Entèvyou Dr Suze Mathieu alatèt Biwo Etnoloji Ayiti bay LN

Entèvyou Dr Suze Mathieu alatèt Biwo Etnoloji Ayiti bay LN

Postby Jgpalmis » Sat Jul 26, 2008 7:28 am

Se yon ti gout dlo nan lanmè-a. Menm si jefO Dr Suze Mathieu, poukont li, pap rive rezoud pwoblèm konpOtman Leta devan responsablite li nan bay sitwayen li yo asirans ke sosyete-a ideal nou tout reve-a se pa pou demen. Mwen vle felisite li pou kouraj li ak detèminasyon li nan batay pou kreyOl la jwenn plas li merite andedan sosyete-a enpi tou nan travay l'ap fè tou pou leta bay Idantite ak Kilti lakay nou plas li merite nan lis gwo priyorite li yo

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=60311

Malgre sitayasyon ekonomik difisil k'ap travèse Biwo nasyonal Etnoloji, doktè nan domèn antwopoloji Suze Mathieu ki nan tèt enstitisyon sa depi plis pase yon lane gen anpil espwa. Madan Suze Mathieu kwè toujou biwo Etnoloji kapab ede nan batay kap mennen pou nou rejwenn idantite nou, nan gade diferan aspè ki te fè fos nou tan lontan e sak feblès nou jounen jodi a, pou nou wè ki kote nou vle ale.

L.N : Suze Mathieu anvan nou pale sou kesyon lang, kilti, idantite ak mouvman ou kòmanse mennen nan tèt biwo nasyonal Etnolji, di nou non, doktè Suze Mathieu, kòman moun rive nan tèt enstitisyon sa. Se ministè Kilti ak Kominikasyon, ministè titèl la, ki nonmen l ? Nan konbye tan manda sa ap bout ?

Suze Mathieu : Non se pa ministè kilti ak Kominikasyon ki nonmen direktè nan tèt biwo nasyonal Etnoloji. Se nan yon arete prezidan repiblik la ak lòt minis gouvènman siyen. Manda a ap rive nan bout li jis lè yon lòt arete sòti.

L.N : Nou konnen Biwo Etnoloji ap fè fas ak gwo difikilte. Ansyen administrasyon te rele anmwe nan laprès pou pwoblèm bidjè ki pat janm genyen pou enstitisyon sa jwe wòl li tout bon. Malgre tout kri sa yo ou aksepte pran tèt biwo a. Eksplike nou vizyon w pou enstitisyon an ? Ou kwè toujou biwo Etnoloji kapab ede nan batay kap mennen pou nou rejwenn idantite nou ?

Suze Mathieu : Li difisil pou m pale sou vizion m genyen san m pa remete biwo nan kontèks li te fonde a. Biwo nasyonal Etnoloji se yon enstitisyon espasyalize ki fè rechèch nan domèn kilti. Se Jacques Roumain ki te fonde l nan lane 1941 nan moman legliz katolik tap mennen kanpay kont vodou. Jacques Roumain te leve vwa l pou l te di ayisyen pap pot etikèt sa ki fè kwè lap sèvi dyab, kidonk li se dyab tou. Li te fonde biwo a pou l te fè rechèch sou kilti ayisyèn nan ; pou l te montre vodou se kilti nou, se idantite nou, se nanm nou. Men 60 lane apre, se tankou nou tounen nan degre zero. Se sitiyasyon sa ki eksplike dram politik ak kiltirèl pèp ayisyen an ap viv jounen jodi a. Biwo nasyonal Etnoloji gen yon wòl enpòtan poul jwe nan kesyon sa : nan ede n rejwenn idantite kiltirèl nou, nan gade diferan aspè ki te fè fos nou tan lontan e sak feblès nou jounen jodi a pou nou wè ki kote nou vle ale.

L.N : Ou di 60 lane apre, se tankou nou tounen degre zero. Ou kapab devlope lide sa plis pou lektè yo ?

Suze Mathieu : Se yon gwo atou leta genyen, men li neglije l. Biwo Etnoloji ap fonksyone san yon bidjè nòmal ki pou pèmèt li akonpli misyon l. Pa gen lajan pou yo peye sèvis yon direktè teknik. Se ministè kilti ak kominikasyon ki prete m gadyen ak ajan sekirite. Se mwen k ap degaje m kon mèt Janjak pou m mete yon pèsonèl sou pye. Kòm direktè nan yon administrasyon piblik ki gen tout enpòtans sa, mwen pa gen ni biwo, ni machin ak plak ofisyèl. Kidonk mwen gen difikilte pou m asiste anpil aktivite gouvènman ap òganize. Pa gen lajan pou fè rechèch ki se prensipal misyon biwo Etnoloji. Nou gen moun k'ap mande nou fè ekspozisyon, donmaj pa gen bidjè.

L.N : Eske se paske kesyon kilti, idantite kiltirèl pa yon priyorite pou gouvènman ? Ki garanti ou jwenn nan men minis Kilti ak Kominikasyon Eddy Lubin ?

Suze Mathieu : Nan dyalòg mwen te genyen ak minis Eddy Lubin, mwen santi volonte a la. Men pwoblèm nan chita nan jan leta òganize l e sa li bay priyorite. Leta montre aklè rechèch sou zafè lang, kilti, idantite se pa priyorite l. Se yon siy tou ki montre leta pa gen vizyon, li pa konn wòl li. Kidonk li pa pral okenn kote si li pa chanje fason li òganize l. Pa gen devlopman ki posib si li pa chita sou yon baz kiltirèl ak lengwistik.

L.N : Nou wè ou enterese anpil ak kesyon lang lan. Ou menm rive enpoze l nan biwo a. Nan ki objektif ?

Suze Mathieu : Eksperyans nou fè nou konprann leta dwe trete Kesyon lang lan avèk plis serye. Jan moun itilize lang franse nan peyi a bloke tout posiblite pou peyi a devlope. Fòk leta bay franse a plas li merite nan sosyete a : sa vle di yon lang annapre. Depi nan lane 2000 mwen mennen lit sa nan inivèsite leta a ; mwen fè tout kou m yo an kreyòl e eksperyans la mache. Se menm demach la tou mwen fè depi m vin isit la. Mwen mande tout anplwaye yo pou yo bay lang kreyòl la plas li nan biwo a, e konsiy la respekte a 95% : sa vle di nou ekri dosye nou, lèt nou an kreyòl ; papye antèt yo, kat vizit nou fèt nan de lang peyi ofisyèl peyi a, epi reyinyon travay yo fèt an kreyòl. Eksperyans la byen mache. Vin gen yon dyalòg san fòs kote avèk pèsonal la. Sekretè a pa gen pyès difikilte poul ekri lèt nou yo depi li gen mesaj la. Nou santi tou enstitisyon patnè yo gen plis anvi chita pale ak nou paske yo wè gen yon lòt van k'ap soufle sou biwo a.

L.N : Nou aprann tou biwo a te fè seminè fòmasyon sou lang kreyòl pou lòt fonksyonè leta. Gen moun ki ka mande èske se misyon Biwo Etnoloji ? Eske se pa yon fason pou l pa akonpli misyon li genyen ki se fè rechèch ?

Suze Mathieu : Se yon demach nou fè ansanm ak Sekreteri leta pou alfabetizasyon epi primati apiye apre nou wè rezilta li bay isit la. Nou bay moun k'ap travay nan adminitrasyon piblik la fòmasyon e nou mande pou yo swiv egzanp biwo Etnoloji a. Donmaj pa gen volonte sa tout kote. Anpil moun pa wè si reyalite peyi a ap chanje. Yo pa konprann lang kreyòl la se li ki ka simante tout ayisyen youn ak lòt. Se sèl lang tout ayisyen pale e se li menm ki ka pèmèt relasyon moun ak moun chita sou yon baz ki pa miwomiba.

L.n : Apre kesyon administrasyon, kesyon lang, ki travay ki fèt nan domèm rechèch ?

Suze Mathieu : pa gen twòp travay ki fèt nan domèn sa. Biwo nan tèt ansanm ak ministè PLAN te fè yon ti rechèch sou kesyon lakou. Nou tap chache konprann kouman vodouyizan yo òganize espas lakou yo. Biwo te fè yon dezyèm travay ak reskonsab lakou souvnans, Badjo ak soukri yo. Te gen yon twazyèm ki te fèt tou sou konsèp lakou a menm. Travay sa yo fè nou rive konprann fenomèm lakou a ale pi lwen pase zafè klas sosyal ; paske ni moun rich, ni moun pòv gen lakou. Nou dekouvri divèsite ak varyasyon ki genyen nan kesyon lakou a. Men moun yo jwenn anpil difikilte pou yo kenbe tradisyon lakou a akoz sitiyasyon ekonomik yo kap degrade chak jou pi plis. Seremoni vodou sakrifis manje lwa koute anpil lajan, e moun yo ap vin pi pòv. Yon lòt aspè kap bouskile tradisyon sa, se pwoblèm ekoloji a. Fenomèm debwazman fè preske pa gen plant gerizon pou lwa fè tretman ankò. Men enpòtans rechèch la. Li pèmèt nou jwenn yon kote poun rankontre kategori moun sa yo, epi wè kòman y'ap viv. Paske vodou a se yon fason moun yo wè vi yo ak vi pa lòt moun.

L.N : Madan Mathieu pandan ½ an ou nan tèt biwo a, ki rechèch ki fèt nan domèn akeyolojik ki se prensipal misyon biwo a?

Suze Mathieu : Pa gen okenn rechèch ki fèt nan domèn akeyoloji akoz pwoblèm bidjè a. Men se pa sèl nan domèn sa rechèch ta dwe fèt, se nan tout lòt domèm kiltirèl ki ka ede konprann fenomèn sosyal yo. Yon egzanp klè : Depi plis pase 30 ans, genyen yon latriye sèk pwotestan k'ap boujonnen anndan peyi a. Ki enstitisyon ki janm chache konnen ki jan yo aji sou sosyete a ? Lòt egzanp Genyen yon pwoblèm ''omoseksyalite'' : lanmou fanm ak fanm - gason ak gason'' ki rechèch antwopolojik ki fèt pou nou ka konprann pi byen fenomèn nan ? Tout sa yo se travay biwo Etnoloji. Men akoz pwoblèm bidjè, nou kontante nou fè konferans, kòlòk -te gen youn sou Jacques Roumain- ak vant siyati.


L.N : Nou konnen Bilten biwo a, ki se kote yo pibliye rechèch ki fèt nan domèm kilti ak akeyoloji, te gen difikilte pou l te parèt tou tan. Eske administrasyon pa w la rive rezoud pwoblèm sa ?

Suze Mathieu : Pou moman sa bilten biwo Etnoloji a kanpe ; nou gen materyèl pou nou rekòmanse fonksyone. Men nou pa gen direktè teknik ak administratè ki la tout jounen. Pou kesyon bibliyotèk la, nou achte kèk grenn liv tanzantan, men ki pa sifi. Fòk gen travay ki pou fèt pou agrandi lokal la. Erezman ministè kilti ak kominikasyon, aprè anpil demach nou mennen, dakò pou konstwi yon lòt bibliyotèk ak yon lòt espas pou administrasyon biwo a.

L.N : Gouvènman tranzisyon te rekipere plis pase 20 objè akeyolojik nan zile « Iles à Vaches » apre yon fouy akeyolojik 2 konpayi etranje « Carribean Marine ak Sub Sea Reesearch » te fè nan lanmè peyi dayiti. Ansyen minis Magalie Comeau Denis te di objè sa yo sere nan bank santral. Eske objè sa yo transfere nan biwo Etnoloji ?

Suze Mathieu : Mwen pa gen anpil enfòmasyon sou sijè sa. Li posib pou yo toujou nan bank santral. Men mwen pa konn ki moun ki reskonsab fè rechèch sou akeyoloji anba lanmè. Men se pa biwo a. Epi pwoblèm kominikasyon ak òganizasyon se pi gwo feblès leta.

L.N : Genyen yon kontra leta ayisyen te siyen ak 2 konpayi etranje pou eksplwate richès akeyolojik anba lanmè. Ou gen lòt done sou kesyon sa ? Ki lès kap jere anba lanmè peyi a?

Suze Mathieu : Mwen pa gen done sou dosye sa tou. Depi m monte nan tèt biwo a, pa gen ankenn enfòmasyon konsa ki vin jwenn mwen.

L.N : Nan yon entèviou Le Nouvelliste te fè, sa gen 2 lane, Louis Lecoin ki se responsab seksyon mize nan Biwo Etnoloji a te di moun te kòmanse ap piye sit akeyolojik Puerto Real ak Bas Saline yo. Li te mande leta pou l te fè entèvansyon sou sit sa yo. Kòman sitiyasyon an ye jounen jodi a ?

L.N : Yon leta ki pa ka kontwole fontyèl, ki kite se lòt nasyon k'ap veye l, kijan w pral mande l pou kontwole sit akeyolojik ki pa men m yon priyorite pou li. Yon lòt siy ki montre tout bon vre solisyon peyi a pa pou demen, si nou kontinye ap fè politik men m jan n'ap fèl pandan plis pase 2 sièk.

(Pawòl sa yo se Nélio Joseph ki ranmase yo)
neliojoseph@yahoo.fr
Jgpalmis
 
Posts: 65
Joined: Mon Jan 01, 2007 12:02 pm

Return to Jan 2008 - Dec 2008

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 2 guests

cron