Lè m ap gade "fever" genyen konnyèa pou Sinema Ayisyen, li raple wen "fever" toujou genyen lè yon bagay fenk kòmanse nan kominote nou oubyen nan peyi nou.
Pouki sa li fasil pou Ayisyen fè movie?
Eske se paske Ayisyen "natirèlman dwe" oubyen paske moun sa yo k ap fè movie yo, e pwodisè, e kameraman, e aktè ale lekòl vre oubyen se paske genyen yon amateurism sovaj kòmdabitid?
Genyen moun ki pap manke di kòmdabitid ke nonm sa pap janm manke kritike tout sa k ap fèt oubyen tout sa Ayisyen parèy li ap fè. M ap jwenn kritik sa pi pliske ke kritik k ap di ke "mezanmi, se yon kòmansman, bagay yo pap janm pafè."
Men sa majorite moun pap janm reyalize, se "nivo" a ki ban wen pwoblèm. Mezanmi, genyen lekòl. Gen de "field" lè yon moun vle avantire li ladan li, lekòl la enpòtan anpil. Pouki majorite travay atistik apa de "penti" oubyen eskilti pa konpetitif apati de teknik ki konsène disiplin nan zafè la?
Ayisyen pap janm kouri fè desen anime paske sa mande lekòl, li mande teknik. Demenmtou, sinema mande teknik, mande konesans--
Skript, montaj, ekleraj, aktè, "stunt", dekoupaj, e sitou "movie scores".
Kòm nou konnen, se pa de "studio" ki fè piblisite pou filme maryaj, kominyon, lentèman. Mezanmi, ekleraj nan evenman sa yo rete adezire. Si genyen dè sinema Ayisyen, yon moun pafwa ka apresye klarite, toujou ètil ke ekleraj la genyen gwo pwoblèm, dyalòg yo si odyans lan paske se Ayisyen konprann kreyòl, rete adezire, e "scores" yo menm se yon katastwòf. Nempòt mizik jwe nan "background" nan majorite sinema Ayisyen.
Nou pa yon kritik movie, e nou pa la tou pou dekouraje pèsonn. Men se pa de Ayisyen nou rankontre nan lari nan dyaspora a ak gwo skript pou movie.
Nou kwè ke talè konsa "movie Ayisyen" ap tounen yon "la natirèl" lakay Ayisyen paske kòm nou tout konnen "Ayisyen natirèlman dwe pou zafè la."
Men tanpri, kòm mwen poko konni, fè sineyas yo konnen pou wen ke genyen sa yo rele "movie scores" e ke sa tou enpòtan nan zafè movie. Men mwen pap zezi si yo di se "gou yo" oubyen se "filinn yo" pou yo jwe sa odyans la tande a. Pakonsekan, kritik sa pa genyen okenn valè pou yo.
Amen!
