by Jonas » Wed Feb 16, 2005 6:23 pm
Ki sa pou n fè ak teknokrass sa yo.
Ki sa pou n fè ak teknokrat-kk sa yo.
Se tankou mesye yo antre nan yon gè kont ledikasyon an Ayiti.
Imajine n ke mesye CEP yo ap mande 2,9 milyon dola pou yon prim kont danje ki ekziste nan peyi an, tandiske preske 3 milyon dola sa a ta ka antreteni etidyan ayisyen nan Kiba yo, ki reprezante yon envestisman pou lavni peyi an.
Petèt ke manmzél ki te responsab USAID nan lanne premye koudeta kont Aristide lan te deklare nan yon atik nan ATLANTIC MONTHLY an 1993. Manmzèl te deklare apre li te fin voye monte kont li kont Aristide, ke lelit ayisyen an se yon lelit ki anti-edikasyon.
Manmzèl te di ke ti lelit lan konsidere ti mache ayisyen an tankou mache lòf ak demand. Toutotan ke gen mwens moun ki edike nan peyi an, se plis yo enpòtan.
E nou wé ke kouman gouvènman teknokrass lan aji depi l pran mayèt lan. Premye bagay yo te fè, se te atake pwogram alfabetizasyon an. Yo dekonston
bre l, e gade kouman y ap aji ak pitit pèp lan ki ap etidye nan Kiba.
ADYE!