Tant va la cruche à l'eau qu'à la fin elle se casse

Tant va la cruche à l'eau qu'à la fin elle se casse

Postby guysanto* » Sat May 28, 2005 1:12 pm

Wanted: not a literal, but an idiomatic expression

How do you translate the French expression "Tant va la cruche à l'eau qu'à la fin elle se casse" ?

Is there a corresponding expression in Kreyòl? (Of course there must be! Haitian Creole has a proverb or an idiomatic expression for every situation, doesn't it?)
Last edited by guysanto* on Sun Feb 05, 2006 11:29 am, edited 1 time in total.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Guest » Sun May 29, 2005 2:11 pm

Gen yon pwovèb granmoun lakay ki ta ontijan tou pre: "depi w ap boule bwa, fòk ou fè chabon."

M fèk resevwa kòm kado yon liv ki gen plis ke 1000 pwovèb ayisyen ak tradilsyon yo an anglè.

gelin
Guest
 

Postby guysanto* » Sun May 29, 2005 6:40 pm

"depi w ap boule bwa, fòk ou fè chabon."


Depi w ap resevwa kado, fòk gen fèt. Kidonk, bòn fèt Gelin!
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Gelin* » Mon May 30, 2005 11:47 am

non monchè, pat gen fèt. se yon liv m tap chache depi lontan men m pat ka jwenn li achte, epi yon moun fè m kado l. se pa de bèl koze ki anndan l. Youn m renmen anpil se sa k di : chen vòlè tabak menmsi l pa fimen. Sa fè m sonje politisyen-gate-sa yo ki ap paweze an ayiti. Yo paka fimen men yap vòlè tabak la kanmenm.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Tue May 31, 2005 4:44 am

chen vòlè tabak menmsi l pa fimen.


Gelin, kote w jwenn ak bagay sa? Mwen pa janm tande l...

Chen an ka vOlE tabak la pa pou l fimen, men pou l fE on lot bagay.

Pa poze m kesyon non plis, mwen pa konnen, mande chen, se li k te vOlE tabak li.

leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Postby Gelin* » Tue May 31, 2005 7:47 am

leonel: m pat janm te konn tande l nonplis e l te fè m sezi tou. men li bèl anpil. kenbe la gason.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby guysanto* » Tue May 31, 2005 7:48 am

Mwen dakò ak Leonel. Gen yon gran nèg ki te rele Bill, li te konn sèvi ak siga kiben menmsi li pat fimen yo.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Shelony* » Fri Jun 03, 2005 1:39 pm

Gen you pwoveb lakay ki sanble ak Tant va la cruche .....
Li di" Ou grate kwi w jis ou kraze l

Shelony
Shelony*
 
Posts: 25
Joined: Fri Feb 25, 2005 7:32 pm


Return to Language

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron