Mwen swete ak tout fon kè we pandan ke m ap tande "Lataye" nan mizik "Tou manbre" ke sèt fwasi Mizisyen Rasin o a va chita pou reyèlman chita sou konsèp mizik sa.
Se klè ke genyen dè mizik e Boukman Eksperyans e "Lataye" jwe se dè mizik lwa oubyen mizik ginen ke yo ye. Sètadike se dè kantik ke Mesye Dam yo tande nan lakou oubyen homfò ke yo mete enstriman nan yo. E se nan sans ke mwen distenge
1o) Mizik vodou--ki jwe nan lakou ak homfò e nan solobodjo moun fè ak konga, ason, pèkisyon sèlman
2o) Mizik rasin--ki pran menm konsèp mizik sa men ajoute enstriman oksidantal ladan, ke se gita, bas, kibòd, elatrye
3o) Vodou Jazz--ki pran menm konsèp sa kenben "call and responses" formil sa oubyen elimine li jan mwen te fè de 1990 a 1994, devlope rit yo ak anrichi konsèp akò ak pwogresyon yo san pa absòbe vre oubyen Jazz Ameriken oubyen Jazz brezilyen.
Si Azor rete yon nan Sanba oubyen Simidò ki byen reflete mizik vodou a, mizik Rasin lan rete akimyemye paske genyen anpil mizisyen k ap jwe ki non sèlman pa konnen vodou a, men tou manke konesans vre pou mentni richès, divèsite ak pwisans mizik vodou a ki se yon mizik ipnotik. Se pa yonn oubyen de fwa ke mwen tande mo "ipnotik" sa.
(Anpasan m ap tande "Marinèt foula". Kè a (refren an) trè rasinn men melodi li menm pa rasin). Si mwen ka pèmèt mwen pran egzanp sa, se ti libète sa ke mwen pa finn alèz ak li nan mizik rasin lan. Devlopman melodik mizik la dwe rèspèkte nan entonasyon li. Travay sa fèt apati de etid osibyen apati de sa zòrèy bay tou. Pou otantisite ak entegrite mizik la, devlopman melodik sa dwe rèspèkte e se fason sa sèlman ke devlopman akò ap pray mande tou otantisite sa yo.
Kantilsaji de "son", si se vre peyi Dayiti pa genyen okenn teknoloji vre apati de enstrimantasyon, itilizasyon son nan mizik Ayisyen dwe chita sou son anviwonnman peyi Dayiti. Ki kote nan peyi Dayiti nou jwenn son "metalik" fuzz sa? Mwen menm pèsonèlman, nan Gifrants "Rara Mwe", Makarios Césaire te itilize "fuzz" la, mwen pwojè sa se te Robert Aaron ki te pwodi li e se li ki te genyen mo final sou pwodiksyon. Si mwen pa ka di mwen pa te renmen li, mwen pa ka di tou li le apwoprye. Apa de "Aciérie d'Haiti", son metalik pa komen nan peyi Dayiti. Pakonsekan, itilizasyon son ki tradwi yon seri de èksperyans ke nou pa konnen oubyen ke nou pa viv, dwe evite nan son mizik Ayisyen pou bay mizik nou plis entegrite e plis otantisite. Sa pa vle di pou otanke nou pa ka reve, nou pa ka genyen yon vizyon pou peyi Dayiti.
Se nan sans sa tou, m ap tou souliye ke mwen genyen anpil pwoblèm ak atis pent Ayisyen ki pa janm pwojte vre yon vizyon pou peyi Dayiti. Sou tablo Ayiti, èstil primitif rete yon tablo pòv ki reflete yon reyalite mizè degradant menm si pou anpil etranje se yon vi ki natirèl paske nan peyi yo se pak yo genyen e se gwo jefò y ap fè pou prezève lanati.
Kòm nou ka wè, genyen dèzeleman trèzenpòtan ki antre nan mizik e ki reyèlman kontribye a fòs mizik la. Se pa miksay sèlman. Anvan miksay, eleman sa yo dwe klè tankou dlo kannari e yo dwe sonnen pi klè pase zago loray si m ka repete Franketiènne.
