- Kabrit gade je mèt kay avan l antre.
- Kal pwason pa lajan.
- Kalbas pa donnen jouwoumou. Jouwoumou pa donnen kalbas.
- Kan chat pa la, rat danse kalinda.
- Kay koule twonpe solèy, men l pa twonpe lapli.
- Ki pitit pa kwè l pi saj pase papa l?
- Kote gen chenn pa gen kou, kote gen kou pa gen chenn.
- Kote gen lètkaye, pa gen siwo.
- Kote y ap plimen kodenn, poul fa fèt pou l ri.
- Kote yo pa konnen Bouki, li pase pou rwa.
- Kou vant chat plen, li di ke ràt anmè.
- Kouri pou lapli tonbe nan gran rivyè.
- Kreyon Bondye pa gen efas.
- Kreyòl pale, Kreyòl konprann.
- Krinolin kache gwòs, men tranche mete l deyò.
Eske
nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
