Plant ak Pyebwa Tè d Ayiti

Plant ak Pyebwa Tè d Ayiti

Postby guysanto* » Wed Jun 18, 2003 12:32 pm

Men ki mesaj mwen te afiche sou Fowòm Ayisyen an, jou 09 Novanm 2002:

Kanmarad Dahoud aprann mwen piblikasyon yon nouvo liv agwonòm François Séverin mwen panse ki va enterese anpil patisipan sou Fowòm lan. Yo rele liv sa: Plant ak Pyebwa Tè d Ayiti. Men ki sa Dahoud ekri sou liv sa:

[M panko fin savoure l men tonnè boule m sa m goute deja a se AYIBOBO. Dayè fò m di nou davans se pa yon liv ou pral chita byen bòzò, li l epi depoze l nan yon kwen. Se sa gwo blan rele yon liv "referans", bagay gwo palto ou mete sou tab akote diksyonnè pou l pa twò lwen ou paske detanzantan ou ap bezwen pran yon priz.

Bèl travay pou Ayisyen konnen plant ak pye bwa k ap viv ak nou nan lakou nou. Bèl travay pou voye lang Kreyòl la monte. Yon dènye kout pye nan bounda tout djòl bòkyè k ap goumen pou Kreyòl pa rantre nan salon.

Tout Ayisyen dwe chèche kote liv sa ye pou yo ranmase kopi pa yo. Liv la gen kay li nan g
ranchimen lakonesans lan kote nou ka ale fè yon ti jofre:

http://www.plantakpyebwatedAyiti.com ]

San mwen poko menm gen liv la, mwen konsidere piblikasyon li kòm yon bon nouvèl e pou Kreyolis e pou tout moun ki enterese nan anviwonman peyi a. Anpatikilye, mwen vle atire atansyon Sèj sou chapit sa: Vetivè Vetiveria zizanioides.

Si gen moun sou Fowòm lan ki gen chans gentan li liv agwonòm Séverin an, mwen ta kontan si yo ajoute kòmantè pa yo sou kalite e kontni zèv sa. Annatandan, mwen envite nou tout al sou pajwèb la, pou nou gen yon pi bon lide toujou sou bèl inisyativ sa e nou felisite agwonòm Séverin chalerezman pou reyalizasyon pwojè sa.
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Remak otè a sou liv la

Postby guysanto* » Wed Jun 18, 2003 12:38 pm

Anvan n sòti dokiman sa a bay lektè yo, nou santi nesesite pou n bay yo tout rezon ki fè nou ekri li an kreyòl epi pou ki sa nou ekri li. Men, objektif nou vle rapousuiv, se fè dokiman sa a tounen yon zouti k ap pèmèt plis moun jwenn plis konesans sou divès kalite plant ki pouse nan tè d Ayiti.

Dapre atik 5 konstitisyon 1987 la, peyi nou an genyen 2 lang ofisyèl : lang kreyòl ak lang franse. Men, kreyòl se sèl lang tout moun nan popilasyon an pale e ki pèmèt yo kominike pi byen youn ak lòt. Lò n ekri liv sa a an kreyòl, nou vle montre tou, lang sa a se yon zouti ki ka anrichi sa save yo rele literati siyantifik lan, menm jan, jounen jodi a, anpil moun sèvi ak li pou fè powèm, ekri nan jounal epi fè anpil lòt bagay enpòtan tankou kanpay elektoral.

Nou ekri liv sa a san n pa sèvi ak yon pakèt gwo mo tankou yo fè l nan anpil lòt gwo liv teknik ki ekri deja sou zafè plant, sou zafè pyebwa. Menm moun ki gen chans fè gwo klas, ki maton nan lekti ak ekriti, pa toujou fin konprann anpil nan mo sa yo, e gen de lè yo konprann mal sa yo vle di. Nou kwè, fòk tout moun rive gen menm chans, nan konprann tout kalite enfòmasyon. Men, sa yo deside fè ak enfòmasyon sa yo, se chwa pa yo.
Anpil moun nan peyi a, kit se moun k ap viv andeyò, kit se moun k ap viv lavil, kòmanse pran konsyans epi ap pale anpil kote, sou sitiyasyon anviwònman ak pwodiksyon agrikòl peyi d Ayiti k ap depafini; malgre se pa jounen jodi a kalamite sa a tonbe sou do li. Li bon, epi n kwè se yon dwa chak moun gen pou l bay opinyon l sou tout pwoblèm ki enterese lavi kretyen vivan, kit pwoblèm lan kiltirèl, politik, ekonomik, sosyal e menm ekolojik, sa vle di, ki enterese anviwònman. Fòk nou bay opinyon, fòk nou boukante lide pou n ka rive deplòtonnen tout makòn pwoblèm sa yo k ap sere kou peyi a. Men bon jan opinyon ak boukante lide pa dwe fèt nan voye monte. Voye monte p ap pote okenn solisyon; okontrè, se pi plis konfizyon l ap mete nan tèt pi fò moun nan popilasyon an. Nou kwè pito bon jan opinyon ak boukante lide dwe ede n antre pi fon nan nannan pwoblèm yo pou n sa byen konprann yo epi chèche pi bon mwayen pou n jwenn pi bon solisyon.

--------------------------------------------------------------------------------

Travay sa a fèt sou 100 kalite plant ak pyebwa anpil moun petèt konnen deja. Plant sa yo reyini nan 55 fanmi.

Tou depann de itilite yo, n ap jwenn :

- Plant ki bay fwi moun manje konsa tankou : anana, dyaka, kenèp, mandarin, mango, sapoti, siwèl…

- Plant ki bay bwa pou konstriksyon tankou : akajou peyi, bwadchèn, bwaple, bwasoumi, frenn…

- Plant ki bay fwi ak legim yo kwit pou moun manje tankou : Aki, gonbo, koupye, militon, tamariyo…

- Plant ki bay ensektisid ak pestisid tankou : adatoda, ave, kowosòl, nim, piyong…

- Plant dekoratif tankou : chevalye, flanbwayan, flanbwayanble, gayak, kaswoz…

- Plant mistik tankou : akasya jòn, kalbas, lalwa, mapou, sèd…

- Plant ki bay pafen tankou : bazilik, lanni, sitwonèl, vetivè, zoranysi…

- Plant ki bay koloran tankou : kanpèch, safran, woukou…

- Plant ki sèvi kòm epis tankou : jenjanm, kanèl, lay, moye…

- Plant ki bay lwil tankou : benzoliv, kokoye, maskriti, zaboka…

- Plant ki bay farin tankou : arawout, joumou, veritab…

- Plant ki refè tè tankou : bwataniswouj, imòtèletranje, saman, tamaren…

- Plant ki bay manje bèt tankou : bwadòm, monbenfran, pòmwoz, pwavalye…

- Plant ki bay remèd tankou : bwadoulè, choublak, fonbazen, sitwon…

- Plant ki bay bwa pou boule tankou : bayawonn, kanpèch etranje, kasya, tyatya…

Nan premye pati liv sa a, nou fè yon rale sou biyodivèsite, on jan pou pèmèt plis moun pi byen konprann enpòtans divès kalite bagay sou latè ki gen lavi ladan yo e ki bay lavi tou.

Nan dezyèm pati a, nou prezante pou chak plant divès kalite enfòmasyon tankou :

- Non lasyans ba li.

- Nan ki fanmi li ye.

- Ki bò plant sa a sòti.

- Plant sila a nan peyi d Ayiti.

- Deskripsyon botanik li.

- Ki itilite plant sila a.

- Ki pi bon kondisyon pou l devlope.

- Ki jan yo repwodui plant sila a.

- Kèk remèd yo jwenn ladan l.

Nan twazyèm pati a, nou rasanble 5 anèks :

Anèks 1 an ban nou tout plant nan sa nou etidye yo ki nan menm fanmi. Konbyen moun ki konnen :

- pistachdèzenn ak bwadòm tou lè de (2) nan yon fanmi ki rele sterculiaceae.

- gwayav ak pòmwoz tou lè de (2) nan yon fanmi ki rele myrtaceae.

- nim, akajou peyi ak sèd tou lè 3 nan yon fanmi ki rele meliaceae.

- mango, monbenfran, moye, pòm kajou, pòm sitè ak siwèl tou lè 6 nan yon fanmi ki rele anacardiaceae

Anèks 2 a ranmase nan yon tablo distans nou ka plante divès kalite plant sa yo e ki kantite pye n bezwen pou mete sou yon kawo tè.

Anèks 3 a rasanble divès pwovèb ayisyen ki marye ak plant, ki marye ak pyebwa. Nou vle montre kijan pèp ayisyen sèvi ak pwovèb sou plant pou li pale pawòl pwofonde e pou l transmèt anpil mesaj ki gen ladan yo anpil sajès, tankou :

- Pito dlo a tonbe, kalbas la rete.
- Nan tan grangou, patat pa gen po.
- Ti bwa w pa wè a, se li ki kreve je w.
- Bwapini nan men w, lougawou pè pwoche.
- Mapou tonbe, kabrit manje fèy li.

Anèks 4 la bò kote pa li, rasanble divès pwovèb ki marye ak bèt, ki marye ak zannimo, paske tout moun konnen ki rapò ki gen ant plant ak bèt nan zafè jesyon anviwònman an. Tankou pwovèb sou plant, nou vle montre tou ki jan pèp ayisyen sèvi ak pwovèb sou bèt pou l transmèt divès mesaj ki gen ladan yo anpil filozofi, tankou :

- Pwason gen konfyans nan dlo, men se dlo ki kwit li.
- Se pa tout chen ki jape w pou gade li.
- Makak sou pa janm kouche douvan pòt chen.
- Piti piti, zwazo fè nich.
- Yo fòse bourik travèse dlo, men yo pa fòse l bwè dlo.

Anèks 5 lan rasanble non tout liv ak dokiman nou te konsilte pou n rive ekri liv sa a.

Dènye bagay nou ka di, liv sa a nou ekri li pou ede simaye plis konesans sou plant ak pyebwa ki pouse nan tè d Ayiti. Travay sa a, se sèlman yon pati; gen lòt ki ka vini apre. Nou swete ak tout kè n, gen lòt moun ki suiv menm chimen sa a tankou kèk sitwayen, jan yo te kapab, te fè li anvan n. Nou espere tout dokiman sa yo ta rete kòm yon kontribisyon pou ede jenerasyon timoun k ap grandi jounen jodi a pa pèdi bonkou nan konesans ak ladrès moun ki pase anvan yo sou bout tè sa a te kite. Lò sa a, yo ta ka di ak anpil fyète : "Nan peyi nou an gen moun ki te travay e jefò yo te fè montre wout nou tout dwe suiv ansanm si n vle rive jwenn yon lòt kalite lavi pou tout moun nan peyi d Ayiti."
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm


Return to Science and Technology

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron