Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt L

Pwovèb ayisyen ki kòmanse ak lèt L

Postby guysanto* » Fri Jun 24, 2005 9:48 am

  1. Labouyi cho pa manje ak dwèt.
  2. Labouyi cho se sou kote ou manje l.
  3. Labouyi cho, ou manje l nan rabòday.
  4. Lajan fè moun pa konn moun.
  5. Lajan se lespri moun ki pa genyen.
  6. Lakay kanmarad pa lan mache.
  7. Lakay menetriye, tout moun konnen danse.
  8. Lang ak dan se bon zanmi, poutan youn pa renmen lòt.
  9. Lang, se kout baton.
  10. Lanmou chen se lagè.
  11. Lanmou pa konn pantalon pyese.
  12. Lanmò sèjan ranje kaporal.
  13. Lapenn youn fanm se pou tout fanm.
  14. Lapli pa tiye fòs piman.
  15. Larivyè anpèche w pase dlo, li pa anpeche w tounen.
  16. Larivyè avèti pa tiye kokobe.
  17. Lawouze fè banda toutan solèy pa leve.
  18. Li pa janm twò ta pou chen fou.
  19. Lè chen pa vle kenbe kabrit li di janm li fè l mal.
  20. Lè kok pa nan batay li wè tout kout zepon li ta fè.
  21. Lè ravèt vle fè bal, li pa envite poul.
  22. Lè vant chat plen, li di ke rat anmè.
  23. Lè zonbi goute sèl li pa vle rete.
  24. Lò foumi mòde pye kabrit, li kite savann li monte mòn.
  25. Lò malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay.
  26. Lò manman poul ponn li pa janm bliye nich li.
  27. Lò poul bwè dlo li pa bliye di Bondye mèsi.
  28. Lò tig al kay Malis, tout moun kontan.
  29. Lò w byen ak youn moun, ou byen menm ak chen lakou kay li.
  30. Lò w fè byen, tan pase vit.
  31. Lò w grate kwi twòp, fòk li kreve.
  32. Lò w kontre zo nan granchemen, sonje se vyann ki te kouvri l.
  33. Lò w krache anlè, li tonbe sou nen w.
  34. Lò w nan devenn lètkaye kase tèt ou.
  35. Lò w nan devenn po patat koupe pye w.
  36. Lò w pa gen manman ou tete grann.
  37. Lò w vle twonpe moun, se tèt ou w twonpe byen souvan.
  38. Lò yo vle tiye youn chen, yo di li anraje.
  39. Lò w ap tann soupe kanmarad, ou dòmi twò ta.

Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?

Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Luzanne » Thu Aug 11, 2005 12:16 pm

Lè ti poul cho dèyè manman l malfini pase men li pran l.
Luzanne
 
Posts: 3
Joined: Wed Aug 10, 2005 10:53 am

Postby Widy* » Sat Aug 13, 2005 1:01 pm

Zòt gen oun pwovèb ki ni ekivalans a-y pa bò nou se tala :

"Lè kok pa nan batay li wè tout kout zepon li ta fè"

Pa bò nou, nap di senplèman :

" Sipòtè toujou an fòm"
Widy*
 
Posts: 163
Joined: Wed Jun 25, 2003 5:20 am


Return to Proverbs

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron