Ki jan n ap di nan kreyòl nou an ... ?

Ki jan n ap di nan kreyòl nou an ... ?

Postby Masterches » Wed May 23, 2007 5:14 am

Ki jan n ap dinan kreyol ayisyen mo angle sa yo, nan lang natif natal, e pi ekspresyon natal yo?
( mwen ta bezwen yo pou yon pwojè pou kreyol lanmenm )

Fantasy Sports
?
Boating
?
Bullfighting
?
Rowing
?
Mountainboarding
?
Wakeboarding
?
Rugby
?
Archery
?
Motorcycle Racing
?
Martial Arts
?
Disc Golf
?
High School
?
Fantasy
?
Bobsledding
?
Track and Field
?
Curling
?
Bobsledding
?
Sandboarding
?
Wakeboarding
?
Rowing
?
?
Bowling
?
Wrestling
?
Softball
?


Mèsi pou tout kontribisyon nou.
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Guysanto » Wed May 23, 2007 7:43 am

Wow, sa se yon gwo tchalenj tout bon vre, paske majorite nan aktivite sa yo pa te egziste ou pa te gen plas nan lavi pèp nou an Ayiti. Kidonk, nou pa gen mo natif natal pou yo, se nouvo mo pou nou ta envante. Mwen pa aktif nan domèn sa.

Gen 2 moun ki vin nan tèt mwen ki ta kab ede ou petèt: se Kaptenn Koukourouj nan Otawa epi Emmanuel Vedrine nan Boston. Vedrine an patikilye se nèg ki fouye zo nan kalalou. Malerezman misye pa vin sou fowòm lan ankò. Eske ou konnen kouman pou antre an kontak ak li?

Antouka, tout lòt moun kapab rantre nan won si yo vle. Kantamwa, non m'sye je swi fatige.
User avatar
Guysanto
Site Admin
 
Posts: 1326
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Leonel Jean-Baptiste » Wed May 23, 2007 9:23 am

EspO penyen lage
bwa fouye
batay bEf
Rowing nan difisil
Glisad mOn
Wakeboarding???
rigbi
tire flEch
kous motosiklEt
A masyal
Disc golf pa jwEt Ayisyen
lekOl segondE
penpennen
fE glisad ak bOb
maraton
voye fE
Glise sou sab
BOlinn
lit
Boul dous

Si nou pa aksepte yo. Vinn ak pa nou.
Leonel
Leonel Jean-Baptiste
 
Posts: 223
Joined: Fri Dec 29, 2006 10:29 pm

Postby Masterches » Thu May 24, 2007 7:22 pm

Mèsi pou repons nou an.
Mwen rankontre yon pakèt atik gro toro Vedrine "Moun ki ap fouye zo nan kalalou" ;-).
Mwen te eseye kouvri kèk domèn nan pajwèb sa a : http://www.masterches.net/diksyone/

Mo mwen te mande nou se pou pwojè Gougèl Ayiti a. Li bezwen 3000 tradiksyon ankò pou li kapab aktif :

Pwogresyon tradiksyon an :
-------------------
Google Main Search Site (100% complete) *
Groups Beta (38% complete)
User Distributed Search (xlb) (100% complete)

For Haitian Creole, you can translate new messages or edit existing translations.
Please select which you would like to do:

* Edit existing translations
* Edit your previously submitted translations
* Translate new messages (2269 messages left to do)

Other links:

* Discussion group for Google translators
-----------------------------

Nou kapab twouve pwojè sa a : http://services.google.com/tcbin/tc.py

Ayiti genyen pajwèb Gougè li deja : http://www.google.ht/
men li poko genyen kreyòl nan prezantasyon li.

Mèsi ankò pou travay nou.
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Masterches » Thu May 24, 2007 7:24 pm

Pou Vedrine nou ap twouve pakèt travay misye anlè : http://www.potomitan.info/vedrine/

(e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com)
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (USA.)
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Masterches » Thu May 24, 2007 7:31 pm

Mwen genyen anpil pwojè tradiksyon nan lang peyi mwen men mwen rankontre gro gro difikilte pou mwen pe sa twouve mo teknik.

Mwen ap travay nan domèn matematik aplike / syans fisik /enfòmatik ( oubyen konpyouta ?? )
Genyen anpil bagay ki rete pou fè pou tradywi nichtwèl lan : OpenSource, Operating System, forums, engineering API ...etc
Gougèl se yonn nan pwojè sayoe mwen sèten ke li ke bay yon fòs pou nou kominike toutbon.
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Masterches » Thu May 24, 2007 8:13 pm

Dòt mo :
(souple reprann mo sa yo pou tradiksyon an kapab pi fasil )

Skydiving
Racquetball
Extreme Sports
Cheerleading
Gay Games ( li bezwen defini tout kategori yo )
Officiating
Windsurfing
Skiboarding
Hurling
Croquet
Water Polo
College
Tennis
Squash

Swimming and Diving
Hockey (espò)
Roller Skating
Basketball
Fencing
Water Skiing
Boxing
Netball
Lacrosse
Triathlon
Travel
Outdoors
Antiques
Living History
Comics
Cycling

Scouting
Recreation
Comoros
Equatorial Guinea
Chad
Chadèt : konfiti zoranj sèch
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Michel-Ange Hyppolite » Mon Jun 18, 2007 8:12 pm

Mwen gen kèk tan mwen pa te parèt sou windows. Se, younn paske chay travay mwen ak lòt aktivite kominotè yo te twò lou pou mwen epi apresa, mwen pa te konnen kijan pou mwen te rantre sou Windows II a. Aprèmidi a, mwen te senpman peze kèk kazye epi mwen bin tonbe daplon.

Bon wè youn dal mo la a mwen pa konnen, paske mwen pa janm sèvi ak yo nan lavi chak jou mwen.
Sa mwen konnen yo, mwen va mete youn repons sou kote yo, epi mwen pa konnen yo, mwen va kite yo blanch.


Fantasy Sports
?
Boating
?
Bullfighting
?
Rowing
?
Mountainboarding
?
Wakeboarding
?
Rugby
Mwen ta di rigbi, paske se sa mwen abitye di lè mwen ta pe grandi anndann Ayiti.
Archery
?
Motorcycle Racing
Kous motosiklèt.

Martial Arts
?
Disc Golf
?
High School
Lekòl segondè

Fantasy
?
Bobsledding
?
Track and Field

Nan kanada yo di «piste et pelouse». Mwen mete franse a, se pou mwen bay youn lòt ki enterese ak mo a youn boustè pou li kreye youn ekivalan kreyòl.
Curling
Mwen konnen kisa espò sa a ye, men mwen pa vrèman konnen ki mo mwen ta kab chwazi pou li. Sepandan, mwen remake nan diksyonè fransè Le Petit Robert, yo prete mo curling lan dirèk-dirèk. Eske mwen pa ta dwe fè menm bagay la tou. Sòfke nou ta adapte mo sa yo ak òtograf kreyòl la.

Bobsledding
Bòbslèd.
Sandboarding
?
Wakeboarding
?
Rowing
?
?
Bowling
Boling
Wrestling
Lit
Softball
Boul mòl oubyen sòfbòl.

Mwen ta sigjere nou rantre non tout kalite espò sa yo dirèkteman nan lanng kreyòl la. Rezon an senp: Si nou pran foutbòl, baskètbòl, volebòl, pingpong, tenis, eksetera... Yo tout rantre jan yo ye nan lanng kreyòl la. Mwen kwè nou ta dwe suiv menm tradisyon an.

Nan jwèt foutbòl, sèl grenn espò mwen konprann byen, paske se ladan mwen te leve, gen plizyè tèm nou itilize, se tèm angle yo ye.
Kònë, awoutsay, gòl, eksetera
Mwen pwopoze youn lòt fwa ankò pou nou adopte tout mo Mastè a pwopoze yo nan lanng kreyòl la.
Kisa zanmi kreyolis parèy mwen yo ap di nan sa?

Mwen pa rete non.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj )
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Michel-Ange Hyppolite
 
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Postby Michel-Ange Hyppolite » Wed Jun 20, 2007 10:18 pm

Kòm pa gen mounn ki kòmante pwopozisyon mwen yo, mwen oblije reponn tèt mwen pou mwen mande kote mounn yo? Kote Master a limenm menm, ki te parèt ak divès mo nan kategori espò a? Mwen espere misye pa malad. Mwen ta renmen genyen opinyon li sou remak mwen yo. Sa ta pèmèt nou avanse pi devan ak lide nèf nan chan li pwopoze a, ki se espò.
Tankou mwen toujou di li: Depi se pou travay, tout nèg vole gagè, men si se te pou zen, ou ta wè bèlmèvèy.

Mwen wè Leonel te fè pati pa li a. Se trè byen.
Nan sans sa a, mwen kab di se mwen ki te manke lizay, paske mwen te dwe kòmante lide Leonel yo anvan mwen te parèt ak pwopozisyon mwen yo.
Alaverite, Leonel ak mwen gen kèk mo ki parèy, men mwen, mwen ta pito suiv wout «emprunt direct» la tankou sa deja fèt nan lanng lan nan domèn kou Foutbòl ak volebòl. Mwen pa di baskètbòl, paske se youn espò ki vin devlope anndan Ayiti pandan mwen ap viv nan peyi etranje.
Si gen mounn ki konnen langay kreyòl ki itilize pou baskètbòl anndan peyi a, yo va pataje yo ak nou. Konsa, nou va konnen kijan pou nou oryante nou nan chwa mo Mastè a voye pou nou yo.

Bon mwen pa rete non.
Se te Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Michel-Ange Hyppolite
 
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Postby Masterches » Wed Aug 15, 2007 7:42 pm

mèsi anpil pou repons nou an.
mèsi anpil Hyppolite pou repons ou an.eskize mwen de pa reponn pli bonè.
mwen dakò epi pwoposisyon oufè nou an : kreyòl nou an pa bezwen anpil konplikasyon, tout anpwen yo dwèt rete senp nan transkripsyon yo.
mè li rete yon pwoblèm fondamantal : kote kreyòl ntif natal ye ? kreyòl an nou rete nan bouch nou, tout moun pa genyen la posibilite retounen bô kote rasin li ( liv chè, diksyonè yo pa detaye oubyen genyen pwoblèm verite : gade atik sa a e di mwen si nou dakò epi li , yon ekstrè "« Mté-fin déjà pale lors li té danse »" ( http://fr.wikipedia.org/wiki/Cr%C3%A9ole_ha%C3%AFtien ), li repertorye nan "creole haitien", yo te dwèt make plito "creole ke Ayisyen an ap pale lè li ta renmen pale bèl fransè kolon an ... ", sa te pli proch de sa ki ekri nan atik yo ekri a) )

chay la tèlman lou, li sanble ke li difisil twouve envestisman nan elaborasyon nimerik de kreyòl ayisyen an.
mwen te koumanse kèk pwojè bò kote'm, men chay la two lou poukont ou.
li dwèt yon travay pou tout moun.mwen menm ap rann mwen kont ke'm ka fè anpil fòt kreyòl lè map ekri ak pale. Mwen ta renmen repoze lespri'm epi yon gramè aksepte pa tout ayisyen yo.

mwen twouve kèk gwo pwojè ki bezwen anpil moun pou patisipe nan yo :

*Google for haiti : http://www.google.ht
li rete 50 000 mo ak ekspresyon pou tradui pou li pe sa pase nan lang kreyòl ayiti

mo mwen te mande nou ede'm fè pati de 50 000 ekspresyon ki manke gougèl pou li voye nou yon entèfas kreyòl, premye motè fouye pou ayiti, sa te yon bèl bagay pou devlopman li ( tout zouti antrepriz, trètman birotik, blog, gwoup ta nan kreyòl ayisyen ).
( enskrin nou nan : https://www.google.com/accounts/ServiceLogin?service=transconsole&passive=true&nui=1&continue=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole&followup=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole

*Wikipedya kreyòl ayisyen : http://ht.wikipedia.org, ansiklopedi lib pou devlope lang kreyòl d ayiti, enfòmasyon sou peyi nou an, politik, kilti, istwa, edikasyon, fiti, syans ...tout moun kapab bay yon lanmen

li genyen tou yon diksyonè kap devlope aktyèlman ( Wiksyonè ) : http://incubator.wikimedia.org/wiki/wikt/ht
li en vèsyon "bêta", fòk nou kontribiye nan li.

li genyen anpil ekstansyon nou kapab ize pou devlope yon entèfas nimerik pou kreyòl ayisyen an : Wikiversity ( inivèsite nimerik, edikasyon pou jèn ttimoun, video, son, imaj, diskite, enfòmatik, medya, jounal, syans, teknoloji, nou kapab telechaje epi mete dokiman pou moun kapab dispose de yo ... )

mwen ta renmen nou devlope yon entèfas lengwistik pou nou pe sa mete nou tout dakò.

* pajwèb mwen menm : http://ww.masterches.net/diksyone
li regwoupe kèl lide mwen reprann nan post mwen yo.

* epi lengwis kap bataye sou mannyè pou nou ekri kreyòl

tout kontribisyon nou an ke yon pa an avan pou peyi d Ayiti, an nou travay ansanm, fè mesaj sa a deplase montay, fè lantou latè, vini douvan zye tout ayisyen.


Mwen ta renmen ke tout moun ki ta vle patisipe nan manman pwojè sa yo kapab reyini ( mail ) pou nou pe sa kominike difikilte tèknik nou genyen.
nou pe lese adrès nou anba repons nou an.

nou kapab jwenn mwen nan : chesmaster@gmail.com
Masterches
 
Posts: 11
Joined: Mon Apr 23, 2007 7:21 pm
Location: France

Postby Michel-Ange Hyppolite » Wed Aug 22, 2007 3:05 pm

Mwen te trè okipe soti mitan mwa jiyè pou rive nan ouvèti mwa out la. Apresa, mwen te al fè youn ti vankans. Se rezon ki lakòz nou pa te tande bri mwen.
Mwen pral pran san mwen pou mwen li tout pawòl Mastè a. Mwen va konsilte sit yo tou epi apresa nou va kontinye konze nou.

Mwen pa rete non.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj )
Michel-Ange Hyppolite
 
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm


Return to Ann Pale Kreyòl

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron