Kounye a lakonesans lèzòm akimile depi dikdantan (Lasyans) pa menm mande pou nou pèdi tan ap diskite ak rasis ki kontinye ap fè konprann gen yon dividal diferans jenetik ant popilasyon moun ki epapiye toupatou sou latè. Li klè nou tout se menm ras la nou ye: “moun”. Poudayè koze moun nwa, moun blan, moun wouj la se radòt. Koulè po moun varye ant wòz pal epi mawon fonse – tou selon kantite polimè «melanin» moun nan genyen anndan po li. Melanin sa a, se kichòy ki pwoteje nou pou anpeche pisans limyè solèy la depatya nou ak kansè po. Se melanin ki bay Afriken parèy nou yo bèl ti koulè grenn kakawo nou genyen an. Nou gen plis “melanin” pase frè Ewopeyen nou yo paske istorikman palan, zansèt nou yo te toujou viv kote pisans limyè solèy la pi fò (peyi cho) kidonk, kote moun
plis bezwen melanin pou pwoteje yo. Konsa tou, nou gen nen pi laj ak bouch pi epè ki adapte touskilfo ak anviwonman kote nou viv la. Parekzanp: se blan Ewopeyen, ki vòlè tè premye pèp Ostralyen po fonse yo, ki soufri plis maladi kansè po sou latè beni, paske blan Ewopeyen sa yo pa gen ase melanin pou yo ta viv nan yon teritwa kote pisans solèy la fò konsa.
Kidonk, nan sans istorik nou kapab pale osijè pèp Ewopeyen, pèp Afriken elatriye men pou koze moun nwa, moun blan an se pa kichòy ki gen okenn baz syantifik. Se pa paske lèzòm adopte yon konvansyon nan mannyè yo pale ki fè yon malatyong sipoze tounen yon reyalite. Sa ki sa, ap rete sa, kit moun kwè sa ou pa. Parekzanp: tankou nou te mansyone sa okòmansman (Chapit 1), gen moun ki kwè nan ekzistans Bondye, gen moun ki pa kwè nan ekzistans Bondye. Men, kwè osnon pa kwè lèzòm pa kapab afekte si wi ou non Bondye ekziste. Konsa tou, depi Bondye ekziste, otomaktikman tout moun se pitit Bondye. Kit nou okouran, kit nou pa okouran.
Relijyon Krisya
nis la limenm vini ak yon pakèt kategori li defini kòm: “Pèp Bondye chwazi”, “Pitit lèzom”, “Pitit Satan” (anpasan, Satan sa a limenm se yon pèsonaj ki ta merite nou pale plis sou kreyasyon li nan imajinasyon lèzòm - Men, sa se koze pou yon lòt liv), “Lemonn”, “Legliz”, “Moun ki sove”, “Moun ki chite”…elatriye. Pou noumenm, tout sa se radòt! Nou di: viv Bondye, viv tout pitit Bondye yo! Aba tout radòt lèzòm kreye pou simaye lazizani nan limanite.
Divers travaux de spécialistes (entre autres les Français J.P. Chrétien, D. Franche, Cl. Vidal) montrent bien la part principale prise par les missionnaires chrétiens dans l'officialisation et l'enseignement de mythes raciaux d'origine biblique, ceci tout au long de l'époque coloniale et de la période de l'indépendance, sans parler de la participation directe de certains prêtres à des actes de génocide.
Charles de Lespinay, Les Eglises et le Génocide dans la région des Grands Lacs est-a
fricains, 2000
Nan kèk liy ki pibliye sou entènèt la osijè liv listwaryen Charles de Lespinay lan, nou wè aklè se grenn ladivizyon legliz kolon Ewopeyen yo plante nan teritwa pèp Outou ak pèp Toutsi, sou kontinan Lafrik depi alepòk lakoloni rive jouk kounye a, ki pouse jouk li kale kokennchenn masak jenosid ki te rive nan peyi Wannda, nan ane 1994 la.
Gen moun ki di masak tankou sa ki rive Wannda nan ane 1994 la, osnon sansinay sèk relijye tankou People’s Temple nan Lagiyan nan ane 1970 yo, osnon nan peyi Ougannda nan ane 2000 lan, se pa danje ki menase Ayiti. Poutan nou chaje ak tout kalite sèk relijye rasis anti Afriken ki ap paweze lib-e-libè nan peyi nou. Laplipa nan sèk relijye sa yo gen yon sèl lide yo ap pwopaje nan lespri Ayisyen: Se nòmal pou noumenm nèg Afriken nou soufri epi aksepte soufrans nan lavi sa a paske grasadye, “Kontra latè pral fini” - gen yon lòt lavi kote nèg pral viv alèz tankou blan. Nou pa abitye tande refleksyon sa yo?
Nou pa abitye rankontre Ayisyen Mòmon?
Konbyen Ayisyen Mòmon ki okouran, se senpman nan ane 1978 sèk Kretyen blan Etazinyen sa a, aksepte pou moun nwa òdone pastè nan pami yo?
Èske ou konnen ki rezon yo te bay pou mete gason (fanm menm se bliye sa!) nwa kanpe lwen?
Fè yon ti lekti, sa pap pete je ou:
Cain slew his brother... and the Lord put a mark upon him, which is the flat nose and black skin.. ..How long is that race to endure the dreadful curse that is upon them? That curse will remain upon them, and they never can hold the Priesthood or share in it until all the other descendants of Adam have received the promises and enjoyed the blessings of the Priesthood and the keys thereof. Until the last ones of the residue of Adam's children are brought up to that favourable position, the children of Cain cannot receive the first ordinances of the Priesthood." (Journal of Discourses, Vol.7, pp. 290-291)
Nou ranmase tèks sa a
sou entènèt, nan yon atik Jerald ak Sandra Tanner ki pote tit: Death of the Anti-Black Doctrine. Nou ka jwenn li tou nan jounal The Salt Lake City Messenger, No. 41, Desanm 1979.
Men tradiksyon nou bay pou li:
Kayen te sasinen frè li… epi Seyè a mete yon mak sou li, ki se nen plat epi po nwa…Jiskilè ras sa a gen pou yo sipòte michan madichon sa a ki tonbe sou li a? Madichon an la pou li rete sou yo, epi yo pap janm gendwa pran grad Pastè oudimwens jwi yon pati nan grad sa a, toutotan tout lòt desandan Adan yo poko resevwa promès yo epi jwi benediksyon grad Pastè a epi jwenn kle grad sa a. Toutotan dènye nan dènye rès pitit Adan yo pa rive jwenn men pou yo jwi yon pozisyon favorab, pitit Kayen yo pa gen dwa resevwa pa menm premye ti grad yo nan zafè Pastè.
Sou fèy papye, blan alatèt legliz Mòmon yo chanje règleman rasis anti-Afriken sa a, depi nan ane 1978. Men, èske ou kwè yo chanje kwayans tout bon vre? Oudimwens èske s
e adapte yo adapte yo demannyè pou yo ka kontinye anvayi peyi pèp Afriken yo pi byen, pi dous?
Anverite, toutotan moun serye pa leve kanpe toupatou sou latè kont pwazon ladivizyon relijyon ap simayen nan pami lèzòm, nou fenk koumanse anrejistre move zak nan listwa limanite. Epi, lè konsa se pa yon ti ekstraterès po nwa, je, kòn ak ke wouj ki rele “Satan” ki responsab. Se lachte kèk moun ki montre yo pa alawotè konfyans Bondye mete nan noumenm, pitit li, jeran latè ak lanati, gadyen frè ak sè nou yo atravè limanite – se noumenm menm ki lakòz!
Ti moso nan liv "Viv Bondye, Aba Relijyon" ki pibliye nan ane 2000.
