- Yo mennen Bouki nan prizon pou dèt, nan chemen li mande kredi.
- Yo ranje tout bagay eksèpte bonè.
- Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.
- Yon sèl dwèt pa manje kalalou.
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
