Lwa Ginen yo !!!

Lwa Ginen yo !!!

Postby Pitit Ginen » Tue Feb 24, 2004 7:44 pm

Lwa Ginen yo !!!

Frè m yo,

Pou di nou rive nan yon moman kote ti nèg tèlman <<entèlijan>> ke yo pa wont bat bravo lakontantman alòske peyi yo --nou di peyi yo, nou pran chans pale pou yo, pase kisa k di n ke nèg sa yo konsidere Ayiti kòm peyi yo toujou--sanse nan yon gè sivil. Nou konn de eleman konsa ki, menmsi Aytiti ta redwi an sann, se dan yo y ap griyen tankou vivi dan griyen, dènye enbesil, depi yo jwenn de grenn diri pou yo vale nan peyi etranje ou byen depi yo gen kèk òganizasyon entènasyonal ki achte nan nanm yo pou dis kòb. Nou rankontre anpil konpatriyòt sou chimen n ki twò kontan gwo deblozay sa a ki pete nan peyi a. Lè n mande yo pou kisa y ap aplodi espektak tris sa a, yo pa gen anyen serye pou yo mete devan nou. Genyen k di n Aristide fè si, li fè sa, li se diktatè, se s ak bannou sityasyon sa a. Lè nou mande zanmi sa yo prèv de akizasyon sa yo, yo pran grate tèt, vire tounen, pale fatra
.

An nou repete l yon lòt fwa ankò, okenn moun ki klè nan tèt li pakab nan fè fanatik an favè Lavalas. Lè nou dezaprouve zak kriminèl ke yon bann Ayisyen ke CIA ame ap komèt kont pèp ayisyen an, sa pa vle di n ap defann Aristid oswa Lavalas. Fòk yon Ayisyen ta pi bèt pase kochon pou l ta ap bat bravo devan trajedi sa a ke peyi nou an ap travèse a.

Pandan ke kè nou ap dechire devan tout estipidite sa yo ke yon ti group chen (Opozisyon, Gwoup 184 ak ansyen jandam elt.) deklare nan peyi a, nou vle di bagay sa a :

A) Yon gè sivil ann Ayiti p ap debouche sou anyen, pase pa gen moun ki ka prouve pou nou ke frè nou sa yo ap goumen pou yon objektif ki ta gen arevwa ak enterè peyi a. Se menmjan ann Afrikik kote nèg ap goumen tout lajounen pou chak kan ka jwenn pa l nan min ak petwòl ke blan ap eksplwate san ke pèp afriken yo pa janm benefisye anyen de goumen sa yo ki pa janm fèt nan yon visyon revolisyonè. Ann Ayiti menm, nou jwenn yon dal entèlektyèl fatra ke blan manipile tankou chen ki s
èmante fòk yo fout peyi nan kaka nètalkole.

B) Menmsi pote kole sa a ta rive voye Aristide ale, nou konnen ke pa gen altènativ pou koulye a. Menmsi Lavalas li menm pa reprezante okenn chanjman serye pou pèp la.

C) Gè sivil sa a senpman pral pote plis mizè nan peyi a, pase nou konnen pa gen okenn konsyans ki pou mennen chanjman ki dyanm ki devlope nan peyi a.

D) Chanjman nan yon peyi, kit li politik, sosyal, ekonomik elt. p ap sot nan syèl; fòk gen moun ki fè sakrifis pou sa. Mwen vle di, fòk gen bonjan òganizasyon popilè ki pale langaj mas pèp la e ki ka pwopoze yon solisyon kredib ki rejwenn aspirasyon mas yo.

E) Tout zanmi nan fowòm sa a, konnnen kijan nou pa janm ezite kritike gouvènman Aristide la, men, pa yon fwa, nou pa t vle kwè gwoup vilanni ki rele opozisyon an t ap fout peyi a nan tyouboum sa a. Mwen te santi blan yo patap ezite mennen nou nan chemen sa a ak pakèt chen ke yo drese nan yon sik ki rele sosyete sivil. Malerezman, tout zanmi mwen te pale bagay sa a ak y
o p at ka wè malè pandye sa a.

Pandan ke kè n ap dechire, fann an de, nou chita lòtbò dlo n ap gade kouman, kijan malpwòpte chen sa yo fout peyi a ladan lan, ap fini. Erezman pou swadizan opozan apatrid piyan sa yo, yo pa ann Irak, Aljeri ou byen nan kèk lòt peyi arab. Yo t ap fin pa konprann pou yo fout respekte figi moun. Di m sa nou vle mezanmi, pèp la paka pase tout vi l anba pye yon bann aptrid ki deside ke se nan labou pou l kwoupi. Mwen di ke fòk nou gade reyalite a an fas! Fòk nou rekonèt ke nou paka kite peyi a bay ajan CIA sa yo!

Tonnè boule m! kèlkeswa rèv yon nèg vle fè, reyalite a rete ke fòk gen militan konsekan nan kan pèp la (yo pa pral fè sa pou defann lavalas, petèt si se te Lavalas 91 lan, yo dwe fè sakrifis iltim sa a nan non pèp ayisyen an) ki pa pè afronte gwoup moun sa yo ki sèmante ke sèl yo k moun, lòt moun pa moun nan.....

Kisa sa sa vle di pou de twa dyòl bò kyè kanpe an kwa sou chiman 8 milyon Ayisyen!!!!!!

Ki salopri sa a!!!! Chans pou yo Ayiti
poko nan nivo okenn peyi arab....

Militan k ap panse gen pou panse lit pèp ayisyen an sou 2 ang : ang teorik ak pratik. Pale, ekri, fè manifestasyon p ap toujou rezoud pwoblèm yo. Fòk nou dakò ke li pa toujou reyalis pou n di nou pral dyaloge ak sanginè men vid.

Kite m di ke pi gwo koupab nan malpwòpte sa a se kan Lavalas la ki pa ezite jwe kat opòtinis li jiskobou olye li pran kouraj li ak de bra pou l denonse kominote entènasyonal figi di sa a (se pa yon bagay ki etone m plis pase sa, men li fè m tris anpil)--menmjan Castro ak Chavez fè sa-- k ap fè konplo toupatou ak sanginè lokal yo pou fout tout Tyè Monn nan nan kaka. Nou tande tout salopri k ap di nan medya blan yo, men pa yon fwa, nou pa wè okenn swadizan "anbasadè ayisyen" vin denonse mouvman pwopagann medya sa yo. Silans sa a bò kote swadizan lidè sa yo, se yon krim, yon gwo trayizon kont pèp ayisyen an ki retwouve l pou kont li, de bra balan fas a yon gwo machin sanginè (CIA, Linyon Eropeyèn, radyo ak televizyon nan peyi blan
yo k ap bay manti, lave tèt blan kon ti nèg nwè toupatou, radyo ak televizyon ke gouvènman ak òganizasyon nan peyi blan yo kreye anndan pwòp peyi nou, pou yo fè vye pwopagann kont pèp ayisyen an).

Lwa Ginen yo!!! pèp ayisyen an pou kont li fas a malfektè yo. Ba l kouray pou l reziste!!!

Anpil nan nou tonbe deja, anpil nan nou ap viktim toujou, men, tonnè boule m! :

Viktwa a ap fin pa pou pèp malere yo kantmenm!!!.......

Pitit Ginen.
Pitit Ginen
 
Posts: 49
Joined: Tue Mar 18, 2003 9:12 pm

Lwa Ginen yo....

Postby YawAbobo » Wed Feb 25, 2004 12:38 am

Lwa Ginen yo, Yo ba nou do !

Pouki sa ?

Paske nou ba Yo do !

Nou wont religion ak spiritialite zansèt nou. Menm pi gwo vodouyizan-an wont di li se vodouyizan. Anfen, se pa fèot-li, nou konn sa ki fè nou rive la a.

Jan ou di, frè mwen, se yon sèl bagay pou nou espere e pou nou lapriyè jounen jodi-a :

1.- Pou pa gen trop san koule (kèlkeswa kan-an, nou tout se ayisyen, nou tout se moun).

2.- Pou blan pa vinn mete pye'l yon lòt fwa an Ayiti.

Antouka, m'espere ke TOUT AYISYEN, ap kab pran bon jan leson de lobo k'ap touye nou jodi-a.

Hotep !

Yaw Abobo.
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am

Postby Zanfanginen* » Wed Feb 25, 2004 12:54 am

Yawabobo,

Sèl rèpons nan keksyon ou se travay ansanm, chanje mentalite nou, banm anpil sakrifis pou aveni pitit nou et pou tout komminote an. Konsa non sèlman Ayiti pwal miè, tout diaspora pwal miè tou.

Aybobo
Zanfanginen
Zanfanginen*
 
Posts: 244
Joined: Sun Oct 05, 2003 3:04 pm

Repons

Postby YawAbobo » Wed Feb 25, 2004 9:42 am

travay ansanm,

chanje mentalite nou, pou youn mantalite afriken (matriyaka).

bay anpil sakrifis pou avni pitit nou et pou tout kominote an.

Epi tou,

Sispann pran yon sèl moun pou Bondye, k'ap vinn ranje peyi-a pou kont li.

Sispann kwè nan moun anvan prensip.

Konsyantize tout ayisyen sou orijin afriken nou, sitou boujwa yo (nou mèt ponpe piafe, fòk yon jou nou reyisi eksplwa sa a, sinon nou ECHOUE).

Onore mystè ginen yo.

Aprann tolerans, c pa paske youn pou lavalas, oswa li kont ke mwen dwe di li pa moun, ou li pa ayisyen. Tout moun fè erè, e lè nou konnen ki edikasyon nou resevwa, nou fèk kare fè erè.

Aprann de erè nou, pou nou avanse.

mwen rete la.

Hotep !
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am


Return to 2004

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron