mèsi anpil pou repons nou an.
mèsi anpil Hyppolite pou repons ou an.eskize mwen de pa reponn pli bonè.
mwen dakò epi pwoposisyon oufè nou an : kreyòl nou an pa bezwen anpil konplikasyon, tout anpwen yo dwèt rete senp nan transkripsyon yo.
mè li rete yon pwoblèm fondamantal : kote kreyòl ntif natal ye ? kreyòl an nou rete nan bouch nou, tout moun pa genyen la posibilite retounen bô kote rasin li ( liv chè, diksyonè yo pa detaye oubyen genyen pwoblèm verite : gade atik sa a e di mwen si nou dakò epi li , yon ekstrè "« Mté-fin déjà pale lors li té danse »" (
http://fr.wikipedia.org/wiki/Cr%C3%A9ole_ha%C3%AFtien ), li repertorye nan "creole haitien", yo te dwèt make plito "creole ke Ayisyen an ap pale lè li ta renmen pale bèl fransè kolon an ... ", sa te pli proch de sa ki ekri nan atik yo ekri a) )
chay la tèlman lou, li sanble ke li difisil twouve envestisman nan elaborasyon nimerik de kreyòl ayisyen an.
mwen te koumanse kèk pwojè bò kote'm, men chay la two lou poukont ou.
li dwèt yon travay pou tout moun.mwen menm ap rann mwen kont ke'm ka fè anpil fòt kreyòl lè map ekri ak pale. Mwen ta renmen repoze lespri'm epi yon gramè aksepte pa tout ayisyen yo.
mwen twouve kèk gwo pwojè ki bezwen anpil moun pou patisipe nan yo :
*Google for haiti :
http://www.google.ht
li rete 50 000 mo ak ekspresyon pou tradui pou li pe sa pase nan lang kreyòl ayiti
mo mwen te mande nou ede'm fè pati de 50 000 ekspresyon ki manke gougèl pou li voye nou yon entèfas kreyòl, premye motè fouye pou ayiti, sa te yon bèl bagay pou devlopman li ( tout zouti antrepriz, trètman birotik, blog, gwoup ta nan kreyòl ayisyen ).
( enskrin nou nan :
https://www.google.com/accounts/ServiceLogin?service=transconsole&passive=true&nui=1&continue=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole&followup=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole
*Wikipedya kreyòl ayisyen :
http://ht.wikipedia.org, ansiklopedi lib pou devlope lang kreyòl d ayiti, enfòmasyon sou peyi nou an, politik, kilti, istwa, edikasyon, fiti, syans ...tout moun kapab bay yon lanmen
li genyen tou yon diksyonè kap devlope aktyèlman ( Wiksyonè ) :
http://incubator.wikimedia.org/wiki/wikt/ht
li en vèsyon "bêta", fòk nou kontribiye nan li.
li genyen anpil ekstansyon nou kapab ize pou devlope yon entèfas nimerik pou kreyòl ayisyen an : Wikiversity ( inivèsite nimerik, edikasyon pou jèn ttimoun, video, son, imaj, diskite, enfòmatik, medya, jounal, syans, teknoloji, nou kapab telechaje epi mete dokiman pou moun kapab dispose de yo ... )
mwen ta renmen nou devlope yon entèfas lengwistik pou nou pe sa mete nou tout dakò.
* pajwèb mwen menm :
http://ww.masterches.net/diksyone
li regwoupe kèl lide mwen reprann nan post mwen yo.
* epi lengwis kap bataye sou mannyè pou nou ekri kreyòl
tout kontribisyon nou an ke yon pa an avan pou peyi d Ayiti, an nou travay ansanm, fè mesaj sa a deplase montay, fè lantou latè, vini douvan zye tout ayisyen.
Mwen ta renmen ke tout moun ki ta vle patisipe nan manman pwojè sa yo kapab reyini ( mail ) pou nou pe sa kominike difikilte tèknik nou genyen.
nou pe lese adrès nou anba repons nou an.
nou kapab jwenn mwen nan :
[email protected]