Mwen gen yon bon zanmi ki fè mwen kado CD Top Adlerman nan. Monchè se pa ti kontan mwen kontan kado sa a.
Daprè mwenmenm Adlerman se youn nan atis ki pral domine sèn mizikal la nan ane k ap vini yo.
Nan albòm sa a (Watcha Kraze m), misye montre li konn anime, li konn fè rap-ragga - men tou, li konn CHANTE. Kolaborasyon misye ak lòt atis ki patisipe nan albòm nan enpresyonan tou.
Lè Original Rap Staff kraze, sa te deranje m anpil, paske nan tout mouvaman Rap-ragga Ayiti a, se Original ki te pi orijinal nan je m. Mwen te rankontre yo Ayiti lè yo te fenk ap monte, anvan premye albòm yo te parèt. Depi lèe sa a mwen t ap suiv evolisyon yo...men mwen pa te panse okenn nan manm yo ta p reyisi devlope yon karyè solo. Sanble Adlerman sou bon chimen.
Men tout pale sa a, se pou mwen mande Serge èske li tande albòm Adlerman nan deja, epi èske li pa ta fè yon ti rale sou li pou nou.
Ja
f
