Si yo ranvwaye Simeus, pou ki sa Mourra la toujou?

Si yo ranvwaye Simeus, pou ki sa Mourra la toujou?

Postby guysanto* » Sat Sep 24, 2005 4:26 am

Men yon bagay mwen twouve ki dwòl. Mwen wè yo rejete kandidati Dumarsais Siméus. Ki rezon yo mete devan? Si se paske li se sitwayen meriken, kouman fè yo kenbe kandidati Samir Mourra? Mwen te li nouvèl kote misye te admèt se sitwayen meriken li ye tou. Bagay sa parèt tankou yon gwo kontradiksyon nan desizyon ki fèt yo. Pote yon ti limyè sou sa pou mwen tanpri.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Sat Sep 24, 2005 7:32 am

PetEt, li pa jwenn san mil siyati an...

Why would everyone want to be President?

Ann swiv,

leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Postby Bouli* » Mon Sep 26, 2005 11:15 pm

Guy,

Mourra ak Baker te sipoze premye kandida ki pran kanè nan men KEP la. Menmsi elektora pa bay de etranje sa yo kenbe anyen pou li, Se wòl KEP la pou li demontre li rezonab.
Bouli*
 
Posts: 175
Joined: Fri Mar 21, 2003 1:16 pm

Postby Michel Nau* » Wed Sep 28, 2005 12:57 pm

Guy ekri:
Men yon bagay mwen twouve ki dwòl. Mwen wè yo rejete kandidati Dumarsais Siméus. Ki rezon yo mete devan? Si se paske li se sitwayen meriken, kouman fè yo kenbe kandidati Samir Mourra? Mwen te li nouvèl kote misye te admèt se sitwayen meriken li ye tou. Bagay sa parèt tankou yon gwo kontradiksyon nan desizyon ki fèt yo. Pote yon ti limyè sou sa pou mwen tanpri.
Afe sitwayente pa gen anyen pou we avek Simeus ki pran kane.
Mwen mem, mwen se sitwayen meriken, min paspô mwen makè Nationalite: Haiti, Race: Black.

Kamarad travay mwen, Mr. Jimbili N”Pakayo ki meriken memem jan avek mwen, Nationalite li se: Benin, Africa, Race: Black

Tout infomasyon sa yo make nan paspo meriken nou.

Nasyonalite nou a vi e pou tout tan!! Selman sitwayen’te nou ke nou k’ap ch
anje kou chemis si nou vle.


Afè Simeus la pi gwo pasè sa.

Bouli ekri:
Mourra ak Baker te sipoze premye kandida ki pran kanè nan men KEP la. Menmsi elektora pa bay de etranje sa yo kenbe anyen pou li, Se wòl KEP la pou li demontre li rezonab.
Pou ki sa ke w panse ke neg Ayisiyen sa yo (Moura e Baker) te sipoze premye kandida ki te fet pou pran kane nan mem KEP la??????
Mesiye sa yo:
Fet an Haiti
Grandi an Haiti.
Al lekol an Haiti
Viv an Haiti
Yo gen propriyete kay e biznis an Haiti.
Yo paye tax, ak impo lokatif an Haiti.

Moura, Baker, e Simeus se 3 Neg Ayisyen, 2 ladan yo gen pô kle, lot la gen pô nwa.

Ki donk w panse ke KEP la te fet pou kinbe neg pô nwa e rejete neg pô kle yo?

Bouli w samble yon neg ki trè intelijan, min, rezon’man stipid e rasis sa yo fè ke w pedi kapasitè w pou fe yon pou jigman pasyel e ekitab.

Ki te’m kite w avek pawol Martin Luther King sa:

r
Pa gadè sou koulè pô yon moun pou pôtè yon jigman sou moun nan.
Gade pitô sou karaktè moun nan, sou zak ke moun nan f e nan sosiyete ke moun nan ap vin nan pou jije’l.


Mesiye Simeus se yon neg kap pran avantaj sou koule pô li, relasyon blan Repiblikin, zanmi biznisman sousè san, ap pran avantaj de klotu, lantouraj Constitisiyon peyi a ki fi’m kraze pou’l pran daso e paret tet li kom kandida.

Misiye kite peyi a depi 40 tan, li pa genyen pati politik, li pa paye tax ak impo lokatif.

Li paret brid sou kou, avek yon arogans, chapô cowboy li, like a comic character playing the race card, fe ti Ayisyen la sisin’n ak lajan.

Bon Ayisyen an, lajan pa fe'l mache!!

Ap di ke Si’m k’ap gran neg, w k’ap gran neg tou, kankou ke peyi a se yon biznis ke li ye.!!!

This sounds like an infomercial, a publicity stunt, a gimmick, a trick to us!!

And to summarize it in to a popular say: This is Bullsh*t!!!

[b
]Character, honesty, integrity, tolerance, compassion, love and respect for one another!!! Min sa peyi d'Ayiti bezwen!![/b]

Those should be our focal points!!!

Michel
Michel Nau*
 
Posts: 244
Joined: Thu Oct 07, 2004 4:48 pm

Postby Leonel Jean-Baptiste* » Wed Sep 28, 2005 2:46 pm

Michel, I am not trying to be on your case. But, what the hell are you talking about?

I am trying to find somewhere that Bouli mentioned what you've stated above. It seems you are the only one who can read between the lines...

You are simply amazing! You deliberately misquote anyone. A lot of the times you are reading someone thoughts, why?

YOu really need to stop, my friend.

I also heard that Mourra and Baker are also US Citizen. Now you came with this senseless thing about Nationality and Citizenshisp which is not relevant at all.

Like I've explained before. I am also a US citizen, but the Haitian Constitution does not allow me to VOTE. NOw, if it is proven that Mourra and Baker are also US citizen. Therefore, their candidacies arer wrong, like Mr Simeus. Do not draw any conclusion. Perhaps, Bouli wanted to say something else. You did not give him a chance to explain his point cause as always you 're ahea
d of the game.

Pran san w, my friend. Talking about MLK and skin color.

Dye your chicken, Man!

L'union fait la force

leonel
Leonel Jean-Baptiste*
 
Posts: 562
Joined: Fri Feb 20, 2004 7:57 am

Postby T-dodo » Wed Sep 28, 2005 7:14 pm

Michel Nau wrote: Afe sitwayente pa gen anyen pou we avek Simeus ki pran kane.
Mwen mem, mwen se sitwayen meriken, min paspô mwen makè Nationalite: Haiti, Race: Black.

Kamarad travay mwen, Mr. Jimbili N”Pakayo ki meriken memem jan avek mwen, Nationalite li se: Benin, Africa, Race: Black


Michel,

This description of nationality thing and color must be in the new US passport. Mine, the latest one issued in 2000, has:

Nationality/Nationalité
UNITED STATES OF AMERICA

Place of Birth/Lieu de Naissance
HAITI

My passport has no mention of race in it. I figure since my picture is there, perhaps there is no need to tell someone what it is. They just have to look at my picture. Could you tell me if it is just the new passports that have it. When was your passport issued?
T-dodo
 
Posts: 499
Joined: Wed Oct 20, 2004 8:32 pm

Postby MichelNau* » Wed Sep 28, 2005 9:47 pm

Jean Marie you are absolutely right!
Race classification is not mentioned in the US passport, and I apologize for overlooked it.

My place of birth in my US passport is listed, Haiti. Therefore the US immigration Service wouldn’t care if my color is black, marabou, grimo, or mulatto. I am still a Haitian first and a US citizen second.

I believe that Guy’s question is still remaining unanswered.

If both are US citizens, why Simeus and not Mourra??

We hope that someone from this forum or from the CEP could step forward and give us some light on this ambiguity.

Michel
MichelNau*
 
Posts: 283
Joined: Sat Sep 10, 2005 9:17 am

Postby Hyppolite » Thu Sep 29, 2005 8:17 am

Michel Nau writes:

Therefore the US immigration Service wouldn’t care if my color is black, marabou, grimo, or mulatto. I am still a Haitian first and a US citizen second.
:o
Michel, if you are marabou, grimo, or mulatto, you're still black bós papa. You make people laugh sometimes. A mulatto is a black person with a different skin color. If you don't believe me, ask African-American offspring of blacks and whites.

You just love to make people laugh :) :D
Hyppolite
 
Posts: 81
Joined: Wed Mar 17, 2004 12:39 pm

Postby Marilyn* » Thu Sep 29, 2005 8:51 am

I cannot let this one go by without a passing comment. Leonel, with the words below, you not only seem to have aced the English courses here at Ann Pale University; you now appear to be qualified for a teaching license.

When writing to Michel, you counseled:

Pran san w, my friend. Talking about MLK and skin color.

Dye your chicken, Man!


That is a doubly powerful statement, Leonel.

Not only are you suggesting to Michel to slow down a bit [die your chicken], but to change the color of his chicken [dye your chicken].

In the context of the current conversation, you got a lot of mileage out of changing one single letter.

Konpliman!


Marilyn
Marilyn*
 
Posts: 366
Joined: Mon Mar 17, 2003 2:42 pm

Teknoloji, politik, patryotism e souvrennte

Postby Marcien Toussaint* » Thu Sep 29, 2005 5:11 pm

Pandan tout alevini ap fèt sa yo, genyen pwen sa yo mwen kwè nou dwe pran an konsiderasyon

1o) Teknoloji pèmèt yon peyi konnen sa lòt peyi pa ta vle li konnen. Zafè Iltra Nasyonal ki genyen 2 paspò ann Ayiti pa mistè. Lè y ap pase nan areopò Pòtoprens, paspò Ayisyen pou Ayiti. Lè yo rive nan peyi yo, paspò peyi yo nan men yo. Se sa ki fè ke mwen menm, nan plan de Gouvènman we, zafè èspyonaj genyen plas li. Se pa ni foli, ni rèv oubyen resous tèlman peyi Dayiti ap genyen pou yon Gouvènman Ayisyen oblije envèsti nan èspyonaj, men se yon nesesite si nou vle pwoteje souvrennte nou vre e sitou garanti yon pwogrè konstan nan peyi nou kote destabilizasyon se yon zouti frajil akoz de limitasyon nou genyen e nan resous e nan teknoloji

2o) Politik-- Fujimori, ki sitwayen li te ye vre? Detèminasyon Iltra Nasyonal yo nan tout Lamerik Latinn pou pran pouvwa kote yo ye double sovajman. Pakonsekan, nou d
we atann nou aske de mwenzanmwens, peyi dorijin Mesye Dam sa yo deklare ouvètman depandan de sitiyasyon politik ki prezante sitwayen yo sitou lè yo tabli lontan nan peyi sa yo, e lè yo reprezante dèzeleman ki ka aktive e kontinye politik de depandans yo vle pou peyi sa yo.

Genyen anpil chans pou e Baker e Mourra se sitwayen Ameriken yo ye. Nou pa dwe atann nou ke Ameriken yo avwe sa pou nou. Protèktora pa posib pa referandòm, men genyen lòt mwayen kote se pliske protèktora Peyi Blan sa yo jwenn. E nou deja konnen ke tout peyi Blan sa yo ap atann yo antre yo pou depacha Ayiti ak Ayisyen pi byen.

3o) Patryotism--Nivo patryotism nan yon peyi pa chita sèlman nan evoke listwa. Li chita nan detèminasyon tout gwoup sosyal anndan peyi sa pou yon jwenn yon konsansis pou balanse enterè yo anndan peyi a pandan y ap asire pwogrè, jistis e egalite pou tout moun. Osilontanke lit entènal ap dire, patryotism vinn chita odezyèm plan pou fè plas a sivi keseswa sou le plan endividyèl oubyen kolèktif. Nan ka peyi
Dayiti, li pli grav nan sanske ke divizyon an tonbe nan sòvkipe kote nou pa fonksyone ankò menm onivo de gwoup jiske yon moun ka mansyone peyi.

4o) Souvrennte--a) Sèl kout fizil ke Pierre Sully te tire pandan envazyon Ameriken an b) Salouwe bato Alman an ak 21 kout fizi ki fè Mevs, Vob, Widmaer anpenpan toujou nan peyi Dayiti c)
Siyen Konkòda de Damyen an kite yon ak imilyan byenke byen entansyone d) peye Franse yo pou rekonèt Endepandans nou

Tout sa yo ofisyalize kapitilasyon peyi Dayiti nan yon fason mangonmen tèlman ke menm pèt vi an we oubyen nenpòt patryòt Ayisyen ka parèt initil. Demenmke Ameriken konprann trèbyen ke libète mande pou yo toujou pare pou defann li e pwoteje li, enbyen se menm jan tou lit nou pou pwoteje souvrennte peyi Dayiti se yon lit ki pap janm fini toutotan ke pèsèpsyon ak manipilasyon pouvwa sou latè beni rete osi primitiv e babarik.

Elèksyon sa yo k ap fèt la, yo pap fèt pou sove peyi Dayiti oubyen pèp Ayisyen, y ap fèt pou ofisyalize innfwadepli depandans
peyi Dayiti de Lèzetazini ak lòt peyi Blan yo.
Ke kèk nan sitwayen yo k ap viv depi lontan sou tè peyi Dayiti nan jounen jodiya poze kandidati yo e ke kèk nan yo arive gen kanè egselans yo nan men Konsèy Elèktoral la pa dwe siprann nou ditou.

Adjova.
Marcien Toussaint*
 
Posts: 168
Joined: Mon Feb 14, 2005 1:26 pm

Postby Bouli* » Thu Sep 29, 2005 9:01 pm

Mèsi Leonel. Mèsi Jean Marie. Michel leve ayè, li chwazi you moun sou lis lan poul joure. Kifè se sa-l bliye l’pa di-m. Antouka m’swete misye swiv konsèy nou pou-l dye chicken li. Si Michel te kwè nan sa li wè li pa ta panse li ka chwazi lòt koulè toujou pou chicken li. Mèsi Hypolitte, di misye sa you lòt fwa pou mwen
Hypolitte di
Michel, if you are marabou, grimo, or mulatto, you're still black bós papa.

Tout joure ou tande an, men sa Michel te vle di li vle pou Ayiti wi
Character, honesty, integrity, tolerance, compassion, love and respect for one another!!! Min sa peyi d'Ayiti bezwen!!

Pa kite legliz katolik tande you kandida pou prezidan ta gen tout kalite sa yo pou li pa ta eskominye-l.

Si bann kandida etranje oubyen tradisyonèl yo ki vle prezidan peyi an te gen youn nan kalite Michel site yo, Ayiti pa ta janm nan kalfou li ye jodi an. Pi gwo
pwoblèm mwen wè, se kijan magouyè entènasyonal yo pral vòlè eleksyon yo devan pèp je kale sa-a?

Noumenm ki vin tounen etranje tou ka jwe wòl pa nou pou ede sipèvize eleksyon yo epi vin pataje eksperyans lan ak rès dyaspora tankou Guy te fè nan dènye eleksyon yo.
Bouli*
 
Posts: 175
Joined: Fri Mar 21, 2003 1:16 pm

Postby Michel Nau* » Fri Sep 30, 2005 12:38 pm

Bouli ekri :
Mèsi Leonel. Mèsi Jean Marie. Michel leve ayè, li chwazi you moun sou lis lan poul joure. Kifè se sa-l bliye l’pa di-m.
Bouli e tout lot mamb yo si mwen di yon bagay ki estomake nou se pa pa’r mechanstè ou byen disrespek, se fristwasyon avek emosiyon ki fe sa.
Ki donk, eskize mwen, e nou pa bezouyen fache pou sa.
Nou tout se fre devan la nasiyon e devan l’Etenel.

Bouli ekri :
Noumenm ki vin tounen etranje tou ka jwe wòl pa nou pou ede sipèvize eleksyon yo epi vin pataje eksperyans lan ak rès dyaspora tankou Guy te fè nan dènye eleksyon yo.

Bouli Kote ki gen chen’n pa gen kou.

Gade mwen ki direkte e responsab biro vot nan zon’n kote ke mwen viv nan Gaithersburg, Maryland. Mwen organize eleksiyon presidansyel e senate e elatrye an pliziye fwa. Le 8 Novamb kap vini la, mwen pral oganize eleksiyon pou « maire » nan zon’n nan.

Mwen ta
remin fe memm bagay sa yo an Ayiti.
Min, la verite ke’m nap pataje avek nou, se ke : Mwen pè epôq eleksiyon an Haiti. Mwen pè kou chat ki wè dlô frèt.

Fôk mwen ta pran yon lôt asirans de vi ki pou kouvri’ m pandan epôg dangerez sa.(High risk insurance for hardship location).

Mwen genyen yon kôchma ke bagay ki pètè nan Ruelle Vaillant sa k’ap rèpètè nan ninpôt kôtè nan peyi d’Haiti.

La police e MINUSTAH pa garanti sekiritè tout moun a 100 pou 100.

Si malfètè yo itilizè za’m blanch konkou manchet, koutô, e baton, la police e MINUSTAH pap kap tande kout za’m sa yo e anpil moun kap gen tan mouri anvan ke la police paret.

Mwen ta souyetè ke leta voyè yon mesaj solid by malfetè yo pou di yo kitè pep la egzèsè dwa politik e konstitisiyonel li.

E si yon malfètè komet yon zak kriminel kont yon sitwayen inosan k’al egzese dwa politik e konstitisiyonel li, malfete sa fet pou li alè nan prizon tou dwat e publikman fet pou denonsè moun sa yo ki vo
ye’l al komet zak kriminel sa.

Bagay eleksyon sa tro impotan pou nou pran li a la leje'r.

Se fiti'r tout 8 million kretiyen vivan Ayisiyen ki pandiyè nan ballot yo.

An nou kenbè la avek yo e pa kitè yo tombè!!!


Michel
Michel Nau*
 
Posts: 244
Joined: Thu Oct 07, 2004 4:48 pm


Return to The Coup

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron