Amizman #5

Amizman #5

Postby guysanto* » Thu Aug 07, 2003 9:18 am

<blockquote><p align=justify>Nivo difikilte Amizman #5 ak Amizman #6 se 1 grenn pistach sèlman, paske Pwofesè a sipoze nou tout li e konprann Amizman #4 la ak tout diskisyon ki te fèt sou li.
<b>
Imajine w yon bato nan mitan yon lak. Bato a chaje ak barik dlo, men ti bato a chaje twòp, li menase pou l koule. Kapitèn lan soti pè, li deside pou li vide mwatye nan barik yo nan lak la, kidonk lò li fin fè sa, mwatye nan barik yo vid mwatye nan barik yo plen. Kesyon an se, apre Kapitèn lan fini ak operasyon sa, eske nivo lak la monte oswa li desann oswa li rete nan menm nivo.
Last edited by guysanto* on Wed Jul 21, 2004 5:50 pm, edited 1 time in total.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

soliyson sijire pou ti amizman 4

Postby Jack S » Mon Aug 18, 2003 11:55 am

Mwen fe eksperiman jan ou dekri pou ti amizman avec bato ak woch-yo. Nan labwatwa-nou nou genyen ti poban-yo, mwen te itilize-yo pou reprezante barik dlo yo, nou gen osi ti plato-yo nan fom bato pou pese kimik-yo tou. Apre m met bato ak barik plen dlo sou dlo nan ti bokit, mwen make nivo dlo, ato mwen vide dlo ki nan poban-yo nan bokit-lan, mwen ranplase poban vid-yo nan bato-a, e mwen remake ke nivo dlo pat chanje pa kita pa nago. Pou asire ke rizilt-mwen konfyab, mwen repete eksperiman avec kek ti woch-yo tou, men avek menm bokit ak bato, e mwen remake ke nivo dlo desann le mwen vide woch nan bato -yo e lese yo tonbe fon nan bokit-la, jan Prof Pistach te di-nou deja. Map panse ke nivo dlo nan bokit pa chanje le mwen te vese dlo ki nan barik-yo nan bokit paske dlo pa kap deplase limenm, li yon likid, li melanje senmpan limenm ak sa-a ki deja nan bokit, natirelman bato ak poban vid-yo pis leje, yo deplase mwens
dlo pase bato ak poban plen-yo, men paske dlo yon likid ki asime menm espas ak fom kontene ki li landan, li pa deplase dlo menm jan yon obje solid ta fe. Volim dlo nan poban-yo ki vide nan bokit pa deplase volim dlo nan bokit jan yon obje solid, yo melange ko-yo pou rive nivo egal ego ke dlo ki bato ak barik plen dlo te deplase.
Jack S
 
Posts: 10
Joined: Wed Jun 04, 2003 5:07 pm

Postby guysanto* » Tue Aug 19, 2003 12:03 am

<p>
Konpliman Jack pou eksperyans ou fè yo! Mwen kwè eksperyans yo byen reyisi e yo konfime teyori mwen te layite ban nou nan kozman nou fè sou amizman #4 la. Rezilta ou bay la kòrèk (sa se youn) e lò w mete rezilta sa ak kredi ou merite pou eksperyans laboratwa ou fè yo, monchè fòk mwen ba w 8 sou 10. Konpliman!

Sa k fè mwen pa fin ba ou 10 sou 10? Bon, se paske rezònman ou avanse a gen ti fay ladan l. Ou di:
Map panse ke nivo dlo nan bokit pa chanje le mwen te vese dlo ki nan barik-yo nan bokit paske dlo pa kap deplase limenm, li yon likid, li melanje senmpan limenm ak sa-a ki deja nan bokit, natirelman bato ak poban vid-yo pis leje, yo deplase mwens dlo pase bato ak poban plen-yo, men paske dlo yon likid ki asime menm espas ak fom kontene ki li landan, li pa deplase dlo menm jan yon obje solid ta fe.


Andotretèm ou di "dlo pa kapab deplase dlo". Men wi, monchè, dlo deplase dlo! Men kòm dlo peze menm ak dlo (se sa nou rele yon "totoloji"), si nou aplike prensip Achimèd la, n ap wè dlo a deplase yon volim dlo KI EGAL A VOLIM TÈT PA L! Dlo ki nan barik la DEPLASE dlo nan lak la senpman PASKE LI PEZE KICHOY! Se pwa dlo nan barik la ki ba li fòs pou l deplase dlo nan lak la (Dayè dlo nan lak la santi fòs dlo nan barik la, san li pa konnen se dlo ki anndan barik la, pa vre?) Dlo a tèlman peze, li tèlman fè ti bato a ap fè fon nan lak la, kaptenn bato a soti pè! Li pè avèk rezon paske nenpòt ki van te kab lakòz bato a chavire, kidonk se sa ki fè kaptenn bato a deside pou li aleje pwa bato a sou dlo a.

Men jan nou wè, paske dlo gen menm pwa ak dlo parèy li, volim dlo li deplase a egal a volim tèt li. Pou tèt sa, lò nou retire dlo nan barik la nou jete li nan lak la, DLO SA VIN OKIPE EGZAKTEMAN MENM VOLIM LI TE DEPLASE A, kidonk nivo lak la pa chanje ditou, e se sa eksperyans ou fè a, Jack, vin konfime tou.

Men se pa paske "likid rantre nan likid" jan ou di li a, Jack. Atansyon, tout likid pa menm: gen likid ki peze plis pase dlo e gen likid ki peze mwens pase dlo. Se la pou nou fè atansyon: se PWA RELATIF likid la (dansite molekilè li an konparezon ak dansite molekilè dlo a) KI FAKTÈ DETÈMINAN an nan tip pwoblèm nou t ap chache rezoud yo. Mwen di "likid", men menm si se yon "solid" se menm kout baton an. Eske solid la PI LOU ou PI LEJE pase dlo a? Se repons kesyon sa ki pral detèmine si nivo lak la ap monte, si l ap desann, si l ap rete menm nivo.

* * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * *

Yon dènye remak mwen vle fè, nou gen dwa remake mwen te di kaptenn bato a te deside vide mwatye nan barik dlo yo. Lò li fin fè sa, mwatye nan barik nan bato a vid, mwatye rete chaje. Men nan rezoud pwoblèm sa, èske sa gen enpòtans pou nou konnen si Kaptenn lan te vide YON KA oswa MWATYE oswa TWA KA nan barik yo? NON!!! Kèlkeswa kantite li vide a, repons lan menm: nivo lak la pap chanje. Kantite barik Kaptenn lan vide enpòtan anpil pou Kaptenn lan (se sa kap asire sekirite bato a), men sa pa gen OKENN enpòtans pou pwoblèm Pwofesè Pistach te ban nou rezoud la. Okontrè, enfòmasyon an diplis sa yo, fòk nou konn mete yo sou kote pou yo pa vin fose rezònman nou.

* * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * * *

Kounyè a, gras a Jack, se solisyon amizman #6 la sèlman ki rete. Mwen sipoze, lò nou fin li solisyon pou amizman #4 la, ajoute sou li solisyon pou amizman #5 lan, pa gen okenn mistè ankò pou amizman #6 lan.

Sa w di, Jack? Ou merite fè 10 sou 10 kounyè a. Pran chans ou!
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Postby Jack S » Tue Aug 19, 2003 7:00 am

Mesi pou bon eksplikasyon-ou lan, Pwof. Se entomoloji ki metye-mwen, pa fisik, men antouka mwen tap aprann anpil an lisan chitapale- ou-yo. Byenke mwen pa toujou reyisi solisyone chak amizman san yon ti kouded, mwen konprann bon eksplikasyon-ou yo byen, ak alamemfwa map ameyore konesans lang kreyol mwen tou. Pita male eseye amizman 6 le mwen gen ti tan lib anko pou fe sa-a.

Le lamarin pa metye-ou, ou cheche yon bon dayiva!
Jack S
 
Posts: 10
Joined: Wed Jun 04, 2003 5:07 pm


Return to Science and Technology

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron