Pou youn souri ak Mirenny*

Pou youn souri ak Mirenny*

Postby Michel-Ange Hyppolite* » Wed Dec 31, 2003 8:01 pm

Ou sène lespri-m
Nan sous zetwal
Ou se rèv je klè-m
Ou nan rèv mwen
Plenmennuit
Dènye lide-m
Anvan somèy sere-m
Premye lide
Lè nanm mwen keyi solèy
Ou sele-m
Nan souri-w
Mwen sèvi-w

Mwen te tè deseche
Ou boule-m
Ak flanm pasyon
Sakle-m
Ak lam konviksyon
Gani-m
Ak sezon karès
Wouze-m
Ak kouran tandrès
Ou sele-m
Ak souri-w
Mwen sonde-w

Marasa twa a
Se branch nou
Kavalye pòlka
Semans wongòl
Degrennen
Lalin depaman
Sou fòs nou
Frany ilan-ilan
kouwonnen tray memwa-n
Ou sele-m
Lasouri
Mwen sele-w


*Mirenny, Haiti En Marche 17 nov. 1999
Michel-Ange Hyppolite*
 
Posts: 91
Joined: Sun Dec 28, 2003 5:40 am

Return to Le coin de Michel-Ange

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron