Subject: Desalin / Defile
Date: Sat, 30 Sep 2006 12:54:26 -0400
Youn mesaj pou tout Ayisyen k' ap viv ak konsyans yo nan limyè
Lè nou sonje Desalin, nou paka pa wè Defile.
Se Defile ki te ranmase diyite Ayisyen nan pousyè ak san kote l tap drive nan Pon-Wouj.
Valè nou bay Defile, se valè nou bay diyite nou.
Nan okazyon saa, mwen envite tout Ayisyen bòn volonte mete kè yo ansanm avè m nan youn basen pwezi pou prezante oun kokennchenn Kouwòn pou Defile
Michel Sanon
************************
- Kouwòn pou Defile by Michel Sanon
Kouwòn pou Defile
Defile, fanm vanyan
Fanm santiman
Fanm diyite…
Se pou bèl zanj nan paradi
Vide lwil pafen sou tèt ou.
Move lang sou latè
Kouri bri tèt ou te loke
Istoryen malpouwont
Pase non w nan rizib
Pou pitit-pitit Ayiti
Pa gen respè pou ou.
Yo pa janm chache konnen
Ki zèklè k te kale w
Konmkwa w te kèk sanmanman
Kochon te bay tete.
Defile, fanm santibon
Bèlte simbi ak kè bonbon
Lè nou mande
Kikote w te rete
Yo di nou: kay kraze
Nimewo-efase.
Achiv pa make dat
Pou Nèg Ginen sonje w
Pou tilezanj fete w
Nan tout jenerasyon
Fanm kalite tankou w...
Ala lapenn, manman!
Epoutan, ou te fèt
Ou viv, epi w mouri
Anplis, ou fè bon zèv
Depase moundebyen
Ki ekri liv istwa
Fè konnen w se moun fou
Paske konsyans yo nan fènwa.
Pou lonè w, Defile
Pawòl twòp pou pale.
Mwen trense you kouwòn
You bèl kouwòn pwezi
Ki pou fè moun sonje
Kisa, kilès ou ye
Chak fwa yo panse "diyite".
Defile, rèn tout rèn
Ou se solèy konsyans
Ou se manman tout Ayisyen
Ki viv ak nanm yo nan limyè.
Michel Sanon
September, 2006
*******
HLLN's FreeHaitiMovement - Dessalines is Rising, Oct. 17th commemorations http://www.margueritelaurent.com/law/events.html and, http://www.margueritelaurent.com/pressc ... lines.html)
See also "Defile Manman "Chimè"? by Jafrikayiti, 2005
http://www.margueritelaurent.com/pressc ... tml#defile[/list]