nou, geyen gwo pwa listwa dèyè yo. Se pa yon senp diferans kiltirèl andedan yon menm sitèm panse. Gen yon rezon ki fè Gwana yo pi pòv nan mawòk menm jan gen yon rezon ki fè klèje katolik te toujou pèsekite ti peyizan Vodou an Ayiti. Diferans yo pa yon senp diferans nan yonmenm gran kilti relijye.

Manzè Zili - ZILI BAGILO DANPETRO DANTO[/quote]