Aksantegi nan Lang Kreyòl la

Post Reply
Tayi
Posts: 140
Joined: Sun Sep 23, 2007 4:44 pm
Location: Madian, Petite Rivière de Nippes, Haiti
Contact:

Aksantegi nan Lang Kreyòl la

Post by Tayi » Wed Nov 26, 2008 2:08 am

Bon, si m gen yon zanmi mwen ki rele Soni, e m ta renmen ba li yon ti jwèt non kote m pa pwononse "i" a nan non li. Sa vle di si se te an fransè m t ap eple son jwèt non an, m te ka ekri "Saune" tankou lè ou pwononse "jaune". M konnen lè ou tradui "jaune" an kreyòl li ba ou "jòn", men e ti jwèt non zanmi mwen an, kouman pou m ekri li? M pa ka ekri "Son" paske "on" vin yon vwayèl nan nen pi pwononse tankou lè ou di pongongon. Ni m pa ka di "Saun" paske ni "au" ni "u" pa egziste nan kreyòl. Yon fason m ka wè se si ou ta prete aksantegi a pou ekri "Són". Si non n ap oblije di m pa gen dwa bay zanmi mwen an yon ti jwèt non jan mwen vle a. Pou rezon sa yo, m prezante petisyon sa a bay Akademi Kreyòl la pou antrre aksantegi a nan kreyòl :-)

What do you think?

Petèt Pwofesè Pistach gen kèk konsèy.

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1288
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Wed Nov 26, 2008 5:02 pm

Tayi, mwen kontakte Pwofesè Pistach pou ou. Li an vwayaj, l'al fè yon ti kout pye Kiba al vizite zanmi li Fidèl. Li di ou al resite twa jevousalimari ak yon jekwazandye epi repons lan ap vin klè nan tèt-a-w tankou dlo kòk.

Mwen pa konn sa sa vle di, men Pwofesè Pistach di w'a konprann.

M' panse fòk nou pa eksite granmoun lan.

Sepandan men sa mwen panse pou tèt pa-m. Retounen aksantegi nan kreyòl la se pi move lide. Mwen ta prefere panse ki jan nou ta kab fè pou elimine aksangrav la menm, men bagay sa pi grav pase aksangrav ki fè ann kite sa sou kote pou yon lòt jou. Aksan sou vwayèl yo koze twòp dezagreman deja nan fason pou moun aprann kouman pou yo fè aksan yo. Mwen voye dlo, mwen pa mouye pèsonn.

Pou Soni menm ak ti non jwèt ou vle bay la, mwen ta ekri-l kon sa :

Code: Select all

So'n

Se tankou yon nonm mwen konnen yo rele "Antoine" (nan ekriti franse-a) men nan kreyòl yo ekri non li "Antwàn" pou pa konfonn non-an ak "Antwan" ki bay yon son djòl kochon (An+tou+an). Antwàn limenm di-m li ta pito yo eple non li Antwa'n pase "Antwàn". Mwen di m'sye "bòn chans".

Men si Akademi Kreyòl la (ki pa janm egziste tout bon) pa dakò ak So'n, ou toujou kapab rele m'sye, "Cherilis".


Se pase m' tap pase.

Tayi
Posts: 140
Joined: Sun Sep 23, 2007 4:44 pm
Location: Madian, Petite Rivière de Nippes, Haiti
Contact:

Post by Tayi » Fri Nov 28, 2008 5:47 pm

Monchè Guy, mèsi pou kòmantè a. M byen kontan enfòmasyon ou ban m sou Pwofesè a tou. Fòk mwen di ou misye se yon gwo Katolik e mwen konprann sa li te di ou pou di m nan.

Solisyon apostwòf la entèresan men m ap mande poukisa li pi akseptab pou itilize apostwòf ke aksantegi a? Ni apostwòf ni aksantegi pa vrèman itilize nan kreyòl modèn (si m manti nou ka korije m, se piti m ye nan sijè sa yo). Lòfini apostwòf la ka pote konfizyon paske dòdinè (nan franse ak angle e petèt lòt lang) nou anplwaye li lè gen yon lèt li ranplase, men nan "So'n" pa gen lèt ki ranplase. Epitou lè nou gen yon lèt nou vale (pa egzanp: "Sa k pase?" olye de "Sa ki pase?") nou pa menm itilize apostwòf la tankou pou nou ta ekri "Sa k' pase?". Menm "premye mo a "Sa" manke yon pati tou, se fòm kout pou "Kisa". Antouka, m ap kite nèg ki gen gwo bibit yo rezoud deba sa a. Genlè m ap rele zanmi mwen an Cherilis pito (:-))--Fò m di ou tou, zanmi an se yon fi wi!

Mèsi vye frè!

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1288
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Sat Nov 29, 2008 9:39 am

[quote]Ni apostwòf ni aksantegi pa vrèman itilize nan kreyòl modèn[/quote]
Mwen pa ta di sa. Nan kreyòl modèn lan, mwen wè lizaj apostwof (') ak tirè (-) regilyèman. Tandiske aksantegi-an pa sèvi ditou. Ekriti ofisyèl la deja rejete-l, kidonk li ta nètman negatif pou entwodui li ankò, apre tout kreyolis ayisyen (an jeneral) aksepte disparisyon "siy diyakritic" (diacritical mark) sa nan ekriti modèn lan.

Pa bliye yon konsekans nefas solisyon ou pwopoze a, sè ke alaminit nou ta aksepte aksantegi-a ankò pou yon sitiyasyon espesyal, toutafè eksepsyonèl, yon bann moun ap pran sa kòm eskiz pou yo reyaplike aksantegi-a sou lèt "e" a ankò, yon fason pou yo imite lang franse a sèvilman ankò.

Ou pa renmen solisyon mwen te pwopoze a. Nan pwen pàn nan sa, se chache n'ap chache ansanm yon solisyon règ ekriti modèn yo pa kouvri. Gen anpil lòt son ankò ki poko twouve ekivalans yo nan ekriti modèn lan; lesansyèl sè ke fòk nou fè atansyon lò nou ajoute yon ze nan panye a pout tout panye ze a pa kraze.

Te-m pwopoze yon lòt solisyon ki kab pi akseptab pou ka patikilye ou prezante a. Solisyon an, se:

Code: Select all

Alt+0248 = ø
"Alt" reprezante touch "Alt" sou klavye òdinatè a. Pandan ou kenbe touch "Alt" la, peze chif 0 2 4 8 yo sou klavye nimerik ki pi pre men dwat ou a, se pa chif ki nan ranje anlè lèt QWERTY yo. Ann eseye:

Søn

Nou dakò? Si nou pa dakò, nan pwen pàn, ale konsilte akademi kreyòl yo oswa pwopoze solisyon ou ta renmen pi plis la (men ki pap kraze tout panye ze a). Si ou dakò, nou kab konsidere sa kòm kontribisyon espesyal "Ann Pale" nan evolisyon natirèl ekriti modèn kreyòl la.

Kòm nou pase sou lizaj touch "Alt" a, ann tou repase youn nan teknik pou ekri lèt ak aksan yo:

Code: Select all

Alt+0232 = è
Alt+0242 = ò
Alt+0224 = à
Si nou pa konprann teknik sa [men fòk nou eseye li omwen], fè-m konnen, epi m'a eseye esplike li pi byen toujou. Men sonje se youn nan teknik yo, gen plizyè lòt ankò (tankou Klavye "US International" la).

Pou ekriti "Sa k pase" a menm, sa merite yon diskisyon apa. Men pèsonèlman, mwen kwè li pi bon pou nou ta ekri "Sak pase?" olye nou rantre nan tout dekonpozisyon mòfolojik sa yo. [Men petèt Pwfesè Pistach va tire zòrèy mwen sou pwen sa.]

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1288
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Sat Nov 29, 2008 10:11 am

[quote]Genlè m ap rele zanmi mwen an Cherilis pito (:-))--Fò m di ou tou, zanmi an se yon fi wi! [/quote]
Eskize-m devan Søn tande! Men etandone se yon fi li ye, ou pa kab rele li "Cherilis". Petèt ou ta kab reli li "Cheri", men ou pa kab fè sa nonplis paske gen twòp lespri koridò nan mitan katolik yo. Danseka, pito ou rele li "Asefi".

Mwen remake tou ou ekri "Fò m di ou" olye ou ekri "Fòk mwen di ou". A bon, mwen konprann, kòm ou se bon jan katolik ou ye, ou pa kapab ekri "Fòk". Eskize-m, papa!

Leoneljb
Posts: 222
Joined: Fri Dec 29, 2006 10:29 pm

Post by Leoneljb » Sat Nov 29, 2008 10:41 am

Mwen pa konprann poukisa Tayi bezwen bay oun ti non jwEt tandiske Soni deja se youn non jwEt. Se sEl si ou ta vle rele'l cheri????
Mwen menm pEsonElman mwen gen oun problEm ak jan nou itilize oun seri de mo an kreyOl. Pa egzanp, mwen gen anpil moun ki fE'm konprann ke jan nou ekri kreyOl la se pa konsa tout moun pale'l. Sa vle di, nou pa fE bikri lE n'ap pale, kidonk nou sipoze ekri li kOm sa dwa. Pa egzanp, itilize ta sipoze (supoze) utilize menm jan ak initil ki inutil... Sa nou panse de sa?
Leonel

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1288
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Sat Nov 29, 2008 5:31 pm

Leonel, men kouman mwen wè bagay la.

Nan lang Kreyòl 90% Ayisyen pale a, son "u" a pa egziste tout bon vre. Se yon fèb minorite ki kenbe pwononsyasyon vwayèl franse "u" a lan non kreyòl ki pran orijin yo nan lang franse a. Annou pran kòm egzanp non franse "Jésus" a. Si yon Ayisyen ap pale franse, l'ap di "Jésus" [amwenske li gen sa nou rele dewogativman "djòl sirèt"]. Si menm Ayisyen sa ap pale Kreyòl kounyè a, paske li abitye di "Jésus" deja sou ban lekòl ak sou ban legliz, li kapab kontinye di "Jésus" menm lò tout rès fraz la an Kreyòl. Nan pwen pàn nan sa. Dayè, pa gen moun sou latè ki ta gen dwa fè-l di "Jezi" si li pa vle. Men sepandan nou tout kab rekonèt ke 90% ayisyen se "Jezi-Mari-Jozèf" yo di.

Kididonk, nou gen 2 chwa:
1) Moun gen dwa pale jan yo pito, men kenbe yon sèl ekriti pou mo a, jan grann majorite moun pwononse li a. Nan ka sa, nou ekri "Jezi", menm si oumenm ou pito pwononse-l "Jésus".
2) Oswa nou adopte yon bann varyant nan jan nou ekri non kreyòl yo. Nan ka n'ap diskite a, moun ta kapab ekri: "Jezi" e "Jezu" tou.
Lò nou konsidere 2 opsyon sa yo, mwen kwè li klè ke menm moun ki pale fòm Kreyòl fransize a kapab fè yon ti konsesyon pou favorize yon ekriti lang lan ki parèt plis inifòm. Ekri non-an "Jezi", ou va pwononse-l jan ki pi natirèl pou ou a.

Mwen te gen menm pwoblèm avèk ou ak yon mo an patikilye, se mo "ji" a. Nan tout vi mwen, mwen pa janm di "ji kowosòl", "ji zoranj", "ji grenadin" elatriye. Mwen te toujou di e mwen kontinye di "ju kowosòl", "ju zoranj", "ju grenadin". Men pwoblèm lan sè ke Biwo Alfabetizasyon an pa te rekonèt lèt "u" a lò yo tap chache estandadize ekriti lang lan. [Se pa ka patikilye tankou "Søn" Tayi prezante a non!] Se yon ka ki pi kouran, men avangad kreyolis yo te deside ke sa pa vo lapèn pou yo gade lèt "u" a pou minorite moun ki gen tandans pwononse franse a nan estil fransè a yo abitye avèk li a. Bon, apre yon ti bout tan, mwen fini pa dakò avèk yo: ki pwoblèm mwen pou mwen ta ekri "ji kowosòl", "ji zoranj", "ji grenadin" menm lè mwen pwononse "ji" a tankou mo franse "jus" a ??? Sa pa pwoblèm ditou epi sa favorize majorite ayisyen tou nan sans yo pa blije aprann ekri yon bann mo [yon bann ak yon pakèt!] 2 fason diferan: ak vwayèl kreyòl "i" a e vwayèl franse "u" a.

Gen moun ki di "kreyolis yo se diktatè, yo vle ou chanje jan ou te aprann pale Kreyòl la". Men se pa vre ditou! Kontinye pale jan w pito, men se ekriti a sèlman n'ap estandadize pou rann lekti li pi otomatik, pou piblikasyon zèv kreyòl yo kapab edite menm jan, yon fason pou Kreyòl la vanse pi lwen. Lò abitan laplenn, peyizan nan mòn yo aprann li e ekri lang manman yo, l'ap pi fasil pou yo vin aprann li e ekri lòt lang toujou tankou franse, panyòl, angle, pòtigè elatriye.

Tayi
Posts: 140
Joined: Sun Sep 23, 2007 4:44 pm
Location: Madian, Petite Rivière de Nippes, Haiti
Contact:

Post by Tayi » Wed Dec 17, 2008 10:46 am

[quote]Nan kreyòl modèn lan, mwen wè lizaj apostwof (') ak tirè (-) regilyèman[/quote]
M te gen yon kesyon sou sa. Èske li akseptab pou nou itlize yo?

Pwopozisyon "Søn" nan entèresan. (Kouman ou fè senbòl "ø" a sou klavye yon laptòp Mac? [se jis kopye m kopye l la a])
Mwen menm tou ma pa ta renmen antre tout kalite aksan nan kreyòl la pou granmèsi. Men èske entrodiksyon "ø" a pa pi etranj ke aksantegi a?

FÒK mwen di ou m te panse ni "fòk" ni "fò" akseptab paske lò nou pale nou konn di toulède.

[quote]Kididonk, nou gen 2 chwa:
1) Moun gen dwa pale jan yo pito, men kenbe yon sèl ekriti pou mo a, jan grann majorite moun pwononse li a. Nan ka sa, nou ekri "Jezi", menm si oumenm ou pito pwononse-l "Jésus".
2) Oswa nou adopte yon bann varyant nan jan nou ekri non kreyòl yo. Nan ka n'ap diskite a, moun ta kapab ekri: "Jezi" e "Jezu" tou.
Lò nou konsidere 2 opsyon sa yo, mwen kwè li klè ke menm moun ki pale fòm Kreyòl fransize a kapab fè yon ti konsesyon pou favorize yon ekriti lang lan ki parèt plis inifòm. Ekri non-an "Jezi", ou va pwononse-l jan ki pi natirèl pou ou a.
[/quote]

M pito opsyon nimewo en (1).

(Monchè ou konnen m bliye kouman pou fè sitasyon an lò pou di "Guy said" epi ou mete sa Guy te di a)

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1288
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Wed Dec 17, 2008 12:45 pm

[quote]M te gen yon kesyon sou sa. Èske li akseptab pou nou itlize yo?[/quote]
Wi, li akseptab. Kreyòl la se yon lang vivan li ye. Mwen wè anpil tèks ak liv sou mache a, kote otè yo ki respekte ekriti modèn kreyòl la, itilize apostwòf ak tirè. Dayè, nan youn nan atik mwen te pibliye deja sou fowòm lan, Kreyolis renome Woje Saven (Roger Savain) te bay opinyon li sou karaktè sa yo. Li te apiye lizaj yo. Tou sa sou Windows on Haiti toujou wi. Al chache! Ansuit, ane dènyè sèlman, poèt (powèt???) e Kreyolis Michel-Ange Hyppolite te chache gide nou sou kilè pou nou ta fè lizaj apostwòf yo e kilè pou nou ta fè lizaj tirè yo. Ou gen dwa twouve gid li a nan fowòm sou lang lan nan "Ann Pale".

Natirèlman, si pita yon vin fòme yon Akademi Kreyòl pou kodifye tout detay nan Ekriti Kreyòl la règ ofisyèl yo pa te kouvri epi yo deside sa yon lòt jan, n'ap blije konfòme nou ak dekrè yo sou lang la, menm jan nou te toujou chache konfòme nou ak dekrè Académie Française yo lò n'ap ekri franse. Nan absans yon Akademi Kreyòl, nou blije vanse lang lan pa noumenm e byen souvan se lizaj ki fè larèg. Sepandan, fòk nou chache respekte tout sa ki ofisyèl deja, epi fòk nou pa janm aksepte atitid ke "tout voum se do", paske se Kreyòl la.


[quote]Pwopozisyon "Søn" nan entèresan. (Kouman ou fè senbòl "ø" a sou klavye yon laptòp Mac?[/quote]
Bon, ann antann nou, tou dabò sa se pwopozisyon pa-m, e mwen byen kontan ou twouve-l enteresan. Mwen ta premye moun ki t'ap sezi si mwen wè majorite gran Kreyolis yo ta dakò avèk mwen. Antouka, oumenm avèk mwen fè 2 toujou.

Kouman ou fè li? bon, mwen te esplike deja "Alt+0248 = ø" kouman ou fè sa soy klavye nimerik yon PC. Eske ou eseye li sou MAC la epi sa pa mache? Mwen pa twò abitye ak MAC yo. Men tou nan Windows gen yon lòt jan ou kab kapte senbòl la. Ou jis "Run" (Start Menu) yon ti pwogram-demwazèl yo rele Charmap (map of regular and most interesting characters that you will ever find in any language). Mwen sipoze ke nan MAC la tou, ou kab twouve ti pwogram-demwazèl sa nou rele "charmap" nan tout vèsyon Windows ki janm egziste. Fè yon ti rechèch sou sa, souple.

[quote]Men èske entrodiksyon "ø" a pa pi etranj ke aksantegi a?[/quote]
Wi, li pi etranj lontan!! (paske nou tout ki pase lekòl deja abitye ak karaktè aksantegi a!) Men sepandan, gen 2 konsiderasyon pou ou fè:
1) Menm si nou adopte karaktè sa, 99.9% nan moun pap jan gen okazyon pou yo itilize-l. Eksepte moun ki konnen zanmi-w lan e ki vle rele li ti-non ou bay li a. Se yon ka vrèman eksepsyonèl, kidonk nan pwen danje nan sa.
2) Re-entwodui aksantegi-a pou ka eksèpsyonèl sa, lò nou tout (?) fin dakò ak eliminasyon aksantegi nan ekriti kreyòl la reprezante yon gran danje. W'ap soti nan yon ka eksepsyonèl epi anvan ou bat je ou, moun pral rekòmanse itilize aksantegi-a pasi pala, paske ou vin lejitimize li. Pou dayè, ou konnen kijan Ayisyen ki te aprann ekri franse batay deja sou zafè aksantegi-a. Kounyè a yon pati genyen laviktwa (suivan adopsyon ofisyèl dekrè nasyonal sou ekriti kreyòl la), ou vle pran chans fè kado ti biten-sa ki lan men nou an? Di-m si ou pa wè danje-a!

Pou tèt pa-m, mwen panse tout siy diyakritik yo se gwo tèt chaje yo ye pou tout pwogram sibènetik yo. Mwen deja pèdi yon ka nan vi mwen nan chache konsève siy diyakritik yo, lò mwen tap "upgrade forum software" la yon lè. se dyesèl ki konnen sa mwen pase, alòs ke pyèsmoun sou fowòm lan pa konnen ki kantite travay sa te koze mwen. Kididonk si nou te kapab elimine aksantegrav la tou, mwen ta kontan anpil men mwen poko janm imajine yon fason pratik pou fè sa. Gen moun ki itilize lèt majiskil pito alaplas aksangrav sou vwayèl yo. Se yon solisyon. Men lò ou gade oubyen li yon tèks ki chaje alawonnbadè ak lèt majiskil, se bagay ki pou ba-ou tèt fè mal.

[quote]FÒK mwen di ou m te panse ni "fòk" ni "fò" akseptab paske lò nou pale nou konn di toulède.[/quote]
Mwen konnen, papa, se yon ti plezi mwen t'ap pran sou ou, men mwen pa brital tankou Leonel non. Mwen jis t'ap atire atansyon-w sou pwononsyasyon "Fòk" la. Men se pa yon pwen valab mwen te vle fè pase.

Antouka di Cheriliz bonjou pou mwen!

Post Reply