- Labouyi cho pa manje ak dwèt.
- Labouyi cho se sou kote ou manje l.
- Labouyi cho, ou manje l nan rabòday.
- Lajan fè moun pa konn moun.
- Lajan se lespri moun ki pa genyen.
- Lakay kanmarad pa lan mache.
- Lakay menetriye, tout moun konnen danse.
- Lang ak dan se bon zanmi, poutan youn pa renmen lòt.
- Lang, se kout baton.
- Lanmou chen se lagè.
- Lanmou pa konn pantalon pyese.
- Lanmò sèjan ranje kaporal.
- Lapenn youn fanm se pou tout fanm.
- Lapli pa tiye fòs piman.
- Larivyè anpèche w pase dlo, li pa anpeche w tounen.
- Larivyè avèti pa tiye kokobe.
- Lawouze fè banda toutan solèy pa leve.
- Li pa janm twò ta pou chen fou.
- Lè chen pa vle kenbe kabrit li di janm li fè l mal.
- Lè kok pa nan batay li wè tout kout zepon li ta fè.
- Lè ravèt vle fè bal, li pa envite poul.
- Lè vant chat plen, li di ke rat anmè.
- Lè zonbi goute sèl li pa vle rete.
- Lò foumi mòde pye kabrit, li kite savann li monte mòn.
- Lò malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay.
- Lò manman poul ponn li pa janm bliye nich li.
- Lò poul bwè dlo li pa bliye di Bondye mèsi.
- Lò tig al kay Malis, tout moun kontan.
- Lò w byen ak youn moun, ou byen menm ak chen lakou kay li.
- Lò w fè byen, tan pase vit.
- Lò w grate kwi twòp, fòk li kreve.
- Lò w kontre zo nan granchemen, sonje se vyann ki te kouvri l.
- Lò w krache anlè, li tonbe sou nen w.
- Lò w nan devenn lètkaye kase tèt ou.
- Lò w nan devenn po patat koupe pye w.
- Lò w pa gen manman ou tete grann.
- Lò w vle twonpe moun, se tèt ou w twonpe byen souvan.
- Lò yo vle tiye youn chen, yo di li anraje.
- Lò w ap tann soupe kanmarad, ou dòmi twò ta.
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
