Batay ideyolojik oswa pote kole

Post Reply
Pitit Ginen

Batay ideyolojik oswa pote kole

Post by Pitit Ginen » Sun May 09, 2004 10:24 pm

Batay ideyolojik oswa pote kole

Onè fanmi m yo,

Abobo, wa padone m dèske mwen reponn w ak tout reta sa a. Si se te volonte pa m, sa pa t ap janm rive.

Tout pwen w soulve nan repons w an diskitab; pou m pa pèdi twòp tan, m' ap pase nan pwen 2 a ki parèt enpòtan anpil. Ak rale w fè pou nou nan repons sa a, mwen reyalize ke m te devine aklè lide ki te nan lespri w a; men m p at vle pran chans pran devan san w p at presize pou nou : "pou retabli balans lan, se nan san pou l fèt". Mwen remake, e sa siprann mwen anpil, ke pa gen okenn kòmantè ki fèt sou lide sa yo w pataje ak nou.

Abobo, w di se nan san pou ekilib la retabli. Mwen menm mwen sijere ke se ak entèlijans, tèt poze, tèt anplas, san okenn èn pou pèsonn nou pral genyen batay sa a. An gwo, se ak tèt frèt--nan bonjan brase lide jan n' ap fè sa nan fowòm sa a--nan reflechi sou kijan ak kouman nou ka rive akompli kokennchenn
travay denannantizasyon an ki pral ranvèse konsekans nannantizasyon ke kolonizasyon an kite nan tèt milyon frè nou yo. An verite, se pa nan san ditou pwoblèm lan pral rezoud.

Abobo, si m manti di m manti, jan w pale a, mwen santi w yon tijan gen èn kont blan. Si se ta sa, kite m di ke se yon santiman ke m konprann trè byen pase mwen menm tou te pase pa etap sa a. Men kite m di ke santiman sa a se yon pwazon vyolan kont tout militan konsekan. Si m ta tronpe m nan remak sa a, w va fè m gras. Pase nou pral bizwen tout enèji nou, tout kontwòl sou emosyon nou, tout konesans militan konsyan konsekan nou yo pral nesesè pou pèmèt ras nwa a soti nan sa li ye a; e l'ap soti la san vyolans, san pote kole, pote boure kont pèsonn.

Nou gen ekzanp nan listwa pa nou ak nan listwa lòt pèp ki ka ede n konprann pi byen pouki yo di "lide pifò pase lepe" :

_ Anpil moun te sezi wè ak ki fasilite Aristid te rive kraze lame kreze zo a. Sa nou dwe aprann nan aksyon sa a, sèke si se te ak lafòs, sa
ta gendwa pa janm rive fèt. Kèk zanmi ka di sa pa sèvi anyen piske nou pran lokipasyon; men, se pa sa k vrè kesyon an. Dayè ak nouvèl mantalite ke desizyon sa a kreye kay pèp la, nou ka wè kouman defakto yo ap jwe tikodin sou kesyon retounen ak lame a.

_ An nou raple n ke blan yo te okipe Lachin pandan plis pase yon syèk. E daprè sa Mao Tse-tung ekri li menm; li fè nou konnen ke anpil Chinwa te sibi lavaj sèvo [1] Mwen te sezi li revelasyon sa a. E se pou sa menm Mao te konprann nesesite pou l lanse Revolisyon Kiltirèl li a; yon fason pou l te denannantizase elit chinwa a. Konsekans kokennchenn mouvman sa a : Lachin vin genyen yon elit nasyonalis, konsyan, epi konsekan. Avan Mao, klas dirijan chinwa a t ap naje nan opòtinis ak egoyis. Mao li menm ankò ekri ke pandan twa mil an (3000 an) pèp chinwa a ta p trennen anba pye yon pakèt dinasti chinwa (The chinesse revolution and the communist party, 1965; Mao Tse-tung). Poutan nou ka wè kouman Mao, ak bonjan lide ki vin kreye òganizasyon djanm, riv
e mete gwo peyi sa a sou ray. Se lafòs, pouvwa militè kifè san lobo ni deblozay Lachin rive reprann Macao nan men Pòtigal ak Hongkong nan men Angletè; men lè nou konsidere pwisans ideyolojik ki dèyè yon eksplwa konsa, se enpresyonan anpil.

_ Kite m site yon lòt ekzanp. Dèyè lit ame ke Marcos deklare nan Meksik la, gen yon leson ladan l. Pou msye rive nan pwen sa a, li te blije pase dizan nan kominote Chyapas la kote l t ap fè travay konsyantizasyon. Lit msye te deklare a se te jis yon mwayen pou l te fè presyon sou yon pouvwa ki te sanble soud devan revandikasyon pèp la. Se la a nou ka wè gwo diferans ak yon pakèt nèg ka p goumen ann Afrik kote se entèrè endividyèl ou byen yon ti gwoup ki konsène, san okenn travay louvri je alabaz.

_ Mwen blije di de mo sou Vyetnam. Yon peyi ke Ameriken fè tout enjistis sa yo, nou jwenn dirijan peyi sa a ki nan gwo negosyasyon ak gouvènman meriken an pou de kan yo reprann relasyon diplomatik. Nou jwenn nan ekzanp sa a prèv pwisans sikolojik ke tout lidè a
nsanm ak militan konsekan yo dwe genyen lakay yo. Pwisans sikolojik sa a pèmèt nou metrize tout pasyon ak emosyon negatif tankou laèn pou enmi nou yo.

Tout ekzanp mwen site pi wo yo, se yon fason pou m montre ke yon batay viktorye rete nan òganizasyon ki chita sou ideyoloji solid. Nou ka wè ke menm yon lit ame serye mande yon baz ideyolojik kòdyòm. Nan "Les damnés de la terre", Frantz Fanon mete anpil aksan sou aspè sa a. Nan ka pwoblèm pèp nwa yo ki anba pye blan yo, se gwo chema ideyolojik senpman ki pou wetire n nan lawont sa a. Men, nou sou chimen an lè n' ap pale de Afrosantris. Lè n fin dekouvri tout pouvwa filozofi sa a, nou p ap nan pèdi tan pale de blan. Malgre tout sa k pase nan listwa, destine nou se nan men nou li ye....

Abobo, w di yon lòt bagay ki mande yon ti kòmantè : "dirijan peyi blan yo kontinye dechèpiye richès nou yo". Se konsa li ye malerezman. Men, si n pa aksepte ke yo ka rive fè sa paske boujwazi lakay nou, dirijan lakay nou, elit lakay nou, nan gwo konfyol
o ak yo; enben Abobo, nou p ap janm soti nan kafouyay nou ye a.

Mwen panse ke pi gwo pwoblèm nou se pa blan kolon yo, men paske sektè sa mwen fenk site piwo yo. Nou menm ki nan kan pèp la nou dwe reyalize ke enperyalis la ansanm ak sektè opòtinis yo pa entouchab. Poutan, se pa nan san vèse nou pral venk enmi sa yo; se ak fòs ideyoloji nou kòm militan ka p travay nan mitan pèp la ki dwe plante grenn chanjman anndan lekòl, nan komite katye elt.

Mwen t ap reflechi sou sityasyon sa a : kèk jèn ki reyini nan kèk ti lokal ak kèk ti malere--liv, krè, kreyon, kaye nan men--bay yon jent militè tèt fè mal opwen ke nèg sa yo te tonbe nan fè gwo vyolans sou nou. Sa fè nou wè ke, yon sistèm ki chita sou eksplwatasyon, vyolans, ak manti, pi fèb ke nou kwè sa. E sistèm sa a ka koule pi vit anba kout gong bonjan òganizasyon popilè ki chita sou ideyoloji solid. Lè kèk pwofesè nwa ameriken koumanse pale de yon bagay ki rele AFRONSANTRIS, jounal, radyo ak televizyon fin fou pou yo dechouke yon bagay konsa.

n
Ayiti, Kot Divwa, Santafrik, Afganistan, Irak, se sentom yon menm maladi : pèp nwa ak arab yo poko ka jwenn chimen Inite ak Lidè konsekan ki pou pèmèt yo bare lawout kolon vòlè. Fòk nou pa bliye ke kolon yo te gen anpil pouvwa sou lazi tou. sa nou wè kounye a? Gad ki kokennchenn travay Mahatir akonpli an Malezi !!! An verite, Aristid te gen menm chans lan. An nou klè Abobo, si Lafrik ak monn arab la paka rive pre oswa nan nivo Lazi a, y' ap toujou rete kolonize. Mwen ak w Abobo, ansanm ak tout nèg nwè konsyan gen pou n kontinye goumen ak lide nou k ap trase chimen k ap fin pa mennen anba tonèl liberasyon pèp nou an. Pa gen okenn san koule ki ka akonpli misyon sa a (...)

Meyè fason nou ka ranpòte laviktwa sou kolon yo, se lè anpil nan nou ki al etidye lakay yo retounen al konstwi peyi nou menmjan ak Koreyen yo, Tayiwanè yo, Chinwa yo, Vyetnamyen yo te e kontinye ap fè sa; pi bèl fason pou n kase nen yo, se lè y' ap vin achte teknoloji lakay nou, menmjan y' ap fè sa kay Japonè, Chinwa
, Koreyen, Endonezyen, Endyen; pi gwo kou nou te ka pote yo, se lè yo paka manipile, achte jan yo vle lidè nou yo, elit nou yo, pitit nou yo; pi gwo kalòt, souflèt nou te ka ba yo, se lè yo paka rive divize nou ankò....

Remake ke nou paka rive nan pwen sa a si pa gen yon travay ki fèt alabaz. Si w byen gade, se yon travay ki deja koumanse. Mwen ak w se prèv vivan rezilta travay sa a ki te demare ak lòt nèg nwa ki te rive libere nanm yo. Travay sa a, mwen ak w dwe kontinye l. Mwen ak w pa gen zam nan men nou pa vre. Alòske nou se yon danje piblik pou sistèm lan. Travay n' ap fè a, mwen ak w, pitit nou pa p wè l, pitit pitit nou gendwa pa wè l, men gen yon jenerasyon ka p fin pa viv rezilta misyon n' ap akonpli jodi a.

Se pa san koule ki chimen Libète nou jodi a !!!

Se entèlijans, tèt poze, tèt kole ki wout delivrans lan !!!

Pitit Ginen.


[1] ...Furthermore, the imperialist powers have never slackened their efforts to poison the minds of the Chinese people.
This is their policy of cultural agression. And is it carried out through missionary work, through establishing hospitals and schools, publishing newspapers and inducing Chinesse students to study abroad. Their aim is to train intellectuals who will serve their interest and to dupe the people (The chinesse revolution and the communist party; Mao Tse-tung, 1965).

Pitit Ginen

Post by Pitit Ginen » Sun May 16, 2004 9:40 pm

Nou di lonè tout moun,

Wi, jwèt la ap gen san ladan l !!! Sa pou n oblije aksepte, sèke san sa a pa p nesesèman koule ant nwa ak blan nan yon afrontman dirèk. Malerezman, gwo pote kole a, pote boure a, se ant Ayisyen ankò li gen pou fèt pou Liberasyon Total Kapital la. Volontèman mwen te fè silans sou aspè sa a nan repons mwen an. Pa t gen okenn dout nan tèt mwen ke pwoblèm vyolans lan t ap retounen sou tapi a.

Nou tout dakò mesye ke lavaj sèvo a se yon dilèm pou ras nou an. Nou paka jis viv ak dilèm lan, fòk nou admèt konsekans li tou ki se : opòtinis, trayizon, vorasite, egoyis, gran manjè, parazit elt. Reyalite sa a fòse tout militan detèmine nan yon konba san pran souf; se yon KSPS olye de yon SOS. Pi gwo pyon enmi an vanse sou nou; pi gwo obstak ki sou chemen nou, se yon bann frè nou ki refize wè enterè tout lakou a, e ki ap konplote tout tan ak letranje pou kenbe pèp la nan tenten. Nou konnen tou mesye kouman blan an it
ilize pouvwa lajan l pou l monte yon bann Ayisyen kont pwòp peyi yo. Jodi a nou anba yon okipasyon; poutan tout sa ki rele "klas entèlektyèl la" bat bravo, kolabore. Se pi ba nou pa t janm tonbe depi 1804.

Devan trajedi nou trouve n jodi a kote tout klas dirijant peyi a revele yo aklè kòm apatrid, se lit ideyolojik ki solisyon pi efikas la; menmsi li rete klè ke travay mobilizasyon sa a ap fin pa debouche sou lit ame. Malerezman, se pa p yon lagè ant Ayisyen kont Meriken oswa Fransè; se pral yon lagè ant Ayisyen kont Ayisyen. Listwa montre sa klè kon dlo kòk, pi gwo salopri a se endividi ki soti nan sen pèp la menm. Tout Mouvman Liberasyon toujou mete pitit yon menm peyi fasafas. Sa k gen pou pase ann Ayiti a pa diferan de sa k te pase an Frans nan lane 1789 lan; aswa sa k te pase an Risi, Lachin ak nan lòt peyi. Fòk nou afronte reyalite a : se yon ti gwoup Ayisyen voras, san vègòy, gran manjè ki ne gòdyen an. Lò bouyay la pete, pèp ki nan grangou se pa sou Meriken yo pral tire, men se sou lòt
Ayisyen ki derefize ba yo chans pou yo respire.

Abobo di ke blan pa p ezite itilize lafòs lè yo wè y' ap pèdi yon bann enterè lakay nou. San dout. Men fòs sa a se nan men lòt Ayisyen ki pre pou vann tèt yo pou de gouden li te e pral ye : lame Dayiti ki te fòme an 1915 pou kraze zo, diktati ridikil Divalye yo, KNG ki nwaye eleksyon 87 yo nan san, koudeta sanginè 91 lan, Gi Filip ak pakèt lòt ranyon li yo ke tout klas politik la aplodi, yon lòt lame fatra ki gen pou tounen, yon swadizan klas politik ke nou pa menm ka mete nan nivo zannimo... Men sa k vrè pwoblèm lan mesye? Mwen konnen nou konn tout bagay sa yo mesye, sofke nou refize gade reyalite sa a an fas; nou plis ap pale de blan, blan, blan.

Mesye mwen vle nou reyalize bagay sa a : nou plis anplwaye enèji nou nan pale de blan ki ka fè, yo pral fè sa olye nou konsantre nou sou solisyon posib epi pratik pwoblèm ki devan nou an. Sipozon ke nou mete grenn sou nou pou n metrize avadra yo. Epi nou mobilize tout pèp la nan yon gwo kon
bit pou l bati peyi l (menmjan yon Cahvez pa pè fè sa nan Venezuela. Lajan gwo envistisè, bayè defopn pa gen twòp arevwa nan bagay sa a. Aristid pa t gen plis lajan nan men l pase sa an 1991) Sa k pral pase? Blan ap vin ak bato, avyon pou yo bonbade peyi a? Mwen plis kwè yo te pral itilize kèk pouriti pou yo deklanche aksyon teroris nan peyi a. Nan moman sa a dirijan yo pata dwe ezite al devan tout enstans entènasyonal pou denonse teroris blan ka p finanse mesenè kont enterè pèp Ayisyen an. Men aksyon eleman Aristid la te dwe poze. Olye de sa msye rele menm blan sa yo ki ta p sipòte sanginè yo pou vin ede l. Mesye, mwen ta sijere nou konsantre sou kouman kat sa a pral bat olye nou chita nan pale de blan. Lè Mugabe deside reprann tè peyi a nan men kolon blan yo; kisa n te wè k rive? Blan yo al negosye. Nou pa janm panse ke blan yo ka vin negosye avè n? Pou kisa?

Mesye, ki leson nou tire de eksperyans 91 lan? Sa ke mwen menm aprann de moman istorik sa a, sèke li posib pou yon gouvènman popi
lè fè chanjman nan enterè pèp la menmjan Aristid te koumanse fè sa nan lane 91 sa a. Nan moman sa a nou tout te wè kouman tout mas pèp la te sipòte msye. Alòske lè msye antre nan konpwomi ak blan ansanm ak aptrid yo, pèp la vire do ba li. E menm lè msye te pran koudeta a se nan tèt di li. Pase tout pèp la te di msye aklè ke yo pa vle wè lame sa nan figi yo. Se jis apre li reyalize ke se pèp la k te gen rezon...

Ann serye jaf : èske pou n fè chanjman nan peyi a jounen jodi a, nou ta blije nan boule tèt koupe kay? Mwen dakò ke lenmi an ap fin pa fòse n antre nan lojik vèse san an; pa gen manti nan koze sa! Pa gen okenn Revolisyon oswa Gouvènman Popilè ki ka rive evite glisad sa a devan vyolans fòs reaksyonè yo. Men, èske sa vle di destriksyon pou sa? Mwen si ke se pa sa w vle di jaf. Se vre kan apatrid la toujou kanpe sou bit destriksyon. Lide boule tèt koupe kay pa nan ajanda militan konsekan yo. Nan lane 1791 nou pa t ka pèmèt nou mande esklav yo pou yo wè bagay yo yon lòt jan. Kanmenm s
a fè lontan nou soti nan lojik jiskoboutis sa a. Chanjman an gen pou l fèt jaf. Ap gen destriksyon nan jwèt la ka p soti bò kote san vègòy yo. Kanta boule kay sa a, nou menm militan konsyan pa nan detay sa a. E w konnsa...

Pèp Ayisyen an gen pou l vanse, se pa ni blan dechèpiyè ni nwa trèt ki pral anpeche l wè koulè solèy!!!


Pitit Ginen.

Post Reply