Eske Kreyatè a ka pale ak moun?

Eske Kreyatè a ka pale ak moun?

Postby Gelin* » Mon Oct 31, 2005 5:17 pm

Nan yon ti pale m tap fè ak Jaf, yon kesyon te parèt sou kisa kreyatè a ap regle. Jaf kwè gen yon kreyatè, men li rete la sou kesyon an. M te bay 2 lide sou kesyon an:

1-Pou moun ki kwè nan sa bibla di, li pa twò difisil pou sonde pawòl moun ap di nan non bondye paske gen fason nan bibla pou teste pawòl sa yo.

2-Lòt aspè nan kesyon an se pou moun ki kwè gen yon kreyatè, men ki pa kwè nan bibla. Gen nan moun sa yo ki pale nan non bondye, gen nan yo ki pale de bondye men ki pa pale nan non li kòmsi bondye te gen kontak ak yo. Kijan li posib pou teste pawòl moun sa yo ap di, si yo di ke yap pale nan non kreyatè a?

[natirèlman gen yon lòt kategori ki pa kwè gen kreyatè ditou. Se pa de yo nou tap pale.]

Se la nou te rete, apre klè Guy te rale bab mwen pou mande m met zouti yo atè. Mwen pral komanse ak zouti ki anndan bibla pou sonde pawòl ak zak moun ki di yap pale nan non bondye.

Aprè sa, si posib, nou ka gade si gen mwayen pou teste lòt kategori moun yo.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Yon ti repons sou lakesyon

Postby Marcien Toussaint* » Tue Nov 01, 2005 7:16 pm

Si Bondye kreye nou a imaj li, fòk ke nou kwè ke li ka pale ak nou. Pa blye tou ke Bondye genyen posibilite ak fasilite pou li e lèspri nou e kè nou.

Genyen langaj ki egziste pou pale ak

1o) lèzòm, frè nou yo ak sò nou yo, e genyen anpil langaj sou latè beni

2o) Ginen yo ak tout èspri nan yon sistèm ke kapital li se Jerusem

3o) ak èspri nan yon konstèlasyon kote kapital li se Edentia

4o) ak èspri nan yon siperinivè kote Sent sa rele Havona

5o) Angwo paske na genyen pou rive nan Zile Santral Paradi e kote genyen anpil nan nou ka fè pati de Kò Finalitè, na genyen pou aprann 49 fason pou nou "reponn e kominike" ak anpil yerachi èspri nan lè 7 sipèinivè san blye kalibrasyon ki dwe fèt pou nou pou lòt 6 yo e enposibilite ke kèlkeswa èspri ka genyen pou kominike avèk lòt èspri tankou "Achitèk dèzinivè" oubyen Sèten Espri Pouvwa Reflèktè."

Mezanmi, pèsonn pa bezwen kwè sa mwen ekri la. Mwen senpleman di sa mwen konnen e mwen kwè. Libète zòt totalkapital nètalkole nan zafè èspritiyèl.

Yon moun pa peche paske li pa kwè. Yon moun peche lè li kwè epi volontèman li dezobeyi sa li kwè. Sa pa vle di annatandan ke yon moun ki fè mal paske li pa kwè nan Bondye pa peche vre. Anfèt, yon moun ki pa kwè nan Bondye genyen anpil pwoblèm lè li rive anwo a.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Wed Nov 02, 2005 4:25 am

Gifrants,

Banm rete anba pito. Paske, si m pwal gen pwoblEm anwo a, mezanmi, mwen pa bezwen First Class tikE sa...

KibO anwo sa ye?

Paske, lE m pozisyone jan nou ye sou tE sa, anwo se a travE li ye. Kounye ya, si Bondye kreye nou nan imaj li. Sa vle di tout janm panse ak tout sa mwen fE, se granmEt la ki la koz.

LE on moun bon tout bon, li pa sipoze gen rankinn ak rayisman. Tandiske, daprE sa gwo save yo di. Bondye pa lan jwEt ditou. Kidonk, li se yon jeneral kap fE tout moun mache opa.

Jan bagay la ye la, gen lE li pi bon pou mal nan lanfE. Paske, se la plezi yo ye. Paradi ya sanble l trE boring...

Mwen on ti kras pE bondye. Misye sanble l trE violan. Depi l fache, se inondasyon, dife, deblozay. AnfEt, li vle imaj li yo bon menm jan avEl. Nou mele ak nonm ou fanm sa, li pa vle montre figi l e li pa karese gason...

Banm ale pou bann je kwa zan die yo pa vinn banm pwoblEm...

Sa se pawol gra
nmEt la, Louons donc Grace a Dieu!

leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Yon

Postby Marcien Toussaint* » Wed Nov 02, 2005 1:16 pm

Kòm mwen di li dejan, pèsonn pa bezwen kwè sa m ap di la. Annatadan, tout moun k ap fouye tèt yo nan zafè èspirityèl pou pedantis entelèktyèl pa konnen tou ki pwoblèm y ap bay tèt yo.

Dayè, nou menm tou ka konstate anpasan ke pou pwoblèm peyi Dayiti ap konfwonte, yon moun nòmal dwe mande kote mason, kote wozikrisyen, kote matinis, tout gwo sèk èspirityèl sa yo kote Nèg save ap gonfle pèkto yo pou pale.

Verite èspirityèl pa resèt e pou chans, e pou pwotèksyon, e pou sante jan majorite Ayisyen pran sa vre.

Pou mwen retounen nan Leonel ki di li pito rete anba. Pou kòmanse, pa genyen lanfè. Si se pa dwa mwen pou mwen jije yon moun èspirityèlman, mwen konnen pou otan, ke yon ate ki pa kite tras bonte sou nanm li resisite nan Jerusem san Gwo bonnanj li pa parèt. Se sa ka pway kotyone desizyon Twa Ansyen dèjou pou disparèt nanm sa kòmsi li pa te janm egziste. Men sepandan, Gwo Bonnanj sa ap genyen yon lòt posibilite pou li in
nde yon lòt kretyen vivan, li ka oubyen sou planèt sa oubyen nan yon lòt planèt.

Yon ate ki genyen tras bonte sou nanm li, ap resisite e Gwo Bonnanj li ap parèt. Men annatandan, malere sa pap ka wè byen e ni tande byen. Sa vle di tou senpleman ke plis nanm yon moun pi, plis li genyen posibilite pou tande e wè pi byen pandan y ap kalibre li pou li pase pòt yo jiskaske yo ba li bon non li ki non etènèl li lè li finn pase sizyèm pòt.

Pa kwè si w vle, se dwa w. Pase anba rizib pa yon konsèy mwen ka ba w. Lè mwen a 8 tan te vle fè Pè, e mwen te wè granparan wen ap pran zanj, mwen pa te janm di se djab. Mwen te senpleman di 2 bagay: 1o) Yon sivilizasyon pa ka twompe li konsa 2o) Granpapa wen te twò entèlijan pou li tonbe nan yon bagay ki pa fè sans e sitou ki malen.

Enben, lè mwen te kontinye ap prye pou m konnen kote m soti tout bon vre e kote prale, teknik Granmèt la voye pou wen dirije wen toudwat sou pòt vodou.

Jezikri te di ke: Bondye pi pre nou pase pwòp 5 grenn dwèt nou. Gwo B
onnanj sa la pou gide nou. Anfèt se a 46 zan, nou dwe kite li konplete kontwòl totalkapital sou vi nou. E se pou sa lontan, yo te mande ke yon Prezidan te dwe genyen omwen 46 zan pou li te Prezidan.

Pou fini, yon sèl bagay mwen ka di: si genyen vye ton komik kote kèlkeswa moun nan vle fè komedi, m ap tou fèmen vye djòl santi mwen an. Dayè, ki sa m ap di la vre? Sa ka fè plis tò ke byen pou sa ki pa konprann e ki deja pa menm konnen vre ki moun yo ye, oubyen ki tèlman si ki moun yo ye e tèlman kwè de sa yo konnen ke yo pi anfòm pase Brav Lawòch.

Sonje ke mwen di ke vodou pa yon relijyon, se yon pòt li ye. Yon pòt ki debouche sou èskalye. Plis yon moun ap monte, plis yon moun ap konnen, plis yon moun ap konprann. Vodou pa la vre ni pou chans, ni pou pwotèksyon, ni pou sante, ni pou konesans sèlman, li la tou pou le sali de lam e sa avèk konsantman Jezikri. Vodou se yon kontak dirèk li ye.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Konsènan labib la

Postby Marcien Toussaint* » Wed Nov 02, 2005 1:30 pm

Mwen ta konseye tout moun k ap chèche tèt yo, si yo vle chèche konnen ki moun Jezi ye, louvri levanjil selon Sen Jan sèlman.

Apre sa, tout sa ki ekri nan labib, tanpri souple, li sa si nou vle, men pa eseye konprann e Bondye e Jezikri apati de e Ansyen Tèstaman e de Nouvo Tèstaman.

Labib sa, se yon gwo tèt chaje li ye. Si yon moun vle kwè kòm tout kretyen vivan ke Jezikri di li l ap tounen, fè tout moun dakò sou 2 pwen

1o) Li pap tounen pase li nostaljik e pou sa li pran e paske wayòm li pa sou latè beni

2o) Li pap tounen pase li anvi e konnen e wè jan nou ye sou latè beni paske kote li ye a li ka e wè e konnen e aprann de tout sa k ap pase sou latè beni

Sa ki vle di ke si Jezi ap tounen se paske li konnen ke sitiyasyon an ap tèlman grav ke prezans li ankò ap yon nesesite sou latè beni. Derapaj k ap fè sou latè beni sou non Letènèl se pa ti derapay sa ye. Devyasyon ki fèt nan zafè èspirityèl
anvenime tout pwogrè teknik e santifik k ap fèt sou latè beni. Kidonk, lojikman labib sa se yon liv ki manipile non sèlman pa sa anpil moun volontèman ekri san yo pa enspire vre, pa sa anpil moun "ensere", ajoute e chanje nan labib sa, men ke sitou anpil volontèman mizentèprete pou sèvi kòz pa yo.

Se tou jis yon vye konsèy mwen k ap bay.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Postby Gelin* » Wed Nov 02, 2005 2:15 pm

Marcien,

ou di anpil pawòl e m bezwen detaye kèk ladan yo avè w. Anvan sa, m ta renmen ou esplike piklè pou kisa ou di ke vodou pa yon relijyon. Di m kisa ou rele yon relijyon e kijan fè ou pa dakò ke vodou se youn li ye.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Vodou pa relijyon

Postby Marcien Toussaint* » Wed Nov 02, 2005 7:44 pm

Pou mwen menm e sa, mezanmi, pa yon opinyon se yon kwayans fèm li ye.

Relijyon annafè avèk Bondye e pale de Bondye. Relijyion pa chita sou entèmedyè Bondye.

Si sa se yon rezon jeneral li ye, rezon ki fondamantal tou sèke relijyon pa genyen inisyasyon. Relijyion genyen batèm, men li pa genyen inisyasyon kote peryodikman yon moun ka resevwa degre. Nan ka vodou, apa de zafè mouchwa, genyen 17 degre oubyen posibilite pou 17 zanj monte nan tèt yon sèvitè, oubyen genyen 21 degre kote posibilite ke genyen 21 zanj ki ka monte nan tèt yon sèvitè. E menm la tou, konsènan chif 21 an, se yon mizentèpetrasyon.

Yonn nan pi gwo devyasyon ki genyen nan vodou e se sa ki fè w mande wen pouki li pa yon relijyion se pale de sèvi lwa yo, sèvi zanj yo.

Kòm mwen te di deja, ginen yo se gran frè nou ak sò nou, ki antre nou e lè zanj nan yeraki diven. Nou pa ta dwe pale nan vodou de SEVI ZANJ YO.

Yon moun ka di mwen
sèvi kòm yo mo oubyen yon fason pou montre ke genyen posibilite ke yon zanj monte repoze nan tèt w, men pa nesesèman kòm yon fason kote w ap montre yon zanj kwayans nan li menm tankou yon Ti bondye vre.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Re: Vodou pa relijyon

Postby Gelin* » Thu Nov 03, 2005 4:47 pm

Marcien,

an nou gade koze yo tigout pa tigout.

Marcien Toussaint wrote:Relijyon annafè avèk Bondye e pale de Bondye. Relijyion pa chita sou entèmedyè Bondye...

Se pa tout ki konsa. Relijyon endou pa ekzanp pale anpil de grenn lespri separe (yo chak se yon bondye), e moun sèvi yon menmjan yo sèvi lwa oubyen ginen nan vodou. E si w vle gade pi pre, menm nan relijyon katolik anpil moun sèvi sen yo (Tayi pap dakò, men sa pa fè anyen paske m gen prèv) preske menmjan moun sèvi lwa. M te abitye wè foto anpil sen anba perestil. Kidonk, zafè entèmedyè a pa sifi pou mwen pou m ta di ke vodou pa on relijyon, sitou lòske anpil ougan/manbo pale de granmèt la kòm sèl otorite ki ba yo chans travay sou latè beni.

...Yon moun ka di mwen sèvi kòm yo mo oubyen yon fason pou montre ke genyen posibilite ke yon zanj monte repoze nan tèt w, men pa nesesèman kòm yon fason ko
te w ap montre yon zanj kwayans nan li menm tankou yon Ti bondye vre.

Se pa sa m sonje ditou ditou. M te konn al kay on ougan laplèn, msye te gen anpil ti kay sou bitasyon li, e chak nan ti kay sa yo te rezève pou yon lwa diferan. Te gen kay pou bosou, te gen kay pou èzili elatriye. Men, nan tout bagay sa yo, gen moun ki te sèvi yon lwa byen patikilye e ki pat sèvi yon lòt.

Ou rele zafè sèvi yon grenn lwa on devyasyon. M pa konn si se vre, men antouka vodou pa santre sou sèvi yon gwo bondye pa mwayen lwa/ginen/zanj yo. Nan vodou, dapre sa m sonje, moun sèvi grenn lwa on fason separe e yo fè sa lwa sa a mande yo pou yo fè - si yo kapab.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby jafrikayiti* » Thu Nov 03, 2005 4:54 pm

Gelin,

Pètèt menm sa nou remake nan krisyanis lan, se limenm tou ki rive nan Vodou a, chak moun bay kout plim pa yo, selon bon konprann yo. Epi yo deklare se Bondye osnon Lwa yo ki "revele" yo sa.

Avantaj mwen remake nan pratik Vodou a jiskaprezan, sèke yo pa machetoupizi moun ki pa wè bagay yo menm jan ak yo. Mwen po ko janm tande yon VOdouziyan deklare Ogou Feray voye li ap pete fyèl moun ki pa kwè nan Ogou Feray yo, ratibwaze jaden yo, fè kadejak sou fanm yo, pike ti bebe yo nan pwent fizi, touye ata chen ki ap jape nan lakou yo...paske yo pa pèp Ogou pi pito a.

Men, pètèt, se rive yo poko rive la.

Jaf :o)
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm

Pou Gelin

Postby Marcien Toussaint* » Thu Nov 03, 2005 7:35 pm

Tout moun dwe konnen ke zafè foto Sen Katolik nan Vodou se yon entowdiksyon fòse li ye. Esklav itilize foto sa yo kòmswadizan yo te konvèti Katolik devan presyon Blan an. Donk, lè yon moun vle fè m konprann imaj Sen JanBatis oubyen Sen Antwann ka koresponn a vibrasyon yon Ginen se yon tchans li ye. Antouka, li fèt. Li fèt pa yon devyasyon ki dwe korije si te genyen vrèman "scholar" nan zafè vodou kote pratik yo se pratik oral yo ye, yo pa ekri vre.

Ankò m ap di ke "sèvi lwa" anjeneral, ke se yon grenn lwa oubyen anpil lwa se yon devyasyon li ye. Pratik sa yo chaje ak seremoni ki kreye plis mistè ke li eklere e li koze tou yon retadman sovaj nan psike Ayisyen san pou otan redwi konbativite mas pèp la anjeneral e sitou peyizan an.

Kòman yon moun k a rive remete entèpretasyon Vodou a sou yon chimen entegral se pwoblèm lan sa kansitou Ayisyen rezistan anpil a chanjman e pwogrè andepi de nesesite pou li anbrase e chanjman e p
wogrè.

Edikasyon yon pèp fèt pa konsansis e yon konsansis ki chita sitou sou le rèspè dè tradisyon, di pase, dè koutim e sitou de listwa. Antanke politisyen, li pa yon dilèm pou wen men mwen te deja konnen ke se pa dè bagay ke w ka enpoze yon moun.

Konsansis sa dwe chita sou yon èspri ouvè kote nou dwe admèt ak tèt e kè poze sipèfisyalite ki egziste nan kwayans fondamantal pèp nou ki kreye dè devyasyon ki inèksplikab vre e ki pa koresponn a la rezolisyon dè mistè. Andotremo, yon mistè ki pa debouche sou yon konesans "lojik e èsplikab", yon mistè ki pa abouti a yon èksplikasyon sezisab e konprenab pa yon mistè vre, se yon mizentèpretasyon oubyen yon devyasyon.

Sèvi yon zanj ki se yon gran frè oubyen yon gran sò pou nou andepi difè ke nou tou se "granmoun" nan langaj daki--Tout moun granmoun o" ki vle anfèt nou tout se ti Bondje--Sen Jan 10 vèsè 34--Ne vous ai-je pas dit que vous êtes des dieux? se yon devyasyon li ye.

Rekonnèt pouvwa yon zanj, ki anfèt se yon medyan, pa yon mis
tè ni sipèstisyon, ni blasfemi, ni zafè djab. Rele Ti Jan byenke se pa non Ti Jan, pale ak Ti Jan pa genyen anyen de Djab ladan li e anyen de mistè ladan. Entèpretasyon de aksyon rele Ti Jan nan yon seremoni vodou dwe chanje jiska nesesite senp aksyon rele Ti Jan.

Se sa ki fè ke Vodou pa yon relijyon vre, se yon pòt, se yon sèk èspirityèl kote definisyon vodou li menm pi syantifik, e kote mistè linivè genyen èksplikasyon yo.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Postby Gelin* » Fri Nov 04, 2005 11:10 am

jafrikayiti wrote:Gelin, Pètèt menm sa nou remake nan krisyanis lan, se limenm tou ki rive nan Vodou a, chak moun bay kout plim pa yo, selon bon konprann yo. Epi yo deklare se Bondye osnon Lwa yo ki "revele" yo sa.

Sa se vre, men gen omwens yon grenn diferans ant 2 lafwa sa yo sou kesyon an. Si on moun di ke se jezikri ki voye l fè yon bagay oubyen ki ba l lòd poze yon zak, ou kapab louvri liv nouvo kontra a pou wè èske se vre oubyen èske se pa vre. Li enpòtan pou fè sa paske jezikri pou kont pa l te di ke gen anpil anpil moun ki pral vini nan non l pou di ke se li ki voye yo.

Nan ka vodou a li difisil pou fè sa paske ou pa gen okenn dokiman ekri ki di men kijan bagay yo te konn fèt e men kijan yo dwe fèt. Ou oblije chita sou sa yon ougan/manbo di sou kesyon an, e nòmalman yo ka pa dakò.

gelin
Gelin*
 
Posts: 907
Joined: Fri Oct 22, 2004 4:23 pm

Postby jafrikayiti* » Fri Nov 04, 2005 11:35 am

"Ou oblije chita sou sa yon ougan/manbo di sou kesyon an, e nòmalman yo ka pa dakò".

Ped-choz !

Menm jan potanta nan Krisyanis yo te rezoud fikilte sa a, potanta nan Vodou yo - si yo vle - kapab ekri "Pawòl Lwa" yo nan yon koleksyon 77 liv sakre (pinga wete ni mete!). Apresa, rès la se gwosè zam nikleyè Vodouyizan yo ki pral deside l...

Mèzalò, mwen espere yo pa p janm pran wout gwo ponyèt sa a....
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm

Konsansis

Postby Marcien Toussaint* » Fri Nov 04, 2005 7:29 pm

Yonn nan bagay ke m twouve toujou dwòl se enposibilite pou Nèg ki konn li ak ekri pou yo di tou senpleman: Sa mwen pa konnen li e l ap difisil pou m bay yon opinyon.

Si yon moun rale yon pentitablo e mande wen ki sa m panse: Anyen mwen pa ka di, sòf ke mwen renmen li oubyen mwen pa renmen li.

Anpil Nèg pa danse vodou, men yo danse vodou. Anpil Nèg pa konnen mizik Ayisyen vre, men yo pale de li. Aksèptans kilti, kwayans ak koutim pa nan bouch sèlman.

Opinyon toujou tonbe nan matyè Nèg ki konnen de ki sa y ap pale. Se mank de sajès sa ki kòz ke tout sa yon moun de bònn volonte vle fè toujou fini an fyasko avèk Nèg ki genyen tit k ap pale, k ap mete konfizyon, k ap konpare.

Sa mwen vle anrezime, ki sa li koute yon moun ki vrèman enterese aprann, tande oubyen poze kesyon pou tande?

Wi, se vre vodou pa ekri. Wi, se vre vodou chaje ak bouyivide. Wi, se vre li tounen menm yon komès kote negatif plis pase
pozitif. Men, si genyen yon posibilite pou wè vodou yon lòt jan, yon lòt fason, pouki tout bagay vinn chita sou chak moun genyen zafè pa yo? Pouki konfizyon an vle mennen sou entèpretasyon ki genyen arevwa a sa ki pase nan relijyon? Pouki melimelo ki ka kenmen sou zafè pwofèt?

Mwen pa pretann ke se ni X, ni Y, ki fè wen konnen sa m ap di la. Silèvrè ke relasyon yon moun ak Bondye se yon relasyon pèsonèl li ye, verite èspirityèl asèsib a tout moun k ap chèche ak lafwa ak konsyans yo, ak kè yo e ak lèspri yo tou paske Bondye pa ban nou sèvo nou pou granmèsi.

Mwen pa pretann tou ke se nan dòmi, yo vinn di wen. Pafwa, rechèch yon moun ap fè ka pèmèt moun sa rive a dè konklizyon ki ka bon, e ki pa pa bon tou. Toutlèfwake moun sa arive nan konklizyon sa san se pa pou pwofite pou pouvwa, pou lajan oubyen pou notoryete, konklizyon sa genyen anpil chans ke li yon bon konklizyon paske se limyè, chimen e la verite moun sa ap chèche. E paske Gwo Bonnanj li la pou klere li, konesans sa a demistifye mistè.


Yon moun pa dwe voye jete sa li tande ak wè senpleman pa prejidis oubyen pa atraksyon tribal pou kalifikasyon. Se Vodou pa syans, genyen la syans nan vodou pou otan. Pakonsekan, nou dwe arive a dèzèksplikasyon lojik, a dè konesans palpab ki genyen pliske resèt ladan li, ke se resèt ki fèt ak fèy ke se resèt ki fèt ak vibrasyon, ke se resèt ki tou senpleman verite èspirityèl etènèl.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm


Return to Religion

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 0 guests

cron