Kèk opinyon sou zafè kwayans ak relijyon

Stipidite

Postby YawAbobo » Fri Apr 30, 2004 7:53 pm

Bagay legliz catholik, pwotestan, mizilman, jidaism, temwen jehovah, tout bagay sa yo se stipidite yo ye paske yo devlope pa pèp ki stipid, ki pa konn anyen nan Bon dye.

Pou yo bon Dye se gason, e moun ki gen pi gro spiritialite se gason.....hhhhhmmmmmm.... ele treke pepe.....

Si ou pa konvèti nan relijyon pa yo w'ap ale an anfè sèten..............hhhhmmmmmm.... wololoy....

Tout spiritialite ki pa menm ak yo, se dyab y'ap adore.............wifouuuuuuuutt..........

Bon, se pa de ri mwen ri lè mwen li mesaj nan pòs sa a.

Pou mwen menm, m'ap di nou vre, lè mwen li liv D'Amdouat (Livre des morts Egyptien), lè m'ap li Teks Piramid yo, mwen santi'm tèlman byen, tout sa la bib, koran ak torah, ansanm di pa ka parêt devan tèks Kemet sa yo, ki pi gran moun lontan pase yo (2500 lane).

Se sa'k fè mwen pito chèche la verite nan spirityalite ki desan dirèk de Kemet : Vodou.

Kidonk, nanm mwen pèdi nèt ! pa
sa ?

loooooool

Yaw Abobo.
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am

Presiyon

Postby YawAbobo » Sat May 01, 2004 9:25 am

Mwen vle presize ke lè mwen di ke mwen ri lè'm li mesaj ki nan pòs sa a, sa pa vle di ke mwen pase yo nan tenten. Sa vle di ke mwen ri tou kou. Pa te gen anyen de pejoratif nan sa mwen di a.

Respè,

Yaw Abobo.
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am

Postby Jonas » Sun May 02, 2004 8:58 am

Kèk opinyon ""mèt a mannyòk"" sou zafè kwayans ak relijyon. Na pran yo pou sa yo vo.

<hr>// The day will come, when the mystical generation of Jesus, by the supreme being as his father in the womb of a virgin, will be classed with the fable of the generation of Minerva in the brain of Jupiter. //
Thomas Jefferson in a letter to John Adams April 11, 1823

<hr>// I cannot imagine a God who rewards and punishes the objects of his creation, whose purposes are modeled after our own--a God in short who is but a reflection of human frailty. Neither can I believe that the individual survives the death of his body, although feeble souls harbor such thoughts through fear or ridiculous egotism. //
Albert Einstein in a New York times Commentary Nov 9,1930

<hr>
// I cannot see how a man of any degree of humorous perception can ever be religious--unless he purposely shut the eyes of his mind and keep shut them by force. //
Mark Twain - Notebooks and Journals

<hr>
// All national institutions of churches, whether Jewish, Christian or Turkish, appear to me no other than human inventions, set up to terrify and enslave mankind, and monopolize power and profit. //
Thomas Paine - The Age Of Reason (1794)

<hr>
// I cannot believe in the immortality of the soul... No all this talk of an existence for us, as individuals, beyond the grave is wrong. It is born of our tenacity of life--our desire to go on living--our dread of coming to an end. //
Thomas Edison in an interview to the New York Times-1910

<hr>
// Christianity is the most ridiculous, the most absurd and bloody religion that has ever infected the World. //
Voltaire in a letter to Frederick the Great.

<hr>
// Say what you will about the sweet miracle of unquestioning faith, I consider a capacity for it terrifying and absolutely vile. //
Kurt Vonnegut

<hr>
// There is something feeble and a little contemptible about a man who cannot face the perils of life without the help of comfortable myths. Almost inevitably, some part of him is aware that they are myths, and that he believes them only because they are comforting. But he dares not face this thought. Moreover, since he is aware, however dimly, that his opinions are not rational, he becomes furious when they are disputed. //
Bertrand Russell - Has religion made useful contributions to Civilization-essay, 1930.

<hr>
// The mystery of the beginning of all things is insoluble by us, and I for one, must be content to remain an agnostic. //
Charles Darwin

<hr>
Jonas
 
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Jonas

Postby YawAbobo » Sun May 02, 2004 9:43 am

Bonjou Jonas.

Ou ekri :

"I cannot believe in the immortality of the soul... No all this talk of an existence for us, as individuals, beyond the grave is wrong. It is born of our tenacity of life--our desire to go on living--our dread of coming to an end. //
Thomas Edison in an interview to the New York Times-1910 "

Sa ou panse pèsonèlam de sa frè mwen. Imòtalite nanm se youn konsep ki a la baz preske totalite sistèm relijie, sprityèl nan le monn. Mwen ta renmen nou tanmen youn diskisyon sou sijè sa a.

Respè,

Yaw Abobo.
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am

Postby Jonas » Sun May 02, 2004 12:02 pm

Yaw,
Frè m, yon diskisyon ant yon moun ki kwè ak yon moun ki pa kwè preske inposib.
Mwen ensiste sou mo kwè an.
Ou pa ka pwouve m ke gen yon la vi apre lanmò.
Ou mèt fè sa ou vle, ou pa ka pwouve l.
Toutotan, yo pa ka pwouve m, ke sa egziste, pou mwen se pèdi tan.
Jiska pwèv di kontrè, pou mwen sa pa egziste.
Jonas
 
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Jonas

Postby YawAbobo » Mon May 03, 2004 12:47 am

Frè'm.

Mwen kontan ou reponn mwen. Jisteman, mwen vle pote diskisyon an sou domen syantifik, (sosyolojik, filozofik).

Konsèp lavi apre lanmò, imòtalite nanm se bagay nou paka prouve, ou di mwens nou paka prouve ak mwayen syantifik nou genyen jounen jodi a. Nou dakò.

Men an nou reflechi sou enpak konsèp sa genyen sou moun ak sou sosyete. N'ap tanmen diskisyon an presizeman sou sosyete ayisyen an, ak afriken yo an patikilye. Nou konnen ke sosyete nèg nwè kwayan anpil, e nou konnen ke prinsip imòtalite nanm nan aprè lanmò se li ki a la baz tout relijion ak spirityalite nou yo.

Kidonk, nou dwe poze tèt nou kèk kesyon, menm si nou kwayan ou non, paske bagay lavi apre lanmò se manman lide sosyete nou yo, e nou pa kapab mete li sou kote si nou vle analize sosyete afriken ak ayisyen nou yo, e chanje sa'k dwe chanje sizoka.

Men kèk kesyon nou dwe poze tèt nou :

- Ki jan nou konsevwa nanm nou ?

- Ki diferan ma
nnye nèg nwè konsevwa imòtalite nanm nan ?

- Ki sa ki bon ak ki sa ki pa bon pou sosyete nou yo nan zafè fason nou wè lavi apre lanmò.

Gen anpil lòt kesyon ki genyen pou analize, men mwen pa genyen yo nan tèt mwen kounye a. NOu gen dwa lonje lis la.

Nou pap tanmen pale sou la fwa, jan ou di, li pa gen sans e li initil. Sa mwen vle soulve se youn refleksyon serye tèt poze sou zafè jan nèg nwè konsevwa la vi, lanmò, nanm, e ki enpak konsepsyon sa yo genyen sou sosyete nou yo, ki jan yo ka ede nou jounen jodi a, e ki sa ki merite chanje pou nou vanse pi douvan si ta gen nesesite sa a.

Bon m'ap tounen sèten sou sijè sa a, paske li kenbe'm ak kè : sprityalite ( donk kosmogoni, filozofi) se gro bon anj chak pèp. e nou dwe tanmen youn analiz syantifik de fenomen sa yo nan mitan pèp nou an, e pou pèp nou an.

M'espere n'a kontinye koze a, e ke lòt moun ap pote kole ak nou.

N'a pale.

Yaw Abobo.
YawAbobo
 
Posts: 44
Joined: Tue Feb 03, 2004 12:45 am

Postby jafrikayiti* » Mon May 03, 2004 2:30 pm

Onè kanmarad,

2 mo rapid pou mwen di nou sijè sa a enterese m anpil. Men, malerezman nou soulve kesyon sa yo nan yon moman kote y ap toumante bil mwen ak deplasman adwat agoch nan travay mwen. Kidonk, mwen pa p ka patisipe jan mwen ta vle a.

Men, mwen ap toujou chèche pran yon jòf detanzantan.

Mwen sispèk dènye mesaj Marilyn fenk pale nou de li a (diskou Farrakhan nan) se kichoy ki ta enterese m anpil pou nou ta brase lide sou li. Antouka, fok mwen ale...n a pale.

Jaf
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm


Return to Religion

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron