Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt Y

Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt Y

Postby guysanto* » Fri Jul 01, 2005 9:15 am

  1. Yo mennen Bouki nan prizon pou dèt, nan chemen li mande kredi.
  2. Yo ranje tout bagay eksèpte bonè.
  3. Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.
  4. Yon sèl dwèt pa manje kalalou.


Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?

Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Widy* » Wed Jul 06, 2005 12:24 pm

Gen youn pwovèb pa kote zòt ki gen oun lo enpòtans, se byen tala :

"""""""Yon sèl dwèt pa manje kalalou""""

Pwovèb tala, mwen teja tann li, se oun moman nan vi an mwen ou mwen teka jwe mizik adan oun gwoup konpa ayisyen yo, e se la kè-m tande pwovèb tala pou prèmye fwa.

Pwovèb tala enpòtan oun lo nan je an mwen piskè nou ka rann nou kont jòdijou, kè se sa ki ka menne nan kominote a e moun yo ka vin dè plizanpli endividialis.

Kèlkèswa moun ou wè nan kominote a ki se fanm ou nonm se yenki sa nap wè, moun ka fonksyone an endividialis e kon di pwovèb la, wap pran mwens kalalou èvè oun dwèt ki fè kè-m ka lese zòt èxtrapole.

Bagay tala se youn dòt deba li ye, e nou peke rantre adan-l kounyela, men li ka sanm mwen byen a medite asou-l kanmenm
Widy*
 
Posts: 163
Joined: Wed Jun 25, 2003 5:20 am

Re: Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt Y

Postby Gelin* » Wed Jul 06, 2005 4:55 pm

Yo mennen Bouki nan prizon pou dèt, nan chemen li mande kredi.


Te gen yon nèg yo rele Jekwa ki parese amò. Li refize travay pou okipe madanm ni ak timoun yo. Laclamè piblik rele dèyè l, e yo pran l pou mennen l devan leta.

Sou wout la gen yo madanm ki wè foul moun nan ap pase. Li mande sak genyen. Li antre nan pitye pou Jekwa a epi li ofri pou ba li detwa barik pitimi pou l ka koumanse pran swen tèt li ak fanmi l.

Jekwa grate gòj li epi l reponn: eske pitimi an pile deja? Madanm nan sezi, li di non. Jekwa di: anben si se pou sa, lakwa devan m dèyè.

.....gen moun ki pap janm kite defo.....

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby Widy* » Fri Jul 08, 2005 7:00 am

Toujou epi pwovèb kalalou la ( ki se oun bagay kè-m renme oun lo) an èskrapolan pwovèb yo, li ka fè nou wè youn dòt bagay ankò.

Pa kote nou gen de moun ki gen "high education" yo dòktè, pwofésè, chèchè.......men malerèzman kapasite travay yo pa oriyante pa kote la yo sòti la, e byen souvan se ba dòt peyi rich kè yo ka travay, ki fè kè nan peyi a yo menm, se dezawa e lanmizè ki gen.

Mwen kwè kè rejioun karayib la ka ban nou oun bèl èzanp nan nivo tala.

Gen plen karibeen ki te ni ou ni toujou, de boun pòs nan lamerik di nò (mwen ka panse a jamayiken la, Collin Powell) ou an ewòp
men malerèzman magre tout enpòtans a se boug an nou la, yo paka rapòte anyen ba pwòp peyi yo, e byen o kontrè peyi yo toujou pli dèyè.

Se ègzanp tala ka montre nou ankò kè oun sèl dwèt pepa manje kalalou konsadavwa.
Widy*
 
Posts: 163
Joined: Wed Jun 25, 2003 5:20 am


Return to Proverbs

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests