Kanmarad,
Lè mwen fin li nouvèl sa ki anonse Manigat kandida, mwne paka anpeche tèt fè ti refleksyon sa.
Mwen sipoze tèks sa reflete ekzakteman sa Maniga di, kididonk, se sou map fè ti komantè sa yo.
Manigat said he was willing to make efforts to change the situations in Haiti.
1) Se sa yon kandida pour prezidan di:
he was willing? Poukisa li pa di kareman: mwen pwal fè sesi, mwen pwal fè sela? Eske gen yon posibilite li te ka pa vle fè jefò? Lè angle di : I am willing , sa vle moun nan dispoze pou fè yon bagay. Men nan ka peyi Dayiti, se pa dispoze pou dispoze, se pou deklare ak tout fòs: Mwen pwal fè tèl bagay. Ou kandida pou dirije destine yon peyi, e non pa pou al achete yon machin!
2)
He also said that he would campaign in poor areas in the country to win the votes of the poorest
Haitian people.
Map di li ankò, mwen sipoze tèks sa reflete sa Maniga di a. Poukisa li blije di li pwal fè kanpay nan zon pòv yo? Eske se paske konsyans li pa trankil? Poukisa li pat di: Mwen pwal siyonen tout ti twou nan peyi pou mwen pale ak tout moun, tout sektè, pou mwen konen ki kondisyon yo, ki jan yap viv, kisa yo vle?
Eske sa vle di li pa gen entansyon fè kanpay nan zòn rich yo? Eske li panse ke fè kanpay nan zon pòv ap sifi pou likapab gen vòt moun sa yo? Maniga pa moun sòt, fòk li ka pale klè. Pèp as pase twòp!. Ou paka fèl pran lalin pou fwomay ankò!. Epòk sa pase lontan lontan.
Lè you nèg kandida, se pou konen byen sa wap pale. Antouka, si se sa kap tan nou, nou nan mera!.
Serge