Dis kesyon sou nouvo gouvènman an

Dis kesyon sou nouvo gouvènman an

Postby guysanto* » Wed Mar 10, 2004 9:18 am

Jean Erich René wrote:Maitre Gerard Latortue se yon gro technokrat ki te deja minis afè etranjè sou Manigat. Lap travay lan gro biro FMI. Se yon blôk konesans ki kanpe sou de pyel. Li gen yon pakèt sèvis li pral rann Ayiti. Li gen tout syans pou li mete kanpe yon l ôt estrikti ôganizasyonnel. Li gen tout konesans poul amenaje yon lôt espas ekonomik e pou li entegre Ayiti ak konpetans e diyite lan tren ekonomik mondyalizasyon ki pral demare 1er janvye 2005 lan la.

<blockquote><b><p align=justify>
  1. Ki moun ki kapab bay plis sou Gérard Latortue oubyen sou sa Jean Erich René rele "tren ekonomik mondyalizasyon ki pral demare 1er janvye 2005 lan"?

    Pouki dat sa alòske ane 2004 la fèt kòmanse?

    Gwo kesyon. Men lòt toujou:
  2. Èske Ayisyen pral rekonèt lejitimite yon pouvwa meriken foure nan gòjèt yo?
  3. Marc Bazin se te poulen meriken tou e li te travay pou Bank Mondyal. Gérard Latortue se nouvo poulen meriken yo e li te travay nan Fon Monetè Entènasyonal. Eske Marc Bazin ak Gérard Latorue se senkant kòb ak degouden?
  4. Ki te wòl Gérard Latortue kòm anplwaye FMI nan tout kontra, tout negosyasyon, ki te tabli ant Peyi Dayiti ak FMI? Eske Latortue te patisipe nan peze kou Ayiti pandan tout ane ki sot pase yo?
  5. Sanble Gérard Latortue se yon gwo teknokrat ki chaje ak konesans. Men èske li konn anyen nan politik? Eske gwo konesans teknik li pral mennen nou sou wout konpetans?
  6. Pou ki sa se li Meriken yo chwazi? Eske se enterè Ayiti Gérard pral defann, oswa enterè FMI, ki vle di enterè meriken yo?
  7. Pandan peryòd lokipasyon (1915 - 1934), Meriken pat bay okenn lidè ayisyen espas pou yo pran okenn desizyon pou tèt pa yo? Ki sa ki pou ta fè nou kwè jwèt la ap diferan fwa sa?
  8. Epi, pou konbyen tan Latortue pral
    premye minis?
  9. Eske Konvèjans lan fini oswa yo la pi rèd? Eske 184 la fini oswa yo la pi rèd? Yo tap chache koudeta, yo twouve koudeta toufèt toufouni. Eske nouvo gouvènman sa se enterè klas entelektyèl-endistriyèl la li reprezante kounyè a?
  10. Finalman, ak nouvo gouvènman sa, ki moun ki mèt peyi a: Se Ayisyen ou Ameriken?


<br>
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby jafrikayiti* » Wed Mar 10, 2004 10:38 am

Atansyon:

Pami lot kalite mouche Latortue genyen, se yon nèg ki abitye fenk sot "Washington" nan moman koudeta ap brase...

Gade nan ki kontèks non misye site nan kad koudeta Manigat (Prezidan l lan) te pran nan ane 1988 nan men menm moun ki te ede l fè 'percée louverturienne li an':

http://www.cyberie.qc.ca/jpc/haiti/nampcoup.html

5 jou anvan Manigat tonbe...

A meeting is set between Manigat, Namphy, Williams Regala, former brigadier general and member of the National Council of Government where he occupied the post of Minister of Defense (a position confirmed under the Manigat-Celestin government). Foreign Affairs Minister Gerard Latortue, just back from Washington, is also present, so are other top officials. After four and a half hours, it seems a consensus has been reached. A communique signed by Colonel Gary Leon, Secretary General of the Armed Forces, state
s that the administrative measures announced on June 14 have been the object of "malevolent" speculations and interpretations and that following agreement between the President, the Commander-in-Chief of the Armed Forces and the Minister of National Defense, they are "momentarily" delayed.


Tout sa k ap pase nan peyi a alèkile se teyat. Kit se pouchis kravate, kit se poutchis pye atè bounda chire...tout se pyon nan men Ti Bush ak makonn mèsenè li yo. Anplis de sa gen moun ki parèt tankou yo lib tandiske se prizone yo ye.

Gade kisa Kevin Pina ekri nan atik li pibliye sou www.blackcommentator.com

http://www.blackcommentator.com/80/80_cover_haiti.html

Kevin Pina and Andrea Nicastro of the Italian daily Corriere della Sera, interviewed Neptune in his office. With Philippe’s troops massed nearby, Pina and Nicastro worked in haste to elicit the following responses from the Prime Minister:

1. "Even though I am the legal Prime Minister [b
]I am a prisoner in my office[/b]. That's a fact."

2. "The President called me a few hours before he was taken out of the country and told me, 'Where I am now, I am like a prisoner.'

3. "Whoever has allowed those armed bandits in the opposition to get into Haiti and to sow violence and death, they should be in the position to control them." Asked whether he was referring to the Bush administration the Prime Minister answered: "Statements were made asking the Haitian government to meet certain requirements so that the armed gangs would not be allowed to come into the capital. That statement was made. They wanted us to quiet the demonstrators asking for President Aristide to finish his term. They wanted us to force the to stand down and stop demanding new elections. They wanted that vast majority to remain quiet. They wanted us to tell them to sit down quietly and allow the coup machine to crush them."

4. "Some in the international community don't want Haiti to bec
ome a democracy where the majority of the poor have a voice."

5. "The coup machine is in motion because the opposition knows they cannot win elections with President Aristide in the country."

6. "The resignation of the president is not constitutional because he did that under duress and threat."

7. "The chief of the Supreme Court [Boniface Alexander] was brought here into my office by representatives of the international community. I was not invited or present when he was sworn in [as President]."




Mannigèt sou mannigèt k ap fèt tande vye frè. Blan yo mele nan pwop magouy yo. Kidonk, yo pral chèche tout kalite dra pou kouvri krim ki kontinye ap fèt nan non 'demokkkrasi'.

Jiskaprezan pèp Ayisyen poko janm chwazi pyès dirijan anwetan sila yo te chwazi nan ane 2000 yo. Kidonk, annegad de mwenmnem, tout madigra se chaloska, tout chaloska se lamayot nan bwat blan mannan.

Jounen jodi a, mwen ta renmen wè ki dekl
arasyon PAPDA ta gen pou li fè apre enstalasyon dènye premye minis espesyalis teknokratik ki fenk monte o'pouvwa' a?

Yo kwè Ayiti se yon komedi...poutan se yo sèl ki gen maladi vivi dan griyen. Ou kwè se bèl sa bèl madigra mal maske k ap frite sou granri apre mèkredidèsann?! poutan m pa ka ri !
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm

Postby Jonas » Thu Mar 11, 2004 5:28 am

Wi JAF,

Kote PAPDA?
Se pridan ,yo pridan?
Mwen pa ta kwè sa ,paske yo te di pa t gen libète la pawòl sou gouvènman Aristide lan men yo te gen ase libète pou yo te di ke Aristide koupab dè 7 peche kapito ,e anyen pa t rive yo.
Mwen wè sou sit wèb puchis Métropole ke Group 184 ap mande pou fèmen dyol ansyen zotobre Lavalas yo,anpeche yo pale nan radyo.
Dapre yo,se mesye sa yo k ap rele popilasyon pou yo pran la ri.

A Pali Papa.
Eske mesye 184 yo ,te ize demokrasi ,pou yo te ka tiye l?
Nou la ,na p gade...
Jonas
 
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am


Return to 2004

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron