Rechèch inivèsitè, pilye yon soyete!

Post Reply
Jgpalmis
Posts: 65
Joined: Mon Jan 01, 2007 11:02 am

Rechèch inivèsitè, pilye yon soyete!

Post by Jgpalmis » Sat Dec 06, 2008 9:19 am

http://www.lenouvelliste.com/article.ph ... 2008-12-05

[quote]Nan lide pou mande responsab inivèsite leta yo, jan sa di nan « Dispozisyon transitwa 1997 » la, fè rechèch, pran angajman ede sosyete a rezoud pwoblèm l ap konfronte yo, Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz desalinyen (ASID) te òganize, sòti 18 pou rive 30 novanm 2008, yon seri konferans ak deba, teyat, dans, mizik, elatriye sou tèm « Ki Inivèsite nou bezwen pou yon sosyete lib egal ego ? ». Yon ti chita pale avèk yonn nan responsab yo.

Le Nouvelliste (L.N) : Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn (ASID) sot tanmen nan inivèsite leta a yon konferans entènasyonal sou kesyon inivèsite nan peyi a. Kouman bilan aktivite yo ye?

Julien Sainvil (J.S): Konferans entènasyonal la te byen pase. Piblik nou te espere a te patisipe. Menmsi nan 17 konferans ak 2 espektak nou te òganize yo genyen ki te gen plis moun pase lòt, nou panse mesaj la pase kanmenm.

Bò kote pa kèk moun, kokenchenn evenman sa a te byen tonbe lè yo konsidere kè sote lavi ak lavni Inivèsite Leta Ayiti a bay. Kidonk fòk gen plis refleksyon nan peyi a sou kesyon sa a. Se sa k fè nan ASID nou deside kontinye travay jouk Inivèsite Leta Ayiti a bay sosyete li marande ak li a sèvis kòmsadwa.

L.N: Ki enpòtans inisyativ sa a ? Ki nesesite menm ki genyen pou nou reflechi sou inivèsite nan peyi a?

J.S : Inisyativ sa a jwenn enpòtans li nan kontribisyon inivèsite a dwe pote nan chanje osnon konsève chapant figi yon sosyete. Paske Inivèsite se pi gwo espas pwodiksyon, sistematizasyon ak difizyon konesans nan yon sosyete. Konesans sa yo ki batize konesans syantifik paske yo chita sou metòd ak teyori, gen koulè. Kidonk yo pa ni cho, ni frèt. Konsa gen konesans ki la pou emansipe moun, libere moun anba tout kalte chenn dominasyon ak eksplwatasyon, gen lòt k ap desounen moun, zonbifye moun nan lide pou pwoteje enterè gwoup moun ki poze lapat sou ansanm sa yon sosyete, yon kominote pwodui nan listwa l kòm richès kolektif, kòm patrimwàn kolektif.

Nou panse, savan yo, entèlektyèl yo, nan yon sosyete klas se jandam enterè sosyal, ekonomik ak kiltirè klas moun ki pa parèt yo. Souvan entèlektyèl sa yo konn sòti nan klas eksplwate yo. Fòk nou di tou gen kèk nan yo ki konn retire lasi nan je yo epi chache akonpaye mas yo sou chimen liberasyon an.

L.N: Nan ki objektif ASID te òganize evenman sa a?

J.S: Fòn di ASID te òganize kokennchenn konferans entènasyonal sa a nan objektif sa yo:
1) sansibilize popilasyon ayisyèn nan, sitou kominotè inivèsitè a sou enpòtans inivèsite nan yon sosyete;
2) pwodui yon refleksyon kritik sou eta inivèsite leta a. Pa bliye inivèsite gen twa (3) misyon fondamantal ki se: ansèyman, rechèch ak sèvis kominotè. Nan inivèsite leta a, nou konstate konesans kap bay yo dekonekte ak reyalite istorik, sosyal, ekonomik ak kiltirèl peyi Ayiti.

Sou banyè inivèsalite, inivèsite a ap anseye istwa Lafrans an Ayiti, sosyoloji bèljik an Ayiti, san konte kritik oswa analiz ki ka chita bagay sa yo nan reyalite pa nou an. Konsa, entèlektyèl nou yo plis sanble yon ti Ewopeyen, yon ti Etazinizyen pase yon Ayisyen. Kòm inivèsite a pap fòme Ayisyen, pwofesyonèl yo, dirijan yo, entèlektyèl yo pa kapab reponn kesyon Ayiti ap poze yo.

Paregzan kòm èd imanitè ki alamòd jodi a, Inivèsite Leta rantre tèt bese nan maraton. Alòs misyon l se reflechi sou fenomèn sosyal yo, founi zouti teyorik pou kwape katastwòf ki previzib yo epi reflechi sou fenomèn k ap gen pou vini yon fason pou sosyete a fè prevansyon.

Nan sans sa a, fòk gen yon refòm kounya pou sispan derasinen, pou dekolonize lakonesans nan peyi a. Se menm sityasyon nan nivo rechèch ak sèvis kominotè;
3) rive pwodui, sou baz diskisyon kritik, yon dokiman pou fòse dirijan inivèsite yo derape machin refòm inivèsitè a ki sou bak depi kè sote « Dispozisyon tranzitwa 21 fevrye 1997 » yo.

L.N: Aprè patisipan yo ak entèvenan yo fin pwodui tout refleksyon sa yo, ki sa asoyasyon an pral fè kòm suivi ?

J.S: Nou konte pataje dokiman sentèz konferans la ak kominotè inivèsitè a epi sektè nan sosyete a ki entèrese ak pwoblematik refòm inivèsite a. Sou baz antant ak diskisyon jwenn estrateji pou pote dirijan yo tande revandikasyon nou yo ki ap rejwenn filozofi dispozisyon tranzitwa 1997 yo.

L.N: Se pa premye fwa gen kòlòk ki òganize nan peyi sou yon seri pwoblèm sosyal. Anpil sitwayen di, aprè pale fransè, bèl diskou ak gwo resepsyon, bagay yo pa chanje. Okontrè sitiyasyon an vin pi mal epi peyi ap vin pi vilnerab. Kisa nou menm nou konte fè pou nou pa refklechi pou granmesi epi pou nou ka ede sosyete ayisyèn nan vanse tout bon ?

J.S : Nan ASID nou pa reflichi sèlman ni tou nou pa aji sèlman. Nou kwè nan yon alevini ant refleksyon ak aksyon. Se vle di Konfesans entènasyonal sa a se rezilta kèk aksyon-refleksyon asosyasyon an deja reyalize nan milye inivèsitè a.

Nou te deja voye yon lèt tou louvri bay « nouvo rektora a » pou raple l dispozisyon tranzitwa yo ki deja tabli kondisyon finansman ak fonksyoman inivèsite leta a dwe sèvi bousòl refòm inivèsite a. Dezièm nimewo revi ASID la, ki rele DESALINYEN, te difize yon refleksyon sou refòm inivèsite a.

Kidonk, ASID te toujou ap aji ak reflechi sou Inivèsite depi avan Konferans entènasyonal la. Nou ta renmen peyi a geyen yon inivèsite kritik. Sa vle di yon inivèsite ki pral kontribye nan pwomonsyon sosyal ki chita sou solidarite ak pataj, yon inivèsite ki sèvi espas pou devlòpman ak epanouyisman istwa ak kilti peyi a, yon inivèsite ki gadyen drapo peyi a ki senbolize souverènte nasyon an.

L.N : Nou bay asosyasyon an pote non Lanperè Desalin ki se papa nasyon an. Ki rapò nou devlope ak vizyon nèg sa a ki te ban nou lendepandans lan ?

J.S : Nan yon kontèks ki twoub tankou jounen jodi a, entelijans popilè mande pou nou bouske enèji rezistans ak limyè liberasyon nan listwa. Lakay pa nou ideyal desalinyen an se senbòl istorik epi sentèz filozofik ki kapab sèvi bousòl nan batay pou liberasyon total pèp la. Se nan lide sa a, yon gwoup fanm ak gason deside kanpe Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn (ASID) k ap goumen kont malsite, lavichè, pezesouse, likidasyon patrimwàn peyi a, lokipasyon ak dominasyon tout kalte.

Nan sans ASID angaje l nan batay pou chanje chapant sosyete a sou baz ideyal desalinyen an nan enterè pèp la. Ki vle di kaba avèk inegalite sosyal ak dominasyon politik, chanje figi inivèsite ak ansèyman epi defann dwa grandèt majè peyi Ayiti.

L.N : Nan ki domèn ASID travay ? Kisa li fè deja ?

J.S: Depi lè li fonde 22 desanm 2007, ASID ap travay pou yon sosyete kote byenèt ak libète bobo, yon sosyete lib egal ego. Paske sa fè plis pase 200 lane, peyi Ayiti nan yon sityasyon mangonmen: malsite, pezesouse, dominasyon, lavichè, ensekirite, degradasyon anviwònman, elatriye. Sityasyon sa a bay plis kèplen lè gen kèk entèlektyèl osnon dirijan pa jennen chwazi ponn eksplikasyon te kowosòl ki dekonekte avèk reyalite listwa peyi nou. Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn ap di jandam yo sispann !

ASID deja reyalize plizyè aktivite sou pwoblematik refòm inivèsite a. Li gen yon revi ki rele «DESALINYEN » ki parèt chak de (2) mwa. Li pibliye tou yon rechèch sou tèm ''Haiti et la mondialisation néolibérale : une nouvelle dépendance coloniale (1970-2008)''. Li reyalize plizyè seminè fòmasyon pou etidyan ki gen difikilte pou fè memwa nan Inivèsite leta kou prive.

L.N : Ki lòt pwojè ASID genyen pou li reyalize aprè konferans entènasyonal sa a ?

J.S: Aprè konferans lan, nou gen yon seminè sou « Mouvman popilè ak Oganizasyon popilè an Ayiti », piblikasyon yon rechèch sou kriz kapitalis la ak yon pwopozisyon sou kafeterya nan inivèsitè leta a.

L.N : Yon mesaj pou moun ki li jounal la.

J.S: M ap di moun ki li jounal pran konsyans sou peyi a. Li pa kapab kontinye gouvène konsa ankò. Gonayiv, Nèrèt se kèk siy aklè ki di nou rive nan moman pou nou deside swa peri osnon chanje peyi a gouvènay. Kòm Ayiti pap peri paske pwojè Desalin nan byen vivan, nou envite lektè Le Nouvelliste yo jwenn ASID pou retire ansanm Ayiti cheri nou an nan katchouboumbe yo mete la. Mèsi ![/quote]

Kèk kestyon: mwen pa konn si se fòt mwen, men pouki se koulye-a m'ap aprann ekzistans ASID. Enpi tou si ASID gen piblikasyon li fè. Èske se senpman pou Pòtoprens?

M'panse te gen posiblite pou mwen aprann plis sou aktivite sa-a si LN te di nou tèm konferans yo, kilès ki te la kòm konferansye elt.

Mwen ankouraje inisyativ sa-a. M'ap mande ASID si li ka fè yon jan pou plis moun ka jwenn piblikasyon li yo.

Palmis

Post Reply