Paka gen dyalòk de bra balan (Ki sa n ap fè?)

Post Reply
Pitit Ginen

Paka gen dyalòk de bra balan....

Post by Pitit Ginen » Tue Feb 14, 2006 1:03 am

Zanmi m yo,

Pou prochen desanzan k ap vini yo, nou ka chita la ap pale de masak kolon sanginè, baba, ansanm ak yon bann Ayisyen trèt, santi di, santi latrin, ap fè sou pèp ayisyen an depi tan benmbo, e kite m di ke yon mèd pa p chanje nan sityasyon pèp nou an. Si nou tout santi nou konsène e vle, toutbon vre, wè yon chanjman serye, pouki nou pa poze senp ti kesyon:

Se Kisa N ap Fè ??? E Kouman n ap fè l nan patisipe kòmsadwa nan batay la bò kote pèp la? Se Kisa N ap Fè?

Eske nou panse ke chita lòtbò dlo nan oswa fè manifestasyon, oswa ekri senpman, sa sifi. Kijan, kouman nou ka bay rezistans ki anndan peyi a jarèt? Pouki noun pa chita ansanm nan Diaspora a e pale sou koze sa a? Pouki li difisil konsa pou nou afronte bèt la fasafas? Di djab bonjou l ap manje w, pa di l bonjou l ap vle devore w. Alòs ki chwa a?

Mwen deklare l yon lòt fwa ankò : Mwen pa kwè ke pou yon lòt desan
zan ankò, nou pral deside chita pale senpman pandan ke reyaksyonè baba yo ap masakre pèp la! Mwen deklare ke fòk militan konsekan yo pa ezitye ni pè reponn fòs baba sa yo k ap fè vyolans sou pèp la depi 1804!

Mwen deklara ke fòk militan konsekan yo pa ezite ni pè reponn fòs sanginè k ap fè vyolans sou pèp la depi 1804!!!

Je parodie ici les propos d'un dirigeant du HAMAS qui déclarait :

" On ne peut pas dialoguer avec les forces barbares les mains vides!!! ".

Je le répète une autre fois :

" On ne peut pas dialoguer avec les forces barbares les mains vides!!! ".


Pitit Ginen.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Tue Feb 14, 2006 3:55 pm

Pitit Ginen,

Nou pran kont nèj nou deja pa bò isit, kounyè a ou deyò voye plis ban nou toujou. Sa fè kèk ane depi nou tande w wi! Antouka, mon chè, Welcome Back! Ou konnen byenvini lakay ou.

[quote]Se Kisa N ap Fè ??? E Kouman n ap fè l nan patisipe kòmsadwa nan batay la bò kote pèp la? Se Kisa N ap Fè?[/quote]
Monchè, se yon kesyon valab ou poze la e ou poze li pou nou tout. M ap reponn li dapre pwendvi pa mwen, nan fonksyon mwen kòm editè fowòm Ann Pale a e wèbmès sit "Fenèt sou Ayiti" a. Lòt kab reponn pou tèt yo, paske se pou tèt mwen sèlman ke mwen kab pale.

Kisa M ap Fè? Nan pwen mistè nan sa. Sa M ap Fè a, se sa ou wè m ap fè a. Se fason pa m pou m lite kont enjistis sosyal an Ayiti. Gen moun ki panse li gen anpil valè. Gen lòt moun ki panse se pale anpil ki ojis pa janm chanje kwakseswa. Mwen pa konnen kiyès ki gen rezon non. Men LWA ki nan tèt mwen an di mwen tr
avay m ap fè a se li pou mwen kontinye fè. Si m nan lerè, se LWA ki nan tèt mwen an ki mete m nan lerè.

Sa pa vle di se sa sèlman mwen fè pou frè m yo ak sè mwen yo non. Men mwen pa vle tounen tankou yon lòt frè selèb sou fowòm sa nan mache rakonte sa GUY S. ANTOINE fè pou peyi l, ke se li ki renmen peyi l pase nou tout, ke se li ki pare pou goumen pou li, ke se li ki super-patriyòt (nou menm se po bannan ou se yon bann trèt nou ye), ke se li ki fè sesi oswa sela. M ap obeyi LWA ki nan tèt mwen an. Si sa m ap fè a valab, l'ap gen efè kan menm, menm si youn nan nou pa wè l. Si li pa valab, e byen mwen pèdi tan mwen, men vle pa vle lantèman pou katrè, kidonk yon jou m'a sispann pèdi tan mwen.

Ki sa mwen pa fè? Ki sa mwen pa ka fè? Mwen pap pran zam pou m ale tire nan lari Pòtoprens. Mwen pa janm di ke pawòl ki soti nan bouch yon fizi pa nesesè non! Men se pa mwen kap pote fizi sa. Kote ou wè m kounyè a, se sakrifis vi mwen m ap fè pou peyi mwen. Men se pa nan pote fizi m ap fè li. Gen de mou
n ki di: "Oh, nou pa fè yon mèd pou chanje sitiyasyon peyi a." Mwen di m ap fè kichoy pou mwen chanje lavi kèk ayisyen. Si sa m ap fè a retonbe sou 25, se byen. Si li retonbe sou 50, sa pi bon toujou. Si li retonbe sou 500, sou Mil, sou Milye, sap pi bon toujou. Men franchman se pa mwen ki kapab jije. Men mwen konnen, depi lòm envante lekriti, enfòmasyon toujou chanje vi moun. Liv chanje vi moun. Entènèt chanje vi moun. Fowòm chanje vi moun. Fowòm Ayisyen an tou gen anpil potansyèl pou li fè moun panse, pou li fè nouvèl jenerasyon an konprann ke yo kab fè plis pase sa noumenm nou kite dèyè. Mwen pap vante tèt mwen lò mwen di ke Windows on Haiti e nou tout la ki sou li jwe yon wòl pozitif nan konsyantizasyon pèp ayisyen an. Eske se yon ti kras bagay, èske se yon gwo bagay, mwen pa fouti di ou paske mwen pa genyen kapasite sa pou m mezire efè jefò sa m'ap fè a, efè jefò sa n'ap fè ansanm lan. Sèl bagay, mwen santi LI POZITIF. Se pa yon pèt de tan.

Tout sa, se LWA ki nan tèt mwen an ki di
m sa. Si m nan lerè, se LWA sa ki nan lerè. Men mwenmenm, mwen toujou rete kwè ke se pa ak fizi sèlman yon moun kab goumen pou peyi l, yon moun gen dwa goumen ak panse li tou, ak pawòl li tou.

Si tout Ayisyen fè menm bagay avèk mwen, zafè peyi a pap janm mache. Nou tout solidè youn ak lòt, men nou chak fè sa LWA ki nan tèt nou an di pou nou fè. Sa ki vle chante, yo chante. Sa ki vle danse, yo danse. Sa ki vle jwe gita, yo jwe gita. Sa ki vle ekri, yo ekri. Sa ki vle mezire valè yon lide devan yon lòt lide, yo analize. Sa ki vle anseye moun ki konnen mwens pase yo, se sa yo fè. Sa ki vle pran lari, yo pran lari. Men lesansyèl, se pou nou kowòdone aksyon nou yo pou lavi ayisyen kab chanje tout bon vre. Si nou rete nan analize ki moun ki fè plis pase yon lòt, se sa vrèman ki yon pèt de tan, dapre mwenmenm. Paske pandan n'ap jete dout sou sa zòt ap fè pou peyi yo, n'ap rate opòtinite pou noumenm nou fè sa nou kapab fè a.

Li trè difisil, si li pa enposib, pou mezire efè yon echanj lide sou y
on fowòm piblik kapab kreye. Mwen pa syantis nan zafè sa. Se yon travayè mwen ye. Ki sa m'ap fè? Frè mwen, sa m'ap fè a, se sa ou wè m'ap fè a. Mwen pa fouti ba ou manti.

Pitit Ginen

Post by Pitit Ginen » Tue Feb 21, 2006 10:45 pm

Onè pou tout lakou a,

M ap eskize n byen vit poutèt mwen pa t gen tan bay yon repons pi vit a rale ke Guy te fè sou sijè ke mwen te abòde a, asavwa obligasyon pou pèp la reponn vyolans ke yon minorite sinik, ansanm ak etranje sanginè ap fè sou li.

Premye bagay mwen regrèt anpil se jan frè mwen Guy sanble pran koze an nan yon sans pèsonèl, sa k pap nan lespri mwen ditou. Lè m pale de koze vyolans sa a, mwen pa vle di ditou ke moun ki pa nan logik sa a pa patriyòt oswa pap fè anyen serye. Se pa la mwen ye ditou. Kote mwen ye, sèke mwen panse ke jan sityasyon vyolans lan ap devlope nan peyi a, opsyon pou militan yo reponn nan ka b vin tounen yon nesesite. E mwen panse nou ta dwe reflechi sou kesyon sa tou. Dayè, kite m di ke paske m soulve kesyon sa a aklè pa vle di mwen se sèl Ayisyen ki panse nan sans sa a. Pa ditou. E kite m di kèk konpatriyòt ki pale de koze sa a avè m, w èl nan menm sans avè m. Sa vle di yon fòs, you ti gw
oup, konsyan epi byen òganize ki pou ta frape kan baba a e fè l konprann ke pèp la bouke ak mizè anba vyolans lan. E kan sa a m ap pale a nou tout konnen l, mwen pa bezwen presize l pou pèsonn. Depi 1990 sou Aristid, kan sa a afime l aklè epi montre aklè tou detèminasyon l pou l fè vyolans sou pèp la, anpeche l fè yon pa. E li parèt aklè tou pou tout moun ke kan sa a refize tout dyalòg. Se nan sans sa mwen te raple sitasyon dirijan Hamas la. Paske Aristid ta p mande pou yon klas moun peye taks nan peyi a, yo ba l yon kou deta kote plis pase 5000 malere, patizan lapè, jistis ak devlopman te masakre. Chak fwa pèp la pran lari pou l manifeste, swadizan gran medya yo ansanm ak souflantyou nan peyi a rele ‘'vyolans''. Poutan, kit se te sou Cedras, kit se te sou Avril, CNG oswa Latortue, medya sa yo pa pale de vyolans k ap fèt sou pèp la. Nou ka wè aklè ke gen yon konplo pou yo ekstèmine pèp ayisyen an. E sa mwen di an senp : fòk gen Ayisyen ki gen ase kouraj pou yo anpeche jenosid sa a kontinye!!!

De
zyèmman, repons n ap pale a pa vle di gè sivil. Se petèt bagay sa ki frape tout lespri lè mwen pale de reponn sanginè yo. Eske Chalmagne Peralte te vle fè gè sivil ? Non. Tout nèg ki te konn fè debakman yo te rele kamoken yo, èske se gè sivil yo te vle deklanche nan peyi a? Non. Tou pre nou la nan Meksik gen yon bèl ekzanp de mouvman sa n ap pale a. Se pa lòt mouvman ke òganizasyon zapatis yo. Nou ka wè trè byen ke group sa a pa vini nan espri gè sivil. Se yon group ki esprime yon kolè kont yon pouvwa k ap fè opresyon, vyolans sou Chyapas yo depi tan benmbo. Gwoupman sa a parèt e li di fòk vyolans sa a sispann. Efektivman, nou wè vyolans sa bat ba.

Twazyèmman, nou dwe fè yon gwo diferans ant yon mouvman militan ame konsyan ak yon gè sivil. Yon gè sivil mennen destriksyon lekòl, lopital, pon elt. Alòske yon mouvman militan se yon lòt fòm presyon sou yon pouvwa sanginè. Nou ka wè menmjan ak mouvman sou Divalye yo, Zapatis yo ekzèse yon presyon dirèk sou pouvwa meksiken an. Mouvman chyapas la kon
fronte dirèkteman lame ki ap sèvi pouvwa sanginè a. Pa t gen kesyon detwi enfrastrikti peyi a. Dayè, se kan reyaksyonè an, anti chanjmanm an ki toujou fè bagay sa. Kit nou pran Contras yo nan Nicaragua oswa vagabon Guy Philippe yo ki boule lekòl sou pretèks ke se Aristid ki te fè yo. Nou ka wè ke toutswit aprè mouvman zapatis la, dirijan meksiken yo kouri fè yon pakèt travay nan Chyapas: yo kouri konstwi lekòl, fè wout, lopital elt. pou yo kalme gwoup sa ke yo konnen trè byen pou kisa li revòlte a. Mwen pa kwè ke nou ka chita tann chanjman ann Ayiti si pa gen yon ekzanp ki trase sou kan sanginè an ansanm ak tout klik souflantyou li a. Mwen panse ke fòk ekzanp sa trase pou omwen yo aksepte kite n òganize peyi n.

Katriyèmman, si se pa yon gwoup militan endepandan, fòk omwen yon gouvènman ki nan kan pèp la toutbon vre aranje l pou l met yon lame nasyonalis, paytriyotik sou pye. Yon lame ki pre pou l defann enterè pèp ayisyen an jiska lamò. Se nan sans sa kèk militan te toujou kritike Aristid ki te ge
n chans fè sa, men ki pa t janm konprann obligasyon sa. Kouman nou ka espere chanjman serye si chak fwa dirijan nou yo voye polisye ak militè ayisyen al pran fòmasyopn kay lenmi pèp la. Ki gwo brase lide ki janm fèt sou kesyon sa. Nou tout ka konprann ke si lame venezuela a pa t bò Chavez, nou pa tap asiste bèl revolysyon sa a. Sa vle di nan yon sans ou yon lòt, fòk pèp la gen yon fòs bò kote l. Se nan kontèks sa ankò mwen di pa gen dyalòg de bra balan.

Pitit Ginen.

Post by » Tue Feb 21, 2006 11:34 pm

Piti Ginen, mèsi pou bèl klarifikasyon sa. Mwen kontan wè ou kanpe sou listwa pou devlope ki sa ki mennen w nan konklizyon ou fè yo. Lide ou yo merite diskite bab pou bab, pou sa ki mal entansyone pa pran woulib...

Post Reply