2007 New Year's message frm President Jean Bertrand Aristide

Post Reply
Ezili Danto
Posts: 197
Joined: Sat May 31, 2003 11:57 pm

2007 New Year's message frm President Jean Bertrand Aristide

Post by Ezili Danto » Mon Dec 25, 2006 6:49 am

Recommended HLLN Links:
New Years message from President Jean Bertrand Aristide
audio link:
http://www.margueritelaurent.com/pressclips/jba2007.mp3


Dessalines is Rising-
1806-2006 (The FreeHaitiMovement)


*******************************************



Président Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, South Africa

BON ANE 2007 !


Sè m, Frè m,

Se ak kè kontan Minouche avè m salye w
Pandan n ap depoze yon kouwòn rekonesans
Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand.

17 Oktòb la sot fè 200 zan
Depi Papa Desalin tonbe
Pou chak Premye Janvye
Te louvri pòt Yon Bòn Ane
Lakay, sou tè d Ayiti nou an.

Nan lonbray desantyèm anivèsè sa a,
Nou salye memwa tout lòt Ewo nou yo
E nou abranse w fratènèlman
Pou swete w: Bòn Ane 2007 !

Lè ti moun kou gran moun
Gade nan miwa Premye Janvye,
Yo renmen poudre ak plimo bòn ane.
Se ak anpil afeksyon n anbrase
Tout timoun pou swete yo chak :
Yon Bòn Ane espesyal.

Yon lavalas bon souwè ak amou fratènèl
Pou ou ki lakay kòm nan 10e Depatman an ;
Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan
Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè
Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens.



Pèmèt nou di 15.000 mèsi
Pou bèl souwè 15 jiyè 2006 yo.
Bèl woz solidarite nou resevwa yo
Pa janm fannen nan jaden memwa n.
Jan yon pwovèb nan lang Ebre a di :

ןבא וב קורזת לא םימ ונממ תיתשש רוב
An bon Kreyòl:
Moun pa dwe manje manje bliye.

Rekonesans ak fidelite sa a,
An verite, se yon istwa damou
Ki egzije delivrans Manman Ayiti.
Yon delivrans ki difisil, trè difisil,
Men yon delivrans ki pa enposib.

Se pou sa menm, fòk dabò gen limyè.
Limyè entèlijans kòm limyè konsyans.
Limyè moral pou l pa fè nwa
Lajounen kou lannwit.

Si l difisil pou lave kay tè,
Li pi difisil toujou pou
Lave kay tè nan blakawout.

Kidonk, vide limyè delivrans sou Ayiti,
Se refize Ayiti kontinye lave kay tè
Nan blakawout koudeta.

Depi premye koudeta 17 oktòb 1806 la,
Konplo trayizon an te egzije pou
Manman Ayiti lave kay tè a
Ak pwòp san Papa Desalin.

Konsekans : 200 zan apre,
Pèp la toujou menote nan
Mizè, grangou, chomay, apatay…

Se pou sa menm nou deklare :
Chak fwa yon gang patripòch
Etenn lanp moral la,
Fòk yon lavalas patriyòt
Relimen l e rechaje l
Ak bon jan gaz konsyans.

An nam e konsyans,
Nou pa ka fè kòm si n pa wè
Kijan konplo trayizon an
Menote Pèp la 2 bra, 2 pye
Nan mizè apatay
Depi dyab te kaporal.

Si premye koudeta kont Papa Desalin nan
Pote premye pri nan krim trayizon,
Dènye koudeta 29 fevriye 2004 la
Chanpyon ni nan krim trayizon,
Ni nan krim kidnapig prezidansyèl.

Jan nou tout konstate,
Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la
Fi n limen sigarèt la nan 2 bout,
Maladi kidnapig tounen yon epidemi.
Tout moun soufri. Tout moun jwenn.

Kòm soufrans youn nan nou
Se soufrans nou tout,
Tout patriyòt gen obligasyon moral
Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon
Ki toujou fè inosan peyi pou koupab.
Si anndan pa vann, deyò pa achte.
Mwens trayizon egal mwens soufrans.

Klòch moral sa a sonnen byen fò
Nan Ladesalinyèn ou nan
Im Nasyonal nou an ki di :
“ Dans nos rangs point de traîtres…
Nan mitann pa fèt pou gen trèt…”


Fidelite patriyotik akouche ero.
Pwazon trayizon akouche zewo.

Plis nou kole zòrey nou sou kè Fanmi Lavalas,
Se plis nou tande 5 kout kannon fidelite sa yo :

1. Pèp Ayisyen pa limen lanp demokrasi ak alimèt trayizon.

2. Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon.

3. Pèp Ayisyen pa manje manje bliye,
Ale wè pou manje trayizon.
Li fè matla pouvwa pou l pa dòmi atè.

4. Pèp Ayisyen pa janm met linèt trayizon pou anpeche l wè
Bèf ki moulen kann nan se pa li k bwè siwo a.

5. Pèp Ayisyen di : Regle jis pa gate zanmi.
Donk li fennk kare mobilize pasifikman pou :
Retou imedya,
Retou prizonye politk,
Retou viktim nan travay yo,
Retou lapè ak respè pou tout Pitit Peyi a.


Sè m, Frè m,
Chapo ba pou ou ki vle tabli
Lapè ak respè sa a pou
Tout moun san distenksyon !

An 1806, san Desalin te koule
Pou nou tout viv kòm sè ak frè,
Egal ego, nan respè youn pou lòt.
San nou se san Ayiti,
Nou pa ka trayi san nou.

Lè a rive pou ansanm ansanm
Nou ekri yon nouvo chapit fidelite
Nan Istwa d Ayiti nou an.

Kite menòt mizè a tounen bijou
Nan bra Ayiti pandan 200 zan,
Se imoral e inakseptab.

Kite kansè trayizon an
Fè metastaz nan sèvèl wòwòt,
Se imoral e inakseptab.

Direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab
Pou ane 2007 la pa nwaye
Nan blakawout dezespwa.

Wi, direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab pou
Debloke Peyi a, bloke mizè a ;
Demare lajistis, mare kriminèl ;
Demonote Ayiti, menote ensekirite a.

Dayè, si pisans moral sa a
Pat toujou gide mas Pèp la,
Sa fè lontan tèt li tap pati
San paspò, san viza,
San tikè, san destinasyon.

Kidonk,
Li tap deja fou nan founo mizè.

Nou tout konnen sak vid pa kanpe.
Si Pèp la kanpe malgre vant li vid,
Se paske tèt li pa vid.

Yon lavalas ochan pou tout Patriyòt sa yo !
Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt.
Lavalas se « L' union fait la force ».
Fòs moral Ayiti chita nan
Pèp Ayisyen li menm menm.

Se pou sa, vle pa vle, sote ponpe,
Fòk ane 2007 sa a pote yon demen miyò.
Gen yon lavalas rezèv moral pou sa fèt.
Pèp Ayisyen se rezèv moral Peyi d Ayiti.
Si gen patisipasyon Pèp la nan pouvwa Pèp la,
N ap debouche kanmenm sou delivrans Ayiti.

Ayiti an pann, men
Se li ki pa n.
Pa n se pa n.
Wi, se vre :
Pa n se pa n.
Se ladann pou n
RETOUNEN.

Wè pa wè, n ap wè.
Wè pa wè, n ap wè lakay.
Se va yon bèl fèt lapè
Ak lanmou fratènèl.

Nan menm chalè renmen sa a,
Minouche avè m anbrase nou tout
E redi n nan lang Zansèt yo:

Sizobonana ekhaya !
Sa vle di : Na wè lakay.
Unyaka omucha omuhle !
Sa vle di : BON ANE !


Pretoria, Afrik di Sid
Desanm 2006

******************************************
Forwarded by Ezili's Haitian Lawyers Leadership Network
******************************************

- "I want the assets of the country to be equitably divided" - Jean
Jacques Dessalines


- Three ideals of Dessalines


- Dessalines' Law



Other Recommended HLLN Links:
- Bon Ane 2007! - New Years Message from President Jean Bertrand
Aristide (in Kreyol text and audio) from Pretoria, South Africa.


Audio link:




- DECLARATION OF THE INDIGENOUS WORLD URANIUM SUMMIT
Window Rock, Navajo Nation, USA
December 2, 2006
Video feed for the reading of the Declaration




- The UN complicity in neocolonialism, assassinations and violence in
Africa: An Interview with Ludo De Witte hosted by Walter Turner, Africa
Today, KPFA, Nov. 27, 2006 |


MP3 -



- The UN is Not For Africans by Magalie X Djehouty-Thot, Haitian
Perspectives, May 2, 2006



- What colonial education did to Africans | Ayi Kwe Armah



-DECLARATION OF THE INDIGENOUS WORLD URANIUM SUMMIT
Window Rock, Navajo Nation, USA
December 2, 2006
http://intercontinentalcry.mahost.org/w ... tatements/

Michel Nau_

Post by Michel Nau_ » Wed Dec 27, 2006 12:23 pm

Ezili wrote: [quote]Kidnapping epidemic began with the kidnapping and deportation of Pres. Jean Bertrand Aristide.[/quote]
W vle di ke si yo pat kidnape Aristide, zafe kidnapinn sa patap egziste!!
They created a monster. The students are being better than the masters.
Apparently Ezili, Lavalas seems more likely practicing the politic of an eye for an eye, and a tooth for a tooth at the expense of the Haitian children who are being kidnapped and killed by the truckload.
Lavalas ap fe pep la peye pou sa yo fe !!
Men se inosan kap peye pou koupab!
Gen trop kolateral damej ki fet deja.
Ezili, I believe that there must be better means to revandike one rights, kidnapping and killing of innocent children is not one of them.
Let's have a happy new year!!

Michel

Michel Nau_

Post by Michel Nau_ » Thu Dec 28, 2006 10:12 am

Fowom sa rele Ann Pale!!
Men mwen remake ke se pa tout le ke manb fowom sa pale!
Yo rete bebe kankou fidel legliz kap koute monpe ak paste levanjil
Yo pe pale, yo pe di sa yo panse!
Yo vinn tounin Zombi vivan ti jezi nan po krab.

Yon ti komante sou diskou Aristide la.
Sè m, Frè m,
Se konsa tout paste, hougan anba peristil ak monpe legliz komanse diskou yo le wap preche. Aristide ap itilize infliyans relijiez li pou sedouwi pep la kip a pran nan manti anko.
Poukisa li di Se anvan Fre?
Paske li konnen ke se fanm ki poto mitan sosyete aysienn nan.
Se fanm ki legliz, se fanm ki nan mashe, se fanm ki nan tout baz sosyete'a.
Nan peyi dayiti fanm travay mil fwa pase gason epoutan yo konsidere yo kom youn et enferye.
Li vle fe yo pense ke menm nan lide li kondisyon fanm sa yo pase anvan! "Understand your pain" konsep ke zanmi li.

Nou pa we lafanmi! Lafanmi se lavi!
Nan tout fanmi gen papa, e mwen se papa nou, San mwen, fanmi an pa egziste. Note ke li pa di salye nou (jeneralizasyon) men li di salye w!
Sa vle di li pesonalize salitasyon an youn seri de moun byen spesifik!
Nan kreyol nomal li ta dwe di salye nou tout pitit te peyi dayiti, le sa li tap anglobe tout aysien men li pap pale ak tout aysien li distinge ak ki aysien ke lap pale!
Nyans nan langaj sa yo pa toujou kle pou ti elit entektyel dwat e goch ki etidye swa nan peyi a ou deyo paske yo pa janm konprann nyans ak koule ki andedan lang kreyol la!
Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand.
Nou te kwe ke misye se fanatik Tousen Louveti ke li ye ? Jodi a poukisa misye prefere fe one a Desalin, yon neg kap preche koupe tet boule kay.

Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan
Pitit peyizan lap pale ak klas moun ke sosyete a bliye pou vinn jwenn li, li konprann mize yo, e se li sel ki ka ede yo!
Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav, Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan, Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens.
La'a lap mande youn raliman de tout ansyen ak nouvo lavalasyen nan diaspora ak nan tout kwen peyi'a, seksyon moun pov nan sentiwon lamize ke nan peyi a ki se baz li pou kanpe djanm e prepare yo pou batay menm ak vyolans sil le fo!
E nan jou ki pral rive la ou pral tande ke vyolans nan ap pral pwopaje soti nan selman Potoprins e rive nan tout vil pwovens ki pral mande ak plis vige retou Aristid. Kek ti elit tradisyonel pral komanse youn mouvman GNB2 eh byen lavasyen yo ap sevi ak sa kom preteks pou sakrifye sitwayen devan tankou deye amwens ke yo genyen youn kat pati lavalas nan deye posh yo!
Pèmèt nou di 15.000 mèsi
Si Franswa Divalye ke lap imite tout tan te genyen chif 22 msie chwazi dat 15 jwiye a kise dat fet li pou li fe youn lto demagoji: 15, mil mesi. Eske yo konn pawol konsa kantifye remesiman lakay? Non men fok li mete anfaz sou dat 15 nan, eske lap tounen youn 15 nou ap konnen!
Pou bèl souwè 15 jiyè 2006 yo. Bèl woz solidarite nou resevwa yo
"Nou" Tankou youn neg kap vann mashinn dezyem men li kontinye ap vann Minouch kom youn potansyel kandida 2011!
Bagay sa pral mete fas a fas ak anpil lide lavalas ki vle ke se yo! Men lap manje yo tout ki ta fe ti frekansite sa'a. Daye pouw lavalasyen fok ou jire obeysans a mo a sel lide apti a kise Aristid!
Jan nou tout konstate, Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la
Fi n limen sigarèt la nan 2 bout, Maladi kidnapig tounen yon epidemi.
Tout moun soufri. Tout moun jwenn.
Men fout tou! Ah ah ah Apa li papa!
Kom nou we nou fout jwenn ak pa nou!
(Kise parol youn odite nan NY te di mo pou mo nan radyo Ayiti Entenasyonal nan youn sho ki rele Kwaze lide ke Bob lemoine ak Max Kenol ap anime)
Jan nou ka konstate depi apre mwen finn ale a nou genyen youn sigaret ki limen nan tou 2 pwent!
(Peyi a engouvenab san mwen, se sel mwen ki ka chef, ki ka dirije e ki ka mete lape nan peyi dayiti,
lap rive youn le ameriken ak lot pep kite patisipe nan koudeta pral vinn bo pye mwen pou'm ka vinn ede yo mete la pe nan peyi'a!
Ze ap gen pou tounen anko andedan vant manman poul la)
Se pa fout sel mwen ki tap konn kidnapping!
Moun mwen yo kidnape tout kalite moun:
rich tankou pov, granmoun tankou timoun, boujwa tankou malere, elev lekol,
kidnaping pa ere, likidasyon nan kidnaping, anfen se youn epidemi kidnaping nan tounen poutet nou te pemet nou trayi mwen ak fe konplo kont mwen.
Pa gen moun ki epagne!
"Tout moun jwenn" vle di youn santiman ke kontan, gryen dan ke de enpak kidnaping nan nan peyi'a!
Kòm soufrans youn nan nou Se soufrans nou tout, Tout patriyòt gen obligasyon moral
Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon Ki toujou fè inosan peyi pou koupab.
Si anndan pa vann, deyò pa achte. Mwens trayizon egal mwens soufrans.

Kidonk kounyea kom nou tout konnen ou pral konnen soufrans mwen te andire apre kidnaping nan le sa trop pou nou, na manye genyen moralite pou konbat kidnaping an jeneral, mande retou mwen, pou inosan pa kontinye peye pou koupab!
Nou ka we ke si peyi'a kraze ke se nou tout kap pedi, pran konsyans, we reyalite mande mwen tounen epi nap we si tout bagay pap kanpe!
Si nou pa tal vann mwen, trayi mwen, fe konplo kont mwen ak vye blan etranje pa tap janm genyen kidnapping konsa!
Le jou na fout sispann trayi lide konsekan tankou Desalinn ak mwen menm na soufri mwens, soufrans nou va fini!
Klòch moral sa a sonnen byen fò Nan Ladesalinyèn ou nan
Im Nasyonal nou an ki di :
Lim nasyonal la pale de sa, (ak anpil ironi) an nou chante ansanm:
“ Dans nos rangs point de traîtres…
Nan mitan nou pa fèt pou gen trèt…”

Sak pase nou la nap plenyen pou kidnapping,
mwen pat tande tout bri sa'a non apre yo te lage mwen nan lafrik santral la?
Sak gentan gen la'aaa?
Nou fout bliye ke im nasoynal la di pa fet pou genyen tret ak konplo pami nou?
Kite'm chante pou nou anko (sou youn ton moun kap pase youn lot nan betiz)
Dans nos rangs point de traitres
ki vle di e map tradwi pou nou Nan (poz) mitan nou (poz) pat fet (poz) pou genyen moun ki tret ...
San sa nou tout ap fout peye pou sa!

Sa se komante e intepretasyon lot moun.
Se pa pawol mwen
Mwen ta rinmen tande komante e intepretasyon gran neg sou fowom sila ki konm pale kreyol byen. Malerezman, yo prefere rete bebe, e yap mache di ke yo se lide. Ke yo konnin remed pou maladi peyi d'Ayiti.

A la de traka papa pou lave kay te.
Swe mwen pou ane 2007 sa se pou mwen we ke tout Ayisyen ramase karakte yo.
Pou yo fe sa ki fe yo plezi anvan tout ideoloji lot moun.
Sa ki fe fanmi yo plezi e pa koute lot moun kap di yo fe tintin.
Nou tout se Ayisyen ke nou ye.
W pa pi Ayisyen pase mwen. Mwen remin peyi'm tou.
Mwen ta remin we, travay, sante, edikasyon, lojman, jistis sosyal pou fre ak se mwen yo. Pou yo manje tou menm jan ak tout lot moun.
Pou nou retire lide ke le blan antre nan peyi a se pa volo ke yo vinn volo.
Gen anpil ladan yo, se ede ke yo vinn ede nou.
Fok nou fe yon efo pou nou sa rekomet yo sa ki bon e sa ki pa bon.

fok nou pa voye ti bebe a jete avek tout dlo twalet la!!

Michel

Post Reply