<p>
Bon, nou te sèvi ak aljèb pou nou rezoud 2 premye pwoblèm mwen te poze nan lakou a. Pou moun ki pa renmen aljèb, men ki toujou renmen lojik, mwen parèt kounyè a ak yon ti pwoblèm ki pa mande nou fè okenn jefò pou nou sonje aljèb nou te aprann depi sou Salnav (yon zanmi mwen renmen di " depi sou Pepe Lebref "), men kanmenm fòk lojik ou toujou rete solid.
Lojik se limyè flash nan blakawout. Ann pike devan.
Cherilus se yon fezè chapo. Yon maten, li rasanble tout chapo li yo, l ale vann yo nan mache a. Li deside vann chak chapo yo pou 8 dola. Yon premye kliyan vini, li pran yon chapo epi li lonje yon biyè 20 dola bay Cherilus. Cherilus, twò kontan, li remèt nèg la 12 dola san li pa byen gade koulè lajan yo ba li a. Si li te byen gade... adje! msye pa ta kontan konsa.
Yon dezyèm kliyan vini, men se yon otorite li ye. Li la pou mete fen nan tout dezòd nan mache a. Msye anvi yon chapo tou. Li lonje yon biyè 50 dola bay Cherilus. Cherilus chwazi pi bèl chapo li genyen bay gwo otorite a, epi li lonje 42 dola remèt li, 2 biyè 20 ak yon 2. Men youn nan biyè 20 yo se te move lajan premye kliyan an te bay Cherilus, san li pa te sispèk sa. Lamenm, otorite a wè sa. Li di "Gade monchè, pa betize w avèk mwen." Li tou pran move biyè 20 an, li chire li myèt moso. Otorite a egzije Cherilus lonje yon lòt biyè 20 ranplase move li fin chire a. Adje, Cherilus te anvi kriye men san fè bri li degaje l chache yon lòt biyè 20 dola pou l remèt otorite a, epi li eskize tèt li tou dèske se pa espre li te fè pase yon move biyè ba li.
Rès joune a pase san lòt gwo evènman. Tout lòt tranzaksyon yo pase kòmsadwa. Men kè Cherilus pa fin twò kontan.
Podyab Cherilus! Eske w kab di m ki sa ojis li pèdi nan jounen mache sa, san rete ni mete? Pwofesè Pistach ap tann repons ou.
