Guysanto wrote:Mwenmenm se kèk konjekti syantifik mwen te vle eksplore (menmsi yo fantezis pou jounen jodi a), atravè zouti manipilasyon jenetik lasyans pral mete nan dispozisyon mèt laboratwa yo, kit nou vle sa, kit nou pa vle sa.
jmflorestal wrote:...Are you implying that HUMAN ATTITUDE is a learned behavior only and that it is outside of genetics control? Gelin, I need your help to fight Guy on that one!
MC wrote:mwen wè nan pawOl anpil nan nou, ke nou ap fantazme sou fanm ki reyisi yon fason osnon yon lOt
yon fanm ki gen cham Emeline Michel k ap chante "tankou oun melodi" sou kwis ou pandan l ap pase men nan cheve ou, k ap jwe "cat woman" devan ou tankou Halle Berry...
k ap fè bèl literati tankou Edwige Danticat, k ap boloze nan grinbak tankou Oprah
Jean-Marie wrote:Bondye te di: "Tu enfanteras dans la douleur." Gen lè se Bondye ou vle ye, Guy, pou vle change ekzakteman sal pat vle yo.
Jean-Marie wrote:Se sak fè mwen menm m te mete bagay pou fè moun ri, lè m utilize tout "cliché" ki te genyen lan djakout mwen. Se domaj gen de moun ki pat ri!
Kant a politik madan m nou sou fowòm lan, si m te nou, m ta evite sijè sa e pote yon ti flè choublak pou li pito lè m sot travay demen.
Shelony wrote:Eskize m wi Guy. Se pa pou ou m vini non. Mwen te selman vle di koman mwen we chanjman jenetik ka koze anpil problem. Si se maladi nap elimine nan fabrikasyon moun pafe a, petet sa ka pa osi difisil men si se you pwosesis fizyolojik ki mare a fonksyonman nou, sa ka difisil anpil paske anpil bagay nan ko mare ansanm. Chanje youn se deranje lot la.
Shelony wrote:Dapre fizyoloji, se you pwosesis omonal ki fe règ la vini e ki fe li pa vini. Mwen panse, fòk enjenyè jenetik la ta konsilte kèk fizyolojis ak patolojis pou konnen eske lè andometriyòm lan pa chanje pandan lontan si pa gen risk kansè. Mwen sonje you profesè ki di ke you fi ki pa ansent ou ki pa fè menopoz oubyen ki pap pran medikaman pou l pa fè pitit dwe gen règ li pou pi piti kat fwa pa ane pou andometriyòm li pa vin tro pwès e li pa vin devlope sa yo rele "hyperplasia" ak "displasia" ki ka mennen "carcinoma". Si you fi pa vle ovile, fok li kenbe estwojèn li a you nivo pou "FSH" ak "LH" rete ba anpil nan san li. E twòp estwojèn pandan lontan ka fè andometriyòm nan devlope "hyperplasia" ke nou pale pi wo a.
...mwen wè chanjman jenetik ka koze anpil pwoblèm. Si se maladi nap elimine nan fabrikasyon moun pafè a, petèt sa ka pa osi difisil men si se you pwosesis fizyolojik ki mare a fonksyònman nou, sa ka difisil
anpil paske anpil bagay nan kò mare ansanm. Chanje youn se deranje lòt la.
Guysanto wrote:Nèg la ki pa anvi fè pitit la menm, ansanm ak yon fanm ki pa vle fè pitit nonplis (petèt yo fè deja, petèt yo pa janm fè) yo nan tèt jwèt yo tou. Lò sa yo kapab jwi entimite yo san yo pa janm bezwen pè okenn aksidan (***)e pi, pi lwen HE wrote:A sipoze sa mwen di a te kab fèt, sètadi fanm ta ovile sèlman lò yo anvi fè pitit, pwen bar. A sipoze tou, enjenyè jenetik yo kapab minimize tout move enpak biyolojik ou fè referans a yo a, sètadi yo kapab kontrekare tout chans pou displasia, hyperplasia, ak carcinoma ta devlope nan kò fanm lan difèt ke yo elimine regilarite règ li. Kounyè a, èske nou pa panse sa kapab gen dè konsekans demografik ki ta ekstraòdinè tou pou tout limanite?
Antouka, Shelony, gen ANPIL bagay ki ekri deja nan domèn lasyans ak teknoloji sou fowòm lan, e m espere ou li tout deja! Mwen ekri anpil sou yo. Konsa, ou va jije si se dèyè djòb "Bondye" a mwen ye tout bon. Dayè, se li ki te ban mwen djòb la lò "li kreye mwen a son imaj!!!" E kòm Bondye pafè, li pa kapab komèt okenn erè. Kidonk, ann chache pran "djòb" la o serye... se li ki ban nou pouvwa sa (pa vre?)
Nou kapab rete nan chante kantik epi lapriyè byen fò. Epi kondane tout demach syantifik, san nou pa bezwen reflechi sou yo. Mèt laboratwa yo va rete nan wòl yo...[/quote:
e56a69dbe8]
Mwen li pi fò nan entèvansyon sa yo e mwen kwè ke Bondye pa ban nou you sèvo konsa pou nou kite l san travay. Mwen se kretyen, mwen kwè nan Bondye; Mwen chante ak priye anpil. men sa pa anpeche m apresye devlòpman syantifik yo. Remake ke Bondye pa m nan pa nan gimè (mwen li diskisyon sou relijyon yo tou). Antouka mwen panse lè Jean-Marie te mande w si se dèyè dyòb la ou ye a, li tap jwe toujou. Li avwe l nan dènye entèvansyon an.
Pou retounen sou zafè devlòpman lasyans ap fè ak konsekans yo, mwen sonje nan klas filo an Ayiti, profesè filozofi a te pale sou relasyon filozofi, lasyans ak teknoloji. Si teknoloji la pou l materyalize sa lasyans envante ou dekouvri, se ta travay filozòf yo pou yo veye jan sa ap fèt e rele byen fò lè sa ta vle pran you move direksyon. Se konsa sijè a te devlope nan klas la.
Mwen panse chak moun sou latè ta dwe aji tankou you filozòf pou kesyone sa lasyans ak teknoloji ap fè.
Gen bagay ki devlope ki pa fè lòt bagay ke detwi e mwen man
de pou ki sa yo fè yo. Si nou pran egzanp Zam tankou ou te mansyone bonm atomik ki te lage nan Iroshima ak Nagasaki. Pi pre noumenm nou jwenn zam ki kòz anpil timoun inosan nan Irak mouri pandan gè sa a.
"Nou" devlope Zam atomik, Zam nikleyè e menm Zam biyolojik. Nan kèk gè pase, maladi te konn jwe gwo wòl lè l tonbe sou you kan e li pa tèlman afekte lòt kan an. Kòm "entelijan", "nou" wè li bon pou nou ta eksplwate sa e itilize kèk gwo jèm maladi ki pa tèlman egziste ankò (vaksen ak medikaman gen dwa pa menm egziste pou yo ankò) pou "nou" touye kèk moun parèy "nou" ki rele enmi. Sa mwen kwè se lasyans nan move direksyon.Nan 21èm syèk la, nou pase nan yon vitès siperyè, e anpil moun poko konprann sa. Ou gen dwa pran 2 ze fekonde (sètadi 2 jèm lavi ki ta pou pwodui 2 endividi) epi fonn yo nan yon sèl selil, kote se yon endividi konpoze men inik ki devlope (deux personnes dans un seul petit dieu?) Relaks! Yo poko fè eksperyans sa ak lòm, men yo deja reyisi l avèk sourit! Y
on grenn sourit gen dwa gen 2 papa, 2 manman. Pyèsmoun pa di anyen, paske pyèsmoun pa konnen eksperyans sa yo ap fèt, e anpil ladan yo reyalize deja nan laboratwa ak espès nou tout konsidere kòm espès enferyè a lòm. Men tou pa lòm ap vini tou!
Mwen ta renmen konnen ki bi rechèch sa yo e ki lajan ki finanse yo (lajan taks?) paske mwen pa wè sa you moun ap chache nan you endividi ki ken 2 manman, 2 papa. Sak pase nwayo ze yo lè yo fin fonn ansanm? kwomozòm yo melanje ou non?Antouka, Shelony, si ou jete yon bemòl sou koze mwen tap di yo, mwen byen kontan e fòk nou ta ale pi lwen toujou! Wout mwen vle trase a, men li: 1) Ki jan nou panse lasyans kab rive chanje lòm ak eksperyans syantifik biyolojik ki kòmanse fèt deja? 2) Men ki konsekans eksperyans sa yo kapab pote? 3) Ki sa pou nou pousuiv, ki sa pou nou pa pousuiv ("en connaissance de cause") ?
jafrikayiti wrote:...Sa mwen ta konsidere yon "ideyal" pou tèt mwen jodi a, pa nesesèman sa mwen ta va konsidere ideyal nan 10 lane...
Epi tou, yon lòt konsiderasyon sou koze Leonel la, men li: Si yon fanm toujou sou sa, se nèg la ki gen pou li mande padon byen vit. Paske, fanm gen plis stamina seksyèl pase gason. Lò gason an rive yon pwen li pa kapab ankò, fanm lan menm gen dwa kontinye nan jwisans li pou sizèdtan (6) ankò. Kidonk, men konsèy mwen pou medam yo (e patikilyèman pou madanm Leonel) : Lò gason an ap plenyen nou pa vle ba li ase ..., e byen fèmen bouch li. Ba li jiskaske se li menm ki mande padon. Lò li fini, di "O cheri, se apèn mwen kòmanse sou sa!" Konsa, ou va jwenn bout li. [Leonel, wa gentan konn Joj!]
guysanto wrote:...se sèlman lò nou gen kouraj pou nou avwe lide nou sou lapèfèksyon ke nou kapab gade lide sa yo anba loup etik ak filozofi.
Eske yon fanm ki 100% dosil se yon fanm pafè li ye? Gen de kilti ki di "Wi"...
guysanto wrote:...Mwen gen konsyans laplipa moun pap rantre nan yon diskisyon konsa, paske yo pè ke si yo bay konsepsyon pa yo sou lapèfeksyon, lòt moun ap jwenn okazyon pou <B>ridikilize</B> yo. Yo pito pa pale, konsa yo rete PAFÈ. Pafè, paske pyèsmoun pa kab <B>kontredi</B> yo, men tou pafètman initil nan pwovoke rezònman ki kapab itil pou tout moun.
Gelin wrote:Kidonk pou yon fanm pafè fòk li pa yon gason, fòk li konnen li pa yon gason ni fò l pa eseye tounen youn tou, sa vle di fòk li anbrase tout aspè nan vi l ke lanati ba li kom fanm epi renmen kalite sa yo.
guysanto wrote:...Men mwen rete kwè ke menm si konsepsyon nou sou lapèfeksyon nesesèman enpafè (paske mwen premye rekonèt ke nou tout se èt enpafè), mwen rete kwè kanmenm ke nou tout gen yon sans de lapèfeksyon.
guysanto wrote:Ki lè ou konsidere yon fanm tankou yon gason???
guysanto wrote:...Men sepandan, lò ou di:ou pase lan yon nivo siperyè la. Mwen pa kwè ou vle di fòk fanm pa chanje sèks yo biyolojikman. Fòk se yon lòt bagay ou gen nan tèt ou lè ou di sa.
- "pou yon fanm pafè fòk li pa yon gason..."
- "fòk li konnen li pa gason..."
- "fò l pa eseye tounen youn tou..."
- "fòk li anbrase tout aspè nan vi l ke lanati ba li kom fanm epi renmen kalite sa yo..."
Guysanto wrote:Nèg Plato Santral se nèg ki konn naje pou soti wi!
Users browsing this forum: No registered users and 1 guest