Le pouvoir aux plus capables

Le pouvoir aux plus capables

Postby Marcien Toussaint* » Thu Nov 23, 2006 6:03 pm

Genyen yon mouvman k ap fèt ansoudinn nan dyaspora a kote anpil pwofèsyonèl Ayisyen k ap travay ak Blan e ki genyen gwo pozisyon ak èksperyans nan mitan Blan, mouvman sa, mwen idantifye li a slogan ak mouvman "le pouvoir aux plus capables".

Bon, kite mwen di ke se byen domaj ke plan nou, nan Pati Refòmis Ayisyen, vinn parèt pi konplike. Nou menm, nou toujoou kwè ke dyaspora a reprezante fiti peyi Dayiti.

Nou kwè tou ke se pa yon sèl Simèus ki genyen nan dyaspora a. Sa vle di ke genyen anpil Ayisyen ki natiralize, ki pa menm vle tann doub nasyonalite, k ap fè gwo presyon pou doub nasyonalite pase, ki aspire sou pouvwa nan peyi Dayiti kòmsi se yo ki pi kapab, ki pi kalifye e sa ki pi grav la, se pliske dwa yo pou yon vinn chita sou fyèl pèp Ayisyen, pou anrezime fè pi byen sa Blan an ka renmen fè ak peyi Dayiti.

Si nou menm nan Pati Refòmis Ayisyen, nou kwè anpil nan edikasyon, nou kwè nan enpòtans kalifikasyon, n ap di anmenmtan tou ke peyi Dayiti, nan jounen jodia, bezwen Nèg ki bon jan patryòt dabò, Nèg ki genyen kouray pou byen kanpe pou goumen e defann enterè pèp Ayisyen ak peyi Dayiti. Tout Nèg save, tout pwofèsyonèl ap byen mennen nan mitan Blan an, Ayiti an chyen. Donkl, Si konesans zòt te primòdyal pou peyi Dayiti, peyi Dayiti pa ta sipoze nan eta li ye la.

Pakonsekan, Nèg k ap gonfle pèkto yo, panvannen devan Blan an ak Ayisyen nan dyaspora a, ap montre mastèdegre yo, ap montre rezime yo, k ap pretann ke nouvo ewoism pou peyi Dayiti se bati lekòl, lopital, wout, mete travay nan peyi Dayiti kòmsi se sa vle zòt vle pou non sèlman peyi Dayiti men tout lòt peyi pòv yo, dwe konnen ke nou menm nan Pati Refòmis Ayisyen, kapasite yo kache yon opòtinis makab ki pap manke debouche sou trayizon paske chanjman nan peyi Dayiti se yon lit li. Se yon lit li ye e ak Ayisyen ki anndan peyi Dayiti ki pa vle chanjman. Se yon lit li ye ak Iltransyonal yo anndan peyi Dayiti e yo genyen gwo bakòp anbasad anpil peyi etranje anndan peyi Dayiti. Se yon lit li ak yo menm ankò nan dyaspora a nan jounen jodiya ki vle moun konprann ke se yon favè y ap fè nou menm Ayisyen natifnatal.

Le pouvoir aux plus capables pou nou menm nan Pati Refòmis Ayisyen vle di tou senpleman Le pouvoir aux patriotes. Ayisyen ki pap pè kanpe devan zannanna tankou pengwen pou defann peyi Dayiti ak pèp Ayisyen kit yo mouri. Si patryòt sa yo byen edike, enben se yon avantaj bab ak moustach li ye. Si patryòt sa yo pa edike, mwen si e sèten, yo pap genyen okenn pwoblèm kolabore ak lòt patryòt konsekan pou delivre peyi Dayiti ak pèp Ayisyen.

Nou menm, nan Pati Refòmis Ayisyen, n ap denonse kont mal taye sa yo paske se abse sou kou yo ye nan lit nou pou chanjman, pwogrè e delivrans frè ak sè nou yo nan peyi Dayiti.

Marcien Toussaint, fondatè Pati Refòmis Ayisyen.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Koreksyon

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Thu Nov 23, 2006 9:29 pm

Gifrants,

Mwen pap di ke ou sou blOf. Men, map denonse tout moun ki vle akize siksE oun seri de Ayisyen tankou oun trayison pou pEp Ayisyen...

Nou tout konen ke yo pa fOse bourik bwE dlo. Si oun moun pa vle ede peyi'l se dwa pa'l. DayE, tout moun wE enterE pEsonEl yo anvan tout bagay. an bon franse, La charite bien ordonnee commence par soi-meme.

Reflechi sou sa ou ekri yo. Wa wE ke pawOl yo pa finn nan plas yo. Nou ap viv nan youn monn kote ke se blan ki ap gouvEne oudimwen kap domine. Ke'w vle'l, ke'w pa vle'l se oun bagay ki klE. Kidonk, si oun moun vle pwodiktiv sitou nan sosyete etazini an kote tout gwo zotobre yo se blan yo ye.

Nou ta renmen pale de sa nou te genyen lontan lontan. Tout sa pa vle di anyen pou devlopman nou nan sosyete ewosantrik sa yo.

Mwen menm, mwen paka joure oun moun tankou Simeus ki arive nan oun pozisyon chabrak. Paske li ta reyElman kont evolisyon oun endividi.

Mwen menm map denonse tout moun ki ap itilize lanmou yo pou lafrik nan sans sa'a. Tout moun kap demontre ke si oun moun ap byen mennen li pa vrEman Nwa. Se youn gwo ensilt pou moun Nwa.

Gen moun ki reyElman konprann ke sEl jan pou Ayiti devlope se jan pa yo a. Mwen repete, si nou pa vle aksepte tout moun ki vle kontribye, tout moun ki ka kontrbye, MonchE nou kk.

Gen de fwa sa ki fE'm mal, se lE'm wE oun seri de moun ap montre ke yo renmen pEp tout bon. Oun seri de moun ki parEt entElijan, k'ap pale se kOm si lE Ayiti devlope pa'p janm gen malere ankO. Mwen di ke moun sa sou blOf, lE ke'l konnen ke devlopman oun peyi pa vle di ke la mizE ap kaba!!!

Kidonk, mon frE, be real! Montre nan youn jan pi reyalis kijan ou vle ede Ayiti. Sispann montre ke se ou ki pi bon, se plan pa'w la ki pi pozitif.

Mwen menm, ma'p denonse zak malonEt sa. Ayiti pa Ayiti Leonel. Li pa Ayiti Gifrants. Men Ayiti tout Ayisyen. Kote tout moun ki vle kontribye Welcome. Nou gen oun peyi ki youn nan peyi ki pi pov yo. Li konsa depi lontan. Fo nou wE ansanm kijan n'ap kwape lamizE sa'a ki prEt pou fini ak tout moun k'ap viv ladan'l.

Li lE pou nou sispann chante "Kanta mwa". Nou pa bezwen nan menm pati politik pou nou ede Ayiti ansanm. Nou pa bezwen gen menm filozofi pou nou fE kichOy pou Ayiti. Nou pa bezwen nan menm relijyon pou nou fE sa ki bon pou frE nou.

Mantalite diktatE ke nou eritye de zanset nou yo, mantalite gwo nEg ke nou pran akoz de lavaj de krAn ke blan kolon te nouri nou an pou nou ka rayi moun ki pa nan menm tribi nou an sipoze fini. Ayiti bezwen oun dEnye chans. Ayiti bezwen NOU (entElektyel, ouvriye, pwostitye, chomE, zenglendo, endistriyEl, pastE, pE, nwa, blan, fanm, gason elatriye) ki vle patisipe nan rezirEksyon peyi sa'a ki nan koma depui plis ke desan zan.

L'union fait la force,

Leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Le pouvoir aux plus capables

Postby Marcien Toussaint* » Thu Nov 23, 2006 10:37 pm

Leonel, mon chè,

Di ke wen sou blòf pa genyen plas li la.

La charité bien ordonnée commence par soi-même. Se sa menmke anpil pwofèsyonèl ak entelèktyèl plede fè nan peyi Dayiti depi lontan menm ki lakòz peyi Dayiti ye kote li ye a. Tout moun ap tann Ayiti ap fè pou yo kòmsi Ayiti dwe fè pou yo e kòmsike se pa yo menm pouki pran rèsponsabilite yo pou Ayiti.

Si mwen rèspèkte chwa yon moun pou regle zafè li, zafè madanm li oubyen mari li, zafè pitit li ak zafè fanmi li pandanke li mete peyi li odènye plan oubyen foute li pa mal de peyi Dayiti pandan l ap plede joure Ayisyen parèy li pou li di jan Ayisyen pa bon, jan Ayisyen mechan, jan Nèg pa vle wè Nèg--(mwen bouke tandan vye palab sa yo), ke menm moun sa pa konprann ke li genyen dwa e plas li nan chanjman peyi Dayiti. Ki sa l ap vinn pote la ak vye mantalite irèsponsab sa? Ki sa moun sa k a fè pou Ayiti vre?

An 1986, se pa de dyaspora ki antre ann Ayiti. Se pa de dyaspora tou ki mouri ann Ayiti paske den kote, Ayisyen ki sou letèren santi yo menase, e de yon lòt kote, Iltra Nasyonal sa te kontinye mande anraje pou kenbe monopòl yo genyen anndan peyi Dayiti. Enben, nan jounen jodiya, dezyèm koudeta a fèt byen dous, paske ti vagabon nan dyaspora a, mete yo ansanm ak konsòsyòm ann Ayiti, pou kontinye pye peyi Dayiti. Nou jwenn non sèlman ke yo menm tou, yo pa genyen nasyonalite Ayisyen ankò, se sa ki fè y ap fè presyon sou Gouvènnman pou tabli Doub Nasyonalite e yo pa menm vle tann e ni etidye konplèksite e delikatès sitiyasyon sa, men yo menm tou, ap achte pwodui nan "99 cents" èstò pou ale vann ann Ayiti a pri egzòbitan paske se kapitalis yo ye, fòk yo fè pwofi. Gen sa ki di ke si yo pa fè sa, sètadi si yo ka vann pwodui sa yo a bon mache, enben y a pedi lavi yo.

Nan konvèsasyon ak yon nonm, li pran tout san fwa li pou di wen--Ki enterè yon nonm genyen pou fè yon revolisyon si li mouri oubyen si l ap pray mouri? Ide de sakrifis, anpil Ayisyen pa genyen sa ditou oubyen si yo genyen sa, se pou pwòp zafè yo. Gras a Dye, te genyen peyi etranje pou Ayisyen montre jan li pwodiktif, men se pou Blan an sèlman. Anpil nan yo ap tann pou "yo ba yo chans pou fè pou Ayiti". Zafè mete gason ak fanm sou yo pou pran rèsponsabilite yo, pa genyen sa pyès. Kidonk, y ap tann tou ke fòs d opozisyon ak represyon, fòs reyaksyonè yo sibitman a chanje lide oubyen kòm mwen abitye di "a genyen yon change of heart and a change of mind" pou patisipe nan devlopman ak pwogrè nan peyi Dayiti.

Pou nou menm nan Pati Refòmis Ayisyen, nou pa denigre, ni rejete ni pa dakò ak "achievement" pyès Ayisyen nan dyaspora a. Nou senpleman denonse mantalite sa ki konprann ke peyi DAyiti se yon degi li ka twouve apati de enterè pèsonèl moun sa yo ki pa Ayisyen ankò, e ki pap manke mete nou nan mera pi devan, ka enterè peyi kote yo natiralize sa ap kraze enterè pèp Ayisyen e yo pap janm genyen kouray vre defann e pwoteje pèp Ayisyen sitouke Ayiti pa genyen anyen pou ofri yo.

La verite ofanse. Mwen konprann ke kòmdabitid pwiske se pa w sèlman ki panse konsa, deblozay la fenk kòmanse. Men nou pap demòde ditou nan sa ke nou menm nan Pati Refòmis Ayisyen nou kwè ki enperatif nan chanjman ak pwogrè nan peyi Dayiti.

Marcien Toussaint, fondatè Pati Refòmis Ayisyen.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

ki plan w

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Fri Nov 24, 2006 11:24 am

Gifrants, mwen ta renmen konnen ki plan ou genyen pou Ayiti?

Si ou te ka ban nou oun ti rezime de sa ke ou fE pou Ayiti cheri pa-w la ke ou renmen si tElman anpil?

KOm mwen di'w li pa oun pwoblEm pou ou bat lestomak ou. Men, ban mwen de twa aksyon konkrE ki ede pEp Ayisyen an pou li ka sOti nan mizE sa-a!

Malere toutouni, ti moun ap soufri, maladi ap fE piwEt sou tEt pEp, vant kole ak do paske pa gen oun seri de Ed nesesE. Kounye-a, ou vle alyene oun seri de moun ki sipoze pote plis Ed pase pawOl ke w'ap pale la yo.

Mwen ta renmen konnen kilEs ke pEp la ak asepte ak de bra, PawOl oudimwen Aksyon!

Oun gen oun pati ki rele RefOm! Ki plan refOm nan genyen? Ki fon ke ou genyen pou'w voye pwogram ou an monte?

Bouch fEt pou'l pale. Men fO nou pa akouche oun seri de betiz ak dwa lapawOl tou non!

Ou gen oun pwoblEm ak moun doub nasyonalite paske se prEv ke yo pa renmen peyi yo. Pandan se tan w'ap viv nan oun peyi etranje. Ou pa vle abandone tout liks ke w'ap jwi yo. Kidonk ou sou bEf la, men w'ap pale'l mal! Adye, ou kwE'm kwE'w.

Depi lontan mwen konnen modEl sa. Oun seri de moun k'ap pale Divalye mal pou yo ka al denonse inosan ki jwenn koz yo a.

Kote'w kanpe mon frE?

Mwen rive nan youn stad kote tout espwa ke mwen te gen pou devlopman peyi Dayiti-a, vinn fE'm doute. Paske, se pa de twa zandolit ke nou gen pami nou! NEg k'ap met moun devan pou yo wE jan'w mache...

P.S. LE mwen menm gen oun obstak ou pwoblEm, fO'm ka wE si se pa mwen ki sous pwoblEm nan anvan mwen kOmanse ap lonje dwEt sou moun ki lakOz. LE oun moun kote ou pase, ou gen pwoblEm ak moun, e byen pwoblEm nan se pa lOt moun ke oumenm. Sa se oun kalkil byen fasil pou moun ki vle fE "SELF-EVALUATION"...

Si zandolit te bon vyann, li pata ap drive sou tout lantouray...

L'union fait la Force

Leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am


Return to 2006

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron