- M voye dlo, m pa mouye pèsonn.
- Mache chache pa dòmi san soupe.
- Madichon koukou pa tiye frize.
- Madigra, m pa pè w, se moun ou ye.
- Maladi vini sou chwal, li tounen a pye.
- Malere pa dezonè.
- Malè pa gen klaksonn.
- Manje ki gou nan bouch ou se li ki gonfle w.
- Manje kuit pa gen mèt.
- Manje pou viv... Pa viv pou manje.
- Manje w renmen se li ki tiye w.
- Manman pitit di patat la chè, grangou di se bobin.
- Manti kouri 100 an, verite kenbe l yon jou.
- Men anpil, chay pa lou.
- Mennen koulèv lekòl pa anyen, se fè l chita sou ban ki tout.
- Mete pye w sou chen, w a wè si li gen dan.
- Mete zwèzo nan kalòj pa vle di la mouri ladan.
- Milat pòv se nèg, nèg rich se milat.
- Mizè bare bourik, li kouri pase chwal.
- Mizè fè chen monte kayimit.
- Montre makak voye wòch, se tèt ou li kase avan.
- Moun chich kriye de fwa.
- Moun ki ba w konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede w nouri l nan tan sèk.
- Moun ki di: Men koulèv la, se li ki tiye koulèv la.
- Moun ki konn danse se nan fent ou pran li.
- Moun ki renmen goumen toujou pran bòt.
- Moun ki vle fè byen toujou kontrarye.
- Moun lespri pa viv si pa gen moun sòt.
- Moun sòt pale, konnen ki konnen.
- Mèt kanari se mèt dlo a tou.
- Mò pa janm konnen pri dra.
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb
ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
