Amizman #6

Amizman #6

Postby guysanto* » Thu Aug 07, 2003 9:22 am

<blockquote><p align=justify>Nivo difikilte Amizman #5 ak Amizman #6 se 1 grenn pistach sèlman, paske Pwofesè a sipoze nou tout li e konprann Amizman #4 la ak tout diskisyon ki te fèt sou li.
<b>
Imajine w yon bato nan mitan yon lak. Bato a chaje ak barik LUIL, men ti bato a chaje twòp, li menase pou l koule. Kapitèn lan soti pè, li deside pou li vide mwatye nan barik yo nan lak la, kidonk lò li fin fè sa, mwatye nan barik yo vid mwatye nan barik yo plen. Kesyon an se, apre Kapitèn lan fini ak operasyon sa, eske nivo lak la monte oswa li desann oswa li rete nan menm nivo.
Last edited by guysanto* on Wed Jul 21, 2004 5:51 pm, edited 1 time in total.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

amizman 6

Postby Jack S » Tue Aug 19, 2003 3:03 pm

Mwen te fe menm eksperimen anko, an itilizan luil kwisine olye luil moto pou evite fe fatra nan anviwonnman-nan (pou sa-a mwen merite omwens yon demi pwen!), e nivo pat chanje! Kom mwen di deja, fisik pa metye -m, men mwen konnen nenpot jan luil pa kap melanje tet-li ak dlo, byenke toulede likid, luil gen mwens dansite pase dlo, luil wete anle dlo san melanje ko-li avek dlo. Kapiten-nan jete volim luil ki te nan barik-yo nan lak, bato pis leje san pwa luil, bato pap deplase pwa luil ki te nan barik-yo, men menm pwa luil tankou menm volim luil anle dlo koulye-a, kidonk tout bagay egal ego, e nivo dlo lak wete menm.
Jack S
 
Posts: 10
Joined: Wed Jun 04, 2003 5:07 pm

Postby guysanto* » Thu Aug 21, 2003 2:16 am

<b><blockquote><p align=justify>
Jack, souple, mwen ta renmen w repete eksperyans laboratwa ou te fè a pou dènye ka sa, epi obsève rezilta yo rigourezman. Paske sa ou obsève a pa kadre ak teyori a. Men mwen kwè gen yon ti konfizyon ki vin rantre lò nou pale de "nivo lak" la nan amizman #4, #5, ak #6. Te m esplike:

Lò mwen mande ki efè aksyon kaptenn bato a gen sou "nivo lak la", mwen vle di nivo total lak la, sètadi wotè dlo a rive nan amizman #4 ak #5, oswa wotè luil la rive nan amizman #6, paske jan nou kab atann nou, luil la pral flote sou dlo a. Kidonk nan dènye pwoblèm lan, "nivo lak" la se nivo total melanj dlo ak luil la, e pa konsekan wotè luil la rive (piske luil la vin chita sou dlo a).

Ki sa teyori ki chita sou prensip Mèt Achimèd la prevwa?

1) Nan amizman #4, wòch yo koule nan fon lak la, paske dansite molekilè wòch yo PI FÒ pase dansite mol
ekilè dlo
ki nan lak la. Rezilta: Nivo dlo a desann.

(Mwen kwè sa ale alankont entuisyon majorite moun, men reli tout diskisyon nou fè sou amizman #4 la, epi n ap rive konprann pafètman pou ki sa nivo lak la gen pou li bese.)

2) Nan amizman #5, dlo ki te nan barik yo se menm ak dlo lak la, yo gen menm dansite molekilè. Rezilta: Nivo lak la pa monte ni desann, li rete menm wotè.

3) Nan amizman #6, luil ki te nan barik la gen yon dansite molekilè ki pi fèb pase sa dlo a. Rezilta: Nivo lak la gen pou l monte. Se sa teyori a prevwa, byen ke se pa sa Jack obsève nan eksperyans laboratwa li a. Se pou sa mwen ta renmen Jack refè eksperyans la ankò, pou n sa rive gen plis sètitid sou la kesyon. Men annatadan Jack fè sa, mwen va retounen pi ta ak yon ti
diplis nan esplikasyon solisyon amizman #6 la.

Al nan rekreyasyon kounyè a anvan klòch la sonnen.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Jack S » Thu Aug 21, 2003 3:36 am

Che Pwofese,
Anvan mwen te fe eksperiman sa-a, mwen te panse tout sa-a va rive jan ou te eskplike-nou! Wi, luil gen mwens dansite pase dlo, de likid pa melanje tet-yo, donk selon tout teyori ak lwa fizik-yo nivo dlo nan krich-la gendwa monte anle, egalego chanjman pwa bato ak dlo deplase pa-li le barik plen landan li. Petet yon ti jwet bato nan yon krich pa egzakman menm bagay pase nan lanati osnan lemonn vre-a, petet dlo te monte anle vreman, selon tout ekspektation-mwen yo, men diferans osnan chanjman pi pitit pou mwen kap mezire -li. Antouka, mwen te refe eksperiman de fwa e rezilta-yo pat chanje, mwen pa konnen poukisa. Jan kanmerad JAF te di-nou deja, ilfo fe souvan yon bagay katafal, oswa repete yon eksperiman plizye fwa pou obseve yon vre chanjman nan lanati.
Hone, respe, byenke mwen pa fo nan fisik, ou te enseye-mwen anpil anpil!
Jack S
 
Posts: 10
Joined: Wed Jun 04, 2003 5:07 pm

Postby guysanto* » Mon Aug 25, 2003 12:49 pm

<blockquote><b><p align=justify>
Bonjou Jack S,

Eskize si mwen pran tan konsa pou mwen reponn. Li difisil pou mwen peye kamyonèt pou mwen vini lekòl la, lò se yon sèl elèv ki reponn prezan. Mwen te mande direksyon lekòl la pou li te asire mwen omwens 5 elèv, men sanble li pa kapab fè sa.

Okontrè, elèv yo ap disparèt. Ti gason yo rele Padel la te mande pou mwen ba li omwens yon 2 sou 10, malgre li pa te twouve bon repons lan nan amizman #4. Mwen te repon li se pa 2 sou 10 sèlman li kapab fè, jis fè yon ti filozofi avèk Pwofesè a, epi l ap pase klas la san pwoblèm. Apre sa, msye kraze rak. Ki moun ki konnen kote Padel rete? Si nou ta wè li, di li pou mwen Pwofesè Pistach di l li te mèt sispann kouri. Si li pa anvi reponn kesyon mwen te mande l la, ebyen li va twouve lòt chans pou li fè pwen, kòm se sa li renmen, depi li prezan.

Epi tou, se pa elèv sèlman lakou ap tann, li bezwen pwofesè tou. Pa bliye, tout pwofesè se el
èv, tout elèv se pwofesè. Sa vle di si ou gen yon konesans espesyal ou kapab pataje avèk nou nan lang manman nou, souple vin fè sa. Pwofesè Pistach pa kapab sèl pwofesè nan lakou a.

Pa egzanp, ou menm Jack, ki sa ou kab di nou sou sa nou kapab fè pou anpeche move ensèk ak èskago fin devore bèl jaden nou fè nan lakou nou? Fòk nou anplwaye pèstisid endistriyèl yo, oubyen gen pwodui natirèl ki kab bay bon rezilta tou? Ki ensèk ki bon pou jaden nou e ki ensèk pa bon ditou? Mwen kwè ou kapab pote yon ti limyè pou nou sou kesyon sa yo, Jack.
<p align=center>
* * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * *
<p align=justify>
Bon dènye kòmantè mwen te vle fè sou amizman #6 la men li: Jan oumenm, Jack, ak Jaf te fè konprann, li pa fasil ditou pou kite obsèvasyon sèlman gide nou pou solisyon yo. Nan ka tout amizman yo, nou pale de nivo lak la. Men si ou imajine yon gran lak nan lanati, ki kapab sipòte yon bato ak tout kagezon met sou li, kouman ou pral fè pou w mezire chanjman lan ni
vo lak la, lò ou lage ladan kèk wòch, oswa kèk barik dlo oswa kèk barik luil? Pwofesè Pistach konnen byen sa pa posib, se pou sa li te ankouraje nou fè eksperyans sa yo nan kondisyon laboratwa ki pi senp, ki kapab elimine yon seri faktè nan anviwonman natirèl yo ki fè mezire nivo likid nan lak la difisil. E nou kab wè ke menm lò Jack fè e refè eksperyans lan nan laboratwa, obsèvasyon li pa kadre ak sa teyori a predi. Nan ka sa, ki sa pou nou kwè: rezilta eksperyans Jack yo oubyen prensip Achimèd la?

Bon, sa mwen kapab di sou sa, sè ke syantis yo fè milyon van eksperyans sou prensip Achimèd la deja e prensip ta toujou rete valid. Sa pa vle di mwen rejte eksperyans Jack yo. Sa vle di senpman fòk nou ta chache ki sa ki lakòz eksperyans Jack fè yo pa kadre ak eksperyans anpil fizisis fè anvan li. Men Jack pa bezwen santi okenn konplèks dèske eksperyans li yo pa bay menm rezilta yo. Okontrè, Jack demontre nou vrè demach syantifik la. Ou prezante yon esplikasyon ki parèt lojik e ki fè anpil sans, men f
òk ou kapab verifye li ak eksperyans tou. Si tout eksperyans ou kab fè montre teyori a pa kenbe, lò sa a fòk syantis yo rezinyen yo ajiste teyori a oswa abandone l. Mwen pa kwè se sa ki pral rive nan ka sa, men mwen salye Jack pou bèl jefò li fè ak ekperyans li yo, e sa montre nou misye byen konprann sa nou rele demach syantifik la. Sa ki rete pou fèt se plis envestigasyon pou konnen ki kote feblès la ye: èske se nan teyori a? èske se nan eksperyans ki te fèt yo? ki sa nou kab fè pou izole tout faktè ki kapab fose rezilta eksperyans yo?
<p align=center>
* * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * *
<p align=justify>
Men ki sa mwen konseye Jack si yon jou li ta vle refè eksperyans li a: Chache yon po ki deja genyen tout mezi yo byen trase ladan: tankou tas ak ons (cups and ounces). Tann dlo a byen poze anvan li retire luil la, epi pran mezi li. Tann luil la (ak dlo ki anba li a) byen poze lò li fin jete luil la nan do a, epi pran mezi li. Men sa ki sanse rive:
1) nivo * d
lo * a gen pou l desann
2) nivo likid la (luil + dlo) gen pou l monte.

Nivo dlo a pral desann pou yon rezon byen senp: luil la t ap fè presyon sou li, se sa ki te fè dlo a monte alantou bato a. Lò presyon sa diminye, li nòmal pou nivo dlo a desann. Li pa gen pwa sa sou tèt li ankò.

Men sonje mwen te di fè atansyon: se chanjman nan NIVO LAK la ki enterese mwen, se pa nesesèman chanjman lan nivo dlo (H2O) a sèlman. Nan amizman #4 ak amizman #5, avètisman sa pa te enpòtan. NIVO LAK LA = NIVO DLO NAN LAK LA. Men nan amizman #6, se yon lòt bagay. Luil la monte sou tèt dlo a. Sa vle di lò mwen mande kesyon sou nivo lak la, se pa nivo dlo a ki enterese mwen, se nivo luil la paske se luil la ki ANLÈ. E lò sa, ou gen dwa wè ke menm si nivo dlo a te desann, nivo luil la ap pi wo toujou pase nivo dlo a te ye ANVAN luil la te soti nan bato a tonbe nan lak la. Pou ki sa? Ankò in fwa, luil la te deplase yon volim dlo PARAPÒ A SA LI PEZE. Men kòm luil pi lejè pase dlo, volim luil la gen pou li PI GRA
N pase volim dlo li te kapab deplase (lò li te nan barik sou bato a). Kididonk, menm si NIVO DLO A BESE nan lak la, men DIFERANS ANT VOLIM LUIL LA AK VOLIM DLO (li te deplase a) non sèlman ap konble espas dlo a remèt la, men LI GEN POU LI DEPASE LI. Se DIFERANS sa k ap lakòz nivo lak la gen pou l monte.

Natirèlman, plis lak la laj se plis li vin enposib pou nou mezire chanjman an nan lanati. Konsa tou, plis sifas bokit la gran an konparezon ak kantite luil nou kapab sèvi avèk li nan eksperyans laboratwa a, se plis l ap difisil pou nou fè meziman ki nesesè yo. Annou konsiderase bagay sa yo byen nan tèt nou, yon fason pou nou kapab ogmante nivo presizyon nan eksperyans laboratwa nou yo.
<p align=center>
* * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * *
<p align=justify>
Mèsi anpil pou entèvansyon w yo, Jack. Fwa sa, pwòf la prale tout bon, amwens gen plis enterè nan lakou a. Nou tout konnen, yon sèl dwèt pa manje kalalou. Inivèsite popilè pa kab fèt ak yon sèl pwofesè, yon s
èl elèv. M espere nou va gen okazyon pou nou tounen nan lakou an ankò.

Kreyòl pale, Kreyòl konprann.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Pouki sa chanm flote...?

Postby jafrikayiti* » Sat Aug 30, 2003 1:29 pm

Onè kanmarad,

Apre anpil jou ap fè woul, mwen deside fè yon parèt nan klas la ankò.

Ojis, se yon kesyon k ap fè toubiyon nan lespri m ki lakòz mwen vin nan klas la pou mwen wè si gen kanmarad ki ka ede mwen jwenn repons pou li.

Gwosomodo, nou konprann prensip ki esplike deplasman dlo sou pwa wòch, dlo ak luil, jan pwofesè Pistach esplike n nan egzèsis yo.

Men, kisa ki esplike lè nou al benyen nan lanmè, nou gonfle yon chanm kawotyou ak van epi 2, 3 moun kapab chita sou li san yo pa fè fon?

Poutan yon sèl grenn moun ak pwòp pwa li sèlman ta riske desann nan fon lanmè a pi vit pase plon, si li ta azade l desann chanm nan.


Mwen konprann gen yon kesyon sifas nan koze a, paske yon moun ki layite kò li plat sou do kapab flote, sili konn kijan pou li rilaks kò li pou li fè "laplanch". Men, pa gen mwayen pou yon moun pa fè fon, si li rantre vètikal nan lanmè a. (kwak, mwen remake kèk medam kanadyèn ki abitye ap dansepike tèt anba nan dlo - yo rele sa naj atitstik.

Mezanmi, apa mwen bliye kòm m ap pale tout koze ki pa gen anyen arevwa ak klas la ( se pwoblèm inatansyon sa a wi ki fè nou tonbe fè woul detanzantan an...).

Wi Pwofesè pistach....esplike nou non dekiprevyen yon chanm ka ede 3, 4 gwo malbourik gason flote vitam etènam, poutan, jiskaprezan, se anpil vè dlo mwen sètoblije bwè pou mwen rive travèse yon ti pisin san mwen pa fè fon?

Mèsi davans epi respè,

Jaf
(yon elèv ki toujou renmen lekòl, menm lè li sou woul)
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm


Return to Science and Technology

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron