Ayiti....Ap Chèche Solisyon Pou Koripsyon

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Men tradiksyon tèks Michel la

Post by admin » Tue Dec 28, 2004 12:02 pm


Mesyedam, se pa ni de ni twa gwo koze Michel Nau mete sou nou la. Malerezman sanble li ekri yo nan yon lang patwa nou pa konnen, kidonk petèt nou pa te bay sa enpòtans. Men nan fè rechèch pou mwen konprann sa Michel ekri a, mwen vin dekouvri se pa avèk lang patwa Michel te sèvi, se te yon lang endyen.

Fòk nou konnen Michel se yon Marabou, ki pa te fèt Jamayik, men se an Ayiti li te vin boukante ak yon seri Apach ak Kòmanch ki kache jik jounen jodi a sou tèt mòn an Ayiti. Jodi a, mòn yo tèlman debwaze nou kab wè yo pi byen. Depi Michel ti bebe lap boukante ak Endyen sa yo, e se konsa li vin aprann lang endyen an li pale e ekri jodi a.

Mwen sot fè yon ti espedisyon byen vit la nan peyi a ansanm ak Blek Le Roc, Miki Le Ranger, Doktè Saignée ak Double-Rhum pou m al rankontre Endyen sa yo. Mwen te bezwen pwoteksyon Miki ak Blek, se pa paske Endyen yo s
ovaj non, men gen yon pakèt fridonm faytè nan mòn yo kap koupe pyebwa epi kap chase Endyen yo. Ayisyen ki pa gen modpas menm se pa pwoche. Se pou sa mwen pa te pran chans. Men fòk mwen di nou, depi fridonm faytè yo wè Miki oswa Blek, se kouri yo kouri. Sa ki pi brav yo di yo grangou, kidonk yo mande Miki ak Blek ba yo fay sents pou yo achte zepis pou yo mete nan yon ti soup tòti yap prepare pou yo manje. Miki ak Blek pa ba yo pyès, paske yo di tòti se yon "pwotèktèd espechiz", mwen pa fin konprann men mwen kwè se sa yo di.

Fridonm yo pa ensiste, yo jis disparèt tout kote Miki ak Blèk pase. Se konsa nou resi rive sou tèt mòn yo e nou rankonte Apach ak Komanch yo. Yo te akeyi nou byen. Mwen te ba yo nouvèl ti marabou Michel Nau a, se pa de kontan yo pat kontan tande nouvèl li. Yo mande mwen sa misye ap fè nan gwo peyi blan yo rele Washintonn lan. Mwen di Misye ap voye Lang Endyen yo monte. Mwen pa bezwen di n
ou jan nèg yo bat bravo. Yo fè lawonn Miki, Blek avè m, epi yo chante: ou-ou-ou-ou-ou-ou-ou-ouy! Mesye, se te bèl espetak, mwen pa konnen konbyen Ayisyen gen chans wè espetak sa yo!

Medam yo menm voye yon lo bo bay Michel, men mwen di yo mwen pa kapab pote chay sa! Petèt Miki oswa Blek a pote komisyon an, men mwen remake yo pa te enterese nonplis. Tout tan mwen tap pale avèk Endyen yo, se razorback nèg yo tap veye, sa vle di zenglendo, kòchon mawon.

Apre sa, gen yon ti bèl endyèn yo te rele Sacajewea ki te ofri pou li aprann lang endyen an pou mwen kab konprann pawòl Michel yo. Monchè, de tan twa mouvman, mwen te fin fò nan lang lan jis mwen resi kominike etwatman ak Sacajewea san grate tèt. Mwen byen kontan mwen te konn pale angle tou, paske se lang sa ki te sèvi kòm baz solid kominikasyon ant nou. Se yon nèg mawon yo te rele Lemànvayan ki te aprann yo pale angle a. Yo pat pale ni franse ni kreyòl. Se angle ak lang endyen an sèl yo konnen. Mwen swete yon jou se yo ki va ranplase tout ay
isyen nan peyi dayiti.

Kounyè a, lò mwen tounen lakay, mwen reli mesaj Michel la, mwen di kobabo! se pa de twa pawòl Michel pa te ekri pou nou la non! Malerezman, mwen te panse se yon liv sakre misye tap ekri an grèk oswa arameyen, epi mwen pa te okipe sa, mwen te jis ap tann Gelin tradui li pou mwen. Lò Gelin ta fin bay entèpretasyon pa l, mwen konnen Nekita tap ofri nou disèt tradiksyon tou. Kidonk, mwen te mouri poul mwen, jiskaske mwen di "se pa posib! kalite pawòl liv sakre kap donnen la epi Gelin ak Nekita pa di anyen!" Se lò sa mwen te pran yon ti poul nan men Jaf ak Sèj, epi mwen deside al fè yon espedisyon sou tèt mòn yo an Ayiti. Rès la ap pase nan Listwa, dizon "Ourstory".

Bon, kounyè a mwen konprann tout koze yo nèt. Malerezman, se twa lang fowòm sa genyen: se Kreyòl, Franse, ak Angle. Mwen pa vle ajoute lang Endyendayiti yo ladan, paske mwen pa ta renmen twòp moun al wè Sacajewea. Kite ti vyèj sa pou mwen souple.

Kididonk, pou mwen solisyon an se tradui sa Michel te ek
ri yo pou nou nan bon jan Kreyòl ki youn nan lang ofisyèl fowòm yo rele "Parlons entre nous" an, fowòm yo te konn rele "Ann Pale" a sa pa gen twò lontan.

Sans plus tarder, mesdemoiselles et messieurs, je vous présente la traduction du texte de Michel Nau, Marabou d'Haiti:



Transparency
[quote]Nan baigne toutouni, pagayin cache lombrit.[/quote]

Editè a: Nan benyen toutouni, pa genyen kache lonbrit.

[quote]A fe magouille et fe bagaille an cachet, an ba tab, by moun pa ou job fet pou fini. Everything should have been open to the public. All contracts foreign or local must be bidden and must be public domain for everyone to see. Samble que yo pat jamais fe sa![/quote]

Editè a: Zafè magouy e fè bagay an kachèt, anba ta
b, bay moun pa w djòb fèt pou fini... Sanble yo pa te janm fè sa!


Awareness
[quote]Fo ke peuple la continue rele cheval barre deye vole. Nan journal, nan radio, et nan television.[/quote]

Editè a: Fòk pèp la kontinye rele chwal bare dèyè volè. Nan jounal, nan radyo, nan televizyon.

[quote]Si ou project pap marche bien fok ke government di peuple la ki cote yo ye nan project a. Si yap continue avec project a ou bien si yap suspend li. Afe di people la ke "sa ge pa we, ke pa tounin" is unacceptable.[/quote]

Editè a: Si yon pwojè pap mache byen, fòk gouvènman di pèp la ki kote yo ye nan pwojè a. Si yap kontinye avèk pwojè a oubyen si yap sispann li. Zafè di pèp la "sa je pa wè, kè pa tounen" is unacceptable.
n
Accountability
[quote]Se pa fot a mouin, mouin join bagaille yo consa![/quote]

Editè a: Se pa fòt mwen, mwen jwenn bagay yo konsa!

[quote]Nou tende phrase ca trop souvan. Fo ke les neg la ou bien company an, ou bien department letat la qui responsable ou project. Les li connaitre ou gaff, fok ke li fe mia culpa li, fok ke publicment li di se fot li et li pret pou li subi pinition que la lwa mande. Pinition an cap oubien remetre letat lagent an et /oubien temp derriere barro prison pou noun qui coupab yo.[/quote]

Edtè a: Nou tande fraz sa twòp. Fòk lè nèg la oubyen biznis lan oubyen depatman Leta ki responsab yon pwojè, lò li komèt yon gaf, fòk li fè "mea culpa" li, fòk li di piblikman se fòt li e li pare pou li sibi pinisyon Lalwa mande. Pinisyon an kap
oubyen remèt Leta lajan an ak/oubyen tan dèyè bawo prizon pou moun ki koupab yo.

[quote]Mem jan tou, si employe ya ou bien company ya fe ou bon travail fok leta reconnetre sa tou publicment. Baille yo bonus, reward, award, plaque, certification, employee of the month, jan ou vle relel la. Ou bagaille ki pou fe coeur yo content tou, pou fe yo continue ou bon travail. Yo pa jam fe sa![/quote]

Editè a: Menm jan tou si anplwaye a oubyen biznis lan fè yon bon travay, fòk Leta rekonèt sa tou piblikman. Bay yon bonis (reward, award, palque, certification, employee of the month... jan ou vle rele l la). Yon bagay ki pou fè kè yo kontan tou, pou fè yo kontinye yon bon travay. Yo pa janm fè sa!

Prevention
[quote]Vole letat pa vole. Sa a Se pa vrai ditou.[/quote]

Ed
itè a: "Vole Leta pa vole". Sa se pa vre ditou.

[quote]Les ou vole letat se tete pa ou et tout peuple Haitien ke ou vole.[/quote]

Editè a: Lè ou vole Leta se tèt pa ou e tout pèp ayisyen ou vole.

[quote]Fok que leta fe you effort ak tet li tou. pou li monte ou system quote ke li bouche tout ti trou qui ouvri pou noum pa vole.[/quote]

Editè a: Fòk Leta fè you jefò ak tèt li tou pou li monte yon sistèm kote li bouche tout ti twou ki ouvri pou moun pa vole.

[quote]Pa mete ou graine moun responsible tout bagaille. Divise employe yo an plusie equips (team) kote ke chaq equip responsible un ou deux projects. Equip qui corropi a, ou elimine li completment nan department an.[/quote]

Editè a: Pa mete yon grenn moun responsa
b tout bagay. Divize anplwaye yo nan plizyè ekip kote chak ekip responsab youn ou de pwojè. Ekip ki kowonpi a, ou elimine li konplètman nan depatman an.

[quote]Les consa si ou neg honet nan ou equip band vole, pou li pa perdu job li, lap oblige denonce tout equip la.[/quote]

Editè a: Lè konsa si yon nèg onèt nan yon ekip bann volè, pou li pa pèdi djòb li, lap oblije denonse tout ekip la.


Enforcement
[quote]Pa mete chats veye lait. [/quote]

Editè a: Pa mete chat veye lèt.

[quote]Ou neg qui gen in reputation vole, mem si li se ou bon technician wap capable toujour servi avec li. Mais, pa mete li cote qui gen in lagent. Pa bali oucun authorization pou li signe enyien qui gain raport a r
ecevoi oubien debourse lagent, li capable signe raports technic seulement.[/quote]

Editè a: Yon nèg ki genyen repitasyon vòlè, menm si li se yon bon teknisyen wap kapab toujou sèvi ak li. Men, pa mete li kote ki genyen lajan. Pa ba li okenn otorizasyon pou li siyen anyen ki gen rapò a resevwa oubyen debouse lajan, li kapab siyen rapò teknik sèlman.

[quote]Bureau embocharge letat ca yo rele human resources fe orientation pou tout employees letat indistinctement et fe empil training avec employe letat yo et contractors yo. Baille tout employees letat ou ti livre ki gen in tout lwa et punition qui gen paraport at corruption.[/quote]

Editè a: Biwo anbochaj Leta, sa yo rele "human resources" fè oryantasyon pou tout anplwaye Leta endistenkteman e fè anpil training ak anplwaye Leta yo e kontraktè yo. Bay tout anplwaye Leta yon ti liv ki genyen tout lwa
ak pinisyon ki genyen parapò a koripsyon.

[quote]Les consa, yo pap capab di que yo pat con nin lwa sa yo.[/quote]

Editè a: Lè konsa, yo pap kapab di yo pa te konnen lwa sa yo.

[quote]Gen ou myth qui di que ce parce que employees letat pa touché bien, ce sak fe que yo vole![/quote]

Editè a: Gen yon mit ki di se paske anplwaye Leta pa touche byen, se sak fè yo volè!

[quote]Ce pa vrai ditou, parfoi, neg qui touché pi bien an se li qui pi gro vole.[/quote]

Editè a: Se pa vre ditou; pafwa, nèg ki touche pi byen an se li ki pi gwo volè a.

[quote]Gen ou myth qui di que corruption ce ou problem systematic.[/quote]

Editè a: Gen yon mit ki di korpsyon se yon p
woblèm sistematik.

[quote]Ce system na qui en dedans, inherent nan culture nou, na sang nou qui fe que li difficil pou nou eradicate li.[/quote]

Editè a: Se sistèm nan ki anndan, lan nannan kilti nou, nan san nou, ki fè li difisil pou nou radye li.

[quote]Sa tou ce pa vrai parce que les haitien rive nan payi blan, li comporte li normalement? Li fe travail li normalement.[/quote]

Editè a: Sa tou se pa vre paske lè Ayisyen rive nan peyi blan, li konpòte li nòmalman. Li fè travay li nòmalman.

[quote]Mais mouin qwe que Solution an, ce bouche tout ti trous qui gawin nan system nan, pou pa baille piti cou gro employee tentation pou yo vole.[/quote]

Editè a: Men mwen kwè solisyon an, se bouche tout ti twou ki genyen nan sistèm nan, pou pa bay pi
ti kou gwo anplwaye tantasyon pou yo vole.

[quote]Si letat vraiment serieu avec a fe corruption an, fok yo pa peur denonce et juge moun sa yo publiquement, pou tout ge sa we yo.[/quote]

Editè a: Si Leta serye tout bon ak zafè koripsyon an, fòk yo pa pè denonse e jije moun sa yo piblikman, pou tout je sa wè yo.

[quote]Pi gro problem que moin gen in ak corruption se ke les letat tombe, nou we que pendant 20 derniere annees qui sot passé la, empil employee letat vole tout bagaille qui te nan possession yo, commence avec plims, crayons, computes, lagent, voitures letat excetera. An pil documents qui gain raport a gros businessmen quite doue letat lagent tax, document sila yo disparet san quite trace.[/quote]

Editè a: Pi gwo pwoblèm mwen genyen ak koripsyon se lè Leta tonbe, nou wè pandan 20 dènye ane ki sot pase yo, anpil anplwaye Le
ta vole tout bagay ki te nan posesyon yo, kòmanse ak plim, kreyon, konpitè, lajan, vwati leta et cetera (elatriye). Anpil dokiman ki gen rapò a gwo biznismann ki dwe Leta lajan taks, dokiman sila yo disparèt san kite tras.

[quote]Ou lot solution important que mwin ta aime di ses que:[/quote]

Editè a: Yon lòt solisyon enpòtan mwen ta renmen di se:

[quote]Employees letat fe inventaire tet pa yo. Yo kap forme ou UNION des travailleurs de L'Etat qui la pour servi people haitien, et non government an.[/quote]

Editè a: Anplwaye Leta fè envantè tèt pa yo. Yo kab fòme yon INYON Travyè Leta ki la pou sèvi pèp ayisyen, e non gouvènman an.

[quote]Forme ou Association des Employees de letat, qui COMPLETEMENT INDEPENDENT de tout lot governments yo kap vini. Association an gen in prop budget pali
qui vote par Board members yo.[/quote]

Editè a: Fòme yon Asosyasyon Anplwaye Leta ki KONPLÈTMAN ENDEPANDAN tout lòt gouvènman yo kap vini. Asosyasyon an genyen pwòp bidjè pa li manm komite dirijan li yo vote.

[quote]Chak nouvo government qui monte, gen in droit nome ministres ak directors seulement.[/quote]

Editè a: Chak nouvo gouvènman ki monte genyen dwa nonmen minis ak direktè sèlman.

[quote]President gen in droit choisi ministres et directors an dedans association an, si li vle.[/quote]

Editè a: Prezidan genyen dwa chwazi minis ak direktè anndan asosyasyon an, si li vle.

[quote]Si president choisi ministres et directors yo en dehors association an, lap casse chaine de promotion ki gen in nan Association an. [/quote]

Edi
tè a: Si prezidan chwazi minis ak direktè yo andeyò asosyasyon an, lap kase chenn pwomosyon ki genyen nan Asosyasyon an.

[quote]Donc, tout ministres et directors sa yo ap oblije pran training et orientation nan main Association des Employees the L'Etat, parce que ministres et directors sa yo en dehors Associaiton, doc yo pa employee de carriere.[/quote]

Editè a: Donk, tout minis ak direktè sa yo ap oblije pran training e oryantasyon nan men Asosyasyon Anplwaye Leta paske minis ak direktè sa yo andeyò Asosyasyon, donk yo pa anplwaye de karyè.

[quote]A fe les ou minister ou bien ou director monte, yo pa besoin vini ak moun pa yo.[/quote]

Editè a: Sa fè lè yon minis oubyen yon direktè monte, yo pa bezwen vini ak moun pa yo.

[quote]Ya
p join'n ou system administrative qui bien chita deja.[/quote]

Editè a: Yap jwenn yon sistèm administrasyon ki byen chita deja.

[quote]Ministres ak directors pa gen in droit revoque ou employee. Si ou ministre ou bien ou director gen ou problem avec ou employee, yo kap fe ou complaint by Association an, et Association kap pran sanction contre employee letat a.[/quote]

Editè a: Minis ak direktè pa gen dwa revoke yon anplwaye. Si yon minis oubyen yon direktè en yon pwoblèm avèk yon anplwaye, yo kap fè yon konplent bay Asosyasyon an, e Asosyasyon an kap pran sanksyon kont anplwaye Leta a.

[quote]Human resources association en ap voye employe a nan ou lot department ou bien bali plus training pou li sa fe travail li pi bien. Fok que employee gen assurance ou bien espoir que li gen job sa, quelque soi government qui monte, lap toujou l
a jus ka ce que li retraite si Dieu vle.[/quote]

Editè a: Human resources asosyasyon an ap voye anplwaye a nan yon lòt depatman oubyen ba li plis training pou li sa fè travay li pi byen. Fòk anplwaye gen asirans oubyen espwa li gen djòb sa, kèlkeswa gouvènman ki monte, lap toujou la jiskaske li retrete si dye vle.

[quote]Association an ap gen yin ou board of directors qui gain droit nome tout tet chefs qui nan Association an. Ap gen tou ou "internal affair" kap controle tout ti bagaille qui ta kap occasioned corruption nan system[/quote]

Editè a: Asosyasyon an ap genyen yon bòd direktè ki gen dwa nonmen tout tèt chèf ki nan Asosyasyon an. Ap gen tou yon "internal affair" kap kontwole tout ti bagay ki ta kap okazyone koripsyon nan sistèm lan.

[quote]Mouin espere que Diaspora
, avec connaissance et experience que yo gen yin nan administration, yo capab et yo fet pou yo joue un role important nan jouet si la, nan ou future qui pa trop loin.[/quote]

Editè a: Mwen espere Dyaspora a, ak konesans e eksperyans yo genyen nan administrasyon, yo kapab e yo fèt pou yo jwe yon wòl enpòtan nan jwèt sila, nan yon fiti ki pa twò lwen.

[quote]Parce que si ce pa consa, tout lot government qui monte a, ap join'n tout bagaille tete en bas. [/quote]

Editè a: Paske si se pa konsa, tout lòt gouvènman ki monte a, ap jwenn tout bagay tèt anba.

[quote]Les consa, yap oblige derape a zero. Yap mete noun pa yo e pui corruption gaille mem jan. [/quote]

Editè a: Lè konsa, yap oblije derape a zero. Yap mete moun pa yo epi koripsyon gaye menm jan.

[quote]Yo pral perdu temp rele bare vole derriere government qui te la deja'a, et entre temp, yo mem tou yap vole mem jan.[/quote]

Editè a: Yo pral pèdi tan rele volè dèyè gouvènman ki te la deja a , e antretan, yo menm tou yap volè menm jan.

[quote]Se un course a la montre, fok yo gin temp vole le plus possible envant que yo alle. Se un cercle vicieu, un catch 22, un roularoup qui pap jam gen fin.[/quote]

Editè a: Se yon "course à la montre" fòk yo gen tan vole tank yo kapab anvan yo ale. Se yon sèk visye, yon catch 22, yon woulawoup ki pap janm gen fen.

[quote]Mwin ta mande nou pou nou continue bon travail que nat fe ya.[/quote]

Editè a: Mwen ta mande nou pou nou kontinye bon travay nap fè a.

[quote]Con
tinue longe dwet sou mounes kap vole yo.[/quote]

Editè a: Kontinye lonje dwèt sou moun kap vole yo.

[quote]Fe an pil pression sou government pou yo chase noun sa yo.[/quote]

Editè a: Fè anpil presyon sou gouvènman pou yo chase moun sa yo.

[quote]Rele chwal barre derriere yo, et pa peur cite non yo publiquement.[/quote]

Editè a: Rele chwal bare deyè yo, e pa pè site non yo piblikman.

[quote]Ferme barriere la pou yo pa sauve. , just kas que corruption en diminwue ou ti gout nan pays dHayiti.[/quote]

Editè a: Fèmen baryè a pou yo pa sove, jiskaske koripsyon an diminye yon ti gout nan peyi dayiti.

[quote]Mouin conin gen an pil nan nou nan forum qui ta remi
n ajoute de troi bagailles que mwin bliye di nan cose corruption ca.[/quote]

Editè a: Mwen konnen gen anpil nan nou nan fowòm lan ki ta renmen ajoute de twa bagay ke mwen bliye di nan koze koripsyon sa.

[quote]Mouin we que competition an pral serre entre Haitian- Canadians and Haitian Americans. Canada et france ap pral bye lagent, et yo ta aime we foi ca se Haitian Canadians qui pran Volant, et control machine nan. Haitian Americans gen in 20 annees depuis que yap betise ak people haitien et Tonton Sam qui pa fini tres content de resultat escompte yo.[/quote]

Editè a: Mwen wè konpetisyon an pral sere ant Ayisyenkanadyen yo ak Ayisyenmeriken yo. Kanada ak Frans pral bay lajan e yo ta renmen wè fwa sa se Ayisyenkanadyen yo ki pran volan e kontwole machin nan. Ayisyenmeriken yo genyen 20 ane depi yap betize ak pèp ayisyen e Tonton Sam pa fin twò kontan rezilta eskont yo. [/col
or]

[quote]Sa pat etonne mouin foi sa, si bagaille yo mal tourney, ce possible que prochain choi pou remplace premie ministre la sorti ou l'autre cote autre que Les Etats Unies.[/quote]

Editè a: Sa pa ta etone mwen fwa sa, si bagay yo mal tounen, se posib pwochen chwa pou ranplase premye minis la soti yon lòt kote andeyò Etazini.

[quote]Se ou bagaille que map suivre de tres pre.[/quote]

Editè a: Se yon bagay map suiv de trè prè.

[quote]Mes ci bokou![/quote]

Editè a: Mèsi bokou!

Leonel JB

Post by Leonel JB » Wed Dec 29, 2004 4:47 am

Michel,
Nan Guy inivèsite se mwen ki te pi Kreten anvan w. Men fò m di w, Pran Kouraj. Alle nan Ekri Kreyòl Fasil, petèt wa avandènye nan kllas la. Mwen se youn gwo parese, mwen refize fè devwa m. Men mwen si wap fè pi byen pase m...

Antouka, Pwofesè Pistach ap ba w sa sou de chez. Direktè lekòl la, Guy, tradui tout bagay an Kreyòl pou nou. Kidonk, PA Gen Pann.

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann (Mwen si tèlman fò Kounyè ya, Mwen pè tèt mwen)

leonel

Pauline Charles
Posts: 12
Joined: Mon Nov 15, 2004 2:11 pm

Michel kenbe la

Post by Pauline Charles » Thu Dec 30, 2004 1:59 am

Michel,
Le-m komanse li teks ou a, m di mesye fe efo pou li ekri angle, franse ki pa lang li byen pwop. Men sa k ap pase l lan lang natif natal li. Donk m pa fin li sa li ekri a. M pat ka li l.

Men m we Leonel bay tet li kom ekzanp.

Michel, m ta swete ou pran ekzanp Leonel la. Avek sa, w ap premye lan klas la.

Pauline

Post Reply