<blockquote><b><p align=justify>Leonel, piti piti zwazo fè nich li. Mwen pa gen pwoblèm avèk ou depi ou dakò pou ou fè efò a. Ekri kreyòl pa fouti pi difisl pase pale ak ekri Danwa pou nenpòt ki Ayisyen (amwens ke li te fèt Dànmak).
Mwen sijere ankò pou ou li règ yo nan
http://haitiforever.com/bbs .
Epi kòm ou kab wè, mwen te pran tan korije ANPIL lan nòt ou te ekri sou fowòm lan tou, mwen te korije laplipa, se pa paske mwen gen tan pou m pèdi, men se paske zafè Kreyòl la se yon bagay ki fon nan kè mwen tout bon.
Jan Kanmarad Serge di ou la, pa kite diferans nan jan Kreyòl la reprezante nan ekriti li ak jan ou pale li a nwi ou twòp. Mwen pa kwè gen yon lang sou latè kote gen yon korespondans total, 100% fonetik, ant jan yo ekri mo yo ak jan yo pwononse yo. Mwen konnen Lang Panyòl la kandida pou sa, li konsistan anpil, men mwen pa konnen si li 100% fonetik vre. Mwen ta di "non", men kòm mwen pa lengwis sètifye, mwen pito
pa fè gwo deklarasyon sa yo. Antouka, sa pou w mete nan tèt ou sè ke pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "diri" olye de "du riz". Pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "de" nan plas "deux". Pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "Jezi" nan plas "Jésus". Objè a se senpleman pou rive sou yon reprezantasyon òtografik ki inifòm pou tout Ayisyen. Kidonk, lò ou wè mo "diri" a nan yon liv, e w ap li tèks la "à haute voix", sa pa mele mwen si ou pwononse mo a "du ri" oswa "di ri" jan ou te aprann pale a. Se zafè EKRITI kap pale la. Se pa zafè jan ou pale Kreyòl la kap diskite la. Nan tout lang, se yon sèl jan ou ekri yon mo, kèlkeswa jan ou pwononse li a. Petèt gen eksepsyon, men se règ jeneral la sa.
Mwen te konn gen menm enkonfò avek ou tou lontan, men mwen vin konprann bagay yo pi byen depi kèk tan avèk èd zanmi sou Fowòm Ayisyen an,
http://haitiforever.com/bbs epi zanmi mwen nan yon yon òganizasyon Kreyolis yo rele REKA,
http://www.kreyol.org . Gen bèl e gwo diskisyon ki fèt sou ekriti kreyòl la sou Fowòm Ay
isyen an. Gen gwo mèt Kreyolis ki te rantre nan diskisyon sa yo. Sa mwen ka di ou, sou baz diskisyon sa yo, sè ke nou pa toujou dakò pou ekri mo Kreyòl yo egzakteman menm jan, menm lò nou suiv règ ofisyèl ekriti kreyòl la. Gade mo sa yo: "ekzanp oswa egzanp", "ekziste ou egziste", "lannuit ou lannwit", "peyi d Ayiti" oswa "peyi Dayiti", "an Ayiti" oswa "ann Ayiti", epi anpil lòt egzanp mwen te kab ba ou toujou. Men sepandan, diferans sa yo minè, e nou kab sipòte yo depi règ jeneral yo aksepte e aplike.
Kèlkeswa dezakò nou ta kab genyen, nou tout dakò ke "konprann" PA KAPAB KÒMANSE ak lèt "c" a, se avèk lèt "k" pou li kòmanse. Nou tout dakò tou ke "konprann" pa kapan ekri ak yon "m" ladan. Kidonk se pa ni "comprann", ni "komprann", ni "conprann". Se "KoNprann". Kounyè a, ou kab twouve moun ki ensiste toujou pou yo ekri "konpran" olye yo ekri "konprann", men nou deja vale yon pakèt teren si omwens nou dakò ke mo "konprann" lan kòmanse ak yon K e nan pwen M ladan l.
Konsa ou va remake ke lèt "
c" PA EGZISTE NAN KREYÒL amwenske li akonpaye pa lèt "h" la kòm nan "chat la". E nan konsepsyon kreyolis la, "ch" la vin fè yon sèl lèt (se pa 2 lèt) menm si nou reprezante lèt sa pa 2 senbol nou prete nan ekriti etranje.
Konsa tou lèt "u" a PA EGZISTE NAN KREYÒL amwenske li akonpaye pa lèt "i" a kòm nan "lannuit". Nan konsepsyon kreyolis la, "ui" a se yon vwayèl li ye, li pa reprezante de lèt detache, menm si reprezantasyon senbolik li fè izaj de lèt nan alfabè ki soti nan lang etranje yo.
W ap suiv mwen? Si ou dakò ak prensip sa, ou pa kab ekri "du ri" ankò, menm si se "du riz" (nan òtograf franse a ou vle di e w ap chache ekri. Sa n ap pale la, SE YON SENP REPREZANTASYON ÒTOGRAFIK LI YE, e kòm se CHIMIS ou ye, ou abitye ak tout sòt senbol fizik e matematik, kidikonk se pa yon lòt ti reprezantasyon senbolik ki ta pou manke w dega. Jan ou pale e jan ou reprezante sa ou pale, se 2 aktivite diferan, e ou kapab metrize tou de, alaminit ou aksepte prensip de baz yo.
Bon, anvan m ale, te
mwen ba ou yon ti leson pou m ede w vanse nan ekri Kreyòl la:
Nan franse ou ekri "COUSIN, COUSINE", "VOISIN, VOISINE".
Gade byen jan mwen pral ekri 4 mo sa yo nan Kreyòl, gade byen diferans nan chwa lèt yo, EPI APLIKE diferans ou opsève yo pou tout lòt mo kreyòl ki gen menm son yo.
Franse: C-ou-S-IN
Kreyòl : K-ou-Z-EN
(se EN, se pa IN)
Franse: C-ou-S-INE
Kreyòl : K-ou-Z-IN
(se IN, se pa INE)
Franse: v-OI-S-IN
Kreyòl : v-WA-Z-EN
(se WA, se pa OI; se EN, se pa IN)
Franse: v-OI-S-INE
Kreyòl : v-WA-Z-IN
(se WA, se pa OI; se IN, se pa INE)
Kidonk an Kreyòl, nou ekri "Kouzen, kouzin", "Vwazen, vwazin".
Monchè, se Pwofesè Pistach ki te di mwen ba ou ti leson sa. M espere ou va koute Pwofesè a byen, paske li ta renmen wè tout Ayisyen aprann ekri Kreyòl anvan li mouri.