Amizman #3

Amizman #3

Postby guysanto* » Wed Jul 30, 2003 2:34 pm

<p>
Bon, nou te sèvi ak aljèb pou nou rezoud 2 premye pwoblèm mwen te poze nan lakou a. Pou moun ki pa renmen aljèb, men ki toujou renmen lojik, mwen parèt kounyè a ak yon ti pwoblèm ki pa mande nou fè okenn jefò pou nou sonje aljèb nou te aprann depi sou Salnav (yon zanmi mwen renmen di " depi sou Pepe Lebref "), men kanmenm fòk lojik ou toujou rete solid.

Lojik se limyè flash nan blakawout. Ann pike devan.

Cherilus se yon fezè chapo. Yon maten, li rasanble tout chapo li yo, l ale vann yo nan mache a. Li deside vann chak chapo yo pou 8 dola. Yon premye kliyan vini, li pran yon chapo epi li lonje yon biyè 20 dola bay Cherilus. Cherilus, twò kontan, li remèt nèg la 12 dola san li pa byen gade koulè lajan yo ba li a. Si li te byen gade... adje! msye pa ta kontan konsa.

Yon dezyèm kliyan vini, men se yon otorite li ye. Li la pou mete fen nan tout dezòd nan mache a. Msye anvi yon chapo tou. Li lonje yon biyè 50 dola bay Cherilus. Cherilus chwazi pi bèl chapo li genyen bay gwo otorite a, epi li lonje 42 dola remèt li, 2 biyè 20 ak yon 2. Men youn nan biyè 20 yo se te move lajan premye kliyan an te bay Cherilus, san li pa te sispèk sa. Lamenm, otorite a wè sa. Li di "Gade monchè, pa betize w avèk mwen." Li tou pran move biyè 20 an, li chire li myèt moso. Otorite a egzije Cherilus lonje yon lòt biyè 20 ranplase move li fin chire a. Adje, Cherilus te anvi kriye men san fè bri li degaje l chache yon lòt biyè 20 dola pou l remèt otorite a, epi li eskize tèt li tou dèske se pa espre li te fè pase yon move biyè ba li.

Rès joune a pase san lòt gwo evènman. Tout lòt tranzaksyon yo pase kòmsadwa. Men kè Cherilus pa fin twò kontan.

Podyab Cherilus! Eske w kab di m ki sa ojis li pèdi nan jounen mache sa, san rete ni mete? Pwofesè Pistach ap tann repons ou.
Last edited by guysanto* on Wed Jul 21, 2004 5:50 pm, edited 1 time in total.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Cherilus bezwen yon bon masaj nan men madanm li...

Postby jafrikayiti* » Wed Jul 30, 2003 3:58 pm

Monchèe Pwofesè pistach, Cherilus pèdi 20 dola.

1) li pèdi 8 dola chapo li vann move kliyan an te vo
2) li pèdi 12 dola li bay move kliyan an

Apre sa, si ou konsidere tout lavant misye te pase san koken, sa vle di li pa pèedi plis kòb. Men dezagreman li pase ak otorite a vin ajoute sou move san misye. Sèl sa mwen konseye Cherilus se yon bon karès nan men menaj li ki pou ede l reyalize ke jounen an te ka fini pi mal - si li p at gen bon jijman deremete otorite a yon bon $20, nan plas move $20 move kliyan an te ba li a.

M ale. M espere mwen pe fè zewo bare.

Jaf
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm

Repons Jaf la

Postby guysanto* » Wed Jul 30, 2003 4:49 pm

Monchè, Pwofesè Pistach se yon nonm ki renmen egzaktitid. Pou sa, li ba w 5 si 10 pou repons ou an.

Sèl sa mwen konseye w se yon bon karès nan men menaj ou ki pou ede w reyalize... repons ou an pa fin kòrèk.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Repons amizman #3 a

Postby guysanto* » Thu Jul 31, 2003 10:51 pm

<blockquote><b><p>
Bon, Pwofesè Pistach di gen twòp elèv ki demisyonè e ti lo ki rete nan klas la, chat pran lang yo. Kidonk, Pwofesè ap reflechi si lè a pa rive pou li fè yon kanpo. Men sepandan, l ap bay repons sou pwoblèm Cherilus la, epi kite yon dènye amizman pou elèv li yo... Men amizman l ap pare pou yo a, adje fòk elèv yo fè anpil atansyon pou yo pa kraze dan yo ladan l.

Premye amizman an, Padel ak Jack te ranmase l tou cho. Dezyèm lan, Jareme te vale l tankou yon pilil san li pa te retire po pistach la sou li. Twazyèm amizman an, Jaf te kale l men gen yon ti po pistach ki te rete nan gòj li. !

Sonje byen Jaf di Cherilus pèdi 20 dola, 12 dola li remèt malandren an plis 8 dola chapo li te lonje ba li tou ak tout bòn fwa l. Men koute: Si Cherilus te PÈDI 8 dola sou chak chapo li ta fè kado si l vle, sa ta souzantann Cherilus pa fè oken benefis lò li vann yon chapo pou 8 dola. Men Cherilus se nèg dafè li ye, dayè se biznis li ki ede l fè levasyon 7 pitit li fè ak Matilda yo. Epi... se pa Cherilus ki pral di w konbyen li pèdi sou yon chapo non! Ata Matilda pa konn tout sekrè Cherilus.

Kidonk Cherilus pa pèdi 20 dola. SA LI PÈDI, jan Marie-Therese esplike m nan e-mail li a, SE BYEN 12 DOLA AK YON CHAPO!!!

Bravo pou tout moun ki chache rezoud pwoblèm yo, menm an silans. Silans sa pa ankouraje nou, men kanmenm nou rete chapo devan lasosyete!
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Masaj pa geri tout maladi

Postby jafrikayiti* » Fri Aug 01, 2003 9:00 am

Mezanmi, se domaj klas la ap fonksyone an silans konsa. Paske mwen gen lenpresyon menm yon ti poul mwen te ka jwenn nan men konpayèl yo, pandan mèt la ap fè lèsanpa...

Antouka, menmsi masaj Matilda a pa t rive konsole Cherilus, mwen pral teste si yon ti 'grate kap' ka, pou pi piti, kalme jalouzi.
User avatar
jafrikayiti*
 
Posts: 851
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:34 pm


Return to Science and Technology

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron