by Marcien Toussaint* » Wed Nov 02, 2005 1:16 pm
Kòm mwen di li dejan, pèsonn pa bezwen kwè sa m ap di la. Annatadan, tout moun k ap fouye tèt yo nan zafè èspirityèl pou pedantis entelèktyèl pa konnen tou ki pwoblèm y ap bay tèt yo.
Dayè, nou menm tou ka konstate anpasan ke pou pwoblèm peyi Dayiti ap konfwonte, yon moun nòmal dwe mande kote mason, kote wozikrisyen, kote matinis, tout gwo sèk èspirityèl sa yo kote Nèg save ap gonfle pèkto yo pou pale.
Verite èspirityèl pa resèt e pou chans, e pou pwotèksyon, e pou sante jan majorite Ayisyen pran sa vre.
Pou mwen retounen nan Leonel ki di li pito rete anba. Pou kòmanse, pa genyen lanfè. Si se pa dwa mwen pou mwen jije yon moun èspirityèlman, mwen konnen pou otan, ke yon ate ki pa kite tras bonte sou nanm li resisite nan Jerusem san Gwo bonnanj li pa parèt. Se sa ka pway kotyone desizyon Twa Ansyen dèjou pou disparèt nanm sa kòmsi li pa te janm egziste. Men sepandan, Gwo Bonnanj sa ap genyen yon lòt posibilite pou li in
nde yon lòt kretyen vivan, li ka oubyen sou planèt sa oubyen nan yon lòt planèt.
Yon ate ki genyen tras bonte sou nanm li, ap resisite e Gwo Bonnanj li ap parèt. Men annatandan, malere sa pap ka wè byen e ni tande byen. Sa vle di tou senpleman ke plis nanm yon moun pi, plis li genyen posibilite pou tande e wè pi byen pandan y ap kalibre li pou li pase pòt yo jiskaske yo ba li bon non li ki non etènèl li lè li finn pase sizyèm pòt.
Pa kwè si w vle, se dwa w. Pase anba rizib pa yon konsèy mwen ka ba w. Lè mwen a 8 tan te vle fè Pè, e mwen te wè granparan wen ap pran zanj, mwen pa te janm di se djab. Mwen te senpleman di 2 bagay: 1o) Yon sivilizasyon pa ka twompe li konsa 2o) Granpapa wen te twò entèlijan pou li tonbe nan yon bagay ki pa fè sans e sitou ki malen.
Enben, lè mwen te kontinye ap prye pou m konnen kote m soti tout bon vre e kote prale, teknik Granmèt la voye pou wen dirije wen toudwat sou pòt vodou.
Jezikri te di ke: Bondye pi pre nou pase pwòp 5 grenn dwèt nou. Gwo B
onnanj sa la pou gide nou. Anfèt se a 46 zan, nou dwe kite li konplete kontwòl totalkapital sou vi nou. E se pou sa lontan, yo te mande ke yon Prezidan te dwe genyen omwen 46 zan pou li te Prezidan.
Pou fini, yon sèl bagay mwen ka di: si genyen vye ton komik kote kèlkeswa moun nan vle fè komedi, m ap tou fèmen vye djòl santi mwen an. Dayè, ki sa m ap di la vre? Sa ka fè plis tò ke byen pou sa ki pa konprann e ki deja pa menm konnen vre ki moun yo ye, oubyen ki tèlman si ki moun yo ye e tèlman kwè de sa yo konnen ke yo pi anfòm pase Brav Lawòch.
Sonje ke mwen di ke vodou pa yon relijyon, se yon pòt li ye. Yon pòt ki debouche sou èskalye. Plis yon moun ap monte, plis yon moun ap konnen, plis yon moun ap konprann. Vodou pa la vre ni pou chans, ni pou pwotèksyon, ni pou sante, ni pou konesans sèlman, li la tou pou le sali de lam e sa avèk konsantman Jezikri. Vodou se yon kontak dirèk li ye.
Adjova.