Lèt ouvèt a Mr. René Préval

Lèt ouvèt a Mr. René Préval

Postby Marcien Toussaint* » Thu Oct 12, 2006 9:27 pm

Byen chè Mr. René Préval

Se byen domaj ke mwen pa ka di Ekselans ka depi kou deta 2004 la, mwen, Marcien Guy-Frantz Toussaint, mwen pa rekonèt okenn otorité ann Ayiti ak tout aksyon politik ki poze, e sa enkli tou tout elèksyon ki pase e ka genyen pou pase ann Ayiti. Mwen kwè tou ke sitiyasyon an ap rete mangonmen nan peyi nou toutotanke moun ki patisipe nan koudeta 2004 la pa jije pou Hot trayizyon e krim kont pèp Ayisyen e koudeta ankò ann Ayiti ap toujou pliske yon posibilite dotanpliske jiskaprezan Konstitisyon 1987 la toujou anveyèz.

Lèt ouvèt sa genyen 2 plan--yon plan pèsonèl e yon plan politik.

Sou yon plan pèsonèl, m ap fè w konnen tou ke Manman wen se yon Valcourt tou. Men il parè ke san Jeneral Acacia Valcourt ki te kanpe byen janm devan Blan Ameriken pandan lokipasyon e san Lefort Valcourt ki te yon granmoun tout bon vre bouyi nan venn mwen pliske pase w.

Tout moun granmoun, yo fè sa yo vle. Men mwen plenyen anpil dèske w te foure bouch w nan zafè Lavalas la. Mwen plenyen anpil dèske w te aksèpte kenbe pouvwa a pou ti Pè a. Mwen plenyen anpil dèske pliske anpil moun w te konnen nan ki eta ti Pè a te ye, e malgre vi w ak vi sè w te andanje, w pa t mete gason sou w, pou te evite nou menm pèp Ayisyen kont maltaye sa Prezidan Aristide mete nou ladan an. Si andènye lye, mwen oblije di Prezidan Aristide, se paske andepi de tout lòbèy ki pase, malere pèp la poko reyalize vre ke ti Pè a kwè tout bon vre li twompe Bondje, alò se pa nou, pèp Ayisyen li pa ka ranse ak li.

Mwen pa plenyen ditou dèske jodiya w Prezidan peyi Dayiti. Yonn se kont, de se peche. Lè yon moun fè chwa li, se li anpremye ki peye konsekans lan. Nan eta peyi Dayiti ye la, mwen kwè tout bon vre ke moun ki vle fè pou pèp Ayisyen viv pi miyò, se pa moun ni ki malad ni ki entatad. Menm lè yon moun ka mouri nenpòt lè, gen de rèsponsabilite ki tèlman sovaj, lakonsyans, pa patryotism non, lakonsyans mande pou moun reflechi. Patryotism li se sakrifis nèg vanyan li mande, li pa ka mande anyen vre de ni moun ki malad, ni moun ki entatad.

Si le plan politik, mezanmi, Mr. René Préval, sa w ap fè la?

Ayiti bezwen yon revolisyon kiltirèl avanmenmke nou reyalize yon revolisyon politik. Mwen konnen ke mo revolisyon sa se yon mo, nou tout gwo entelèktyèl blankofil pè. Se sa ki ka fè m konprann ke "Gouvènman w" lan pran tout san fwa li pou fèmen ENARTS jiska nouvèlòd. Sa sa vle di sa?

Epi, n ap fè moun konnen ki gen lè se anba Ministè dela Jistis ENARTS ka ye? Sa sa vle di sa?

Enfraksyon oubyen ankò sa nou rele kontravansyon de $ 80 pase a $ 200. Sa sa vle di sa?

Se konnen nou pa konnen ke nan pozisyon peyi Dayiti, nou prezante pèp la altènativ avan nou takse li pi plis?

Se konprann nou refize konprann ke n ap ankouraje koripsyon nan Depatman trafik. Konbyen moun k ap ka peye $ 200 pou kontravansyon sa? Nou pa wè ke nan peyi eta peyi Dayiti ye la, ki abi k ap pray fèt?

Alò w vle di wen, ke pwoblèm polisyon ak pwoblèm depandans peyi nou nan zafè petwòl ka rezoud pi byen nan monte lajan kontravansyon san nou pa sere dan nou mete yon bon sistèm transpòtasyon avan nou ogmante pri kontravansyon? Li pa fè plis sans pou mete EDH sou pye, entèdi jeneratè nan kay prive, pou rekoupe tout frakti e ogmante pri gaz pou redwi trafik ak konjèsyon nan tout gwo vil yo?

Lè nou pran dezisyon nou yo konsa, Ayisyen pa pale e tout moun pè pale paske Chimè tounen pi gwo revolisyonè peyi Dayiti ka genyen, nou kwè ke tout bon vre pa genyen Ayisyen konsekan ki wè nan ki eta nou ye?

Mon chè Mr. René Préval, mete dlo nan diven w tande. Ni wen ni w konnen ke yo pa ka fè dlo soti nan wòch. Se klè ke avèk ritounèl Lavalas la sa, tout Ayisyen konsekan konnen e reyalize ke staff sa, ke Lavalas sa menm lè pa ta genyen opozisyon, ki pa opozisyon vre, se vagabonday k ap fèt.

Ayiti pa bezen politisyen de bònn volonte, se tchans sa ye. Ayiti bezwen bonjan patryòt ki ka goumen, osens pwòp di mo, Ayisyen konsekan ki genyen vizyon, ki ka sezi le towo pa lèkònn. Ayiti pa bezwen moun k ap di kite nou wè sa nou ka fè. Nou pa gen plan. Aladènyè minit, w foure bouch w nan yon elèksyon bidon sou lokipasyon. W Prezidan, lokipasyon toujou la, pou sekirite ki moun, mon chè Mr. René Préval? Alò, n ap kontinye mande pèp Ayisyen pou fyè, pou fyè pou le pase. Yon pase ke nan jounen jodiya anpil nan nou komanse di se yon erè, yon pase ke nou pase anba pye paske nan jounen jodiya Blan ak Etranje fè sa yo vle nan peyi Dayiti. W Prezidan san pouvwa byenke w ka gonfle pèktò w pou w montre wen sa w peze, pa Blan an non, mwen ki lennmi an. Se pa vre?

Pran pòz granmoun nou tande, byenke li deja two ta pou w di w se yon Valcourt. Lèt sa pliske yon lèt pèsonèl. Mwen pa kontan menm jan zafè peyi wen ap mache. Se mon dwa sakre pou m fè w konn sa. Tanpri souple, pa mande wen pou m pote solisyon. Lè dèfen Jean Dominique te di wen--Gi, se moun tankou w nou bezwen ann Ayiti!, mwen te reponn li tou senpleman-- Ak ki moun la mwen pray fè politik ann Ayiti? Kòm chak moun genyen dèstine yo, e kòm tou li te ka panse li pi konnen pase wen oubyen li pa te konprann repons mwen, li pa te reyalize ke jiskaprezan ann Ayiti, Nèg ap fè politik pou tèt yo, pou Blan ak Etranje pa pou peyi Dayiti, pa pou pèp Ayisyen. Mr. René Préval, si w k ap fè politik pou peyi Dayiti ak pou pèp Ayisyen, mwen pa ta bezwen ekri lèt sa nan jounen jodiya.

Ave cive!

Marcien Guy-Frantz Toussaint.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Return to 2006

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron