To All On Windows On Haiti (from Makendal)

To All On Windows On Haiti (from Makendal)

Postby Makendal » Tue Jan 10, 2006 9:32 am

I wanted to just say "greetings" to all of you. I finally was able to make it into the site. I thought it proper to first introduce myself so that you all wouldn't see me just coming out of left field.

Before I do so, Guy and WOH Administrators...BRAVO. I have been reading the site for quite some time now but have never actually registered. I have learned alot from the many past articles and debates and have even laughed at some.

I presently reside in South Florida and am looking forward to interacting with you all. Mesi anpil pou opotinite sa pou mwen vinn naje ak nou nan rivyè sa. Chapo ba a nou tou, sitou Guy, Emanwel Vèdrinn ak tout zot kap fè lang kreyol la kanpe mache.
Makendal
 
Posts: 18
Joined: Mon Jan 09, 2006 12:27 pm

Postby guysanto* » Tue Jan 10, 2006 11:35 am

Makendal, se ak kè kontan jodi a map akeyi ou sou sit Windows on Haiti a. Mwen pa kwè nou janm rankontre, men nan anpil fwa map suiv nan longvi pakèt jefò oumenm wap fè nan Florida pou voye kilti ayisyèn lan monte pi wo. Sa mwen wè nan ou, se vwa nouvèl jenerasyon an. Mwen swete oumenm ak zanmi yo anpil fòs, anpil kouraj pou konfwonte layite kontradiksyon ki egziste nan konpleksite lavi ayisyen. Pou selebre sa ki inifye nou, idantifye faktè ki divize nou, e bati yon sosyete ekitab kote tout ayisyen kab jwi yon jou fwi revolisyon ki te fèt nan finisman 18èm/koumansman 19èm syèk la.

Mwen wè ou gen konviksyon sa deja. Kenbe fèm, pa lage.

Mwen envite w pataje avèk nou sou fowòm lan anpil nan bèl bagay ou ekri deja sou kilti sa kap ede aysiyen solidifye baz yo kote yo pase, atravè letan e atravè lespas.

Ayibobo pou ou, frè m.

Guy
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Makendal » Wed Feb 01, 2006 11:31 am

mezanmi, frè Guy...se jounen jodi'a mwen dap pianmp sou repons sa...mwen pa't janm wè'l. Mesi anpil. Mwen fè pati de youn gwoup ki rele "The Maroons" (les Marrons). Nou pèfome pwezi en kreyol, anglè et fransè pou kilti Ayiti ak pwezi zansèt yo pa mouri nan men nou tankou doub sis.

Silvouplè, voye youn adres ban mwen kote mwen ka voye youn CD ba ou gratis ti cheri. Mwen kw♪8 ke w'ap renmen epi ou ka pataje'l ak jeune nan fanmi'w ak anviwonman'w. Si ou ta renmen tande moso nan seleksyon CD'a, ou met lage ko'w nan http://www.cdbaby.com/cd/underscore

Epi kan ta pou travay ke nap fè nan Floride la, nou sipoze fè'l. Travay sa se youn travay ki tap bouyi nan venn nou depi nou te ti katkat. Lè mwen wè Mawon yo kanpe zepol a zepol ak zot k'ap fè bel travay nan komunote'a, sa fè'm anpil plezi. Nou menm n'ap simaye pwezi tribo e babo ni douvan ayisien ni douvan ameriken ak lot nasyon pou sa yo panse de nou, de manman
nou ka chanje. Gen anpil jenn ayisien ki pa enterese tande lè granmoun ap pale, men lè yo jwenn jenn parey yo, abiye preske menm jan avek you ap di you pou yo renmase djakout kilti yo, yo tande.

Lè granmoun tande pwezi nou ak pèfomans nou an angle, fransè ak kreyol, sa fè yo anpil plezi pou yo wè ke kilti Ameriken'a pa kidnape nou epi nou pa bliye poete nou yo tankou Coicou, Durand, Alexis, Leroi. Atik ke Sun Sentinel la ekri'a...sa poko anyen. N'ap bonbade yo ak kilti nou, kwayans nou, fyete nou, lanmou nou jisk aske medya va fatige montre youn sel bò figu manman nou.

Guy ak tout WOH alawonnbadè, mesi anpil...kouraj epi devan, devan net! Mesi tou paske se akoz de sit tankou WOH ke mwen vinn aprann ekri kreyol pi byen. Mwen gen plis travay pou mwen fè toujou men depi gen sit sa yo sou wout mwen, travay la ap fèt. And all I can say to the English language is..."How ya like me now son!".

Ayibobo! aaaaa-bobo!
Makendal
 
Posts: 18
Joined: Mon Jan 09, 2006 12:27 pm

Postby guysanto* » Wed Feb 01, 2006 12:12 pm

Makendal, adrEs la, se :
Code: Select all
Windows on Haiti
35 Fairview Avenue
South Orange, NJ 07079


Epi tou ou kab di mwen si gen kEk bagay nan CD a li ta posib pou mwen lage sou WOH tou pou tout moun kab tande l. Mwen ta kontan anpil pou kontribisyon sa.

Mwen ta renmen ankouraje tout moun ale tou sou sit http://www.themaroons.net lan. Mwen pa reyElman fE pati jenerasyon hip-hop lan (nEg ap granmoun, frE mwen), men all I can say is : "You are representing, brother" epi mwen santi mwen kontan anpil. Ayiti pap mouri.

KreyOl la bon, papa. Menm si li pa pafE, ou deja pase vitEs epi kite anpil moun sou fowOm lan dEyE. Ou byen wE ke ou jenn. Gen kEk moun sou fowOm lan, mwen pa fouti di ou ki kalite jefO mwen fE avEk yo pou yo ta estandadize Otograf yo. Pafwa yo fE yon efO, men se konsi yo refize ale pi lwen. Gen de sa menm lO yo ekri kreyOl, fOk ou li plizyE fwa anvan ou reyalize nan ki la
ng yo ekri. Men sa ou vle m fE? Mwen jis chache trase bon egzanp, sa ki vle suiv ya suiv.

Antouka monchE, si ta gen chans pou gwoup ou a ta vin reprezante lan NouJEze nan mwadavril ou mwadme, fE m konnen. Mwen gen de twa koneksyon e mwen panse gwoup pa w la gen yon gwo gwo potansyEl. Si m kapab ede nan yon rankont ak jenn nou yo pa bO isit, sa ta ban mwen anpil satisfaksyon. Kite m konnen.

Epi pa limite w nan Language and Literature sElman. Tout fowOm lan se pou ou.

Guy

P.S. Gen yon rankont WOH kap fEt nan Miyami nan 2 semEn... Eske li ta posib....? Pran kontak ak jmfloretal (Jean-Marie Florestal, souple) paske nou pa ka pre konsa pou nou pa fE konesans (gen plis ke 13 manm Ann Pale kap ladan l).
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Makendal » Wed Feb 01, 2006 3:03 pm

Guy,

en premyè pozisyon, nou pa nan hip hop menm menm menm du tou...se wè pou ou ta wè epi tande pou ou ta tande nou "live". Sa nou fè'a nan rit ameriken li rele "spoken word poetry" men o menm tan, nou antoure'sl ak baz fondamentaal la ki pwezi nomal en kreyol, fransè ak anglè...nou kembe Philoctecte, Duran, Alexi, ak zot anlè ko'm poto mitan nou men nou mete episs ladan'l pou jenn yo...Baudelaire, Jacques Prevaire se rans...nou respekte yo men nou sou drapo nou...

tande de twa moso nan Cd'a sou sit mwen te ba ou'a....http://www.cdbaby.com/cd/underscore, epi m'ap voye CD'a ba ou. Wa chwazi nenpot deu nan trak yo pou ou mete. Nou vinn simaye verite ke yo volè ak kache nan libreri...

"we've had enough libraries with lies buried and hidden from our eyes,
now we've transferred messages from papyrus and the eye of osiris through the womb of isis,
written them on my iris so I can see through t
wo hundred years of hypnosis....
pwoblèm vant kode tanpe nan ensekirite ki fè tout moun rele anmey...
i think American politicians should apply for a green card just to have permission to walk through my backyard...port au prince and little haiti!"


mwen konen ke lè ou tande CD'a, ou ka renmen'l, ou ka pa renmen'l...epi "that's ok" paske kritik se bon bagay pou fè nou tounen al shita anba pye mango konsyans nou pou nou bay youn pi bon bagay...lè ou resevwa li, wa pran san'w, epi si ou vle, wa fè youn kritik sou li sou WOH. Sa t'ap ede nou anpil non selman pou piblisite men pou nou ka konn opinyon zot.

Kan ta pou reunyon kap fet Myami'a, mwen ta renmen la. Ki jan pou'm fè kontak ak Jan Mari Florestal? Si ou te ka voye email li ban mwen ou byen ba li pam... makendal30@yahoo.com. Mesia anpil.

Pou noujeze'a, se ou ki bou di'm ki lè, ki dat, ki bò epi pou nou monte bourik nou pou nou vwayaje vinn kole zepol ak nou anwo'a. Voye email ou ban mwen svp pou mwen ka
ba'w plis epi pou mwen ka jwenn plis enfomasyon sou tout bagay yo. Eske se youn konferans?

Lundi, 20 Fevriye, map Boston al pèfòme ak Chalo Lisyen (Charlot Lucien). eske ou janm tande CD misye...bon bagay net...en kreyol, dizè ak tire kont se nan lakou krann li sa abite...n'ap nan youn restoran ki rele Tamboo nan youn sware "Black hHstory Through Haitian Eyes" kote Gifrants ap pèfome ak nou ak zot mizisyen, lot atis. Mwen ta byen renmen we'w ak tout staf ou...bagay serye.

M'ap tann email ou...penda se tan, m'ap lage youn ti pwezi ke mwen te ekri pendan ke mwen t'ap pense de Romeo Ak Juliette, ki jan sa t'ap ye si se ayisien yo te ye, oungan ak manbo.

N'a pale. Kembe fè'm, kembe la!

Makendal
"I am Haitian not only because I was born in Haiti, but because Haiti was born in me."
Makendal
 
Posts: 18
Joined: Mon Jan 09, 2006 12:27 pm

Postby guysanto* » Thu Feb 02, 2006 9:23 am

Makendal,

Mea culpa... sepandan fòk mwen esplike ke lò mwen mansyone tèm "jenerasyon hip hop" la, mwen te vle plis siyifye (e sa kab fo) ke mwen te panse ke "primary target" gwoup pwezi w la se te jenn yo, sètadi "les moins de trente ans" oswa sa mwen konn tande moun fè referans a yo kòm "jenerasyon hip hop", kidonk se pa yon refleksyon ke mwen tap fè sou nannan pwodiksyon atistik gwoup la non, mwen te jis ap fè yon referans sou lefèt (nan lide pa mwen) ke se jenn ayisyen-ameriken yo sitou ke gwoup Mawon yo ap chache edike atravè travay atistik yo. Men sepandan, se yon libète ke mwen te pran, paske li pi bon pou mwen kite ou kontinye pale de gwoup Mawon an avèk nou olye mwen voye monte lide ki kab pa chita nan reyalite gwoup sa. Anfen, fòk mwen avwe tou mwen pa kab menm defini sa mo "hip hop" la vle di ojis. Kidonk, ou kab eklere mwen sou konsèp sa tou. Pi bèl plezi mwen sou fowòm lan,
se lò mwen aprann yon bagay mwen pa te konnen.

Pou zafè reyinyon an, ou kapab ekri jmflorestal@netscape.com . Gade anlè paj sa tou, w ap wè kèk "announcements" nan liy diskisyon ki deja fèt sou zafè reyinyon an, epi wa twouve plis detay toujou. Reyinyon an se nan se nan 2 week-ends. Sa vle di li tou rive sou nou deja.

Kenbe fèm,
Guy
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm


Return to Forum Community

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron