CD Reviews in Kreyòl?

CD Reviews in Kreyòl?

Postby JGPalmis* » Mon Nov 22, 2004 12:03 pm

Allow me to ask Serge one question about his tremendous work of reviewing the haitian CD for quite a while now. Here is my question brother: When are we going to have the kreyòl version of your reviews?

I know, I am asking you a lot here. However, knowing that you are in the process of creating a legacy for the english speaking folks and expose our music to a broader range of people. Yet the core subject here is haitian base. I am afraid, once again in 3 decades haitians will be less educated about their own music.

Ak espwa frui travay ou ap posib tou pou jenn Ayisyen k'ap viv e k'ap grandi ann Ayiti tou.

Frè w'

Jude
JGPalmis*
 
Posts: 85
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:46 pm

Postby Serge Bellegarde* » Tue Nov 23, 2004 5:20 pm

Kanmarad Jude,

Mwen konpran e mwen apresye kesyon w lan anpil. Fòk mwen di w li fè sans tou. Lè lide a te vin nan tèt mwen pou koumanse fè kritik mizik yo, mwen tap kalkile byen kouman mwen ta pwal fè sa e poukisa. Te gen yon ti jounal nan zon Washington lan kote mwen te kon kolabore ak yon kanmarad mwen nan fè ti kritik sa. Mwen te kon fè li nan lang kreyòl nou an. Men lè mwen vin koumanse kolabore ak Guy nan sit sa, mwen te di mwen tap fè kritik yo ak yon objektif byen espesifik: 1) tèlman gen moun ki pa konen kilti ayisyen an e ki vle konen li, 2) tèlman gen mizisyen etranje ki pa konen ki kote, ni ki kalite mizik ayisyen pou yo achte, 3) tèlman gen atis ayisyen ki, pou yo kapab fè yon ti kòb, yo bezwen lòt debouche (se byen malere pou admèt li, men Ayisyen sèlman pap fè atis sa yo viv), mwen te deside ke ti kontribisyon pa mwen pou atis sa yo, pou mwen kapab ede yo, pou mwen kapab fè etranje sa yo konen sa nou ka fè e sitou pou ba
yo plis debouche, se ekri kritik sa yo, yon jan pou sa ki pa pale kreyòl ka konen ki sa pou yo achte, ki atis, ki kalite mizik, elatriye.

Lè mwen te diskite sa ak Guy, nou te deside mwen tap ekri yo an angle paske konsa, atis yo ta gen plis chans pou yo jwen debouche sou mache entènasyonal la , paske tèlman gen moun ki konsilte Windows on Haiti. Nou gen yon ti satisfaksyon omwens ke sa rive paske gen moun nou konen ki jis nan peyi Ostrali ki dekouvri kèk CD mwen te pale sou yo. Guy kapab di w pi byen pase nan ki degre nou rive reyalize objektif fondamantal nou an: fè etranje konen mizik nou.

Kite mwen di w kouman mwen wè bagay yo. Ou di sila:".... in 3 decades haitians will be less educated about their own music..." Mwen pa konen si se kesyon lang lan ki pwal fè Ayisyen kon mizik lakay li pi plis. Sa ki enpòtan, se travay konsyantizasyon sou idantite nou, kilti nou, ki pou fèt nou tout Ayisyen apresye plis sa nou genyen. Yon pi gwo danje, se si mizisyen ayisyen an pa gen mwayen pou li pwodwi
ankò, lè sa, nou pap menm gen mizik la pou nou tande. Wa sonje gwo eksplozyon kiltirèl nan lane 80 yo ki vin ban nou tout gwoup Rasin yo.

Pou mwen menm, gen yon eleman ki pi enpòtan ankò ki pou asire ke ni Ayisyen, ni letranje konen mizik la: se nesesite pou bon jan pwomosyon pwofesyonèl fèt. Jan sa ye koulye a, smalgre nou pa gen bon jan pwomosyon, mizik ayisyen an kenbe fèm non sèlman nan mitan Ayisyen, men lòt bò dlo. Gwoup tankou Tabou Combo, Boukman Eksperyans, nèg tankou Ambasadè Marcel Duret, reyalize yon pakèt jefò pou voye mizik ayisyen an monte.

Kididonk se pa ke mwen neglije kreyòl la non, men se yon chwa ke mwen te fè e pou voye kilti a monte pi lwen, e pou chache favorize atis la. Se poutèt sa, aloske mwen apresye anpil sa w di a, mwen kwè ke nan ka sa, nan enterè atis la e pou ankouraje li, mwen te deside ekri kritik yo nan lang angle a.

Wifout! mwen pat konpran mwen pale anpil konsa. Map kanpe la e mwen swete ke mwen repon kesyon w lan.

Kenbe fèm, Kanmarad!


Serge
Serge Bellegarde*
 
Posts: 493
Joined: Thu Mar 13, 2003 11:29 pm

Postby JGPalmis* » Wed Nov 24, 2004 8:49 am

Kanmarad Serge,

Mèsi pou repons lan. Mwen byen konprann objektif di dèyè travay w'ap fè nan segman CD reviews la e pèsonèlman m'ap di w mèsi pou sa. Se ka petèt vre lekti tèks nan "CD reviews" pap pèmèt yon moun aprann tout enfòmasyon ki genyen sou zèv ak talan atis ayisyen yo. Sepandan, m'kwè, w'ap rekonèt ansanm avèk mwen, sa pa fè lontan gen kèk konpatriyòt ki lage nan lari de ou twa liv sou eritaj eritaj Mizik Lakay. Pa gen anpil dokiman ki ekziste e se nan sans sa-a m'espere tan, enèji, pasyon, detèminasyon ou mete pou pwodui chelèn travay sa-a va rive disponib tou pou jenerasyon k'ap vini apre nou.

Wi, nou ka toujou di, majorite 8 milyon nanm k'ap viv ann Ayiti pa gen entènèt. Mwen rekonèt sa tou men m' gen lespwa sa pap toujou rete konsa. Dotanplis CD reviews panche sou yon aspè byen patikilye sou mizik lakay nou ki pa nesesèman nan liv ki pibliye yo. Yon dènye pwen, tout liv ki pibliye yo se an franse. M'konnen ou r
enmen lang kreyòl la, ou metrize li byen, m'rekonèt tou si w' ta deside ale nan direksyon sa-a, se pa yon travay piti. Toutfwa, m'ret konvenki CD reviews an kreyòl se ap yon premye pa pou kreyòl nan zafè dokiman sou mizik enpi yon bon sous enfòmasyon sou zèv atis nou yo.

Ak tout respè mwen gen pou ou kanmarad.

Jude.
JGPalmis*
 
Posts: 85
Joined: Tue Mar 11, 2003 7:46 pm

Postby Serge Bellegarde* » Wed Nov 24, 2004 9:48 am

Kanmarad Jude,

Mwen li sa w ekri e mwen byen kontant kosntate enterè w nan koze sa. Mwen pran bon nòt tou. Youn nan pwojè ki nan lide mwen e ke malerezman mwen panko kapab ekzekite, se presizeman rasanble tout bagay sa yo nan yon sèl liv, prepare yon kalite konpilsayon e lè sa, map gen avantay sa ke gen yon seri CD map deja gen enfòmasyon sou yo. Mwen gen tout yon seri dokimantasyon map ranmase mete la pou lò lè a rive, mwen gen tout zafèm enba bra mwen. Sa se yon nan gwo pwojè mwen pou pita. Mwen pake di w pou ki lè ak presizyon, men sa ap vini.

Kididonk, sa w di a gen tout valè li paske se yon kalite dokimantasyon nou bezwen e ki panko pibliye. Ou mèt wè bagay sa yo ekri an angle, men anyen pap pèdi pou kreyòl la.

Kenbe fèm e kontinye swiv!

Serge
Serge Bellegarde*
 
Posts: 493
Joined: Thu Mar 13, 2003 11:29 pm


Return to Arts

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 1 guest

cron