Zonbi - Felix Morisseau-Leroy

Zonbi - Felix Morisseau-Leroy

Postby guysanto* » Mon Mar 24, 2003 5:32 pm

Felix Morisseau-Leroy

Zonbi

Depi m piti
m ap tande
yo di gen zonbi
m pa janm wè youn

pi ta y esplike m
zonbi se moun ki antere
san l pa mouri
yo detere l pou fè l travay
m reflechi
si l pa t mouri
fòk yon jou li mouri
m pa janm tande
y ap antere
yon zonbi ki mouri

se jodi m ap mache
nwit kon jou
nan tout peyi a
m pa janm kontre
ak yon zonbi bab pou bab
m pa janm tande
sa yo fè ak kadav zonbi ki mouri
User avatar
guysanto*
Site Admin
 
Posts: 2225
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Return to Literature

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron