Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt K

Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt K

Postby guysanto* » Fri Jun 24, 2005 9:44 am

  1. Kabrit gade je mèt kay avan l antre.
  2. Kal pwason pa lajan.
  3. Kalbas pa donnen jouwoumou. Jouwoumou pa donnen kalbas.
  4. Kan chat pa la, rat danse kalinda.
  5. Kay koule twonpe solèy, men l pa twonpe lapli.
  6. Ki pitit pa kwè l pi saj pase papa l?
  7. Kote gen chenn pa gen kou, kote gen kou pa gen chenn.
  8. Kote gen lètkaye, pa gen siwo.
  9. Kote y ap plimen kodenn, poul fa fèt pou l ri.
  10. Kote yo pa konnen Bouki, li pase pou rwa.
  11. Kou vant chat plen, li di ke ràt anmè.
  12. Kouri pou lapli tonbe nan gran rivyè.
  13. Kreyon Bondye pa gen efas.
  14. Kreyòl pale, Kreyòl konprann.
  15. Krinolin kache gwòs, men tranche mete l deyò.

Eske
nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?

Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Widy* » Sun Jun 26, 2005 7:33 am

Gen oun pwovèb pa kote zòt kè-n ka touve adan youn dòt vèsyoun pa kote nou se :

"Kalbas pa donnen jouwoumou. Jouwoumou pa donnen kalbas"

Pa kote nou li pli senp ankò piskè nap jous di :

" CHEN PAKA Fè CHAT "

Ki vle di kè si manman ou fanmi a oun moun se oun fanngas, gen 99 % dè chans kè Moun la menm pral vin oun FANNGAS TOU.
Widy*
 
Posts: 163
Joined: Wed Jun 25, 2003 5:20 am

Postby guysanto* » Sun Jun 26, 2005 7:52 am

Widy, kouman ou ye? Gen de twa jou nou pa pale.

Ki sa yon FANNGAS ye?
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Gelin* » Mon Jun 27, 2005 11:51 am

Gen yon lòt ki di: kaka je pa linèt.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby guysanto* » Mon Jun 27, 2005 12:04 pm

Gelin,

Ki sa yon FANNGAS ye?
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Gelin* » Mon Jun 27, 2005 3:12 pm

m bwè pwa sou kesyon sa a.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby Widy* » Tue Jun 28, 2005 3:59 am

Editè,

Sòti m tonbe kounyela si kèsyoun ou-an e m pral eseye reponn ou jan-m pe.

Mo tala mwen kwè li ka vini dè fwanse lò yo ka di :

"ENFANT DE GARCE" , byen kè se oun èspresyoun fwanse menm paka anpwaye men ou ka touve li nan kreyòl pa si gwadloup.

Ann pran oun ègzanp si fanm sen-domeng e pa plis kè dènye fwa la oun boug teka di mwen sa.

A boug an mwen, si janmen ou tounbe malad a oun fanm sen domeng, fòk ou sav kè li ke fann tchou a-ou, because, se move jan dè fanm yo ye.

Kon boug an la teka di mwen, menm si ou pran oun boun fanm pa kote yo, li pe tout bon bon a-y, men kanmenm sa li move, e li ke fè-w mache kalpat, tèlman se move fanm.

Se moun tala, se konsa yo leve yo, se pou yo move fanm, ki fè kè jòdijou, pisime ou ba yo oun lajan e fin èvè sa ki ou tounbe amoure dè de jan dè move moun konsa, ki fè kè se moun la sa SE DE FANNGAS A FANM YO YE, e se konsa pou konsidere yo.
Widy*
 
Posts: 163
Joined: Wed Jun 25, 2003 5:20 am

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Tue Jun 28, 2005 9:26 am

Guy, gen on seri mwen pa janm tande.

Tankou:
Kal pwason pa lajan?

Ki pitit pa kwè l pi saj pase papa l ?

Kote gen lètkaye, pa gen siwo.

Kote y ap plimen kodenn, poul fa fèt pou l ri.


Men, yo vrEman fE sans.

Sa m pi renmen an se:

Kote y ap plimen kodenn, poul fa fèt pou l ri.


Mwen bliye nimewo kenz nan. Sa, mwen pa janm tande l???

leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Re: Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt K

Postby Gelin* » Thu Jul 14, 2005 3:13 pm

guysanto wrote:Kabrit gade je mèt kay avan l antre.


yon lòt ankò: <B>kabrit fin manje jaden w, epi se kounye a w ap rele bare.</B>

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm


Return to Proverbs

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron