Pwoteksyon ak Dwa timoun kouman n'ap fè-l?

Pwoteksyon ak Dwa timoun kouman n'ap fè-l?

Postby JGPalmis* » Fri Apr 04, 2003 11:13 pm

Leta, nan definisyon yo bali nan tout diksyonè, se oun kò ki reprezante tout popilasyon oun peyi. Pou pi senp nou ta kapab di se chak sitwayen nan yon sosyete melanje ak tout ensitisyon piblik ak prive sosyete sa a ki kompoze Leta. Se sa ki fè nou kapab di pwoteksyon Leta se pwoteksyon chak mayon ki pèmèt Leta ekziste. Si pa gen sitwayen pa gen Leta; pou mwen, sitwayen an vin anvan Leta. Youn nan pi gwo wòl leta se garanti pwoteksyon chak sitwayen kidonk pwoteksyon tèt li.

Kilès ki sitwayen oun peyi? Nou pa bezwen ale lwen pou nou jwenn repons kesyon sa. Nou konnen nan majorite peyi ki sou latè. Oun moun ki wè jou nan oun peyi otomatikman se sitwayen peyi a li ye. Sitwayen oun peyi kòmanse depi ti bebe fini sou granmoun ki anndan oun sosyete. Genyen lòt fason oun moun ka vin sitwayen oun peyi; pa ekzanp, lè ou pran nasyonalite peyi ke w abite ladan depi kèk ane. Ann Ayiti, lè oun moun fè sa, yo di
ou chanje nasyonalite, nou ta kapab di tou ou pran oun lòt nasyonalite

Nou rekonèt ke respè dwa ak garanti pwoteksyon tout sitwayen nan oun sosyete se priyorite nimewo 1 li dwe ye pou tout Leta. Sepandan, menm lè genyen peyi ki di yo garanti tout sitwayen nan sosyete l respè dwa ak pwoteksyon yo, se pa toujou sa ki fèt. Ou dimwens li difisil pou wè sa nan reyalite lavi chak jou nan peyi sa yo. Ayiti, malerezman pa oun eksepsyon nan kategori sa.

Sepandan, depi 8 ane, swa an 1994, Leta Ayisyen pa lentèmedyè gouvènman ayisyen an te siyen konvansyon entènasyonal pou respekte dwa ti moun ak konvansyon pou elimine tout kalte diskriminasyon k’ap fèt kont fanm. Depi 1998 nou aprann genyen oun avan pwojè « code de l’enfant » ki ekri. Tout sa bon tou. Sepandan gen tout oun kanpay ki pou fèt (enfòmasyon, edikasyon, konsyantizasyon) sou levasyon timoun, sou valè pozitif pèp ayisyen an vle pitit li yo genyen.

Zafè pwoteksyon Ti moun lan kole ak tout lòt pwoblèm sosyal ki genyen andedan peyi a. Ko
ulye a se pou nou konnen kijan sa ap fèt. Kijan nou, ayisyen panse sa dwe fèt. Mwen ta renmen konnen kisa nou panse de sa.
JGPalmis*
 
Posts: 85
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:46 pm

Defans dwa timoun Vs Demagoji Nasyonal ak Entènasyonal

Postby jafrikayiti* » Sat Apr 05, 2003 2:41 pm

Kanmarad Palmis,

Alapapòt m ap di ou Bilolo pou sijè enpòtan sa a ke ou soulve la a.

Mwen kwè desizyon lajistis ki pran anfavè dwa timoun yo se yon bon pa. E jan ou mansyone a, gen anpil lòt mouvman ki pou fèt anvan nou reyisi desitire malsite yo rele pou sistèm restavèk la nan sosyete nou an.

Men, tankou anpil lòt bagay enpòtan pou nou regle, gen yon move konpòtman klas dirijant Ayisyen an ki bloke travay ki merite fèt la depi nan ze.

Ki sa li ye?

Tout sijè bon pou rantre nan "machanday politik".

Kit se kesyon dwa timoun, kit se kesyon Jistis pou Jean Do, kit se kesyon alfabetizasyon, tout tonbe nan makout machanday politik. Anyen pa ka avanse toutotan, nou pa deside - onivo popilè - ke li konpòtman sa a pa akseptab e nou pap aksepte l ankò.

Osijè koze dwa timoun nan, mwen envite ou fè yon lèy sou kèk dokiman "Plan Haiti" pibliye sou entènèt la
. Lè ou tyeke dokiman sa yo, ou va rann ou kont gen yon polemik ant yon ekip ONG k ap jere lamizè an Ayiti epi Govènman Ayisyen an.

Nan dokiman sa a, nou li…

« Launching of the Global Movement April 26, though the agenda was usurped somewhat by President Aristide at the last minute”
http://www.planrocca.org/sayyes/other_c ... sayyes.htm

Si yon ekip ONG kapab akize prezidan yon peyi ke li fè dappiyanp sou yon dosye ki konsène pitit peyi a, fòk nou rann nou kont ke pwoblèm fondamantal k ap brase bil peyi nou an, afekte dosye dwa timoun nan, menm jan li afekte tout lòt aspè nan lavi nasyon an.

Ki lès ki responsab peyi nou ?

Ayisyen, ONG, OEA, CIA, Pati politik yo ?

Antouka, li klè ke jiskaprezan sitwayen Ayisyen an pa prèske gen anyen pou li di nan sa k ap pase nan peyi li.

Se sa ki fè tou dosye « Restavèk » la tounen youn, pami yon dividal dosye demagojik.

Mwen va retounen pi douvan ak kèk eleman ki fè mwen kwè dosye restavèk sa a se Ayisyen k
i pou pran l an chaj si nou vle dechouke li tout bon vre. E tout atik nou wè k ap sòti an Frans, Okanada, nan Businessweek elatriye yo, se mouvman sinik ki pa gen anyen arevwa ak konba pou defann dwa timoun tout bon vre.

Antouleka vye frè mèesi daprèzavwa ou louvri yon diskisyon enpòtan konsa.

Jafrikayiti

« kakaje pa linèt »
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm

Rapò ak analiz Enstiti Panos yo

Postby jafrikayiti* » Sat Apr 05, 2003 3:58 pm

Onè kanmarad,

Sit Enstiti Panos lan gen yon latriye dokiman sou sijè sa a. E dokiman sa yo disponib nan plizyè lang alafwa.

Kòm mwen mansyone pi wo a, mwen fè atansyon anpil lè m ap li dokiman sa yo paske souvan gen yon seri "stereyotip" ak "prejije" ki fofile ladan yo. E sa ki pi tris la, se makònay vye enterè politik neyo-kolonyal ki konn an soudin nan demach sa yo.

Mèzalò, nou rekonèt ke rapò sa yo konn reprezante sèl sous statistik osnon analiz ki fèt sou dosye sa yo.

E nan pwen moun ki ka di yo inyore ke fenomèn restavèk la se yon reyalite ki merite kwape tout bon vre nan peyi nou.

Alòs, men ti moso lekti...gen anpil lòt dokiman nan menm sous la.

http://www.panosinst.org/Haiti/h11-02k.shtml

Yo maltrete restavèk yo plis

Malgre nan lwa peyi a sou travay timoun yo, li pa bay timoun yo twòp avantaj, koze restavèk la se yon bagay ou
rankontre anpil ann Ayiti. Yo pran, plizyè dizèn milye timoun ki gen ant 5 pou rive 18 an nan men fanmi yo, pou al travay pou granmesi oubyen pou yo kapab voye yo lekòl.

Menm si Kòd Travay la bay otorizasyon pou yon moun bay yon timoun rete ak lòt depi timoun sa a gentan gen 12 an, Enstiti Byenèt Sosyal (IBESR), di li pa dakò ditou ak pratik sa a.
Yon lòt kote, pi piti laj pou yon timoun al travay pou lajan, se 15 an, men pou sa fèt, fòk Direksyon Travay bay yon otorizasyon pou sa.

Si pifò timoun ann Ayiti pa kapab pa pase anba vyolans, restavèk yo se kategori yo pi maltrete. Selon premye chif yo bay nan ankèt BIT (Biwo Entènasyonal Travay) te fè gras ak yon pwogram IPÈK (Pwogram Entènasyonal pou fini ak pi move fòm travay timoun ap fè), nan ane 2001 an. Kantite timoun restavèk ann Ayiti, ta ant 90 mil pou rive 120 mil, gen 75% nan yo se ti fi ki gen ant 7 al 15 an.
Selon avoka Betty Casty k ap travay ak UNICEF, pandan li t ap pale nan yon rankont rejyonal nan mwa novanm 2001 sou vyolans n
an mitan fanmi yo, li fè konnen timoun ki rete ak moun yo, fè travay ki depase fòs yo. Byen souvan, lè timoun sa yo malad, yo pa mennen yo kay doktè, yo pa voye yo lekòl, yo pa gen chans pou yo jwe. Mete sou sa, yo konn menm rive fè kadejak sou yo.

60% nan timoun restavèk yo ki te bay lide yo nan yon ankèt Enstiti Sikososyal fanmi (IPSOFA) te fè nan ane 1998, timoun sa yo deklare kote yo rete a, ni mouche ni madanm maltrete yo. Apre sa, betiz yo di restavèk sa yo chak jou, sa vin mete sou lòt kalte vyolans y ap fè sou yo.

Jis kote n ap ekri la a, gen sèlman yon karantèn peyi nan mond la ki adopte lalwa ki konsène vyolans nan kay, e gen 13 nan peyi sa yo ki nan Amerik Latin nan.

Tablo III: Timoun restavèk nan Karayib la ak Amerik Santral

Peyi Kantite timoun Timoun restavèk %
Salvadò 447.782 21.508 4,8
Dominikani 428.720 48.017 11,2
Onndiras 336.136 20.764 6,2
Nikaragwa 311.464 17.694 5,7
Kostarika 1
47.087 12.498 8,5
Panama 67.247 9.300 13,8

Sous: BIT/IPEC

Dieuseul, yon ti gason ki gen 12 an ki te fè yon ti koze ak moun ki prepare dosye sa a, rakonte gen yon dam ki bat li ak mechanste, dam sa a k ap fè ti nèg la pase mizè a te rankre nan Pòtoprens ak li, lè li te gen 8 an. Dam nan respekte kèk nan pwomès li te fè manman ti nèg sa a, tankou li mete l lekòl. Men akoz twòp travay li gen pou l fè, sa pa ba li tan pou l etidye leson l. Pou yo pa bat li, chak jou li oblije degaje l pou l fè tout travay li yo pandan jounen an. "Apre 3 an, lè m wè m pa ka kenbe ankò, mwen oblije sove".

Biwo Entènasyonal Travay ( BIT) te òganize 27 ak 28 me 2002 a, yon seminè pou jounalis, pou yo kapab fè plis moun pran konsyans sou sa ki konsène travay timoun yo ann Ayiti, espesyalman restavèk yo. Mèt Emmanuel Lacroix ki se jij timoun yo, lonje dwèt sou kontradiksyon ki gen nan lwa peyi a ki konsène travay timoun yo. Jij la di, fò n pa bliye Ayiti poko siyen konvansyon 1
38 la ki pale sou pi piti laj yon timoun dwe genyen pou l al travay. Jounalis ki te patisipe nan seminè sa a montre kòman yo gen volonte pou yo al travay pou fè popilasyon an pran konsyans jis pou yo kaba pi move fòm travay timoun yo.

16% timoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la, esplike mizè granmoun yo fè yo pase, lè yo fè yon bagay ki pa bon. Gen 13% nan timoun sa yo se mo ki pou blese kè yo, ki pou touche pèsonalite yo, granmou yo di yo, epoutan gen 16% nan yo ki pran baton. Yo fè konnen, Ayiti se peyi nan rejyon an kote yo plis bat timoun, li gen 40%, apre sa se Giyana ki gen 23% ak Dominikani 20%.

-----------------
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm


Return to 2004

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron