Bon, m pat fin twò ka deside nan ki seksyon pou m lage sijè sa, so... m foure l la. Guy w a chanje l plas si nesesè, mèsi.
Ban m konmanse pa di nou pouki sa pase nan tèt mwen.
Mwen abitye ale Ayiti chak vakans. Chak ete gen yon fwa ("foire" is that how they say it in Creole?) ke yo fè pou liv timoun. 2 ane ke mwen ale yo, yo te fè li nan lakou Sen Lwi Gonzag nan Delma. Anpil, si se pa tout, gwo edisyon ki pibliye liv timoun ansanm ak kèk ekriven liv timoun vin montre liv diferan liv yo, pou moun achte a yon pri redui.
M panse nou tout la, ouswa majorite nan nou la, konnen ke poko janm gen ase liv lekti Kreyòl pou timoun yo deyò a. Mwen toujou bay kout men nan vann liv ak yon edisyon ki konsantre yo sou pibliye liv Kreyòl. Mwen pap janm bliye reyaksyon moun, sitou granmoun, lè yo wè liv yo an Kreyòl. Sa
fè mal pou wè jan gen moun ki vrèman pa pran lang peyi a pou anyen.
Pa egzanp, gen yon timoun ki vin sou tab nou an, l'ap gade yon liv, li sanble li byen enterese nan liv la, paran l vini, li pran liv lan pou l gade, lè li wè se an Kreyòl li di "O apa sete an Kreyòl" epi li depoze liv lan li ale. Gen yon lòt paran menm, ki vini li wè pitit li ap li liv lan devan tab nou an, lè li wè se an Kreyòl, li di ke pitit la pa menm konn li Kreyòl menm, pitit la oblije di papa l ke l'ap aprann Kreyòl depi 2 zan nan lekòl li.
N'a remake ke mwen toujou ap poze kesyon sou sa nou ka fè pou amelyore diferan bagay. Se paske m pwomèt tèt mwen pou yon jou mwen omwen fè yon ti diferans nan bagay sa yo, so nou ka ban-m ide pou m kenbe nan tèt mwen... Wish me luck
Sa mwen vle diskite la prensipalman, se diferan jan nou kapab ankouraje timoun yo nan li liv lekti Kreyòl. Paske jiskaprezan, liv lekti an Kreyòl sanble yon bagay ke anpil moun pa atann yo a li. Alò kisa nou ka fè pou nou an
kouraje moun nan li liv an Kreyòl, sitou jèn yo.
Kisa nou panse de paran ki sanble ap dekouraje timoun yo nan zafè li Kreyòl? Kijan nou ka fè yo wè ke sa y'ap fè a pa bon pou timoun yo? Kijan timoun sa yo menm pral fè si paran yo refize ba yo chans pou yo li liv ki an Kreyòl?
Nenpòt lòt sa nou ta vle ajoute sou sijè a...please do.
M'a tounen pita, pou mwen bay kèk nan lide pa m sou sijè sa.
