- Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa pote l ale.
- Sa je pa wè, kè pa tounen.
- Sa ki fè pwomès bliye, sa k ap espere sonje.
- Sa ki nan vant se li ki konte.
- Sa ki pou ou, lavalas pa bwote l.
- Sa ki vle konnen pri ti sale, se nan mache li ale.
- Sa m wè pou ou, Antwan Nangonmye pa wè li.
- Sa manman ti chat konnen, manman ti rat konnen l tou.
- Sa w jete nan fenèt, ou sòti nan pòt pou ranmasse l.
- Sa w pa konnen pi gran pase w.
- Sa w santi a, se mwen kap boukannen l.
- Sak vid pa kanpe.
- Santi bon koute chè.
- Se bon kè krab ki fè l san tèt.
- Se bon kè krapo ki fè l mouri san dèyè.
- Se bwa kajou ki konnen do fanm.
- Se de gouden ak senkant kòb.
- Se devan tanbou ou konnen sanba.
- Se dlo ki pou wou ki antre nan kalbas ou.
- Se dènye kou a ki tiye koukou.
- Se grès kochon ki kuit kochon.
- Se jou dife yo wè rendengòt ak jakèt.
- Se jou koulèv mouri yo konnen longè l.
- Se kan tèt kale ou wè li genyen bòs.
- Se kay bourik ou prale, lò w rive w a wè longè zòrey li.
- Se kiyè ki ale kay ganmèl, ganmèl pa janm ale kay kiyè.
- Se konnen twòp ki fè krab san tèt.
- Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm.
- Se krab malzorèy: kan w vle lage l, li mòde w.
- Se lave men siye atè.
- Se lò kabwèt ou kole, ou sonje non bèf.
- Se lò w pase maladi ou konn remèd.
- Se manjè ze w ye, ou pa konn doulè manman poul.
- Se pa avek youn sèl dwèt ou manje kalalou.
- Se pen rasi ki fè bon soup.
- Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.
- Se twokèt la sa, chay la dèyè.
- Se voye wòch pou konble lanmè.
- Se vye chodyè ki kwit bon manje.
- Si bèf konnen, li pa ta kite kòd nan kou l mennen l labatwa.
- Si m te konnen toujou dèyè.
- Si moun kay pa vann ou, moun deyò pa ka achte w.
- Si pa t gen sitirè pa ta gen volè.
- Si tout moun a chwal, kilès ka fèmen bayè?
- Si w bay pòv, se Bondye w prete..
- Si w gade sa poul manje, ou pap janm manje poul.
- Si w vle gen rezon devan kras, se pou w benyen.
- Sispann fouye zo nan kalalou.
- Solèy leve, li leve pou nou tout.
- Sonje liy dwat, men pa bliye chimen kwochi.
- Sou wòch ki pi di, ou wè bèl flè pouse.
- Sòt pa tiye w, men sòt fò w swe.
Eske nou konnen espresyon nan angle oswa franse ki gen menm sans ak pwovèb ayisyen sa yo?
Epi ou ka di m tou ki sitiyasyon ou gentan wè devan w lò ou li nenpòt nan pwovèb ki anlè yo. Li kapab yon bagay ki pase nan listwa oswa yon bagay ki soti nan vi pa w.
