Sizyèm festival Banzil Kreyòl

Post Reply
Serge
Posts: 321
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Sizyèm festival Banzil Kreyòl

Post by Serge » Sun Aug 17, 2008 12:55 pm

Kanmarad,

Map voye salitasyon pou nou tout. Gen kèk semen, mwen te di nou mwen te gen pou te fè yon ti rale sou vwajay mwen te fè nan Kiba pou m'al patisipe nan Sizyèm Festival Banzil Kreyòl. Depi mwen tounen, mwen te yon ti jan okipe e se pousa se koulye a sèlman mwen gen tan fè sa.

Fòk mwen koumanse pa di nou ke si sa ta rive ke politik Gouvènman meriken ta chanje pou pèmèt tout moun al Kiba, mwen kwè tout Ayisyen nan dyaspora pa ta dwe manke al Kiba nan pwochen Festival kap fèt nan lane 2010.

Festival sa, se youn nan eksperyans ki pi rich yon Ayisyen kapab fè. Se depi 1997 ke Hilario Batista Felix, ansanm ak yon dizen kanmarad li yo deside òganize Banzil Kreyòl (ki vle di tout zile ki pale kreyòl ayisyen an) pou chache kenbe kilti Ayiti byen ganm nan Kiba. Si se pou sa, yo byen reyisi.

Festival sa fèt ak gwo sipò Gouvènman Kiben an epi depi kèk lane, Òganizasyon Nasyonzini pou Kilti (UNESCO) bal gwo jarèt ofisyèl tou. Kididonk, Festival sa dedye pou Ayiti ansanm ak pou 5 Kiben Gouvènman meriken an kenbe prizonye pa bò isit, malgre tribinal rekonèt yo pa koupab.

Se te bèl bagay pou wè kouman yon seri Kiben ki gen pou zansèt yo Ayisyen ap travay pou bay kreyòl la jarèt e pou montre pèp kiben an kilti peyi Dayiti. Te gen Kiben-ayisyen ki soti diferan kote nan Kiba: Guantanamo, Camaguey, Matanzas, Cotorro, Santiago etc. Tout moun fyè paske zansèt yo te soti tèl ou tèl kote nan peyi dayiti, tèl ti vil, oubyen kèk ti bougad. Yo fyè se Kiben yo ye, men pa nenpòt ki Kiben non, Kiben ki gen zansèt ayisyen ! Genyen ki pale lang lan kon rat, genyen ki panko konen li, men deside pou yo apran li.

Ak tout pakèt imigrasyon ayisyen ki fèt sou Kiba nan 20èm syèk la, gen yon bon kantite nwa kiben ki gen ayisyen pou zansèt yo, menm si gen de lè, yo menm ka pa kon sa, e se poutèt sa Hilario Batista mete òganizasyon sa kanpe pou li fè moun sa yo konen.

Sa ki te enteresan anpil nan Festival la, se pa granmoun sèlman non ki te la. Anpil timoun ki gen pou laj ant 8-10 lane rive 13-14 lane tap patisipe tou Youn nan bagay ki enpòtan anpil nan Banzil Kreyòl, se zafè lakilti a. Se pou te wè kouman timoun yo kon danse ! Yo danse folklò kiben, yo danse folklò ayisyen, yo enterese, yo koute, yo swiv, yo gade lòt granmoun veteran yo ap danse pou yo chache imite yo. Se yon satisfaksyon san parey! Gen kèk ti moun mwen gen enpresyon te ka gen menm 6 oubyen 7 lane. Paran yo konfye yo bay Banzil Kreyòl san pwoblèm, epi yap devlope nan kilti yo alèz.

Te gen yon pakèt reprezantasyon kiltirèl pandan twa jou sa yo - 1-2-3 dawout. Te gen gwo gwo jan tanbouyè ak pèkisyonis ki fè tout moun leve kanpe danse. Menm mwen menm, mwen blije leve kanpe ap danse pandan kamera mwen nan menm map filme. Te gen yon seri gwo konferans ki fèt sou kilti ayisyen an; sou repèkisyon revolisyon ayisyen sou Karayib e sou kiba espesyalman; sou lang kreyòl la; sou ki jan moun te kon abiye lontan, elatriye. Mwen te fè yon prezantasyon sou lang kreyòl la nan dyaspora ayisyen an.

Pami moun lòt peyi ki te la, te gen yon reprezantan Gwadloup; yon ti dam Sainte-Lucie kap viv Kanada e ki jwen enfòmasyon sou Banzil Kreyòl nan Intènet la; yon afriken ki soti Malawi e kap fè rechèch sou kilti Ayiti - li pase twa semen deja Ayiti; yon dam meriken kap fè rechèch sou relijyon Ayiti, li soti Harvard; yon reprezantan UNESCO. Tout entèvansyon ki te fèt yo, se te bagay serye nèt e yo te kouvri yon pakèt sijè. Tout pwovens mwen site ki te la yo te gen reprezantan yo ki pale sous diferan bagay kap pase nan zon pa yo. Te gen tou yon Dr Acène Jean Pierre ki te fè yon prezantasyon sou travay sosyal lap fè Ayiti nan Pignon. Li gen yon òganizasyon ki okipe ti moun e se yon pakèt travay lap fè lòt bò a. Nan twazyèm jou a, yon manm anbasad Dayiti nan Kiba, Jean Maxius Bernard te fè yon bèl prezantasyon sou lang kreyòl la. Moun yo te byen apresye sa. Nan lapremidi twazyèm jou sa, pou fèmen Festival la, sete gwo aktivite kiltirèl nèt nan « Casa de la Cultura » Banzil Kreyòl.

Mwen paka fini mesaj san mwen pa fè yon ti rale sou yon sityasyon mwen te wè nan Havana ki boulvèse mwen anpil. Jan mwen te di nou, se nan twazyèm jou sèlman reprezantan anbasad peyi Dayiti nan Kiba te pale. Dapre enfòmasyon mwen jwen, li ta sanble Jean Maxius Bernard, se sèl moun nan anbasad la kap fè travay li tankou pwofesyonèl, ki patisipe nan bagay konsa e ki kenbe kontak. Yo di mwen anbasad la gen 6 anplwaye ladan. Tout lòt yo, se chèk la yap touche e yo pap regle anyen. Nou pap kwè mwen si mwen di nou ke nan inogirasyon Festival la nan 1 dawout, anbasad la pat menm la. Eske li te enterese ? mwen pa konen, men mwen konen li resevwa envitasyon. Ou gen yon òganizasyon yon Kiben Ayisyen mete sou pye, ak pwòp kouray li, li deside fè depans, li rive jwen sipò Gouvènman Kiben ak gwo jarèt UNESCO, epi anbasad peyi kote kilti a ap fleri pa menm enterese bay patisipasyon li! Mwen konsidere sa tankou yon gwo lawont!

Mwen wè Hilario ak tout fanmi li - li gen 2 pitit fi, Natalie ak Nadine, madanm li, ap fè tout kalite jefò pou òganize bagay sa ( pandan 3 jou sa yo, yo te bay tout moun manje nan midi (lunch), epi anbasad la pa fouti kontriby anyen. Eske Minis ayiti te konen? Mwen pa kwè. Si li pat konen, li antò. Si moun ki reskonsab nan anbasad Kiba pat fè li konen, li gen tò menm jan paske li pap fè travay li. Tout jan, yo tout antò paske yo pa enterese e yo tout ap regle zafè pèsonèl.

Sa vle di Kiben ayisyen ap voye Ayiti monte, anbasad la paka menm voye 10 pesos kiben bayo pou ede pwomosyon kiltirèl sa. Mwen te byen kontan wè ke Banzil Kreyòl reyalize li pat ka konte sou sipò anbasad la nonplis e li pouse bak li pou pi devan pou regle zafè li. Ki pi rèd, se pa nan Kiba sèlman nou wè bagay konsa pase. Ou gen dwa jwen menm katon an nan gwo anbasad peyi Dayiti lòt bò dlo. Kèlkeswa kapital la, wa tande menm plenyen an: anbasad yo pap regle anyen. E sa ki pi grav la, ou panko wè kilè sityasyon sa ap ranje. Nan 2002, mwen tale nan Banzil Kreyòl e lè sa Anbasadè Andrine Constant te la. Se pat menm bagay. Li te aktif anpil, li te ede, li te konpran sa sa vle di, li te konpran wòl pwomotè Ayiti nan lòt peyi, li te kenbe kontak e se te wè kouman li te ede Banzil Kreyòl. Men, 2004 rive e nou konen sa ki pase.

Mwen te tèlman vekse sou bagay mwen pat fouti pa pale sou sa. Antouka, malgre vye atitid sa, sa pat anpeche pou Festival pase byen, tout moun te kontan anpil e yo deja ap pare festival Banzil Kreyòl pou 2010. Hilario ap dedye Festival la bay dyaspora ayisyen na Lamerik Nò, sa vle Etazini, Kanada et Meksik. Kididonk, depi koulye a, koumanse fè plan, e si politik la ta chanje e moun kapab vwayaje san pwoblèm al Kiba, mwen ta renmen wè yon gwo sipò kiltirèl, lojistik ak finansye pou Hilario Batista Felix ak ekip li a, paske, map di nou franchman, travay lap fè a, mwen pa konen anpil lòt moun kap fè sa nan kominote pa yo.

Ma retounen ban nou plis enfòmasyon lè mwen resevwa yo sou aktivite Banzil Kreyòl. Map kanpe la e map di nou

Kenbe fèm,

Serge

Widy
Posts: 43
Joined: Sat Dec 30, 2006 2:35 pm

Post by Widy » Sat Aug 30, 2008 4:58 pm

Serge,

Mwen teke vle sav ès kè nèg Kiben yo ap jwet èvè tanbou konvansyonèl kon KONGA, TUMBA, BONGO, LP, ou alòs ès si tanbou rasin kon yo touve nan tanbou Vodou ou tanbou Gwo ka.

Sa ki sèten se kè nap asiste a oun rènesans a tanbou nan Karayib-la e mwen teke le sav ès se menm biten osi nan Ayiti, èvè tout zafè a pwoblèm politik yo e ideyoloji rèlijye ki gen konyela?

Serge
Posts: 321
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Post by Serge » Wed Sep 17, 2008 1:57 pm

Kanmarad Widy,

Koman w ye? Mon chè wap eskize mwen, se jodya sèlman 3 semen pita, map li kesyon ou mande mwen an. Mwen pa kwè li twò ta pou mwen repon ou.

Fòk mwen di w gwoup ki tap jwe jwe mizik yo, se Kiben ki gen desandans aysyen, kididonk, tanbou yo itilize yo se menm tanbou ak Ayiti yo, konga, bongo sitou. Mwen pat gen tan ale nan gwo jan seremoni lòt bò a pou mwen te wè ki lòt kalite tanbou yo itilize. Men mwen ka di w ke nan Kiba en jeneral, kilti a pre anpil anpil, e se non yo sèlman ki chanje ak panyòl la. Fòk mwen ta fè plis rechèch pou mwen ta ka repon kesyon okonplè.

Kenbe la. Mwen swete ane pwochen, wap kapab vwayaje al nan Festival la.

Serge

Widy
Posts: 43
Joined: Sat Dec 30, 2006 2:35 pm

Post by Widy » Sat Sep 20, 2008 5:03 am

Onè Rèspè


Pa gen pwoblèm serge, e sa paka etone mwen si kalite tanbou yo ap itilize.

Kounyela mwen jous an Suisse (Suisserland) pou konsè e mwen gen 3 dat la.

Yo foure oun kaz a dispozisyoun an nou èvè bwè e manje adan'l.
Nou gen oun ti jaden èvè pye legim, fwi. An plis di sa yo ka byen peye mizisyen yo e nou a gou a kè an nou.

Kon yo ka di se pen beni nou ap trape-la. Se moun la ka milite oun lo pou introdui awtis an milye a yo e yo ka ba yo vrè valè a yo.

Oun dòt biten ki etone-m ankò sekè an tout lewòp, se nan sèl peyi mwen wè yo fè oun kanpay televize pou vini an èd a Ayiti se Suisserland.

Yo ka pase klip nan tele pou mande moun voye lajan ba refijye Ayisyen.

Mwen pe di zòt pon dòt peyi pa fè oun kanpay konsa an favè a pèp ayisyen e kanta se legliz a yo la yo pani anyen ka fout dè nèg Ayisien, sa malere a di men se reality.

Pou wouvin si zafè tanbou-la nou pe di kè pèp kiben fè oun gwo travay si pèkisyoun padavwa yo rive enpoze standa ritmik yo nan mizik modèn e si nou bien gade kèlkèswa nèg ou blan jazz ou funk music se patern mizik latin yo ka sèvi.

Sa ki domaj tou se dè wè de boun tanbouye Ayisyen ou solis, e ayen paka fèt pou yo pou popilarize soun a yo.

Nou tout konnen non a gran pèkisyonis Kiben potoriken.....men konmen gran pèkisyonis ayisyen nap konnen? Kisa yo fè ba yo pou fè yo konnèt, alòs kè se boug la boun.

Dayè si Gwadloup se oun jan menm biten piskè tanbouye a yo bon men yo konnèt yo yenki nan peyi a yo e ayen paka fèt pou fè yo konnèt o nivo entènasyonal.

E poutan e poutan si-m di zòt kè nou ni rèsous lakay nou nan nouvo konfigirasyoun mizik mondyal la zò peke kwè mwen.

Tout moun konnen standa pèkisyoun latin men yo poko konnen kalite a fòs a kout tanbou a ti nèg pa nou.

Men pe di zòt lè yo tann sa, blan ka monte anlè, men an plis si nou wè mizik kon nan konpetisyoun, nouka fè se pèkisyonis blan la manje manman-yo tèlman nou ka ba yo tanbou nan tèt yo, men tanbou yo poko jan-m tande e yo ka rèspèkte nou.


Blan ka foure yo a jounou douvan nou.

Dè tout fasoun tan tala se mondyalizasyoun li ye e tanbouye plis ki enplike nan sa piskè yo ka atann oun lo dè yo e yo gen oun wòl fondamantal a jwe.

Se an nou a pran konsyans dè sa pou nou kab voye ti nèg pa nou monte kon pèkisyonis solis o nivo mondyal, piskè travay tala se yo sèl ki pe fèy.

Mwen ke vini pli ta èvè oun awtik si sa ba zòt.

Adan youn dòt solèy

Widy

Geneva

Serge
Posts: 321
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Post by Serge » Sun Sep 21, 2008 3:32 pm

Kanmarad Widy,

Kouman w ye? Mwen wè wap fè gwo bèl travay nan Jenèv. Ken la e kontinye pote dapo tanbou afriken an byen wo. Sa wap fè ap pou voye mizik sa monte kote w ye a, se pwoblèm sa nou genyen toupatou ki fè paka gen gwo tanbouyè ayisyen ki rekonèt toupatou. Youn nan rezon ki fè mizisyen nou yo pa rekonét plis nan lemond, se paske nou pa gen ase pwomowyon ki fèt. Fòk mwen di ke nan kèk kote tankou Swiss, Japon, gen anpil jefò ki fèt, men se paske se Ayisyen yo menm ki jwen yon jan pou fè pwomosyon tèt pa yo. Se byen malere, men te dwe gen yon politik gouvènman menm pou voye mizisyen ayisyen monte, men, nou konen se pa yo menm ki pwal okipe bagay konsa. Oubyen yo pa konen ki jan pou fè sa, oubyen menm lè yo ta vle fè sa, tèlman gen pwoblèm nan peyi a, yo pa gen resous pou ta fè sa. Koulye a menm, se pi rèd. Nou pa nan sa ditou.

Kididonk, lè ou menm oou rive nan kote konsa, wap voye tanbou a mone , se yon pòt ou louvri pi pis pou lòt dèyè kapab jwen yon chans. Rezon ki fè yo konen mizik Kiba byen, se pa yon chans konsa non. Se paske tout lajounen, ou tande Gouvènman Kiba ap fè pwomosyon bon bagay lakay li e lap pouse nouvo talan andedan lakay li. Se tout yon politik ki pa ekziste nan ti bouk lakay nou, malerezman.

Antouka, kenbe fèm, epi voye kilti a monte!


Serge

Post Reply