- Bat chen, tann mèt li.
- Baton ki bat chen nwa se li ki bat chen blan tou.
- Bay chen kanson pa ba w dwa gade kote l chita.
- Bay kou bliye, pote mak sonje.
- Bay piti pa chich.
- Berejèn pa janm chanje koulè.
- Betiz pi dous nan zorèy moun sòt pase siwo.
- Bon chen pa jwenn bon zo.
- Bon mache koute chè.
- Bon zaboka pa janm woule bò kote kochon.
- Bondye konn bay, li pa konn separe.
- Bourik chaje pa kanpe.
- Bourik fè pitit pou do l poze.
- Bourik travay, chwal galonnen.
- Byen konte mal kalkile.
- Byen pre pa di ou rive pou sa.
- Bèf ki gen anpil mèt dòmi deyò.
- Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li.
- Bèl franse pa vle di lespri pou sa.
- Bèlmè w ba w bon kalalou, pa kwè li manman w pou sa.
- Bèt ki gen ke pa janbe dife.
- Bèt ki pa gen ke, bondye pouse mouch pou yo.
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
